Tag Archives: lanmou

Poze, Ann Koze.

Avan nou vanse pou pi devan pou ou konnen pi plis kiyès ou ye nan mwen, ann fè yo ti koze.
Yon ti koze sinsè ki ka chanje lavi’w.
Kote relijyon pap ka rive menm relasyon nou ka transfòme’w e baw kè poze.


Chak jou plen aktivite men dè fwa ou bliyem.
Mwen konnen sa paske lapriyè ou yo vinn kout e dè fwa pou ti bagay ou gen anpil dout.
Mwen pa fache ak ou pou sa. Non mwen toujou fyè de ou chak jou.
Men ou konnen apre lanwit, gen douvanjou.
Mwen vle reveye nanm ou ak plis lanmou.

M kreye’w nan imaj mwen e mwen damou’w janw ye a chak jou (Jenèz 1:26-28) .
Mwen konnen kiyès ou ye nan tout ou menm atò kombyen pye cheve ou genyen nan tout mwen konnen (Lik 12:7)
Tout sa paske mwen renmenw e m toujou ap obsevew.
Pa gen anyen sou latè ni nan syèl ki ka separe m pou ou.. sof ou siw decide pa kwè nan mwen ankò. (Women 8:31-39)
Men mwen m’ap toujou la e mwen toujou la pou ou kit ou ap soupi oswa jemi (Matye 28:20, Ezayi 41:10)

Kèm nan tristès lè relasyon nou tounen tankou woutin
Ou twò konsekan pou mwen.
Mwen vle menmen’w pi lwen men m santiw lwen dè fwa.
Ou stresse, doute, inkyè, pafwa m wèw fristre e dekouraje..
Non, pa kache ni timid, mwen pa fache lè ou santi’w konsa.
Dòm laj poum sipote tout emosyon sa yo.
Ponyèt mwen fò pou sipote’w tout tan (Ezayi 59:1).


Kontrè ak sa lòt mounn ta vle fèw konprann, emosyon sa yo nomal.
Ou pa yon move pitit paske ou konn santi’w konsa.
Mwen konprann yo byen paske se mwen ki kreye yo tou.
Men kè’m fanm paske ou pa pale ak mwen de yo lè w santi yo.
Lè konsa ou pa invite’m nan yo e sa fèm lapènn.
Se sèl mwen ki ka baw bon konprann pou ou konfronte yo. Pouki ou pa ale ak mwen?

Mwen vle yon relasyon sinsè ak ou poum ka fèm anpil bèl mèvey ak ou e pou ou!
Konsa lajistis ak lapè ka renye.
Gade lajwa se pi bèl abiman ou geneyen e mwen rejwi lèw mete’l.
Ou se boul lò nan royòm mwen yo e boul sik ki fè kem fremi ak zorèy mwen dous chak fwa ou pale ak mwen…. men eskew kwè?

Jodia a, pa kouri dim de mo epi al chache lòt travay pouw fè .
M konnen ou gen anpil chay sou do’w men eskew ka pran yon ti poz e fè yon ti koze ak mwen?
Mwen vle konnen ki jan’w santiw. Mwen vle ou reve ankò.
Mwen vle ou kwè nan mwen plis konsa w’ap kwè nan ou paske mwen viv nan ou ak potansyèl ou genyen(Jeremi 29:11)
Menm lè m konn tout bagay men m vle nou komike tankou lè de bon zanmi ap kale pwa ansanm epi y’ap koze.

Mwen vle wete dout, tristès, avègman esperityèl ak emosyonal nan ou (Revelasyon 21:4)
Mwen vle netoyew plis.
Ou pa esklav lapè e Mwen vle’w libere’w (2 Tim 1:7).
Mwen te bay sanm pou sa (Jan 3:16).
M gentan rale yon chèz ap tann nou e zorèy toujou disponib pou ou, eske wap ka pran yon ti tan pou fè sa?

M’ap tann ou.

Avèk anpil tandrès,

Mounn ki damouw anpil la-Bondye

Idantite’w nan Bondye: Ou se inite

“Konsa, Kris la se tankou yon kò ki gen anpil manm. Kò a toujou yon sèl kò, ou mèt wè li gen anpil manm.”
1 Korent 12:12 HAT98

Inion fè la fòs se sa nou aprann depi nou ti kakat. Se sa ki deviz peyi nou men nou aprann vit ke se younn nan bagay ki pi difisil pou realize kit nou nan ‘legliz’ oswa nenpòt sektè nan lavi.

Lè nou mete tèt nou ansanm nou fè anpil pwogrè e pa gen fòs fènwa ki ka kanpe devann. Paske ou se yon chwazi, ou se lanmou, padon, lajwa, lapè, ak respè, idantite’w nan Bondye se inite tou. Yonn nan fason nou montre inite sa se lè “nou tout nou dwe dakò yonn ak lòt, se pou nou gen menm santiman yonn pou lòt. Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak sè, se pou nou gen bon kè, san lògèy.” 1 Pyè 3:8 menm lè sa pa fasil.

Younn nan pi bèl evènman ki sot pase yo sete lè ekip football nou te finn kale Canada epi Ayisyen patou nan lemòn ap celebre. Kè yo kontan e y’ap bay akolad yonn ak lòt epi chante “Alaso ann ale!” Se yonn nan premye fwa m gen chans wè mounn peyim sou menm akò e se te yon bèl bagay ki fè kèm kontan.

Li raplem jan nou dwe ye nan Bondye e kijan sa bèl lè nou tout gen yon bi ansanm. Menm jan kò gen plizye ògann e ki fonksyon an hamoni pou nou ka fonksyone byen, konsa tou menm si nou chak gen diferan opinyon ak talan menm nou dwe pou viv ansanm (1 Korent 12:12) nan lanmou ak lapè paske lavi nou chak depinn younn de lòt. Inite se sèl mwayen nou genyen pou nou vanse pi devan!

Si yon match ka mete lajwa nan kèn konsa e rapwoche tout kòt fanmi nou patou nan lemònn paske ekip nou te champyon kombyen plis laja nou tap genyen lè nou deside mete tèt ansanm nan lanmou poun sèvi Bondye ak younn ak lòt vre e chanje peyi nou??! Imajine kokenn chènn solidarite ak pwogrè nou ka fè ansanm si nou ka kontinye gen menm mentalite ak lanmou nou gen pou footbal la ak ekip nou nan lavi esperityèl, profesyonèl, sosyal, finansyè, ak emosyonèl nou?? Pi bèl nouvèl jodia se frèm ak sèm idantite’n nan Bondye se inite!

Wi, nan 1 Korent 1:10 nou li “Frè m’ yo, mwen soupriye nou angras, nan non Jezikri, Senyè nou an. Tanpri, mete nou dakò sou tout pwen. Pa kite divizyon mete pye nan mitan nou. Okontrè se pou nou fè yon sèl. Se pou nou tout gen menm konpreyansyon ak menm panse.”
1 Korent 1:10 HAT98 Pran kelke segond pou realize gwo impact idantite sa pa ou.

Wi, nan 1 Korent 1:10 nou li “Frè m’ yo, mwen soupriye nou angras, nan non Jezikri, Senyè nou an. Tanpri, mete nou dakò sou tout pwen. Pa kite divizyon mete pye nan mitan nou. Okontrè se pou nou fè yon sèl. Se pou nou tout gen menm konpreyansyon ak menm panse.”
1 Korent 1:10 HAT98 Pran kelke segond pou realize gwo impact idantite sa pa ou.

Refleksyon: Kisa sa vle di pou ou lèw konnen nan Bondye ou se inite? Eske se yon bagay ou kwè? Eske ou panse yon relation sensè e intim ak Bondye ka fè tout kè reini vre pou pwogrè ka fèt? Ki chanjman ou ka fè nan konpòtmanw jodia pou reflekte nouvo idantite sa ki se inite ou genyen nan Bondye?

Ann Lapriyè: Senyè mèsi pou lanmou w ak kompasyon ou genyen pou mwen chak jou. Mèsi paske ou aprann mwen nan ou mwen se inite. Mwen gen kapacite poum renmen ak tout kèm, tande ak respekte opinyon lòt frèm ak sèm e mwen gen devwa poum fè tout sa nan pouvwam poum ede tèt mwen, enviwòmnan ak tout mounn ou mete nan wout mwen pou non ou ka glorifye. Tanpri banm plis bon konprann, pasyans, lafwa, pèseverans ak dètèminasyon poum kontinye. Kèm se pou ou e mwen ofri tout sa mwen ye e vle ye a ou. Fè sa ou vle pou mwen ka ini plis ak ou e lòt mounn ki nan antouraj mwen. Nan non Jezi mwen priye. Amen

https://youtu.be/3EEh6Mrmsig

Idantite’w nan Bondye:Ou fè pati yon fanmi

«Bondye te deside depi davans pou li adopte nou pou pitit li nan Jezikri, paske sa fè li plezi.» Efezyen 1:5‭‭

Depi lè Bondye te kreye’w kòm pwòp reflè lanmou ak grandè li (Jenèz 1:26), li damou’w e li te ba’w kompayon (Jenèz 2:18). Wi, Ou pa pou kòw!! Non sèlman Bondye toujou avèw men ou gen anpil lòt sè ak frè nan lafwa ki la pou ou. Intèpretasyon popilè de Jenèz 2:18 kote Bondye di li pa bon pou yon nonm rete sèl pale de koze madanm ak mouche, men se premye introdiksyon fanmi ki fèt nan bib la paske fanmi se moun ki la yon pou lòt nan bon ni nan move tan (Pwovèb 11:29).

Se yon gwoup ki la pou younn ede lòt, sipote ansanm nan renmen san tripotay, ipokrizi ak jalouzi menm jan Bondye te vle li pou nou chak nan Jenèz 2:18. Bondye pa vle nou sèl fisikman nin nan konba lafwa paske enemi nanm nou a toujou sou atak. Bòn nouvèl jodia se depi’w te aksepte Jezi, ou te adopte nan fanmi Kris la e banyè Bondye a sou ou (Efezyen 1:5; 1 Jan 3:1)!

Sa vle di ou pa sèl e ou pa bezwen fè tout bagay (kriye, soufri, grangou, rejwi, fè pwogrè, leve gwo chay oswa pitit, malad, refè, reve, etc)pou kòw paske ou pa etranje ankò. Se etranje ki mete kò yo apa e pè mele ak mounn lakay paske yon pa konn prensip kay la. Men ou ki aksepte viv pou Kris, ou se mounn kay tout kote pitit li yo ye ( tou patou)!

Efezyen 2:19-22 explike sa byen, « Se sa k fè, nou menm moun lòt nasyon yo, nou pa etranje ankò, ni moun ki depasaj. Men, se sitwayen nou ye ansanm ak tout moun nan pèp Bondye a, nou fè pati fanmi Bondye a […]nou se kay Bondye ap bati sou fondasyon apòt yo ak pwofèt yo te poze a. […]Se li menm ki kenbe tout kò kay la kanpe byen fèm, ki fè l grandi pou l tounen yon sèl kay yo mete apa pou Bondye. Konsa, nou menm tou avèk lavi n’ap mennen nan Kris la, nou antre nan batisman sa a pou nou fè ansanm ak lòt yo yon sèl kay kote Bondye ap viv ak pouvwa Sentespri li.» vèsyon HAT 98

‭‭Paske ou fè pati yon fanmi nan Bondye, gen yon gwoup frè ak sè ki renmen Bondye menm jan ak ou e ki dedye vi yo ak li ki la pou sipòte’w e ba’w kout zepòl nan tout sa w’ap fè. Lè ou soufri, y’ap soufri tou, si’w beswen priye yo mete tout sa ka yo kapab de kote pou entesede pou ou e ak you. Konsa tou lè kè’w kontan yo rejwi tou ( 1 Korent 12:26). Ou gen poto mitan lakay ou!

E se si se pa sèl ti gwoup ou wè devan jew la oswa nan asanble kote’w ye ki la pou ou, se nou tout ki kwè nan Bondye toupatou nan lemònn ki la pou ou ti doudou! Se konsa fanmi Kris la opere nan viktwa li te ranpote pou nou an deja! Lè nou viv konsa nou pote wayòm Bondye a pi plis sou tè a e fè satan wònt paske nou vle yon ak lòt reyisi nan tout sa n’ap fè (Kolasyen 3:23-24).

M pa konn pou ou men lèm lakay mwen e mwen nan pami fanmi’m mwen santim ere! Gade, mwen ouvè kòm , chante, e ri ak tout kèm  paske mwen santim alèz e byen antoure. Si mounn lakay mwen kouri deyèm yon jou, se paske m do fè yon bagay ki pa sa oswa m bliye fè yon bagay yo mandem men apre sa lanmou ak lapè renye.

Konsa tou Bondye vle nou santi nou lè nou nan prezans li e pami frèn ak sèn yo ki met konfyans yo nan li pou nou ka simaye lanmou li toupatou (1 Pyè 4:8; Levitik 19:18). Se pa sèlman lè nou nan sèvis adorasyon nou fanmi, men nou se younn kit nou nan biwo oswa nan lari kwabosal paske nou represante Bondye tout kote nou ye.

Pa rete sèl nan konba lafwa ni kite move experyans ou te fè nan « legliz » oswa move expersyans nan zamitay fèw pa jwi gwo bonè sa ki gen nan viv ansanm nan fanmi Kris. Fanmi’w fè pati idantite’w e ansanm nou pi fò! (Eklezyas 4:9; 1 Pyè 3:8; Pwovèb 17:27; Matye 18:20)!

Medite sou Efezyen 2:19-22

Ann Lapriyè: Senyè, mèsi paske ou ban mwen yon fanmi solid nan lafwa. Menm lè mwen pa pre fanmi sanm, mwen pa janm pou kòm paske ou toujou la e lòt pitit ou ye antourem tou. Dè fwa move experyans ak pwòp fanmi biologik mwen oswa perèz pou lòt mounn pa abize emosyon m konn rann li difisil poum fè lòt mounn ki sensè nan relasyon yo avèw e ki vle la pou mwen konfyans. Menm nan asanble lafwa, li parèt difisil tou poum konn kiyès ki la pou mwen vre paske se ou sèl ki konn kè lòm.

Pa pouvwa Sentespri ou a, louvri jem poum wè e aksepte bèl onè sa ki se fè pati fanmi ki nan wayòm ou a. Poutèt ou mwen paka janm òfelen nan vim paske fanmi fè pati idantitem nan ou e mwen diw mèsi pou sa. Banm fòs poum padone moun ki te fèm mal lèm tap chache apwi nan « legliz » epi yo te repousem poum ka simaye lanmou patou kotem ye. Padone’m tou pou tout fwa mwen te fè lòt mal an panse, pawòl, aksyon oswa omisyon lè yo tap chache rekonfò. Ede nou rete yon fanmi pi djanm nan renmen, pasyans, ak pèseverans san prejije jan ou vle nou ye a pou non ou ka glorifye. Nan non Jezi mwen priye’w. Amen.

https://m.youtube.com/watch?v=esjrxQXqgn4

Pitit mwen… Ou sou kèm anpil

Fim, mizik, ak sosyete baw ede pa yo de lanmou chak jou. Anpil mounn ap pale’w de lanmou. Gen menm ki ta vle’w kwè y’ap fou pou ou; Epi ou poko bat jew yo gentan disparèt. Tankou flè a sezon pawòl yo pa dire. Tankou kout zèklè, bak yo pa mal pou chavire.

Menm ou menm tou ou konn panse’w damou. San ou pa jwen yon satifaksyon total ki konn fèw kagou. Lè kè’w blese ou vle kache, e ou ale lwenm tou. Lwen kè pam kap bat tanbou chak mili segond pou ou. Tout bagay sa yo se chay mwen chwazi pote pou ou paske mwen konprann ou.

Nan jou ki sot pase yo, anpil moun t’ap komemore pasaj mwen sou tè a. Genyen nan yo ki ta vle kwè men yo pa konprann sakrifis mwen te fè a. Gen lòt k’ap swiv tradisyon epi y’ap viv san kondisyon. Tout sa mwen pap sispann frape nan kè tout pitit mwen yo mwen renmen san mezi. Sèl sa ki fè’m chagren se lè yo panse fòk tout bagay pafè avan nou pale. 

Poutèt sa jodia mwen vle’w sonje ke pou mwen ti kè’w se trezòm. Yon relasyon kole avèw se paspòm poum menmenw pi lwen toujou! Mwen pa flè a sezon poum disparèt ni kouto de bò pou blese’w. (Ezayi 49:10) Mwen kreye’w pou reflekte limyè ak karaktè’m. (Jenèz 1:26-28) Menm jan yon manman paka bliye pitit l’ap bay tete, Konsa tou ti doudou, mwen pa ka bliye’w. ( Ezayi 49:15)

Mwen vle raple’w mwen damou’w e se sèl mwen vre ki ap fou pou ou chak jou. Pa kite kè’w blese ni relijion fè’w banm do. San ou, wi mwen kagou. Ou se lò nan jem e pou ou m’ap toujou jalou. ( 1 Pyè 2: 9-10) Relasyon mwen ak ou se pi gwò bonè’m chak jou. (Lamentasyon 3: 22-23) Rete pi plis nan pale ak mwen nan lapriyè ak respekte komandman lanmou m yo. (Ezayi 55:6-13, Jan 14:23)

Kote lòt ap disparèt anvan’w bat je’w, m’ap toujou bò kote’w. (Matye 28:20;Det. 31:6) Ou pa bezwen pè, pawòl mwen yo sinsè. ( Nonb 23:19) Mwen pap kite dlo toujou ap koule nan jè’w. (Revelasyon 21:4) Pwoche pi prem, kite chalè lanmoum gide’w. Pa bliye mwen baw souf mwen chak jou e san mezi mwen padone’w. Selman dim byen, eske’w fèm konfyans tout bon? Pale ak mwen plis. Mwen sonje’w.

-Papaw an syèl la ki damou’w tout jan e pout tout tan

Pa kite anyen gonfle kèw!

Bondye nan konpasyon li padone nou chak jou e li mande nou pou’n fè menm bagay la youn ak lòt.

Nan 1 Jan 1 :9 «« Men, si nou rekonèt devan Bondye nou fè peche, nou mèt gen konfyans nan li. Paske l’ap fè sak gen pou fèt la: la padonnen tout peche nou yo, la netwaye nou anba tou sa ki mal. » ( 1 Jan 1 :9). Lè nou fè sa ansanm, nou libere lespri ak kè nou pou nou ka jwi lavi nan kè poze Bondye gen pou nan an !

Kisa padon ye vre ? Lè nou mande Bondye padon pou peche nou, nou fè etap sa yo:

Pataje sa nou fè sa ak poukisa (se pa tout tan n’ap konn pouki tout swit).

Asime responsabilite pou sa nou te fè a e konnen li te pat meyè chwa.

Desann tèt nou devan majeste’l.

Onore lanmou li gen pou nou an.

Nou rekonèt ke nou beswen Lesprisen ou fè tout sa ki dwat devan li.

Ou pa konn tande mounn di « mwen padone men mwen pap bliye ? » Eske sa se vrè padon an menm jan Bondye padone nou an ?

Kijan pou padone ?

– Invite Lesentespri examine kè’w

– Fè yon lis mounn m panse ki te sou kè’w swa pou’w te fè yo eskiz obyen pou’w te padone (lache nan kè’w) menm lè mounn sa yo pat janm realize ke sa to te fè sa te gen yon konsekans negatif sou ou.

– Fè eskiz ou dwe fè yo…Padone mounn ou dwe padone menm jan Jezikri padonew (Matye 6 :14-15 ; Lik 17 :3-4 (san logèy ak rankinn men sa nan lanmou 2 Corinthians…)

Pa bliye padone tèt ou tou !

 Lè nou mande padon ak tout kèn e padone, nou bay Bondye plas pou’l fè plis mirak nan lavi nou e pou nou grandi youn ak lòt nan lafwa. Konsa tou padon chanje definisyon pou nou (Efesyen 4 :31-32).

PADON vinn pran sans sa :

Pa kite

Anyen gonfle kè’w

Distans pa pote bon fwi

Onore youn lòt ak lanmou

Nanpwen chay lanmou, bon konprann, ak pasyans pa ka chanje.

Mande Bondye sa vrè padon an vle di pou ou e kijan pouw pataje’l ak tout kèw jodia!

Ann Lapriyè : Senyè mesi pou lanmou san parèy ou gen pou mwen ki fè’w padone’m chak jou. Lè’m peche, se kont ou sèl men peche’m yo gen konsekans sou lòt moun nan janm reaji avèk yo ki ka blese yo. Mèsi anpil pou padon sa ou ban mwen. Edem padone lòt mounn menm jan ou padone’m. Sim gen yon bagay oswa yon mounn nan kèm k’ap ronje’m e ki difisil pou’m padone, tanpri banm bon konprann e ede’m fè sa poum ka viv yon jan k’ap fè’w plezi pi plis. Nan non Jezi mwen priye’w, Amen.

Idantite’w nan Bondye : Ou Se Padon

« Padon, mwen pap fè sa ankò ! »

Konbyen fwa nou tande mo sa yo, di Bondye yo lè n’ap lapriyè pou nou mande’l padon, oswa di yon mounn nou blese sa?

Padon fasil pou mande lè ou kite konsyans ou nan bon eta e ou vle viv nan lapè. Men pa toujou fasil pou aksepte ak pasaje lè Bondye pa nan tout sa n’ap fè. Mem lè sa, idantite’w nan Bondye se Padon!

Ou se padon paske Bondye padone’w san mezi chak jou. (Ezayi 43 :25-26 ; Ezayi 1 :18 ; Travay 3 :19 ; Efezyen 1 :19 ; Sòm 103 :12)

Menm jan lanmou se yon komand, padon (padone youn ak lòt sa nou fè ki mal) se younn nan komand tout disip Jezikri yo tou.( 1 Jan 1 :9 ; Mak 11 :25).

Ou se padon paske Pa gen lanmou ak tèt ansanm san padon (Lik 7 :47-48).

Ou padone paske Nou tout se pechè e nou pa toujou fè sa ki bon (Lik 24 : 46-47 ; 1 Korint 6 :9-11, 1 Jan 1 :8-10).

Ou se padon paske Bondye se padon e nou se reflè li (Efezyen 1 :7-8).

Si’w tankoum menm lè ou fè tout efò pou fè sa ki byen, gen de lè ou fè erè e lòt mounn ou renmen blese!

Gen yon epòk chak lè m pral priye e men ouvri bib la se yon vèsè sou padon ki monte. Ninpòt mounn mwen t’ap pale ak yo nan semèn sa a, menm lè mwen pa ta pwoche sijè a yo vinn sou li nan plisyè fason kan menm. Menm lè mwen te ale ‘legliz’ , mesaj jounen an la se sou menm sijè padon an. M tèlman te sezi  m rele yon bon solda lapriyè pou’l te edem priye popum ka konprann kisa padon an te ye vre!

Mwen te komanse réfléchi e mande Bondye eske mwen te gen mounn nan lavi’m m pot ko padone ? Nan refleksyon ak lapriyè li fèm wè wi te gen gen yon mounn, e mounn sa se te tèt mwen. Paske nan li idante’m se padon, mwen dwe padone lòt mounn e tèt mwen tou menm jan Bondye padone’m. Se younn nan bagay ki te pi difisil pou mwen te admèt ke se te verite e pou’m te fè. Nan experyans sa mwen te aprann kisa padon ye vre e konprann pi plis ke pa gen anyen ki enposib lè se Lesentespri k’ap fè gide’n (sinon m pa tap ka la jodia pou’m pataje sa avè’w).

Sak fè konyea mwen kwè ke Padon se kado Bondye ba’n sou lakwa pou nou te ka gen lavi etènèl (Jan 3 :16 ; Lik 7 :48).

Mwen kontan ke Bondye libere nou e li padone nou tout peche nou yo kifè jodia nou ka pataje bèl kado sa younn ak lòt !

Ann Lapriyè : Bondye mwen konnen pa gen anyen ou komanse pou ou pa fini. Mèsi paske w’ap aprann mwen ke nan ou mwen padone e poutèt gwo favè sa ou ban mwen an, mwen ka padone lòt mounn ak tèt mwen tou. Tanpri kontinye transfome kèm pout ka konprann pi plis ke idantite’m nan ou se padon konsa kèm ap plis legè chak jou. Mèsi paske pa gen anyen mwen ka fè ki ta fè’w ban do. Mèsi pou kè sansib ou a ki pa janm lage’m menm lè m pa toujou fè sa ki bon nan je’w. Ede’m resevwa padon ou an nan kèm pi plis poum ka aksepte l ak kè louvri. Konsa ma simaye’l tout kote mwen pase jodia e pandan tout rès vinn pou non’w ka glorifye, Amen.

Lèt Lanmou Bondye Pou Ou

« Tankou solèy la ki leve chak maten konsa tou l’ap toujou kenbe pawòl li. » (Lamentasyon 3 :23)

Pitit mwen,

Solèy la leve ankò jodia e w’ap respire. Fèmen zye’w, louvri kèw, respire dousman. Konpasyon’m, lanmou’m, ak devouman’m ou ou renouvle (Lamentasyon 3 :23). Eske’w santi kèm k’ap bat pou ou ?

Mwen renmen pase tan avè’w e gen anpil bagay mwen vle moutre’w (Jeremi 33 :3). Pa kache ni kite logèy ak wont mete divisyon nan nou. Mwen prèt pou padone’w tout sa’w fè paske ou gen anpil valè pou mwen (1 Jan 1 :9). Pa gen anyen ou fè oswa ou ka fè k’ap diminye lanmou’m pou ou (Jeremi 31 :3).

Ou se san’m e zantray mwen (Jenèz 1 :26-28). Kout dlo nan ze’w se kout kouto. Lè’w pa domi poutèt sousi lavi, mwen santi’w banm do. Mwen vle plis espas nan kè’w. Zepòl mwen se pou fado’w (Matye 11 :28-30). Pa kite Satan fèw rayi tèt ou ni mete’w espwa’w nan loto.

Mwen te pwomèt ou m’ap toujou la. Poum ba’w tout sa’w bezwen (Filipyen 4 :19). Tout limit mwen se ou (Lik 1 :37 ; Matye 19 :26 ; Ezayi 40 :28). Mwen renmwen’w e mwen konnen’w (Jeremi 1 :5). Mwen vle’w konnen’m tou pi plis (Ose 6 :6). Kite’m siye dlo nan ze’w, touche figi’w, e ba’w yon idante tou nèf (2 Korint 5 :17).

Mwen te peye pou’w ka viv san perèz (Ezayi 53 :5-9). Chak pa’w fè mwen tou pre’w (Ezayi 43 :2 ; Matye 28 :20). Eske’w ap kite’m gide’w ?

Pitit mwen damou’w anpil. Ou se kreyati mwen pran plis plezi nan li (Detowònòn 14 :2). Benediksyon’m pou ou pil sou pil (2 Korint 9 :8). Lanmou’m pou ou pap janm fini se sak fè mwen vle idante’w nan mwen sèl. Konsa sèlman wap k’ap beni lòt moun san patitri (Jenèz 12 :2). Kèm bat tanbou chak lè’m tande vwa’w. Jodia tanpri pase yon ti tan an plis nan fè yon ti koze ak mwen.

M’ap tann ou ti doudou. Ou konnen mwen toujou gen pasyans pou ou. Mwen vle beni’w plis ak transfòme’w. Ansanm pa gen anyen nou pa ka fè. Mèsi davans pou sa !

Avek anpil lanmou, Bondye ki gen tout pouvwa a.