Tag Archives: pititbondye

Ou te chwazi sandal ou byen? Sandal Levanjil Lapè a gratis

« Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k’ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a[…..]Pare kò nou: mare verite a tankou yon sentiwon nan ren nou. Pwoteje nou ak jistis Bondye a tankou plak pwotèj sòlda yo mete sou lestonmak yo pou pwoteje yo. Pou soulye nan pye nou, mete aktivite pou anonse bon nouvèl k’ap fè moun viv ak kè poze a. » Efezyen 6 :12-15

Lapè oswa kè poze se yon bagay nou toujou bezwen e Bondye ban nou li an abondans lè nou konfye’n nan ak tout kè’n.

 Sonje nan Bondye, idantite’w se lapè e li fè pati nan defans Bondye ba ou pou’w konbat lenmi nanm ou an chak jou. Ak dechoukay pasi pala, manifestasyon a goch a dwat, kalimite ak vyolans nan yonn bagay « peyi bloke » li pa fasil pou sonje ke ou se lapè e mete’l nan abiman espirytèl ou nan lapriyè. Tout pwoblèm sa yo se w’ap rankontre nan enviwònman ou chak jou raple ke li necesè pou’w ‘mete ‘ sandal levanjil lapè a paske enemi ou (Satan ak tout espri ki fè alyans ak li yo) tout sa li vle se volè (lapè, lajwa, lasante, lafwa, lavi), touye (rèv ou, siksè’w, vizyon’w yo, imaj ou genyen positif de tèt ou ak lòt mounn), e detwi (tout sa ki bon nan ou ak nan antouraj ou) Jan 10 :10. Ou nan ‘lagè’ chak jou (Efezyen 6 :10-18) alò ou pa ka mache pye atè menm jan yon solda nan tan nou an pa janm pati san gwo bòt nan pye yo pou yo pwoteje tèt yo de tout pyèj gwoup lenmi an ta poze pou yo.

Lè Pòl tap dekri abiman esperityèl yon disip Jezi, 3èm konsèy la sete « mete aktivite pou anonse bon nouvèl k’ap fè moun viv ak kè poze a » (Ef 6 :15). Anpil lòt vèsyon Bib la dekri li tankou « Sandal Levanjil lapè a » ki ede nou wè kisa aktivite sa yo ye (moveman, deplaseman alò fonn gen bagay nan pye) e sa montre nou tou enpòtans kè poze a nan lè n’ap bòn nouvèl la ki se lanmou Bondye genyen pou ou ak tout  lòt moun ki sou latè kelkeswa nasyonalite li, koulè pol ak fòm tèt li.

Nou pa nan goumen yonn ak lòt men avèk fòk fènwa alò nou dwe gen lapè pou nou pataje pawòl Bondye a ansanm. Bondye tèlman vle pitit li yo gen kè poze, plizè kote nan Bib la avan li menm oswa zanj li yo pale komandman pou gen kè poze a toujou la( Jij 6 :23 ; Lik 1 :28 ; Lik 7 :50 ; Jan 14 :27 ; Jan 20 :19-26 ; 1 Pyè 5 :14).

Bon, kisa sa vle di menm pou mete sandal levanjil lapè nan pye’w? Kesyon ou an excelan! Ann gade ansanm. Lè ou gen bon sandal nan pye’w (oswa solye siw vle), nenpòt pikan pa ka pike’w ni labou nwaje pye’w. Ou ka mache sou zèb oswa wòch (lapli ni solèy pa fè’w pè) e pye’w yo proteje kont kèk mikrob ak bagay ki ka blese’w. Konsa tou lè’w mete sandal levanjil lapè nan pye’w apre ou vinn mare a sentiwon verite na ren ‘w a ak manto jistis Bondye a sou ou, ou dispoze nanm ou, kò’w ak lespri’w pou simaye lanmou Bondye tout kote ou pase ak anpil sajès ak entegrite.

Ou mete tèt ou nan lòt disposisyon pou ou renmen mounn kelkeswa jan yo parèt (Matye 5 :47) sou ou e ou konsakre tout deplasman ou fè yo a Jezikri paske plan lavi ou Bondye trase’l deja (Jaremi 29 :11). Lè ou fè sa, ou mete tèt ou nan pozisyon pou Bondye manifeste glwa li nan ou e a travè de ou pi plis.

Ak sandal levanjil lapè a nan pye’w (dispozisyon lanmou ak kè poze a ki soti nan konfyans ou genyen nan Bondye) ou pare tou pou konbat lenmi nanm ou an e entèsede pou fanmi’w ak peyi’w nan lapriyè ak de pye’w sou tè a sanw pa febli paske ou pwoteje e ou konn kiyès Bondye ye ak idantite ou nan li.

Konsa lè gwo van lavi ap soufle sou ou yon jou  e ou santi fòs vle kaba, wa sonje kote lapè ak fòs ou soti e pataje menm kouraj ak lanmou sa ak lòt moun paske mwayen ki pi efikas pou pataje levanjil lapè sa se lè ou sèvi Bondye ak tout lavi’w (konpòtman w- janw reponn ak kalamite e kè kontan, itilize talan ou yo ak tan’w,  riches ou, jan’w sèvi ak tèt ou zanmi w yo ak fanmi’w, mounn ki nan travay ou, legliz ou, enviwònman’w ak otorite nan peyi’w ansanm ak tout pawòl ki soti nan bouch ou etc.) e kanpe pou sa ki dwat( jistis ak verite  ki soti nan pawòl Bondye yo, lè ou pa rete silans lè ou wè injistis ap fèt etc).

Alòs ou konprann kounyea jan sandal levanjil lapè a enpòtan ? Pa soti san sandal sa yo nan pye’w paske lè’w san defans nenpòt chen ka jape’w (atak esperytèl sou tout fòm) e ou pap ka kouri al kache byen paske ‘pye’w ‘ (lespri’w ak kèw) pa byen pwoteje.

Ann Lapriyè Pou Abiye Nou ak mete Sandal Levanjil Lapè:

Pa pouvwa Sentespri ou, kounyea map mete nan pyem « sandal levanjil lapè ya ». Mwen disponib pou ou Bondye. Voyem kote’w vle. Dirijem vè sila yo ki bezwen ankourajman, santi jan ou renmen yo, oubyen yon èd fizik kelkònk. Sèvi avè’m pou’m pote lapè kote ou voye’m ki ka gen lagè. Ke kè poze ki soti nan ou an renye tout kote ki gen kè kase ak vyolans paske lapè bay se sèl ki ap dire e mwen konnen ou vle restore lapè nan lavi nou chak. Fè prezans mwen pote kè poze, lespwa, lajwa, ak lafwa tout kote’m pase ak sandal levanjil sa ou ban mwen an.

Banm yon lapè nan lesprim ki san parèy devan pwoblèm ki vinn devanm yo e montre’m kou man poum paticipe avèw plis nan chanjman ou vle fè nan mwen e lòt pitit ou yo. Mwen pap pè ni kagou lè lenmi nanm mwen an ap simayen vyolans toupatou ak kè sote paske lavim asire nan ou e pwogram lavi nou chak se nan ou yo ye. Mèsi anpil pou priyè sa ou koute e mwen konnen ou ap egzose li. Ke non ou glworifye Jezi, Amen.

Please enable JavaScript in your browser to complete this form.

Mare senti nan ren’w!

Sentiwon se youn nan bagay ki ka ajoute frechè nan jan’w abiye e ki itil anpil. Si ta gen yon kouri , li ka pemèt ou leve pye ou e  fèl alèz! Ou ka itilize sentiwon pou defann tèt ou si ou ta endanje e ou ka itizel tou pou ede lòt mounn si yo ta andanje oswa tonbe nan yon twou pou retire yo nan sitiyasyon difisil sa. Pou rezon sa yo ak anpil lòt ankò, fòk sentiwon ou mete an ren’w solid e ka dire.

Nan tan Woman yo, solda yo te konn itilize sentiwon pou soutni inifòm yo epi mete tout kalite defans y’ap bezwen ladann tou. Lè apòt Pòl la pou mounn Efèz yo te ekri pou li te ekri pou yo ka konprann enpòtans konnen idantite kòrèk Bondye ak idantite tèt yo an li. Nan lèt la li di yo mare “sentiwon verite a nan ren” yo paske yo tout nan tan sa te konnen enpòtans sentiwon nan abiman solda yo ak nan lavi pèsonèl yo.

Lakay nou lè yon mounn gen pwoblèm, ou ka tande lòt mounn k’ap bay yo konsèy ap di “mare senti nan ren’w” ki vle di pran kouraj, kenbe fèm e pa lage paske demen ap miyò. Sentiwon reprente sipò, kouraj, fòs , ak defans.

Jodia, nou ka itilize menm prensip sa nan lavi espirityèl nou pou nou mare “sentiwon verite a nan ren nou” chak jou . Pi gwo diferans ki genyen ant sentiwon esperiyèl ak sa lè n’ap abiye se pa lafwa pou nou fèl nan lapriyè.

Ki verite a pou mare nan ren nou an menm?

Verite a se idantite Bondye ki nan pawòl li ki raple nou ke li se kreyatè ak mèt tout sa ki sou latè ak nan syèl la. Se li ki gen tout pouvwa sou lavi’w aktout otorite pou chanje karaktè ak antouraj nou. Lè nou “mare santi verite a nan ren’w” sa vle di nou mare nan senti nou (nan kè’n ak lespri’n) tout pawòl Bondye deklare nan Bib la de idantite’w. Tankou nou kwè e ke idantite’w nan li ou se lanmou, lajwa, lafwa, lespwa, otorite, etc e paske ou fèt nan imaj Bondye, li wè‘n , lanmou li pou nou pap janm fini e li pap janm lagew. Chak jou li gen yon plan byen detèmine pou nou e li vle nou pwospere nan tout domèn kelkeswa espirityèl, fisik, emosyonèl, materyèl, ak sosyal. Lè nou fè sa Bondye asire siksè nan tout n’ap fè ki nan volonte li.

Lapriyè pou mare verite a nan ren’w:

Bonjou bon papa!

Mesi paske mwen konnen ou deja asirem viktwa jodia sou tout move plan enemi nanm mwen ta vle fe pou pyejem e fem bliye kiyes mwen nan ou si’m swiv plan batay ou. Konsa pa lafwa mwen, mwen reklame viktwa sou … (fè lis kèk bagay ou panse ou ka rankontre pou jounen yan ki ka fèw bite, ouve kow pale ak moun ki damou’w anpil la!)

Mèsi paske ou raple’m ke mwen pa nan lagè ak lòt mounn mwen rankontre men fòs ak pouvwa fènwa ki vle simaye laperèz, depresyon, lamizè, ak rayisans tou patou. Pou’m preparem pou batay,  pa lafwa, mwen mete sentiwon verite ya. Verite’w la, Senyè ou se yon Bondye ki san parèy. Ou tèlman renmenm ke ou te vini sou latè, ou soufri anpil, ofri tèt ou lakwa pou ou retabli koneksyon mwen ak ou e raple’m  empòtans mwen gen pou ou e jan ou renmenm malgre ou konnen tout fòs ak feblès mwen.

Ou konnen limit mwen e mwen diw mèsi paske ou pap kite tantasyon fèm pote chay kew konnen m paka pote (1 Korent 10 :13). Laverite sou mwen yan, Senyè, se ke mwen se yon moun nouvo nan Kris e mwen pa anba pouvwa peche ankò (2 Korent 5 :17). Mwen gen Sentespri  ou ki se Lespri verite a  ki ap viv nan mwen depi lèm te aksepte’w pou sovèm ak gid mwen chak jou (Jan 14 :16-17 ; Efezyen 1 :13 ; 1 Korent 3 :16) ki la pou gidem e kap fèm konnen lè gen yon danje tou prem. Mwen se pitit ou e anyen paka separem avèk lanmou’w ( Women 8 :31-39 ; Sòm 32 :8 ; 2 Pyè 3 :9).

Verite ya se ke ou gen yon plan pou mwen jodi ya : yon moun pou’m ankouraje, yon moun poum pataje pawòl ou, e yon moun poum renmen pou yo santi prezans ou nan lavi yo tou (Jeremi 29 :11 ; Estè 4 :14, 1 Tim 2 :3-4). Pa kite’m bay manti nenpòt sitiyasyon ki ka rive ni pou lang mwen pa mete’m nan sikonstans ki pap ba’w glwa (Sòm 34 :13, Efezyen 4 :29, Kol 4 :6) konsa ma Bondye fè lwanj pou ou ak lavim. Amen.

Please enable JavaScript in your browser to complete this form.

Sonje kiyès ou ye!

“Se pou nou fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase. Lè sa a, se pwòp tèt nou n’ap twonpe.” Jak 1:22 HCV

Menm  jan flè nan foto pòs sa poko finn deploye a konsa tou nou gen anpil lòt fasèt nan idantite nou pou nou dekouvri ansanm. Men fòk nou aplike sa nou aprann yo pou nou ka pwogrese e pa twonpe tèt ou jan Jak 1:22 raple nou an.

Men ti rapèl pati idantite nou kouvri ansanm pou rive jodia: Nan Bondye, ou se Yon moun chwazi ki fè pati yon fanmi (ou pa janm pou kòw). Ou se Inite, Lafwa (wi se pa yon bagay ou genyen nan fason tanporè li nan ou), lajwa, lanmou, lape, Lespwa, libète, Limyè, Otorite, Padon, Respè, Richès, Viktwa e ou gen anpil talan. Pa kite lenmi nanm ou fè ou . Bondye ki avè’w la pi fò e li vle repòn tout kesyon ou genyen de idantite sa yo ak ninpòt lòt kesyon ou ta genyen de li.

Pou kèk nan nou li ka se pase ti tan pou koze ak Bondye konprann ke richès fè pati eritaj nou oswa nou se lanmou, respè, otorite etc. Pou lòt li ka paske yo pa finn klè kijan idantite yo se viktwa lè chak jou sanble defèt oswa kalimite toupatou e Bondye di idantite nou nan li se lapè. Kijan poum padone entel paske nan Bondye mwen se padon? etc. Tan sa ka pase nan mande’l ouvè zye n pou wè kijan lapè li opera e kijan yo ka pote lapè tout kote yo ye. Kelkeswa kategori ou jwenn tèt ou maten e kesyon k’ap travèse kèw pale ak mounn ki damou nanm ou an. Mande Bondye pou’l gide’w e montre’w kijan verite sa yo ka materialize nan lavi’w.

Mèsi paske ou ap fè egzèsis espirityèl sa w’ap pratike ak nou pou konnen plis kiyès ou ye vre nan Bondye e wè fwi don sa yo reflekte nan lavi’w. Ke Bondye onore/ beni tan sa yo w’ap pase ak li e repòn tout kesyon ou yo ak anpil lanmou e an gran jan. Nou ankouje’w tou medite sou Sòm 103 jodia pandan ti tan apa sa. An avan bon solda!

Please enable JavaScript in your browser to complete this form.

Poze, Ann Koze.

Avan nou vanse pou pi devan pou ou konnen pi plis kiyès ou ye nan mwen, ann fè yo ti koze.
Yon ti koze sinsè ki ka chanje lavi’w.
Kote relijyon pap ka rive menm relasyon nou ka transfòme’w e baw kè poze.


Chak jou plen aktivite men dè fwa ou bliyem.
Mwen konnen sa paske lapriyè ou yo vinn kout e dè fwa pou ti bagay ou gen anpil dout.
Mwen pa fache ak ou pou sa. Non mwen toujou fyè de ou chak jou.
Men ou konnen apre lanwit, gen douvanjou.
Mwen vle reveye nanm ou ak plis lanmou.

M kreye’w nan imaj mwen e mwen damou’w janw ye a chak jou (Jenèz 1:26-28) .
Mwen konnen kiyès ou ye nan tout ou menm atò kombyen pye cheve ou genyen nan tout mwen konnen (Lik 12:7)
Tout sa paske mwen renmenw e m toujou ap obsevew.
Pa gen anyen sou latè ni nan syèl ki ka separe m pou ou.. sof ou siw decide pa kwè nan mwen ankò. (Women 8:31-39)
Men mwen m’ap toujou la e mwen toujou la pou ou kit ou ap soupi oswa jemi (Matye 28:20, Ezayi 41:10)

Kèm nan tristès lè relasyon nou tounen tankou woutin
Ou twò konsekan pou mwen.
Mwen vle menmen’w pi lwen men m santiw lwen dè fwa.
Ou stresse, doute, inkyè, pafwa m wèw fristre e dekouraje..
Non, pa kache ni timid, mwen pa fache lè ou santi’w konsa.
Dòm laj poum sipote tout emosyon sa yo.
Ponyèt mwen fò pou sipote’w tout tan (Ezayi 59:1).


Kontrè ak sa lòt mounn ta vle fèw konprann, emosyon sa yo nomal.
Ou pa yon move pitit paske ou konn santi’w konsa.
Mwen konprann yo byen paske se mwen ki kreye yo tou.
Men kè’m fanm paske ou pa pale ak mwen de yo lè w santi yo.
Lè konsa ou pa invite’m nan yo e sa fèm lapènn.
Se sèl mwen ki ka baw bon konprann pou ou konfronte yo. Pouki ou pa ale ak mwen?

Mwen vle yon relasyon sinsè ak ou poum ka fèm anpil bèl mèvey ak ou e pou ou!
Konsa lajistis ak lapè ka renye.
Gade lajwa se pi bèl abiman ou geneyen e mwen rejwi lèw mete’l.
Ou se boul lò nan royòm mwen yo e boul sik ki fè kem fremi ak zorèy mwen dous chak fwa ou pale ak mwen…. men eskew kwè?

Jodia a, pa kouri dim de mo epi al chache lòt travay pouw fè .
M konnen ou gen anpil chay sou do’w men eskew ka pran yon ti poz e fè yon ti koze ak mwen?
Mwen vle konnen ki jan’w santiw. Mwen vle ou reve ankò.
Mwen vle ou kwè nan mwen plis konsa w’ap kwè nan ou paske mwen viv nan ou ak potansyèl ou genyen(Jeremi 29:11)
Menm lè m konn tout bagay men m vle nou komike tankou lè de bon zanmi ap kale pwa ansanm epi y’ap koze.

Mwen vle wete dout, tristès, avègman esperityèl ak emosyonal nan ou (Revelasyon 21:4)
Mwen vle netoyew plis.
Ou pa esklav lapè e Mwen vle’w libere’w (2 Tim 1:7).
Mwen te bay sanm pou sa (Jan 3:16).
M gentan rale yon chèz ap tann nou e zorèy toujou disponib pou ou, eske wap ka pran yon ti tan pou fè sa?

M’ap tann ou.

Avèk anpil tandrès,

Mounn ki damouw anpil la-Bondye

Idantite’w nan Bondye:Ou fè pati yon fanmi

«Bondye te deside depi davans pou li adopte nou pou pitit li nan Jezikri, paske sa fè li plezi.» Efezyen 1:5‭‭

Depi lè Bondye te kreye’w kòm pwòp reflè lanmou ak grandè li (Jenèz 1:26), li damou’w e li te ba’w kompayon (Jenèz 2:18). Wi, Ou pa pou kòw!! Non sèlman Bondye toujou avèw men ou gen anpil lòt sè ak frè nan lafwa ki la pou ou. Intèpretasyon popilè de Jenèz 2:18 kote Bondye di li pa bon pou yon nonm rete sèl pale de koze madanm ak mouche, men se premye introdiksyon fanmi ki fèt nan bib la paske fanmi se moun ki la yon pou lòt nan bon ni nan move tan (Pwovèb 11:29).

Se yon gwoup ki la pou younn ede lòt, sipote ansanm nan renmen san tripotay, ipokrizi ak jalouzi menm jan Bondye te vle li pou nou chak nan Jenèz 2:18. Bondye pa vle nou sèl fisikman nin nan konba lafwa paske enemi nanm nou a toujou sou atak. Bòn nouvèl jodia se depi’w te aksepte Jezi, ou te adopte nan fanmi Kris la e banyè Bondye a sou ou (Efezyen 1:5; 1 Jan 3:1)!

Sa vle di ou pa sèl e ou pa bezwen fè tout bagay (kriye, soufri, grangou, rejwi, fè pwogrè, leve gwo chay oswa pitit, malad, refè, reve, etc)pou kòw paske ou pa etranje ankò. Se etranje ki mete kò yo apa e pè mele ak mounn lakay paske yon pa konn prensip kay la. Men ou ki aksepte viv pou Kris, ou se mounn kay tout kote pitit li yo ye ( tou patou)!

Efezyen 2:19-22 explike sa byen, « Se sa k fè, nou menm moun lòt nasyon yo, nou pa etranje ankò, ni moun ki depasaj. Men, se sitwayen nou ye ansanm ak tout moun nan pèp Bondye a, nou fè pati fanmi Bondye a […]nou se kay Bondye ap bati sou fondasyon apòt yo ak pwofèt yo te poze a. […]Se li menm ki kenbe tout kò kay la kanpe byen fèm, ki fè l grandi pou l tounen yon sèl kay yo mete apa pou Bondye. Konsa, nou menm tou avèk lavi n’ap mennen nan Kris la, nou antre nan batisman sa a pou nou fè ansanm ak lòt yo yon sèl kay kote Bondye ap viv ak pouvwa Sentespri li.» vèsyon HAT 98

‭‭Paske ou fè pati yon fanmi nan Bondye, gen yon gwoup frè ak sè ki renmen Bondye menm jan ak ou e ki dedye vi yo ak li ki la pou sipòte’w e ba’w kout zepòl nan tout sa w’ap fè. Lè ou soufri, y’ap soufri tou, si’w beswen priye yo mete tout sa ka yo kapab de kote pou entesede pou ou e ak you. Konsa tou lè kè’w kontan yo rejwi tou ( 1 Korent 12:26). Ou gen poto mitan lakay ou!

E se si se pa sèl ti gwoup ou wè devan jew la oswa nan asanble kote’w ye ki la pou ou, se nou tout ki kwè nan Bondye toupatou nan lemònn ki la pou ou ti doudou! Se konsa fanmi Kris la opere nan viktwa li te ranpote pou nou an deja! Lè nou viv konsa nou pote wayòm Bondye a pi plis sou tè a e fè satan wònt paske nou vle yon ak lòt reyisi nan tout sa n’ap fè (Kolasyen 3:23-24).

M pa konn pou ou men lèm lakay mwen e mwen nan pami fanmi’m mwen santim ere! Gade, mwen ouvè kòm , chante, e ri ak tout kèm  paske mwen santim alèz e byen antoure. Si mounn lakay mwen kouri deyèm yon jou, se paske m do fè yon bagay ki pa sa oswa m bliye fè yon bagay yo mandem men apre sa lanmou ak lapè renye.

Konsa tou Bondye vle nou santi nou lè nou nan prezans li e pami frèn ak sèn yo ki met konfyans yo nan li pou nou ka simaye lanmou li toupatou (1 Pyè 4:8; Levitik 19:18). Se pa sèlman lè nou nan sèvis adorasyon nou fanmi, men nou se younn kit nou nan biwo oswa nan lari kwabosal paske nou represante Bondye tout kote nou ye.

Pa rete sèl nan konba lafwa ni kite move experyans ou te fè nan « legliz » oswa move expersyans nan zamitay fèw pa jwi gwo bonè sa ki gen nan viv ansanm nan fanmi Kris. Fanmi’w fè pati idantite’w e ansanm nou pi fò! (Eklezyas 4:9; 1 Pyè 3:8; Pwovèb 17:27; Matye 18:20)!

Medite sou Efezyen 2:19-22

Ann Lapriyè: Senyè, mèsi paske ou ban mwen yon fanmi solid nan lafwa. Menm lè mwen pa pre fanmi sanm, mwen pa janm pou kòm paske ou toujou la e lòt pitit ou ye antourem tou. Dè fwa move experyans ak pwòp fanmi biologik mwen oswa perèz pou lòt mounn pa abize emosyon m konn rann li difisil poum fè lòt mounn ki sensè nan relasyon yo avèw e ki vle la pou mwen konfyans. Menm nan asanble lafwa, li parèt difisil tou poum konn kiyès ki la pou mwen vre paske se ou sèl ki konn kè lòm.

Pa pouvwa Sentespri ou a, louvri jem poum wè e aksepte bèl onè sa ki se fè pati fanmi ki nan wayòm ou a. Poutèt ou mwen paka janm òfelen nan vim paske fanmi fè pati idantitem nan ou e mwen diw mèsi pou sa. Banm fòs poum padone moun ki te fèm mal lèm tap chache apwi nan « legliz » epi yo te repousem poum ka simaye lanmou patou kotem ye. Padone’m tou pou tout fwa mwen te fè lòt mal an panse, pawòl, aksyon oswa omisyon lè yo tap chache rekonfò. Ede nou rete yon fanmi pi djanm nan renmen, pasyans, ak pèseverans san prejije jan ou vle nou ye a pou non ou ka glorifye. Nan non Jezi mwen priye’w. Amen.

https://m.youtube.com/watch?v=esjrxQXqgn4

Idantite’w nan Bondye: Ou se yon mounn chwazi!

« Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, yon bann prèt k’ap sèvi Wa a, yon nasyon k’ap viv apa pou Bondye, yon pèp li achte. Li fè tou sa pou n’ te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li » (1 Pyè 2:9 )

Anpil nan nou lè nal nan magazen pou ou achte yon rad, nou pran san’n pou mezire’l, vire avè’l, gade si’l flate kòn, pran foto avan mènm nou peye pou rad yo. Rad sa yo se rad ki pral mete a pa ni nou pa prale mete yo pamizak rad sal oswa nan poubèl. Paske yo nèf, anpil nan nou konsidere yo konsekan. Konsa tou lè Bondye t’ap kreye W li desine chak koub nan laviw ak ckak ven  nan kò’w ak anpil souplès. Jan Kris te raple nou an« Menm cheve nan tèt nou, yo tout konte. Se sak fè, nou pa bezwen pè menm: nou vo pi plis pase anpil ti zwezo. » ( Lik 12:7) 

Bondye te pran san’l e li pran tan’ l pou li fèw. Chak jou li revele’w plis de idantite’w nan li. Men jan rad nèf pa lage nan pami sak ki gen ranyon ak rad sal, Bondye mete’w apa pou li e li vle kenbew nan yon eta nèf. Bondye nou an pa nan patipri e li konnen valèw alò pa pèdi tanw nan tande mounn ki negatif ni ki pa konn valè yo vre nan Bondye paske Bondye wè’w e li renmenw anpil. Chak jou li vle fè bèbèl avèw nan pase ti tan ak li nan lapriyè oswa itilize kèw ki ranpli ak lanmou pou li ak pou frèw ak sèw yo nan konpòtmanw pou glwa li. 

Bondye chwazi’w ak plezi chak jou (1 Pyè 2:9; Jeremi 29:11). Gade ou tèlman gen anpil valè nan zye’l ke li te bay vil pa pèsòn Jezikri pou li te montre’w sa. Li achte’w ak vi l , li admire’w, chouchoute’w, pwoteje’w, e li vle menmenw pi lwen toujou! Alò dim, poukiw kite tèt ou kagou lè lòt moun meprisew paske ou deside fè sa ki dwat devan Bondye? Eske’w konnen Bondye mete’w apa pou li? Sa vle di rakinn, move jalouzi, kolè, rayisab, ipokrizi ak fè manti etc pa pou ankò.

Ou fè pati fanmi royal Bondye a e se alyans sa ki ap baw fòs pou konbat nenpòt fènwa. Leve tèt ou, fè yon ti souri paske…. Ou se pitit Wa dè wa a! 👑E ou konnen wa gen bon gou, si’l deside chwazi’w ou wè ou se gwo koze! Ou enpotan sinon Bondye pa tap chwaziw ni ou pa tap li ti rapèl sa jodia. Pa bliye kiyès ou ye zanmi pam! Si’w wè lafwa’w ap bite pou yon rezon ou yon lòt, pa trakase kè’w. Pale de sa ak Bondye paske li pap janm pa chwazi’w lè ou louvri kè w ba li.

Ann Reflechi: Pandan semèn pataje ak yon mounn ou fè konfyans (oswa nan yon jounal ou yon fason atistik) repons sou kesyon sa yo. Ou ka pataje repons ou yo avèn tou sou devosyon sa! Siw pa konn repons yo tou, pa panike. Mande Bondye ki toujou la pou koze avèw e di’w ki sekrè.

  1. Kijanw santiw lèw aprann ke Bondye chwaziw ak anpil lanmou?
  2. Kijan ou enteprete 1 Pyè 2:9 nan labi pèsonèl ou? Kijan enfòmasyon sa sou idantite’w ka transfòme lavi’w?
  3. Eske ou kwè ou se yon mounn ke Bondye mete apa pou li? Oui? Non? Poukisa?

Bòn fèt ak tout manman!

26 Me 2019
Yon manman se pa sèlman mounn ki pouse timounn nan men tout fanm ki bay kè li pou eleve ak pwoteje yon lòt. Kit ou se matant, zanmi, fanmi, etc. Kit ou pouse oswa adopte, Mèsi pou tout sakrifis ou fè chak jou e lanmou ou montren. Mèsi pou tout sa ou ye e kijan ou aprann nou sèvi Bondye ak kompòtman ak pasyans ou.
Pou mounn nan nou manman nou pa sou latè ankò, ann onore lòt fanm vanyan ki bò kote nou paske yo vo plis ke lò! Mèsi paske ou egziste e ede nou vanse nan renmen chak jou. Bòn fèt fanm Bondye damou anpil la. Anpil lonè ak respè pou ou🥰😘