Kwayans ou se reyalite’w

Jezi antre andan yon kay, avèg yo antre dèyè’l. Jezi mande yo: “Èske nou kwè’m ka fè nou wè ankò?” Yo reponn li: “Wi, Senyè.” Jezi touche je yo, epi li di yo: “Tout bagay ap pase jan nou kwè’l la.” Mat 9:28‭-‬29 Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Ou menm ki ankre idantite ou nan Jezi-Kris, reyalite pa ou a diferan e li plis ke sa je natirèl ou yo ka wè (Efèz 6: 12). Pa pouvwa Sentespri ki nan ou, viktwa ou asire depi ou envite’l nan koze a, e fixe je’w sou ou li.

Ou se sèl ak limyè. Siksè ak reyisit ou (jan bib la ak ou menm defini li) depann de ou men yo depann de sikonstans ou yo menm lè pafwa yo ka maske kò tankou gwo zotobre pou fè ou pè. Lè w’ap travèse moman sa yo pa dekouraje. Pèsevere ak pasyans ak detèminasyon pito. Mande Bondye pou louvri je’w e ba ou bon konprann pou ou ka byen e jere sitiyasyon sa yo nan yon manyè ki reflekte kiyès ou ye.

Ou gen otorite sou tè sila a e ou se yon ajan chanjman (Lik 10:19-21; 2 Tim 1:7). Sa vle di rezilta nan lavi ou ak enviwònman ou yo depann de jan ou egzèse lafwa ou nan chak sikonstans. Lafwa ou se defans ou ki fè kwayans ou se reyalite’w (Matye 9:29; 17:20; 21:21; Ebre 11:6; 1 Korent 2:5).

Ou se youn mounn chwazi pou egzèse otorite Bondye ba ou nan yon viktwa ke li gentan genyen deja depi rezireksyon li sou bwa kalvè. Deklare ak lafwa ke jodia sa se jou delivrans ou e tan gouvènay Bondye nan travè lavi ou ap pwogrese an gran jan. Kwè! Wi, fòk ou kwè paske lavi anpil mounn ak lòt kreati depann de ou e y’ap tann ou(Women 8:19). LEVE. Se pou ou domine sou tout sityasyon pou glwa Bondye.

Fèmen je’w e louvri kè ou. Tande vwa Jezi-Kri ki ap di ou menm jan li te di avèg la: “Tout bagay ap pase jan [ou]* kwè’l la.” Matye 9:29.

Refleksyon:

  1. Jezi di tout bagay ap pase jan ou kwè li a. Kijan ou “kwè’l”?
  2. Kijan ou kwè fiti ou pral ye? Ki kalite objektif ou genyen pou lavi ou, peyi ou ak wayòm Bondye? Ki plan ou genyen an plas pou realize yo?
  3. Eske ou kwè vre ou gen kapasite ak otorite pou chanje tèt ou, kay ou, katye, ak peyi ou? Si wi poukisa? Si non poukisa?

Ann Lapriyè:

Bondye mèsi pou lanmou enfini ou genyen pou mwen ak chak grenn pitit ou yo. Banm sajès ak bon konprann ou pou mwen avanse wayom ou a pati de lavi mwen. Fè mwen wè reyalite mwen yo a travè de ou e non pa de konesans mwen ki limite. Ou se yon Bondye san limit e ou omnisyan. Mèsi pou prezans ak konpasyon ou.

Reyalite’m chanje depi lè mwen te fè desizyon pou’m aksepte apèl ou e idantite’m kòm pitit ou. Mèsi paske ou chwazi’m, konnen’m, renmen’m, dòlote’m, e toujou avè’m depi avan mwen respire sou tè sa e ou pa janm lage’m yon jou.

Jodia mwen pran responsabilite mwen sou tè sila pou mwen domine sou tout domènn ou ban mwen. Mwen renonse ak tout dout ak kwayans ki pa soti nan ou ak enspirasyon ou nan Bib la. Kote lafwa mwen fèb, tanpri fòtifye’m pou mwen pote fwi paske tout dezi kè’m se pou glwa ou eklate sou tout fas tè a e nan lavi chak grenn pitit ou. Ban mwen fòs pou mwen domine chak sezon. Chak sezon se pa’m paske ou toujou avèk mwen. Ke volonte ou akonpli nan lavi mwen menm jan li fèt nan syèl la. Amen.

Please enable JavaScript in your browser to complete this form.
FavoriteLoadingAdd to favorites

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *