Tag Archives: lapriye

Lapriyè: Senyè Gide’m

 « Senyè, montre’m jan pou’ m swiv lòd ou yo, pou’m obeyi yo jouk sa kaba. Ban’m lespri pou’m ka obeyi lalwa ou, pou’m fè sa’l mande a ak tout kè mwen. Fè’m viv yon jan ki dakò ak kòmandman ou yo, paske se nan yo mwen jwenn tout plezi’ m. Fè’m pi anvi swiv prensip ou yo pase pou’m anvi gen lajan. Pa kite’ m kouri dèyè bagay ki pa vo anyen. Fè’m swiv chemen ou mete devan’ m lan. » Sòm 119 :33-37

Idantite’w nan Bondye se younn nan pi gwo richès ou genyen. Se pou rezon wa de tan zan tan li necesè pou ou pran yon ti moman pou ou re-evalye relasyon ou ak Bondye e mande li direksyon pou asire’w ke ou tande li byen.

Jodia kit ou santi ou wè klè tankou dlo kokoye san ma oswa ou ap viv nan dout, inkietid, konfizyon, oswa dekourajman pran yon ti tan pou medite sou Sòm 119:33-37 pou envite Bondye nan koze‘w.

Ann Lapriyè

Papa mwen ki nan syèl la,

Mèsi pou lanmou ou ak prezans ou ki san limit. Mèsi pou pwoteksyon ak gras ou ki kouvri mwen ak chak grènn pitit ou yo chak jou.
Mèsi pou konpasyon ou ak devouman ou pou nou chak. Se yon lanmou mwen pa toujou konprann men ki bay lavi mwen yon lòt sans ak ranpli m ak esperans.

Nan bouyon lavi’m ou se sèl magi ki ba li plis bon gou. Mèsi pou pawòl ou yo nan Bib la ki pou sèvi’m kòm gid, pou Sentespri ou ki enspire sa pou’m priye. e ki direksyon pou’m pran lè’m bezwen yon papa ki pou proteje’m, yon zanmi ki pou kote’yon .

Ou se tout sa mwen genyen e nan ou mwen pa janm manke anyen. Mwen vle viv plis selon volonte’w e fè tout sa ki bon devan zye’w ak lezòm pou glwa ou eklate tout kote’m pase. Mwen pa vle viv selon emosyon mwen ni kontinye reaji chak lè sikonstans lavi ba mwen tap. Nenpòt kote mwen ye, mwen konnen ou se sponsò ki toujou ban mwen bourad. Gide mwen souple.

Pa kite’m fè desizyon ki pap fè ou plezi ni pou .avi fè’m vann eritaj mwen pou ti pen. Proteje kè’m e kenbe mwen nan pye’w. Tankou ti katkat ki poko ka mache byen paran yo toujou kenbe mwen yo pou fè wout la, mwen ofri men ak pye pam yo. Mennen’m kote ou vle. Ou se yon Bondye ki jis e ki gen kè ssasib. Nenpòt desizyon ou fè ak direksyon ou bay ap korèk. Mwen vle fixe je’m sou ou e mache nan chemen ou trase devan’m nan. Mwen vle reyisi jan ou menm ou te ekri nan destine’m.

Di mwen kisa ou vle’m fè nan sezon sa. Mwen disponib pou ou Senyè. Fè’m genyen tout konba sou fòs fenwa ki ta vle fè gè lavi’m ak lantouraj mwen. Ke chak grenn pitit, fanmi, zanmi, ak kolòn mwen yo jwenn yon nouvèl realizasyon de idantite yo nan ou kòm pitit ou e nouvo direksyon tout nèf de ou. Gide nou pou glwa ou. Tout sa ou di ak bouch ou men ou toujou akonpli li. Mwen konte sou ou. Nan non Jezi, Amen.

Please enable JavaScript in your browser to complete this form.

Lapriyè: Senyè fè mwen wè

Senyè, pawòl ou yo fè mwen konprann ke je mwen yo se lanp kò a (Matye 6:22-23). Yo explike tou san vizyon pitit ou yo ap peri (Pwovèb 29:18). Se sak fè mwen ap mande ou pou louvri je’m pou mwen ka wè ou pi byen.
Menm jan ou te fè pou avèg la wè nan Matye 10 51-52, Mak 8;22-25, Jan 9:1-12.
Ou te repònn Eli lè li te priye pou Elize te wè (2 Wa 6:17-20),
Repònn kri kè’m pou mwen wè jodia.

Ban’m vizon’w.
Ban’m pasyon’w.
Mwen remèt ou kè’m ak dezi mwen yo.
Mwen vle toujou viv nan volonte’w.

Lèt lanmou ou pou mwen toujou o prezan e li pa janm chanje. Mwen se ti chouchou’w chak jou menm lè pafwa mwen sèvi ak ou tankou etranje. Retire tout sa nan mwen ki ka fè vizyòn’m flou,
Pou mwen pa kouri tankou machinn ki gen move kaoutchou.


Montre mwen tout sa ki ka oswa ki ap fè’m mache bite,
E lave mwen de tout move lide ki ka fè’m doute e pase kalamite. Mo mwen gen anpil pouvwa pou kreye realite’m, Sanktifye kè ak bouch mwen pou mwen ka itilize yo ak repè.

Ou menm Bondye se ou sè ki se sous kouraj mwen.
Ede mwen fokis sou ou pou’m wè ou ak sikonstans lavi nan tout klète. Ede mwen padone epi reve anko pou mwen reponn apèl ou ak obeyisans ak gete.
Mwen vle reyisi simayen lanmou ak lajwa ou tout kote mwen pase.


Mèsi pou prezans ou nan lavi mwen e mizerikod ou ki pa janm fini. Mèsi pou vizyon ak idantite mwen w’ap restore ak yon lanmou infini. Remèsiman, lwanj, egzaltasyon pou ou ki se sèl wa pou tout tan. Ke entimite ak amitye grandi pi plis tankou Moiz pou lavi mwen temanye entegrite, kreativite, prezans, grandè ou nan jenerasyon jodi yo ak tout sa ki gen pou vini pa pouvwa Sentespri ou. Amen.

Bondye pa bliye’w

” Senyè a reponn: — Eske yon manman ka bliye pitit l’ap bay tete? Eske li ka pa sansib pou pitit ki soti nan zantray li? Menm si yon manman ta rive bliye pitit li, mwen menm, mwen p’ap janm bliye [ou]*!” Ezayi 49:15 HAT98

Kit se yon sezon w’ap rejwi oswa ou santi fòs ou ta vle febli,
Bondye la avè’w e chak jou li vle fè’w souri.


Gen de sikonstans w’ap pase nan lavi ki ka fè’w santiw dekouraje.
Lè’w gade kijan lemòn ap degringole, li ka fè tout kote’w pase ou santi’w andanje.
Sitiyasyon sa yo ka fè’w viv nan yon strès ak ansyete pèmanen e bliye idantite ou nan Bondye.

Tankou yon klorat ki eklate twò prè’w ki ta vle pete je’w,
Konsa lenmi nanm ou ta vle ou dekouraje e kenbe nan chèn prizon mantal san pyew ni men’w pa mare.

Ale nan sous la.
Pawòl li senten.
Se la repons w’ap chèche yo ye.
Pa bliye pouwa lapriyè.
E kwè ke Ou pa pou kò’w.
Sentespri Bondye nan ou.
Ou pa janm pou kont ou.

Bondye pa bliye’w.
Leve je’w anlè. Egzalte non li e ba li glwa ak tout kè’w.
Sonje kiyès ou ye.
Nou menm tou nou la avè’w.
Menm lè ou pa li nou menm jan souvan,
N’ap priye pou ou paske nou se yon fanmi e renmen’w.
Kenbe fè’m.

Ann Medite Ansanm sou Ezayi 49:14-23

” 14 Men, pèp lavil Jerizalèm lan t’ap di: — Senyè a lage nou. Mèt la bliye nou.

15 Senyè a reponn: — Eske yon manman ka bliye pitit l’ap bay tete? Eske li ka pa sansib pou pitit ki soti nan zantray li? Menm si yon manman ta rive bliye pitit li, mwen menm, mwen p’ap janm bliye [ou]*!

16 Non [ou]* tanpe nan plamen mwen.[Ou]* pa janm soti nan lespri mwen.

17 Men moun yo ki pral rebati lavil la ap vini! Moun yo ki t’ap kraze [ou]* yo, ki t’ap piye [ou]* yo, y’ap met deyò.

18 Senyè a di: – Voye je [ou]* toupatou, gade sa k’ap pase. Tout moun [ou]* yo ap rasanble, y’ap vin jwenn [ou]*. Mwen sèmante sou vi’m: [ou]* pral kontan wè yo lakay [ou]*, Se va tankou lamarye kontan lè bèl rad nòs li sou li. Se Senyè a menm ki di sa.

19 Peyi [ou]* an te fin kraze. Peyi a te fin ravaje. Men, kounyeya li pral twò piti pou kantite moun k’ap rete ladan’l. Paske moun ki t’ap fini ak peyi a, yo pral voye yo jete byen lwen [ou]*.

20 Yon lè, pitit [ou]* te kwè ki te pèdi nèt yo, n’a tande yo ap pale nan zòrèy [ou]*, y’a di [ou]*: Peyi a twò piti pou nou. Ban nou kote pou nou rete.

21 Lè sa a, n’a di nan kè nou! — Kilès ki te fè tout pitit sa yo pou nou? Nou te pèdi tout pitit nou yo. Nou pat kapab fè pitit ankò. Yo te depòte nou, yo te vire do ban nou. Ki moun ki te elve tout pitit sa yo pou nou? Nou te pou kò nou. Kote yo sòti menm?

22 Men sa Senyè a, Bondye a, di ankò: M’ap fè nasyon yo siyon ak men m. M’ap leve drapo m pou m avèti pèp yo. Se yo menm ankò ki pral pran pitit gason nou yo sou do yo, k’ap mete pitit fi nou yo sou zepòl yo pou mennen yo tounen lakay nou.

23 Wa yo pral tankou papa pou nou. Pitit fi wa yo pral sèvi nou nouris. Y’ap ajenou devan nou, y’ap bese tèt yo jouk atè, Y’a niche pousyè ki nan pye nou. Lè sa a, n’a konnen se mwen menm ki Senyè a. Moun ki mete tout espwa yo nan mwen p’ap janm wont.”
Ezayi 49:14-24 HAT98

Ann Lapriyè

Papa, mèsi pou konpasyon’w ak prezans ou. Pa gen lòt tankou’w Senyè. Ou pwomèt menm si yon manman ta ka bliye pitit li, ou menm ou pap janm bliye’m ni lage’m yon bout.

Mèsi pou lanmou sa ou gen pou mwen, konpasyon ou ki san mezi. Mèsi pou mizèrikod ou, nouvo sezon ak pwomès restorasyon ak novote sa yo ou genyen sou lavi’m, zantray mwen, fanmi’m, ak tout peyi’m.

Mwen resevwa’l ak tout kè’m ak bra’m louvri. Tout pawòl ou se wi ak Amen. Mwen konfye’m nan ou. Gide’m. Ede’m kenbe zye sou ou nan tout sikonstans. Ke non ou beni e glorifye sou tout fas tè a, Senyè Jezi. Amen.

* adapte pou devosyon an

Egzalte non Bondye

“Bondye, mwen pare, wi, mwen pare. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou.  M’ap souke kò mwen, m’ap leve. M’ap pran gita mwen, m’ap pran bandjo mwen. Mwen pral fè solèy leve! Senyè, m’a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M’a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo! Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou. « Sòm 57 :8-10

Egzalte non Bondye vle di ba li kompliman, lwanj, ochan, ak admirasyon li menm sèl li merite. Se yon privilèj pou exalte non Bondye nan tout sikonstans. Sa montre ou rekonesan  men tou ke ou fè Bondye konfyans paske ou konnen li se lanmou e nan li ou pap janm manke anyen (Sòm 23 ; 34 :10). Younn nan fòm nou egzalte non Bondye se nan lapriyè ak lwanj. Pa bliye yo fè pati defans djanm ou genyen.

Yon lòt fason ou egzalte non Bondye se nan atitid ou fas ak lavi e nan kompòtman ou. Jan ou renmen tèt ou ak lòt mounn, padone, e kalite panse ki nan tèt ou yo tou. Fason ou wè tèt ou dwe egzalte non Bondye tou paske li di nan pawòl li nan Jan 13 :34-35 « Men, m’ap ban [ou]* yon kòmandman nouvo: Se pou [ou]* yonn renmen lòt. Wi, se pou [ou]* yonn renmen lòt menm jan mwen renmen [ou]* an. Si [ou]* yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen [ou]* ye. »

 Bondye fidèl e li toujou la pou ou. Chak souf ou respire tenmwanye jan li gen pouvwa e jan li vle manisfeste lanmou li ak travè ou menm. Dispoze kè’w e louvri bra’w pou recevwa lanmou li a pi plis e simanyen’l tout kote’w pase pandan w’ap ba li glwa ak lonè li merite non sèlman ak bouch ou men tou ak tout kè’w, nanm ou, lespri ou, ak jan ou konpòte kò ou. Egzalte li. Raple nanm ou jan li gran konsa wa kontinye grandi nan lafwa.

Kesyon pou’n koze : kisa ou realize ki anpachew egzalte non Bondye ? Sonje nou se yon fanmi ki ap grandi ansanm alòs ou pa bezwen pè komante pou ou pataje lide ansanm.

*adapte ou devosyon an

Ann Lapriyè : Papa, mèsi paske ou toujou la pou mwen chak jou. Kit m’ap rejwi, kit mwen kagou, fidelite’w pa janm lagem. Mèsi pou sa.  Mèsi tou pou lavi, lasante, pawòl ou yo, Sentespri’w ki toujou la. Mèsi pou sekirite ou ban mwen nan tout sikonstans. Mèsi pou fanmi menm yo ak zanmi ou ban mwen tout kote mwen pase. Mwen egzalte’w ak tout kè’m, nan’n mwen, lesprim, panse’m, ak tout kò’m. Mwen fè lwanj ou. Mwen ba ou tout lonè, ak konpliman ou merite pou jan ou gen bon kè. Ou pa janm lage pitit ou yo malgré nou pa toujou fè sa ki dwat devan je’w. Kontinye fè travay ou nan mwen Senyè. Amen.

Gen Lafwa nan Fènwa

« A la dous pawòl ou yo dous anba lang mwen! Yo pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen. Lòd ou yo fè’m konprann tout bagay, konsa mwen rayi tout bagay ki ka fè’m bay manti. Pawòl ou se yon chandèl ki fè’m wè kote m’ap mete pye’m, se yon limyè k’ap klere chemen mwen.” Sòm 119:3-5

Depil nan nwit epi pa gen limyè swa natirèl ak lalinn lan oswa atifisyèl, majorite mounn pa ka wè anyen. Si’w nan lari, l’ap fasil pou’w ta tonbe nan yon twou oswa fè yon aksidan paske vizyon ou limite. Li fasil pou’w fè nenpòt erè paske vizyon ou limite. Se sa ki rele fènwa.

Gen anpil sikonstans nan lavi kit sou fòm emosyonèl, konplikasyon sante, chomaj, ensekirite, elatriye ka koze gwo fènwa nan lavi’w. Fènwa sa defini kòm yon eta mental e esprityèl ki afekte lajwa, lafwa, lasante, kalite jounen ou pase e li ka menm andanje lavi ou sou anpil fòm tankou depresyon, dout, anxiete, inkredibilite, laprèz, tristès, indiferans, elatriye.

Fènwa pa vini sèlman lè yon bagay pèsonèl rive ou men tou lè w’ap gade injistis, zak vyolans, zak malonèt tankou piyaj, ak vagabondaj ki trakase lespri’w. Gen anpil espri malen ap infliyanse mounn fè mechanste men nan Bondye ou se viktwa. Sa ki enpotan an se konnen kijan pou’w jere’l paske ou ankre idantite’w nan Bondye.

Se pa tout bagay yon mounn ka epanye men paske ou ankre idantite’w nan Kris, ou konnen kote ou asire, ak sonje kiyès ou ye. Ou konnen Senyè a se woche ou. ou se otorite, lespwa, ak lafwa. Ou gen yon amitye ak yon Bondye ki gran e li fidèl. Li enpotan pou ou konnen kijan pou konbat fènwa sou tout fòm.

Moyen ki pi asire a se abiye’w pa lafwa chak jou. Sonje ou gen kontak dirèk ak Bondye e li sensib pou ou. Kenbe banè lafwa ou wo chak jou, chak moman e ankre’w nan pawòl li yo. Medite e reflechi sou moyen ou ka aplike konsèy li yo nan bib la nan lavi’w konsa lè fènwa lavi ta vle fè’w pa wè kote pou mete pye’w ya sevi yon limyè pou klere’w. Bay Bondye lwanj, egzalte non li paske ou konnen li gran e li gen tout pouvwa ak pwisans sou tè sila ak nan syèl la. Tout inivè a sou kontwòl e ou se trezò li.

Kenbe fèm. Pa moli. Kote ou ye, fènwa pa gen plas li paske idantite’w nan Bondye se limyè.  Rete an pozisyon. Wete lògèy, jalouzi, mechanste, move lide etc pou ka tande Bondye pi byen e pwogrese jan li vle’w la.

Kesyon pou’n koze : ki moyen ki efikaz pou ou ilitilize pou kwape fènwa nan lavi’w chak jou? Pataje’l konsa wa beni yon lòt mounn!

Ann Lapriyè : Senyè, mèsi! Mèsi paske ou se limye’m tout kote mwen pase e avè’w mwen pa janm manke anyen. Mèsi paske ou chwazi’m kò’m lamp ou nan kominote’m, lakay mwen, ak tout kote mwen pase pou chwape fèmwa sou tout fòm. Ke non ou beni. Nan non Jezi mwen magnifye’w. Amen.

WILIADEL DENERVIL Feat. FRÈ GABE – ESPWA MWEN (Official Video) – YouTube

Pèsevere nan lapriyè

“Ann pwoche bò kote Bondye ak tout kè nou, ak yon konfyans byen chita, san nou pa gen anyen nan kè nou ki pou boulvèse konsyans nou, kò nou menm byen netwaye nan yon dlo byen pwòp. Ann kenbe espwa nou genyen an byen fèm. Paske, nou mèt sèten, Bondye ap kenbe pwomès li.”Ebre 10:22‭-‬23 HAT98

Bondye toujou kenbe pwomès li e bib la chaje temwanyaj anpil fanm ak gason ke Bondye te itilize pou raple chak jenerasyon de lanmou, prezans, ak grandè li. Eske Bondye ka itilize’w pou chanjman li vle fè nan jenerasyon ou an? Nan zòn ou ak peyi w’ap viv la? Eske ou kwè ou se viktwa e ou pote viktwa tout kote ou pase?


Nan moman sila kote mòn nan chaje pwoblèm, ensekirite ap monte pye toupatou, epidemi, ak estrès ta vle fè chak mounn al kache e chape pye yo si yo kapab (men nanpwen). Men nou menm ki ankre idantite nou nan Bondye, sekirite nou se nan li pandan nap pratike prekosyon ak bon konprann, nou gen devwa pou pwoklame pawòl li yo ak pwomès li yo nan tout sikonstans menm lè nou pa toujou konprann sa k’ap pase yo.


Lapriyè se aksè’w 24/7 ak Bondye. Itilize’l pou envite Sentespri nan tout sa w’ap fè e w’ap andire. Sekirite se eritaj ou nan Bondye menm jan ak lasante, lapè, ak lajwa tou (nan tout sikonstans). Pa kite anyen gonfle kèw. Pandan w’ap deklare pawòl Bondye e kwè y’ap manifeste nan lavi ou ak pa fanmi ou, pa bliye ou gen devwa pou ou deklare yo e priye pou peyi’w, katye’w, ak zòn kote ou pase yo (Jeremi 29:7).

Lavi ou nan de pla men Bondye e ou pa yon aksidan. Lenmi nanm ou djòb li se pou li fè ou kwè kontrè a pou ou ka panike, dekouraje, e abandone.


Gen yon istwa nan 2 Makabe 1:10-17 nan pati bib la yo rele Apokrifa a kote yo tap rakonte lanmò wa Antiok ki te yon wa ki te chaje lanbisyon ak move lide. Istwa sa raple ke Bondye pa janm pèdi pwose e mechan yo toujou mouri anba move zak y’ap fè.


Bondye w’ap sèvi a tout pwisan e se li ki toujou gen denye mo. Kite je’w sou li e pèsevere nan lapriyè pandan w’ap abiye’w pa lafwa e obeyi fè tout sa li mande’w nan ti moman ou pase koze ak li yo.

Kwè e wa va wè grandè li manifeste!

Ou se yon mounn extraòdinè e lafwa’w ak pèseverans ou nan Jezikri ap fè’w djanm e pote chanjman k’ap dire nan lavi’w, fanmi’w, ak antouraj ou. Jan pawòl granmounn yo di a, ” se lè li pral jou li pi fènwa.” Deliverans pa’w, pa fanmi’w ak peyi Ayiti pre rive. Kontinye envite wayòm Bondye a pou li manifeste sou tè sila a ak nan tout sikonstans sa yi.  Pèsevere nan lapriyè ak lafwa.

Ann Lapriyè:
Mèsi paske ou se fòs ak pwoteksyon ou ban mwen tout kote mwen pase. Mèsi paske nan ou mwen pa manke anyen. Ba mwen fòs, kouraj, ak plis pasyans poum pa dekouraje ni desespere pou lavi’m ka temwanye grandè ou pou lòt jenerazon ka sonje jan ou renmen chak pitit ou e jan ou fidèl e mèveye. Mwen ba ou glwa ak lwanj ou menm sèl merite. Nan non Jezi mwen priye’w. Amen.


https://youtu.be/b15WiUppftk


https://youtu.be/m5LC9zFk0bo

Kretyen nou Kapab. Ann kanpe e deklare nan non Jezi: Ayiti ou beni!

“Se mwen menm ki fè latè a, ki ba li fòm, ki kenbe’l nan plas li. Se mwen menm yo rele Senyè a. Men sa mwen di: Rele’m, m’a reponn ou. M’a fè ou konnen yon bann gwo bagay, yon bann mèvèy ou pa’t  janm konnen. Wi, men sa mwen menm, Senyè a, Bondye pèp [Ayisyen]* la, mwen di sou kay lavil [tout pwovens]* yo, sou kay wa peyi [Ayiti]*yo, ki fin kraze paske moun Babilòn yo sènen lavil la, y’ap atake’l.” (Jeremi 33:2-4)

Nan moman difisil koulyea kote anpil nan nou ta vle pedi lespwa pou peyi nou chanje, fòk nou sonje kilès nou ye. Viris a gòch, lavi chè ak ensekirite a dwat, pwoblèm pèsonèl nan mitan, chalè solèy anlè, traka anba, li fasil e nomal pou nou santi nou lou. Nou santi nou ta kite sa pa vre? Non! Okontrè se kounyea pou nou kanpe e kenbe djanm nan idantite nou nan Bondye tankou lafwa ak entegrite.

Fòk nou  sonje nou menm ki kwè nan Kris, idantite nou se lanmou, pasyanspèseverans, lasante, otorite, richès, libète, ak lespwa. Nou se ajan chanjman e nou dwe fe devwa nou. Nou dwe panse pou peyi nou vanse. Se nou menm ki majorite a, fòk nou kolabore. Nou pa ka bese lè bwa ni mete tout fòs nou nan chache mwayen pou nou lage pye nou kay vwazen oswa nan bato oswa nan fò papye pou lage pye nou. Tout kote gen difikilte pa’l e se mounn ki ladan’l yo ki kanpe pou chanjman menm jan nou menm tou ka kanpe pou chanjman lakay. Respekte idantite nou kom lafwa, viktwa, epi onore talan Bondye ba nou yo pou sèvis li. Si nou pa kenbe e reve anko, kouman n’ap fè gen yon demen miyò?

Si nou di nou kwè nan Kris menm chak jou n’ap di lavi nou ap pi tris kijan n’ap fè wè chanjman e patisipe pou chanjman sa fèt? Si nou pa mete jenou nou atè e rele Bondye pandan n’ap mande’l li direksyon pou nou ka fè devwa nou kòm sitwayen tè sa kote li ba nou eritaj depi nou fèt, kiyès ki pral pote chanjman pou nou? Si apre nou lapriyè nou pa komanse fè pati solisyon an nan pwopte, panse, kolabore, mete biznis lokal ki soti nan entegrite e ede younn ak lòt, e kanpe pou lajistis ak lanmou kijan n’ap fe vanse?

Kit ou gen 1 an oswa 95 an, kelkeswa jenerasyon ou fèt la nou tout konsènen. Nan Jeremi 33:2-4, Bondye fè nou pwomès depi nou rele’l, l’ap reponn nou e montre nou bagay nou dwe fè. Ann rele li ansanm pou Ayiti e komanse chanje mantalite nou younn ak lòt. Ann kite ipokrit kote ak bouch nou n’ap di yon bagay e nan kè nou n’ap doute (Jak 1:5-8, 4:3-8; Matye 6:24).

Konsa, na aji ak yon sèl kè, yon sèl lafwa, epi jwenn rezilta n’ap chache a. Anpil mounn ap tann leta, men nou menm ki ankre idantite nou nan Bondye dwe diferan paske Bondye ba nou otorite deja e se devwa nou pou nou pote chanjman pozitif tout kote nou ye. Ann reveye santiman ak konsyans nou paske Bondye pat janm ba nou tout talan, aksè dirèk ak li nan lapriyè, ak konesans sa yo pou ou mache tèt bese.

Kote abyiman nou? E pa n’ap mache tankou mounn ki tou touni e san mèt?

Nou se mounn chwazi. Bagay sa yo pa pou nou ankò. Baton nou nan men nou (ki se pawòl Bondye a, lapriyè, ak konnen dwa ak devwa’n kòm sitoyen). Poukisa n’ap kite chen ap jape’n konsa epi n’ap kouri pou n’ale kache mete sou li?

 Difikilte ap toujou la men Bondye pwomèt nou viktwa ak prezans li chak jou (Jan 16:33; 1 Pyè 4:12-16; Matye 28:20; Ezayi 43:2). Se pa paske tout mounn ap di bagay negatif sou peyi a ak plonje nan desespwa  ki vle di yo verite ni pou nou fè sa tou. Sonje mo nou chwazi yo reflèkte reyalite nou viv la.

Ann mete fòs nou ansanm pou nou entèsede pou peyi nou paski fiti nou ak pwogrè nou depann de kote nou n’ap viv la (Jeremi 29:7-9). Pandan nou ap lapriyè, mande Bondye pou li montre nou chak kijan nou ka e dwe fè pati chanjman sa paske ansanm nou pi fò.

Ann reveye kè ak konsyans nou pou nou di ase! Zèb la pa pi fre kay vwazen oswa nan lòt peyi. Ann sispann kite lenmi nanm nou fè devan pòt nou tounen dèyè kay e vle fè nou abandone. Non! Nou pa ka fè bak ni jodia ni demen. Bondye twò renmen nou e li twò gran e twò pwisan pou li ba nou otorite ak konesans sa yo pou nou mache tankou pitimi san gadò e kite peyi nou tankou jaden san mèt pou nenpòt bèt vini jwe lago ladann lè yo vle.

Menm si ou pa ta ap viv Ayiti kounyea ou konsènen tou paske Bondye te ba ou privilèj pou yon Ayisyen (swa pa san oswa pa relasyon) pou yon bi byen detèmine. Mete men’w nan pak la ak jenou ou yo tou pa lafwa pou ou beni peyi a ak fè pati chanjman an. Nou tout ka e gen devwa pou nou fè yon diferans ak kado lavi sa Bondye ba nou pa sèlman nan fanmi nou men nan peyi nou tou. Priye pou kote ou ye a men sitou priye pou Ayiti tou. Nenpòt kote’w yo nan mònn nan kounyea pran yon ti moman pou ou pouse dè kri de viktwa e fè lwanj pou Bondye paske benediksyon li yo anvayi Ayiti. Apre, fè yon aksyon k’ap menmen nou nan yon demen miyò. Se pa sèlman lè’w voye yon ti chocho lakay ou ka ede, ou chaje ak talan ou ka itilize pou nan ankadre, ak fotifye lòt yo tou. Itilize yo. Nou tout se yon sèl fanmi e lapriyè ak efò nou chak konte.

Konba sou konba, viktwa se pou nou nan non Jezi! Nou se limyè e se nou ki pou briye. Nou paka rete bwa krase e Bondye pa janm kreye nou san misyon. Alò ann deklare benidiksyon Bondye sou peyi sa pou fòs fenwa yo tonbe. Deklare padon, limye, kouraj, lespwa, lajwa, lafwa, lanmou, ak inite sou tè nou an e vizyon ak akomplisman plan Bondye yo sou li . Konsa tou, ann fè ti pati pa nou nan pwopte ak kreye.

Si nou mete tèt ansanm n’ap rive pi lwen! Kretyen wi, nou pakab (Fil 4:13). Ann pwopte, netoye kay ak zòn nou, konstwi ansanm, fe sekirite younn pou lòt. Ann plante kafe, kann pou nou fè zik, aprann resikle fatra pou nou fè atizana ak lòt bèl bagay, vann ak achte epis lakay, sik, kola, diri latibonit, mango ak fwi nan si, pistach, etc. Nou ka rekonstwi ekonomi lokal la e sispann achte nan peyi lòt mounn tout sa nou bezwen. Nou ka chanje figi Ayiti paske nou pa pou kont nou. Se pou nou tout ak peyi nou reyisi nan non Jezi! Sekirite se eritaj nou nan Bondye e fok sou kole zepòl pou kwape move je nan mitan nou tou.

Legiz se mwen, legliz se ou, legliz se nou. Legliz se otorite Kris la sou tè sila e ou se yon anbasadè lapè ak anpil viktwa nan li. Fè devwa’w nkòm sa dwa. Sonje kiyès ou ye jodia e sonje chanjman k’ap dire soti nan Bondye—fòk ou fè ti pati pa’w la tou e  deklare an tout kè, nanm, ak fòs ou :

AYITI OU BENI! Tout depatman nan peyi a: nò, sid, lès, lwès, nòdès, nòdwès, sidès, sidwès, lagrandans, nippes, plato central ak tout awondisman, komin, ak seksyon kominal ki ladann yo beni nan non Jezi. Tout dirijan yo beni nan non Jezi e ke yo mache nan krent Bondye. Kote ki gen mechanste lave ak san Jezi e koripsyon detwi paske krent ak lanmou Bondye ap anvayi kè chak pitit tè beni sila nan non Jezi!! Glwa Bondye manifeste nan chak fanmi ak zanmitay. Ke sekirite, lanmou, inite, travay manifeste kounyea pou izinn ak pwodiksyon lokal miltiplye nan tout zòn pou mounn jwenn manje, e edikasyon chak sitoyen fèt pou chak mounn akonpli misyon Bondye pou li sou tè sila.

Tout pitit Bondye reveye! Nou kanpe pou lajistis, lanmou, respè, edikasyon, lasante, ak pwopte. Nan non Jezi fanmi mwen yo beni tou, travay mwen beni e si’m poko jwenn younn favè Bondye sou mwen. Tout pòt ki fèmen yo pou bloke pwogrèm louvri jodia. Katye mwen an beni, zòn mwen an beni, lavil kote’m ye a beni, e tout kote’m pase beni nan non Jezi! Peyi mwen beni e tout fòs fè nwa peri nan moman sila.

Mwen se yon mounn chwazi e lavi mwen nan pla men Bondye. Menm favè ak benediksyon sa sou peyi’m tou. Se pou li kanpe e deklare mèvèy Bondye.

Ensekirite ak move konsyans peri kounyea menm e fanm ak gason vayan Bondye yo lakay blende ak fòs ak kouraj pou kanpe pou lajistis ak lapè nan non Jezi.

Mwen deklare inyon nan kout kè, lespri ak tout nann chak grenn Ayisyen lakay ak patou nan lemònn nan lanmou ak lafwa pou chanjman fèt. Ke Legliz Kris la fotifye nan moman sa.

Mwen mande’w tou pasyans pandan w’ap repònn priyè sila e ak kouraj pou’m fè ti pati pam nan e ranpli devwa m kòm sitoyen.

Satan se ou m’ap kwape sou tè beni sa. Ase. Ou pèdi batay la deja sispann fè grimas pou fè pitit wa dè wa yo pè. Mwen pran plas mwen jodia kòm sentinel pou kè’m, fanmi’m, zanmi’m, ak peyi mwen pou glwa Bondye manifeste pa pouvwa Lesprisen.

Jodia se yon jou ki ranpli ak benediksyon e mwen deklare reyisit peyi’m, katye mwen, lavil yi ak tout kote pitit Bondye yo reyini, tèt mwen, ak tout fanmi mwen yo tou nan non Jezi!

Ayiti ou beni e ou pral mache de viktwa an viktwa paske san Jezi te koule pou ou tou pou’w ka viv nan libète. VITKWA!! Glwa!!! Alleluia!!! Amen.”

Ann kontinye deklare lapriyè sa ak pwomès Bondye sou lavi nou ak peyi a chak jou. Pa fè bak. Sonje se lè li pral jou, fènwa parèt pi rèd. Avni peyi nou ak fiti nou depann de nou. Nou gen responsabilite pou nou kanbe. Ann mare senti nou e kite Lesentespri gide nou pou nou ka  wè mèvèy li fè yo pandan nou vivan an.  Mwen konte sou ou, e tisè, frè, kouzen, kouzinn, matant, tonton, grann, paran ak anpil rès fanmi ou yo konte sou ou tou pou ou fè pati kokenn chènn priyè sa e revolisyon konsyans sa a ak nou.

Ann frape lenmi nanm nou an nan kote ki pou fèl mal tou sou jenou nou pandan n’ap koute direksyon Bondye pou nou fè pati chanjman. Ann fè lenmi pwogrè Ayiti a konnen, Jezi se wa sou Ayiti e si li sèl ki gouvènen e gen tout pouvwa sou li pou li sispann boulvèse’n e lakòz deblozay lakay nou non Jezi.

Kretyen, wi ansanm nou kapab. Ann sere kole.

Medite tou sou: 1 Kwonik 7:14; Ezayi 60:1-3; 1 Tim 2:1-5;  Danyel 2:20-21; Women 13:1; Matye 6:1-9

“Kenbe. Kanpe. Pa lage. Ayiti ou beni!”

Kretyen nou kapab!!!

#nouKapab #Annmetetetansanm #chanjman Ayiti ka chanje men se nan tet kole!
Ayiti ou beni e sa Bondye beni anyen pa ka chanjel!