Tag Archives: Viktwa

Bondye ap konbat pou ou

” Kounyeya, mwen konnen Senyè a ap fè moun li chwazi a genyen batay la. Li rete nan syèl la, nan kay ki pou li a, li reponn li. Li fè’l genyen batay la avèk gwo pouvwa li. Gen moun ki mete konfyans yo nan machin pou fè lagè. Gen lòt moun, se nan chwal yo yo mete konfyans yo. Men nou menm, se nan pouvwa Senyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou.” Sòm 20:6‭-‬7 HAT98

Nan lagè, kapitèn solda yo toujou gen yon plan pou yo ka genyen batay la sou lenmi an. Yo toujou gen yon plan atak, defans ak ofans paske yo konnen yon sèl strateji pap garanti yo viktwa. Konsa tou nan koze idantite’w, toujou gen yon gè se pa younn ou ka toujou men Bondye ap konbat pou ou (Efez 6:12-13). Kelkeswa kote’w ye, zye li toujou fixe sou ou paske li renmen’w san mezi (Efez 3:18).

Konba sa l’ap menmen pou ou a ka parèt sou anpil fòm ak sezon lavi. Pa egzamp, gen de lè nan lavi ou ka santi ou nan tèt mòn, kote tout sa ou dezire manifeste, ou santi koneksyon’w ak Bondye pi pre ke jamè. Se komsi lapriyè ou se ou sèlman yo t’ap tann ou ouvi bouch ou pou yo egzose. Se fèt nèt al kole. Nan tout ti moman damou’w ak Bondye, li revele’w pa Sentespri li anpil mistè kache e anpil fwa li avèti’w tou lè ou menm oswa yon lòt an danje li vle chanje rezilta yo pa lapriyè. Nan moman sa yo se flè sèlman ak lanmou k’ap simayen.

Gen de moman tou ou ka santi’w nan yon vale ki pafwa ka tèlman fon li menm difisil pou ou exprime kijan ou santi’w. Ou ka menm santi li tankou yon siklòn ki deside pote lavalas dlo yon sèl kou pou pote’w ale. Nouvèl agoch adwat e responsabilite lavi sanble pa konprann sak rele “yon ti poz komèsyal” la pandan emosyon ou yo sèlman vle fè skandal. Sa yo poko rive’w? Menm si yo poko rive’w, yo ka rive yon mounn ou konnen.

Tout experyans tèt mòn oswa vale lavi fè pati egzistans la. Yon bagay ki senten se chanjman. Chanjman fè pati lavi toulèjou. Ou paka nye li ni pèl paske chak jou ak sezon vini ak gou pa yo (Eklesias 3:1; Matye 6:34). Chanjman w’ap tann nan soti nan ou paske ou se chanjman men se Bondye sèl ki pote chanjman ki ka dire.

Anpil mounn ka kwè sou fos ponyèt yo pou soti nan tout sitiyasyon men ou men ou konnen sous ou e konba w’ap menmen an pa yon gè natirèl sèlman. Ou konnen kapitèn lame ki gen plis experyans ak strateji ke tout lot yo ap konbat pou ou. Letènèl ap konbat pou ou sa vle di li toujou ap pouse fòs tenèb pou li restore lajwa, sante mantal, fizik, esperityèl, sosyal, ak finansyè ou ak fanmi ou(Sòm 20:6-7).

Se pou ou toujou fè tout sa ou kapab pou ou mete ou an pozisyon pou recevwa benediksyon ak opòtinite li ofri ou yo pou grandi. Mèt syèl la ak tè a nan wou, rele sou men’w, byen abiye pa lafwa, e mete’w fre (Som 24:1;Galat 2:20). Mete sandal ou anba ke’w, sentiwon’w nan ren’w (kouraj ou), manto lajistis ou, ak kas sali ou nan tèt ou paske ou pa nan won (diferan sikonstans lavi) san baton (san defans).

Bondye gen kontwòl tout aspè nan lavi’w. Li gen plan atak, defans, ak ofans pou li ede ou reyisi. Atake enemi nanm ou ak dout ou yo nan lapriyè. Konfronte pè ou ak pawòl Bondye yo paske yo se defans ou. Sentespri ap ba ou plan ofans la moman pa moman. Konte sou li. Kenbe je’w sou Jezi. Li pap janm kite ou wont.

Ann Lapriyè

Senyè, mèsi paske ou pa janm kite mwen sèl. Ou se kapitèn lame pa excelans. Mèsi paske w’ap konbat pou mwen. Mwen remèt tout fado, jwa, rev, plan, entansyon mwen yo, fanmi’m, katye’m, vil kote’m rete, ak peyi ya nan men’w. Mwen konnen avèk ou mwen toujou pote viktwa. Mwen konte sou ou. Amen.

Please enable JavaScript in your browser to complete this form.

Kwayans ou se reyalite’w

Jezi antre andan yon kay, avèg yo antre dèyè’l. Jezi mande yo: “Èske nou kwè’m ka fè nou wè ankò?” Yo reponn li: “Wi, Senyè.” Jezi touche je yo, epi li di yo: “Tout bagay ap pase jan nou kwè’l la.” Mat 9:28‭-‬29 Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Ou menm ki ankre idantite ou nan Jezi-Kris, reyalite pa ou a diferan e li plis ke sa je natirèl ou yo ka wè (Efèz 6: 12). Pa pouvwa Sentespri ki nan ou, viktwa ou asire depi ou envite’l nan koze a, e fixe je’w sou ou li.

Ou se sèl ak limyè. Siksè ak reyisit ou (jan bib la ak ou menm defini li) depann de ou men yo depann de sikonstans ou yo menm lè pafwa yo ka maske kò tankou gwo zotobre pou fè ou pè. Lè w’ap travèse moman sa yo pa dekouraje. Pèsevere ak pasyans ak detèminasyon pito. Mande Bondye pou louvri je’w e ba ou bon konprann pou ou ka byen e jere sitiyasyon sa yo nan yon manyè ki reflekte kiyès ou ye.

Ou gen otorite sou tè sila a e ou se yon ajan chanjman (Lik 10:19-21; 2 Tim 1:7). Sa vle di rezilta nan lavi ou ak enviwònman ou yo depann de jan ou egzèse lafwa ou nan chak sikonstans. Lafwa ou se defans ou ki fè kwayans ou se reyalite’w (Matye 9:29; 17:20; 21:21; Ebre 11:6; 1 Korent 2:5).

Ou se youn mounn chwazi pou egzèse otorite Bondye ba ou nan yon viktwa ke li gentan genyen deja depi rezireksyon li sou bwa kalvè. Deklare ak lafwa ke jodia sa se jou delivrans ou e tan gouvènay Bondye nan travè lavi ou ap pwogrese an gran jan. Kwè! Wi, fòk ou kwè paske lavi anpil mounn ak lòt kreati depann de ou e y’ap tann ou(Women 8:19). LEVE. Se pou ou domine sou tout sityasyon pou glwa Bondye.

Fèmen je’w e louvri kè ou. Tande vwa Jezi-Kri ki ap di ou menm jan li te di avèg la: “Tout bagay ap pase jan [ou]* kwè’l la.” Matye 9:29.

Refleksyon:

  1. Jezi di tout bagay ap pase jan ou kwè li a. Kijan ou “kwè’l”?
  2. Kijan ou kwè fiti ou pral ye? Ki kalite objektif ou genyen pou lavi ou, peyi ou ak wayòm Bondye? Ki plan ou genyen an plas pou realize yo?
  3. Eske ou kwè vre ou gen kapasite ak otorite pou chanje tèt ou, kay ou, katye, ak peyi ou? Si wi poukisa? Si non poukisa?

Ann Lapriyè:

Bondye mèsi pou lanmou enfini ou genyen pou mwen ak chak grenn pitit ou yo. Banm sajès ak bon konprann ou pou mwen avanse wayom ou a pati de lavi mwen. Fè mwen wè reyalite mwen yo a travè de ou e non pa de konesans mwen ki limite. Ou se yon Bondye san limit e ou omnisyan. Mèsi pou prezans ak konpasyon ou.

Reyalite’m chanje depi lè mwen te fè desizyon pou’m aksepte apèl ou e idantite’m kòm pitit ou. Mèsi paske ou chwazi’m, konnen’m, renmen’m, dòlote’m, e toujou avè’m depi avan mwen respire sou tè sa e ou pa janm lage’m yon jou.

Jodia mwen pran responsabilite mwen sou tè sila pou mwen domine sou tout domènn ou ban mwen. Mwen renonse ak tout dout ak kwayans ki pa soti nan ou ak enspirasyon ou nan Bib la. Kote lafwa mwen fèb, tanpri fòtifye’m pou mwen pote fwi paske tout dezi kè’m se pou glwa ou eklate sou tout fas tè a e nan lavi chak grenn pitit ou. Ban mwen fòs pou mwen domine chak sezon. Chak sezon se pa’m paske ou toujou avèk mwen. Ke volonte ou akonpli nan lavi mwen menm jan li fèt nan syèl la. Amen.

Please enable JavaScript in your browser to complete this form.

LEVE!

Wi, jodia se jou pou ou L.E.V.E!

Louwe Bondye pou mèvèy li yo nan lavi’w
Eleve vwa ou pou ba li tout glwa ak konpliman li merite
Vanse ak kè kontan paske Bondye restore’w
Egzalte non li pou mirak li ap opere ak kado lavi

Ou gen lavi, w’ap respire alòs olye pou’w plenyen deside jodia se jou’w pou ou gen lajwa nan tout sikonstans. Wi, souke kò’w!

W’ap chachè yon mèvèy? Ou ta renmen Bondye fè yon mirak nan lavi’w? Leve, gade nan yon miwa wap wè yon reflè. Ou sipri? Se ou!! Ou se mèvèy la, ou se mirak la, e Bondye kreye’w pou ou se repons lapriyè o mwens yon mounn kote’w e sa ap afekte anpil nasyon sou tè sila. Sa, w’ap tann??LEVE zanmi’m. Kontinye adore e vanse pou pi devan. Lavi ou twò enpontan pou ou kite dout paralize’w.

Ann medite ansanm sou Ezayi 51:17-23

” Leve non, lavil Jerizalèm! Leve non! Souke kò ou. Leve non! Ou fin bwè gode chatiman Bondye te ba ou bwè nan kòlè li a. Ou bwè dènye degout ki te nan gode a jouk li fè tèt ou vire!

Nanpwen yonn nan tout pitit li fè yo ki la pou moutre’l chemen pou l pran. Pa gen yonn nan tout pitit li elve yo ki la pou ba l men.

De malè tonbe sou ou yonn dèyè lòt. Ki moun ki ka plenn sò ou? Yo ravaje peyi a, yo fini avè li. Grangou ak lagè fin detwi moun yo. Ki moun ki ka konsole ou?

Nan tout kwen lari, moun ou yo kouche atè san konesans. Tankou bèt nan bwa, yo pran nan pèlen. Kòlè Senyè a fè yo sou. Bondye pa nan pale mete la.

Se poutèt sa, nou menm, moun lavil Jerizalèm ki nan soufrans, koute pawòl sa yo byen, Koute yo, nou menm ki sou tankou si nou te bwè.

Senyè a, Bondye nou an, pale. Men sa Bondye k’ap pran defans pèp li a di: — Mwen pral wete nan men nou gode mwen te ban nou bwè nan kòlè mwen an. Nou p’ap gen pou nou bwè ankò nan gode k’ap fè nou sou a.

M’pral mete gode a nan men moun ki t’ap maltrete nou yo, moun ki t’ap di nou yo: Plat atè non pou nou pase. Lè sa a, se do ou ki te sèvi chemen. Se do ou ki te sèvi lari.”

Ann Lapriyè: Mèsi Senyè!!! Mèsi pa sifi pou’m temanye grandè ak gantiyès ou nan lavi’m. Mèsi paske ou ban mwen fòs poum LEVE e temanye. Mwen sou kont ou e se sak fè kè’m pap sote nan tout sikonstans ou la pou mwen e ou la avèm. Mwen ba ou lwanj ak konpliman ou menm sèl merite. Ke non ou ak volonte ou egzalte nan lavim al toupatou sou tè sila. Ou extraòdinè e mwen renmew ak tout kè’m. Kontinye fè travay nan mwen, pirife’m, sanktife’m, e gide’m poum mache dwat devan ou e lavim sèvi temwanyaj grandè ak pwisans ou tout kote mwen pase. Nan non Jezi. Amen!

Ankourajman Bondye pou ou jodia:

Ezayi 51:1‭-8, vèsyon HAT98

” Men sa Senyè a di: — Nou tout ki dèyè delivrans lan, nou tout k’ap chache Senyè a, chonje rasin kote nou soti, chonje ki pyebwa nou ye!

Chonje Abraram, zansèt nou an, ak Sara, manman ki fè nou an! Lè m te rele Abraram, li pat gen pitit. Mwen beni’l, mwen ba li anpil pitit.

Mwen menm Senyè a, mwen pral gen pitye pou peyi [Ayiti]* an, pou tout moun k’ap viv nan kay kraze li yo.

M’ap fè tout dezè li yo tounen jaden Edenn, m’ap fè tout savann li yo vin jaden Letènèl. Se kè kontan, se fèt ase ki va gen la. Y’a chante, y’a fè mizik pou di m mèsi.

Mwen p’ap mize vin sove nou. Talè konsa m’ap delivre nou. Se mwen menm ki pral gouvènen nasyon yo. Moun ki sou zile yo ap tann mwen vini, y’ap tann mwen vin delivre yo.

Nou menm pèp mwen, koute sa m’ap di nou: Nou menm, nasyon yo, louvri zòrèy nou byen louvri! Paske m’ap anseye prensip ki dwat, y’a sèvi gid pou nasyon yo.

Leve je nou gade syèl la! Voye je gade latè! Syèl la pral disparèt tankou lafimen. Latè pral fini tankou yon vye rad. Moun ki rete sou latè pral mouri tankou mouch. Men, delivrans m’ap ba yo a ap la pou tout tan. Mwen p’ap janm bezwen delivre yo ankò apre sa.

Nou menm ki konnen sa ki dwat, koute sa m’ap di nou. Nou menm k’ap mache selon kòmandman mwen yo, nou pa bezwen pè lè moun ap trennen nou nan labou. Nou pa bezwen tranble lè moun ap joure nou.

Moun sa yo pral disparèt tankou rad sizo ap devore. Yo pral fini tankou twal kanni. Men delivrans m’ap ban nou an ap la pou tout tan. Pitit pitit nou yo p’ap janm nan ka pou mwen delivre yo ankò.”

*Modifye pou devosyon an

Ann Lapriyè: Lwanj pou ou granmèt mwen! Mèsi pou pawòl ou yo ki plis ke lò, plis ke lajan sere. Yo se rekonfò ak sous lavi mwen. Mwen konnen tout pwomès ou yo se wi ak Amen. Mwen konte sou ou ak tout pwomès ou fèm yo nan Bib la. Kontinye fè travay ou nan mwen e nan kè ak travè chak grenn pitit ou yo pou patou pou ou non kontinye glorifye. Amen.

Egzalte non Bondye

“Bondye, mwen pare, wi, mwen pare. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou.  M’ap souke kò mwen, m’ap leve. M’ap pran gita mwen, m’ap pran bandjo mwen. Mwen pral fè solèy leve! Senyè, m’a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M’a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo! Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou. « Sòm 57 :8-10

Egzalte non Bondye vle di ba li kompliman, lwanj, ochan, ak admirasyon li menm sèl li merite. Se yon privilèj pou exalte non Bondye nan tout sikonstans. Sa montre ou rekonesan  men tou ke ou fè Bondye konfyans paske ou konnen li se lanmou e nan li ou pap janm manke anyen (Sòm 23 ; 34 :10). Younn nan fòm nou egzalte non Bondye se nan lapriyè ak lwanj. Pa bliye yo fè pati defans djanm ou genyen.

Yon lòt fason ou egzalte non Bondye se nan atitid ou fas ak lavi e nan kompòtman ou. Jan ou renmen tèt ou ak lòt mounn, padone, e kalite panse ki nan tèt ou yo tou. Fason ou wè tèt ou dwe egzalte non Bondye tou paske li di nan pawòl li nan Jan 13 :34-35 « Men, m’ap ban [ou]* yon kòmandman nouvo: Se pou [ou]* yonn renmen lòt. Wi, se pou [ou]* yonn renmen lòt menm jan mwen renmen [ou]* an. Si [ou]* yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen [ou]* ye. »

 Bondye fidèl e li toujou la pou ou. Chak souf ou respire tenmwanye jan li gen pouvwa e jan li vle manisfeste lanmou li ak travè ou menm. Dispoze kè’w e louvri bra’w pou recevwa lanmou li a pi plis e simanyen’l tout kote’w pase pandan w’ap ba li glwa ak lonè li merite non sèlman ak bouch ou men tou ak tout kè’w, nanm ou, lespri ou, ak jan ou konpòte kò ou. Egzalte li. Raple nanm ou jan li gran konsa wa kontinye grandi nan lafwa.

Kesyon pou’n koze : kisa ou realize ki anpachew egzalte non Bondye ? Sonje nou se yon fanmi ki ap grandi ansanm alòs ou pa bezwen pè komante pou ou pataje lide ansanm.

*adapte ou devosyon an

Ann Lapriyè : Papa, mèsi paske ou toujou la pou mwen chak jou. Kit m’ap rejwi, kit mwen kagou, fidelite’w pa janm lagem. Mèsi pou sa.  Mèsi tou pou lavi, lasante, pawòl ou yo, Sentespri’w ki toujou la. Mèsi pou sekirite ou ban mwen nan tout sikonstans. Mèsi pou fanmi menm yo ak zanmi ou ban mwen tout kote mwen pase. Mwen egzalte’w ak tout kè’m, nan’n mwen, lesprim, panse’m, ak tout kò’m. Mwen fè lwanj ou. Mwen ba ou tout lonè, ak konpliman ou merite pou jan ou gen bon kè. Ou pa janm lage pitit ou yo malgré nou pa toujou fè sa ki dwat devan je’w. Kontinye fè travay ou nan mwen Senyè. Amen.

Idantite’w nan Bondye: Ou vanyan

“Se pou [ou]* vanyan. Se pou [ou]* mete gason sou [ou]. [Ou] pa bezwen pè. Pa tranble lè yo parèt devan [ou]. Senyè a, Bondye [ou] an, kanpe la avèk [ou]. Li p’ap janm lage [ou], li p’ap janm kite [ou]* pou kont [ou]*.
Detewonòm 31:6 HAT98, *adapte pou devosyon an

Laperèz se pi gwo taktik enmi nanm ou itilize pou li kapòne’w pou ou ka pa pran otorite sou tout aspè nan lavi’w. Men Bondye te gentan konnen sa. Se sak fè li mande’w pou asire konfyans ou nan li nan tout sikonstans pou’w ka konbat laperèz sou tout fòm (Det 31:6). Li tèlman enpòtan pou ou pa kite lavi’w domine laperèz ke Bondye komande tout pitit li yo pou yo pa pè . “Pa pè” repete 365 fwa nan bib la. Ki vle di chak jou fòk ou pran desizyon pou ou pa viv nan laperèz!

Kontrèman ak sa anpil mounn panse, laperèz devan yon bagay nouvo nòmal paske ou pa abitye avè’l ni konnen sak pral pase. Anpil mounn ak viv nan perèz sou sa fiti yo ap pote, sekirite, elatriye. Lè’w pè, lespri’w nan mòd panik e ou pa reflechi klè e li fè’w tankou yon esklav. Bagay sa ka toupizi’w e anpeche’w vanse.

Kòm yon mounn ki ankre idantite’l nan Jezi Kris, laperèz pa eritaj ou!

Nan Bondye, idantite’w chanje e ou se yon moun mounn vanyan. Depi’w rekonèt prezans perèz se derasine’l nan patòt kè’w, lespri’w, ak panse’w e aktive lafwa’w. Menm si se sant li ou ta pran, rale Bib ou epi desenfekte lespr’w rapid ak pawòl Bondye yo nan non Jezi! Li pi rèd ke viris. Pa danse kole ak li menm. Pwoteje kè’w ak laviw pa demaske laperè chak li parèt.

Anpil pasaj nan Bib la (nouvo ak ansyen testamen) menm jan ak Det 31:6, Bondye raple’w pou divòse laperèz paske li menm li la avè’w tout kote ou ye. Men kèk nan pawòl Bondye yo pou sonje e itilize lè’w santi prezans laperèz pou raple’w prezans li nan ou:

  • Pa pè, mete konfyans ou nan Bondye pito pandan w’ap mande lespri bon konprann li an pou gide’w. Mak 5:36; Mak 9:23
  • Bondye toujou avè’w, ” Senyè a va pran devan ou, l’a kanpe la avè ou. Li p’ap janm lage ou, li p’ap kite ou pou kont ou: Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen tranble.”
    Detewonòm 31:8 HAT98
  • Bondye konnen’w, li renmen’w, e ou chè pou li. Sa vle li pap janm kote’w sèl no san sekou.
    ” Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, men sa Senyè a ap di nou[..] — Nou pa bezwen pè anyen! M’ap toujou pwoteje nou. Se mwen menm ki te ban nou non nou pote a. Se pou mwen nou ye.”
    Ezayi 43:1 HAT98

Pwomès li pou ou chak jou: “Lè [w]‘ap pase sou lanmè, m’ap kanpe la avèk [ou]. Lè [w]‘ap janbe gwo dlo, dlo a p’ap bwote [ou] ale. Lè [w’]* ap mache nan mitan dife, dife p’ap boule [ou]. Flanm dife a p’ap fè [ou] anyen. Paske mwen menm, mwen se Senyè a, Bondye [ou]* an. Se Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Se mwen menm k’ap delivre [ou]! Pou m te ka delivre [ou] mwen te bay peyi Lejip, peyi Letyopi ansanm ak peyi Seba a nan plas [ou]*.
Ezayi 43:2‭-‬3 HAT98, adapte pou devosyon an

  • Senyè a se fòs ak pwoteksyon’w ban tout sikonstans. Sòm 18; 23:4; 27:1, Jozye 1:9
  • Lespri Bondye abite nan ou e li gen tout pwisans: 2 Tim 1:7
  • Bondye ba’w lapè nan tout sikontans paske ou asire’w nan li: Ezayi 41:13, Jan 14:27, Matye 10:28, Filipyen 4:6-7
  • Fixe je’w sou Jezi nan tout sikonstans ki ta ve fè’w twouble oswa fè’w pè: Sòm 56:3;118:6, Lik 12:32, Matye 6:34

Ann Lapriyè:

Senyè, pawòl ou yo nan Bib la dim poum vanyan e poum kenbe kouraj. Mwen mande’w fòs ak kouraj nan tout sikonstans m’ap andire. Mwen pa vle viv nan laperèz ankò paske mwen kwè ke ou avè’m tout kote mwen ye. Mwen kwè ke ou toujou la avè’m e ou pap janm lage’m nan won san baton. Mwen remèt tout laperèz mwen yo paske avè’w mwen pa bezwen pè anyen. Mwen resevwa kouraj sa ak fòs sa ou ban mwen pa pouvwa Lesentespri ou. Mèsi paske ou toujou la pou mwen e w’ap gidem nan tout sikonstans. Nan non Jezi mwen priye’w. Amen.

Lapriyè pou mande Bondye sekou!

Avèk insekirite ak move nouvèl a goch adwat, li fasil pou nou twouble men fòk nou pa bliye nou sèvi yon Bondye ki gran e li sèl ki gen denyè mo.

Ann kontinye konfese, pwofese, e kwè nan pawòl li pandan n’ap envite’l nan tou sikontans n’ap travèse nan moman sa.

Lapriyè se aksè‘n e n’ap kontinye abiye nou pa lafwa e kwè nan Bondye toupwuisan nou an! Se nan li sèl gen viktwa.

“Anvan menm yo fin lapriyè, m’ap gentan reponn yo. Anvan menm yo fèmen bouch yo, m’ap gentan ba yo sa yo mande a.”

Ezayi 65:24 HAT98

Papa ou, avan nou priye, ou gentan reponn nou. Tanpri koute kri kè nou pou delivrans peyi nou Ayiti anba fòs fènwa, vyolans, ak laperèz ak tout fanmim. Ke non ou glorifye pa pouvwa Sentespri ou e priyè nou yo egzoce pandan n’ap entèse pa mwayen Sòm 123 nan non Jezi. Nou konnen ou se yon Bondye fidèl. Nou konte sou ou e ba’w tout glwa ak lonè ou merite davans.

Som 123

Bondye gen pitye pou nou

“(1b) Ou menm ki chita sou fòtèy ou nan syèl la ap gouvènen, se bò kote ou mwen leve je mwen.

Menm jan domestik la ap gade sou mèt li, menm jan sèvant la ap gade sou metrès li, se konsa m’ap gade sou Senyè a, Bondye nou an, jouk la gen pitye pou nou.

Gen pitye pou nou, Senyè, gen pitye pou nou, paske nou sibi kont nou anba moun k’ap meprize nou yo. Moun ki alèz yo pase nou nan kont betiz.

Moun k’ap gonfle lestonmak yo sou moun ap foule nou anba pye yo.”
Sòm 123:1‭-‬4 HAT98