Tag Archives: lafwa

Idantite’w nan Bondye: Ou se jistis

“[…] Senyè a te moutre ou sa ki byen. Tou sa li mande ou, se pou ou fè sa ki dwat, se pou ou gen kè sansib nan tout sa w’ap fè, se pou ou mache san lògèy devan li.” Miche 6:8 HAT98

Jistis… Se yon mo anpil nan nou itilize men nou pa toujou konprann li.Jistis telman enpòtan pou Bondye li eki 212 fwa nan bib la. Jistis se lè nou fè sa ki byen younn ak lòt e sèvi nan lanmou. Jistis pa nan sere kras, ni nan tire pit oswa taye banda, ni nan fè vyolans sou nanm ak kò moun. Jistis pa vle di revanj (Det 32:35) ni jalouzi ak kè grenn.

Jistis fèt lè nou chwazi viv nan lanmou, lapè, ak respè. Lè nou ankre idantite nou nan Bondye e non pa byen materyèl nou yo oswa jan sosyete a toujou ap dikte nou pou nou toujou nan konkou younn ak lòt. Kelkeswa fanmi nou soti oswa travay nap fè, nou chak gen yon plas sou tab la (Jan 14:2).

Jistis Bondye infi e pafè e li soti nan lespri egalite (Det 32:4; Ps 89:14). Bondye gen anpil lòd e li pa tap janm kite piti li yo (nou chak) tankou pitimi san gadò ni kite nou detwi younn ak lòt san pinisyon. Depi nan Jenèz nou wè jistis e gen menm yon liv nan Bib la dedike pou sa! (Jenèz 38:24; Jereme 32:7-15;  Jij 4:5; 2 Kronik 19:1-11).

Malgre gen sistèm an plas pou jistis manifeste, nou tout konnen gen anpil injistis ki fèt chak jou. Yon bagay anpil nan nou bliye se jistis pap janm fèt tout tan vre si nou pa realize jistis se mwen, jistis se ou, jistis se NOU. Sa vle di si frè oswa sè nou yo nan tray, depi younn nan nou ka ede nou paka rete bwa kwaze paske nou fè pati yon fanmi. Se pou nou kole zepòl, younn veye pou lòt menm jan apoy yo te konn fè e zansèt nou yo tou pou nou te ka jwi libète Bondye ba nou an.

Bondye se sèl jij pafè e li toujou fè jistis (Sòm 9:7-10). Jistis Bondye toujou a lè (Lik 18:8; Det 32:4) alò nou pa bezwen dekouraje nan mache ak kè sere. Paske Bondye renmen sa ki dwat, aksyon ki soti nan lanmou ak integrite, ki pa renmen moun k’ap fè zak malonèt pou enterè pa yo. Ou se reflè Bondye sa vle di karaktè yo ankre nan ou tou se sak fè li mande’w pou fè parèy ak li nan sans pou fè ki dwat e viv nan lanmou ak respè (Miche 6:8). Sa pa vle di malè pap janm frape pòt ou men ou deja genyen viktwa ak jistis sou tout nan non Jezi. Poutèt sa, younn nan idantite’w nan Bondye se jistis tou.

Nan Ezayi 61:8: “Senyè a di: -Mwen menm, Senyè a, mwen renmen sa ki dwat, mwen pa vle wè lè moun ap vòlò, lè moun ap fè lenjistis. M’a kenbe pawòl mwen, m’a bay pèp mwen an rekonpans yo, m’a pase ak yo yon kontra k’ap la pou tout tan.” (Ezayi 61:8)

Jistis denonse sa ki mal lè li wèl e goumen avèk sajès nan lanmou pou sa li kwè. Jistis pa kapon ni mache nan derizon oswa komèt zak malonèt. Jistis se aksyon ak kouraj. Li pa nan diskriminasyon ni nan derizon. Ou se jistis, toujou fè jistis e travay pou li paske avni nou chak mande pou chak nan nou aksepte responsabilite nou.

Jodia si yon mounn mandew kiyès ou ye, nou swete ou sonje ou se jistis e ou pa ka mache tèt bese san espwa.

Ann Lapriyè: Senyè gen anpil bagay ki reve ki fèm santim twouble lèm ap fè fas ak ensekirite, mechanste, ògèy, ak salte. Yo fè kèm fremi e atriste andanm. Tanpri montre kijan pou mwen viv idantite sa nan ou ki se jistis nan lavi mwen pou glwa ou ka manifeste tout kote mwen pase. Louvri je mounn kap fè sa ki mal e ap detwi younn ak lòt yo pou yo fè yon experyans lanmou avèk ou. Mèsi paske ou toujou pwoteje nou e jistis ou pa janm an reta. Mwen kontan sou ou e ba ou glwa ak lonè ou menm sèl merite. Nan non Jezi mwen priye. Amen.

Lapriyè: Senyè fè mwen reyisi

“Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m’ap degaje’m, granmesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj.” Fil 4:13

Bondye, tanpri ban mwen fòs pou’m kontinye ankre idantite’m nan ou e sèvi’w ak tout kèm pi plis.
Pa kite’m dekouraje ni pou tantasyon, traka lavi, ak distraksyon sou tout fòm fèm mode lage nan koze ou ye ak neglije zanmitay sakre nou an. Lè sityasyon lavi ta vle mwen twouble, souple ede’m kite je’m sou ou. Lè’m pa konn sa pou’m fè, gide’m. Lè’m pa konn sa pou’m di, mete pawòl ou yo ki gen anpil sajès ak konesans nan bouch mwen jan’w te pwomèt nan Sòm 81:10. Nan moman ensètitid mwen yo, fè’m santi prezans ou ki toujou la avèk mwen jan ou te pwomèt la nan Matye 28:20.

Tout kote ou voye ak nan tout sikonstan, fè’m reyisi Senyè mwen. Jan ou Pòl te di nan Fil 4:13, “Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m’ap degaje’m, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj.” Konsa mwen pran kouraj paske lavi’m nan men’w. Ou menm ki se alfa ak omega, pa gen anyen ki kache pou ou. Mwen vle rete nan prezans ou chak segond nan lavi’m. Se ou ki relem, se ou ki chwazi’m. Tout istwa lavi’m ak tout sa mwen ye nan pla men’w. Tanpri fèm reyisi fè sa.

Fèm reyisi nan fè ki byen, nan konesans ak aplikasyon idantite mwen nan ou pou’m pa kite nenpòt move van fèm tonbe. Papa, fè’m reyi nan travay ou yo e nan fè volonte’w. Fèm reyisi nan sèvi’w ak tout kè’m, tout nanm mwen ak fòs mwen. Fè’m reyisi nan di’w wi pi souvan e fè sa ou mandem fè menm lè mwen pa konpranm. Fèm reyisi nan viv yon vi ki pwòp devan’w ak devan lezòm. Yo vi ki gen anpil viktwa, otorite, integrite, pèseverans, pasyans, ak lespwa mwen jwenn nan ou paske se ou sél ki tout mwen.

Fè’m reyi nan simaye lanmou, bonte, kompasyon, jistis, lapè, padon, lespwa ak agwandi nan lafwa’m. Fèm reyisi nan rèv mwen yo ki nan volonte ou e kenbe yon kè ki pi menm lè sikonstans yo ta parèt nwa. Fèm reyisi poum pa flechi lè dout, kalamite ak pèsekisyon ki soti nan lenmi nanm mwen an ta vle fè’m bite.

Bondye mwen an ti fidèl tout tan, tanpri fèm reyisi pou glwa ou. Kenbe’m nan chemen ou ki dwat. Fèm reyisi nan realize tout plan ak destine ou gen pou mwen yo jouk sa kaba. Fèm reyisi nan gen yon kè ki gen anpil obeyisans ak lanmou pou ou ak pwochèm yo. Fèm reyisi nan tout plan ak destine ou gen pou mwen pandan m’ap aksepte yo ak kè louvri. Tanpri fè’m reyisi. Sa se kri kè mwen san rezèv. Mwen pa vle viv nan laperèz ni nan mediokrite. Se sèl volonte ou ki pafè mwen akonpli nan lavi’m, souple fè’m reyisi.

Menm jan’w te fèl pou Moyiz, Jozèf, David, Estè, Ana, Gideon, Jozye, Abakik, Jeremi, Pòl, fanm ki tap pèdi san an, ak anpil lòt pitit ou yo ki kwè nan ou, mwen konnen w’ap fèm reyizi paske ou se Bondye ki mache de viktwa an viktwa.

Mèsi davans bon papa!!!! Mwen konnen w’ap fèm reyisi pandan m’ap kite jem fixe sou ou. Mwen leve kèm ak men mwen yo ba ou. Mwen fè lwanj ak konpliman pou ou. Mèsi paske w’ap fè mwen reyisi. Nan non Jezi mwen priye’w, Amen.

https://m.youtube.com/watch?v=pymhAJR0_44

Idantite’w nan Bondye: Ou se pasyans

“Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n’ ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n’ aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans.” Kol 3:12

“Gen pasyans”, “pran pasyans”, “devlope pasyans”, “nan lavi fòk ou gen pasyans” etc. Tout sa se bagay ou ka tande pou yon rezon oswa yon lòt men kisa pasyans lan ye menm? Koman pou’w devlope’l? Kisa Bib la de sa? Koman li fè pati de idantite’w nan Bondye?

Diksyonè define pasyans kòm yon kapasite pou aksepte pwovokasyon, kontraryete, malè, oswa doulè, san plent, pèt tanperaman (kolè, fristrasyon, jalouzi), ak iritasyon. Bib konkòdans lan dekri pasyans kòm on aksyon oswa yon pouvwa pou aji avèk kalm oswa kè kontan pandan w’ap tann yon bagay ki dwe fèt oswa ou espere fèt; tolerans**. Bib la di pasyans enplike resistans, endirans ak kapasite pou rete tann yon resilta ak yon detèminasyon pèsonèl l’ap fèt ak yon asirans fèm nan Bondye pou glwa li manifeste (2 Korent 1:6; 2 Korent 4-6).  

Pasyans ka ede ou gen bon resilta e fè ou pridan nan tout sa w’ap fè. Pwov 19:2 di “Sa pa bon pou ou prese fè anyen san ou pa konprann sa w’ap fè. Si ou pa gen pasyans, ou ka nan pwoblèm”. Kapasite sa pa sèlman aplike lè nan tout sa w’ap fè kit nan lajwa oswa nan difikilte. Men kèk vèsè ki ka ede ou gen plis bon konprann sou sijè sa: Women 5:3, 12:2; 2 Tes 1:4; Ebre 10:36.

Ou se pasyans paske Bondye se pasyans (sonje ou fè nan imaj li e pitit tig se tig) e li exprime pasyans sa nan lanmou li pou ou chak jou  (Travay 13:18; Women 3:25; Women 9:22; Women 15:4-5; 2 Pyè 3:15; 2 Korent 12:12). Pasyans se younn nan pi bèl kado Sentespri ba ou kom yon mounn chwazi (1 Tim 6:11; Kol 3:12) e li nesesè pou ou ka devlope gen bon relasyon ak tèt ou e ak lòt yo (Lik 8:15; Gal 5:22; Ebre 12:1; Efez 4:2; Tit 2:2).

Jan Pòl te ekri mounn Women yo, “Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè [ou]** viv byen yonn ak lòt, pou [ou]** ka swiv egzanp [ou]* jwenn nan Jezikri (Women 15:5). Jezikri te demonstre pasyans nan tout sa lap fè (1 Tim 1:16; 1 Tim 6:11; ) e Bib la chaje ak anpil lòt egzanp kit e viv nan pasyans e wè glwa Bondye manifeste nan lavi yo tankou Jòb, Jozèf, Abraham, Ana, Rit, elatriye  ( Jenèz, Rit, 2 Tim 3:10; Ebre 6:12).

Paske ou se pasyans, Bib la ankouraje’w pou ou gen pasyans nan fè sa ki bon pandan w’ap kontinye chaje fas Bondye, onè, ak lavi etènèl (Women 2:7). Pasyans enpòtan paske l’ap ba ou andirans pou’w fè tout zafè ou byen e li gen plis rekonpans ke ògèy. Ekl 7:8 “Lè yon bagay ap fini li pi bon pase lè l’ap konmanse. Pito ou pran pasyans pase pou ou kite lògèy ap pouse ou.” Lè lafwa ou teste tou, li aprann ou plis pasyans menm jan latè ap tann lapli ak anpil  kalmte ( Jak 5:7). Ankouraje younn ak lòt nan lanmou ak lapè (2 Tim 4:2). Konstans nan travay oswa aplikasyon; pèseverans (Biblehub.com).

Anplis de sa, nan Bondye ou se lanmou e nan lanmou fòk gen pasyans (konesans idantite’w, padon, resistnas, andirans, tolerans, aji kalm oswa nan kè kontan san fristrasyon oswa kolè) ki mache men men ak lajwa, lapè, espwa, lafwa, otorite, ak entegrite. Menm jan Pòl te ekri a, “Moun ki gen renmen nan kè li gen pasyans, li gen bon kè, li p’ap anvye sò lòt moun. Li p’ap fè grandizè, li p’ap gonfle ak lògèy” 1 Kor 13:4,7. Ak pasyans wa rive reyisi nan tout sa w’ap fe (Ebre 6:12, 10:36; Jak 5:11; Rev 3:10; Rev 14:12).

Konesans de pawol Bondye yo fè’w gen tanperans ki li menm bay pasyans e ede’w viv yon vi pi sen ( 2 Pyè 1:6; Women 2:4). Gen yon ti pwovèb Kreyòl ki di “ak pasyans w’ap jwenn trip foumi”.  Pasyans ap ede pou gen sajès ak bon konprann ki ka fè ou refise bay tèt ou pwoblèm oswa pèdi tan move refleksyon ak kòlè lè yon bagay ofanse’w. Pwov. 19:11 di “Yon moun ki gen bon konprann pa fè kòlè fasil. Tout kalite li, se pa okipe moun ki fè mal.”

Pasyans ede’w kenbe sante’w djanm e rive lwen. Jan Pwov. 25:15 “Lè ou pa fè kòlè fasil, ou jwenn jwen pou fè chèf la kwè sa ou vle. Konsa tou, ak pawòl dous, w’ap kraze tout antrav ou ta ka jwenn sou chemen ou.”  Poutèt ou ka deside pou ou entansyonèlman lòt moun ak pasyans (2 Korent 6:6; Kol 1:11; 2 Tes 1:4).

Nan mònn sila kote tout bagay alavavit, e anpil enfòmasyon aksesib nan yon segond depi’w gen entènèt,  pasyans sanble ak yon bagay ansyen. Men bon karaktè nan lavi ak devlope idantite’w nan Bondye pa tankou pètpèt mayi depiw mete’l nan lwil li pete. Men li mande ou pou kiltive’l chak jou menm jan kiltivatè toujou ap netoiye tè yo pou yo gen bon rekòlt. Jak 5:7 di, “ Se poutèt sa, frè m’ yo, annou pran pasyans jouk jou Seyè a va vini. Gade jan kiltivatè a gen pasyans. Li gen pou l’ rete tann anvan pou tè a ba li yon bèl rekòt. Li pran pasyans, li rete tann lapli premye sezon an jouk lapli dènye sezon an.” Avèk èd Sentespri Bondye ki fè tout bagay posib pa lafwa, pasyans ou gen pou devlope plis pou grandè Bondye klere plis nan lavi ou(Mat 19:26)  

Ann travay pou lanmou ak pasyans!

Ann Lapriyè: Papa, mèsi paske idantite’m nan ou se pasyans. Ede’m devlope pa pouvwa lespri oupaske li pa toujou fasil poum andire sikonstans m’ap travèsè ak lajwa ak kalm. Mwen soumèt tout lavi mwen ak dezi mwen yo devan’w e mande’w ede kèm aksepte lanmou ou plis pou lafwa ak bon karaktè kontinye pran rasin nan mwen. Padone tout dout mwen yo e ke mwen gen plis pasyans ak tèt mwen ak lòt mounn  e sitiyasyon ke mwen pa ka chanje yo pou glwa ou manifeste plis. Nan non Jezi mwen priye. Amen.

Benediksyon: “Mwen mande Seyè a pou’l dirije kè [ou]* pou [ou]* ka renmen Bondye, pou [ou]* ka gen pasyans tankou Kris la.” (2 Tes 3:5) “Mwen mande Bondye pou l’ fòtifye [ou]* tout jan ak bèl pouvwa li pou [ou]* ka sipòte tout bagay avèk pasyans.” (Kol 1:11)

*Modifye pou devosyon an    **Diksyonè.com

Ankourajman: “Paske, [ou]* konnen byen, lè konfyans [ou]* gen nan Bondye a tonbe anba eprèv, sa ban [ou]* pasyans. Men, fòk pasyans sa a fin fè travay li nèt pou [ou]* kapab bon nèt sou tout pwen, byen devlope, san [ou]* pa manke anyen.Si yon moun pami [ou]* manke bon konprann, se pou’l mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi. Men, se pou li mande ak konfyans, san’l pa gen doutans. Paske, moun ki gen doutans, li tankou lanm lanmè van ap boulvèse.” Jak 1:3-6

Idantite’w nan Bondye: Ou se entegrite

“Ou menm, nan tout bagay, se pou ou bay bon egzanp: toujou fè sa ki byen. Lè w’ap moutre yo kichòy, se pou ou serye: ba yo verite a san chache twonpe yo. Pale pawòl ki dakò ak verite a pou yo pa kritike ou. Konsa, lènmi nou yo va wont. Yo p’ap jwenn anyen pou yo di sou nou”. Tit 2:7-8

Entegrite se yon desisyon pou aksepte viv selon yon kòd moral ak prensip ki demontre karaktè ak onètete (ki pa nan patipri ni nan mayònnaj oswa manti). Mo sa soti nan Ebre “tom, tummah” ki tradwi “senplisite”, “fondamantal nan karaktè ki vre”,  “otantik”, “onèt”, “solidite ” ( nan sans tèt ou byen plase sou zepòl ou), “antye oswa konplè”, “mache dwat”, e “pèfeksyon”***. Nan nouvo testaman an mo entegrite a itilize nan sans “senserite”, “verite”, “ kè ki gen bon kalite; kè pi”, “yon sèl grenn je” (ki pa nan gen egoist e gen yon sèl pawòl)***. Nan rezime, entegrite se karaktè youn mounn ki ede yon mounn ki pratike li (wi, ‘pratike’ paske se yon chwa entansyonèl pou ou fè chak jou) viv yon mannyè ki senp e sensè nan tout l’ap fè.

Entegrite se idantite’w paske ou fèt nan imaj Bondye (Jenèz 1:27), e li se entegrite. Tout kalite sa yo reflekte nan pawòl li yo nan Bib la (Ezayi 45:23). Pawòl li yo se verite e pa gen anyen okenn mounn ka fè pou demanti yo. Bondye te demontre sa tou nan karaktè Jezikri kote nan yo te definil tankou yon nonm ki detèminen pou fè sa ki dwat, jis, e ekselan ki soti nan yon lanmou enkondisyonèl menm lè sa te lakòz li anpil pèsekisyon. Li te anseye tout mounn verite sou pawòl Bondye yo san patipri (Matye 22:16, Mak 12:14; Fil 4:8).

Nan yon mònn kote gen anpil magouy ak mechanste, li pa fasil kòm pitit Bondye pou’w wè entegrite fè pati entegral lavi tout mounn ki di y’ap sèvi Bondye men ou menm ou diferan paske ou ankre idantite ou nan li e ou pa sèl. Lesprisen la ak ou e tout rès fanmi ou yo nan lafwa ap kole zepòl ak ou chak jou. Ou se yon mounn chwazi.

Lè ou mache nan entegrite ou fè sa ki bon e wout ou toujou pwoteje e ou viv yon san krent paske ou konnen ou sèvi byen ak tout mounn e ou gen yon relasyon sinsè ak Bondye (Pwov. 10:9; Sòm 25:21). Entegrite ak kenbe’w pou ou pa koze tet ou chagren oswa detwi relasyon ou ak Bondye, tet ou e mounn ki kote ou yo swa nan biznis lekol, oswa lot tip relasyon  (Som 41:2; Pwov 11:3, 13:6).

Li necesè pou ou konnen ke entegrite fè pati entegral karaktè ou nan Kris paske se li menm k’ap fè ou pwospere ak pwogr jwi lavi ki plen viktwa sa ke Bondye prepare pou ou (Det 9:5; 1 Wa 9:4). Sa fè Bondye lapènn lè li wè pitit li yo ap viv nan manti, rayisans, negative, ak mechanste ak tèt yo ak lòt mounn (Ezayi 59:4). Poutèt sa lè ou aksepte idantite’w se entegrite e komanse viv nan verite sa, wa va wè plis glwa Bondye manifeste nan lavi ou (Neh 7:2). Konsa tou wa va jwi plis respè ak kè poze ak lòt mounn ki nan lantouranj ou paske y’ap ka fè’w konfyans nan nenpòt bagay (piti koul ye oswa gwo koze) yo ta bezwen jere ( Eg. Jozef nan liv Jenèz oswa Hanani nan Nehemi 2).

Entegrite ap ede’w mache selon sajès Bondye e non pas tout avis mounn (2 Korent 8:11). Sa pla vle di ou pap koute konsèy men ou toujou al chache sa Bondye di nan sijè/sikonstans w’ap travèse nan moman an epi filtre tout sa ou tande e santi nan pawòl Bondye yo. Lesprisen li va fè’w wè verite nan tout sityasyon paske li nan ou e li toujou la avè’w (Jan 14:16; Jan 16:7; Lik 12:12; Woman 8:26-27).

Mache nan senplisite ak onètete (entegrite), konsa pou konsyans ou ka klè e menm jan ak Jòb w’ap gen anpil lafwa lè w’ap pale ak Bondye kit nan lajwa oswa nan soufrans (Jòb 2:32; Korent 1:12). Le’w deside viv nan entegrite (viv selon prensip Bondye yo, sevi youn ak lòt nan lanmou ak respè) e fè tout zafè’w nan yon manyè ki dwat, w’ap gen anpil lenmi tou.

Se pa tout mounn k’ap konprann ou e menm mounn ki pwòch ou pafwa ka vinn kritike’w anpil jan madan Jòb la te fè a (Jòb b2:9). Sitiyasyon lavi sa ap toujou vinn sou do pye’w pou teste konfyans ou nan Bondye e vle fè’w bite men lè w’ap mache nan entegrite w’ap mache nan lapè (Jan 16:33). Men mounn k’ap rayi ou yo oswa menace lavi ou yo ap fè’l paske yo pa gen konprann  lanmou Bondye a nan kè yo (Pwov 29:10).

Ou pa bezwen pè paskse nan Jezi ou se viktwa! (Ezayi 54:3; Sòm 55:23-24, 65; 1 Korent 15:57;  Rev 19) men entegrite’w ak lafwa nan Bondye ap ba ou plis fòs pou kontinye kwè nan Bondye kòm pi gwo defans ak protektè ou (Job 6:29, Som 7:8). Konsa tou, y’ap ba ou anpil renmen, resistans, fòs, ak pasyans pou ou fè fas ak kritik/pozisyon yo e frennen presyon kanmarad ou yo ta fè sou ou pou fose’w reaji yon jan ki pap onore ni Bondye ni lafwa ou nan li (Jòb 27:5).

Ann Lapriyè: Senyè mèsi paske mwen se yon mounn ki gen anpil karaktè paske mwen deside kite Lesprisen ou gidem chak jou. Mèsi paske se ou ki fòme karaktè’m e se ou ki sous idante ak lavi’m chak jou. Mwen se entegrite. Ke verite sa ankre nan fon kèm pi plis e anvayi chak kwen nan lavi mwen pou’m ka viv idantite sa plis pou glwa ou.

Nan ou mwen jwenn verite e viv yon vi nan senplisite ak onètete ki ap ede mwen pwogrese nan tout sa m’ap fè. Menm jan ak Jozèf ak anpil lòt karaktè nan Bib la tankou Moyiz, Hanani, Danyèl, David, Natanayèl, Zacchari etc,  edem viv plis tankou yon fanm/gason ki gen entregrite. Chanje kèm plis paske mwen realize ke chanjman mwen swete wè nan fanmim oswa nan peyim ki chaje koripsyon dwe soti nan mwen avan. Mèsi pou konsyans sa w’ap ede mwen pran chak jou de wòl mwen nan enviwònman mwen tou paske ou pa janm fè erè e plan lavim byen trace nan men’w. Edem gen plis entegrite nan tout sa m’ap fè chak jou e sonje enpotans li. Mèsi pou tout sa ou fè pou mwen e prezans ou nan lavi’m. Amen.

Vèsè pou metite: Sòm 25:21-22

Ann Reflechi : Ki chanjman ou ka komanse aplike nan lavi’w pou ou reflekte nouvo idantite sa?

Ou ka pataje repons ou yo nan espas komente a epi pa bliye pataje paj sa ak yon zanmi!

Idantite’w nan Bondye: Ou pa rasis

“Li (Pyè) di yo: — Nou konnen sa pa fèt: jwif pa gendwa mele ak moun lòt nasyon ni mete pye lakay yo. Relijyon’l pa penmèt sa. Men, Bondye fè m konnen, mwen pa gendwa gade pèsonn pou move moun ni pou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye.”Travay 10:28 HAT98

Nan moman koulyea non sèlman lemònn boulvèse anba yon pandeni viris (COVID-19) men tou gen yon moveman pou respekte lavi mounn ki gen koulè po “nwa”. Manifestasyon ak deblozay ap fè aktyalite, se younn ak chire pit ak lòt. Lemòn boulvèse anpil 2020 sila men mounn ki ankre idantite yo nan Bondye tankou ou menm konnen ke gen lespwa e chanjman pozitif kap fèt.

Kisa la Bib di sou koze rasis, vyolans, ak enjistis sa yo nap obsève? Ki responsabilite ou genyen kòm disip Jezi nan moman kritik sa? Tankou eske ou dwe rayi mounn ki gen koulè po differan de ou oswa ki gen differan relijion oswa pale yon lòt lang? Eske ou dwe kenbe rankinn poutèt lesklavaj ak mechanste e jije tout nasyon ki tap domine yo menm jan? Kijan ou ka fè pati chanjman an nan yon fason kap dire e kap avanse wayòm Jehowah a sou tè a?

Nan Travay 10, Kònèy, yon nonm ki te kaptenn yon batayon sòlda moun peyi Itali nan lame women an ki te gen anpil krentif pou Bondye fè yon vizyon kote zanj Bondye rakonte’l kibò younn nan disip Bondye yo (Simon ki gen ti non Pyè) ye pou envite’l lakay li. Nan tan sa relijyon jwif la te entèdi yo pou yo mele ak lòt nasyon (koze rasis sa pa nouvo non). Pa lontan apre Bondye bay Pyè yon visyon pou te prepare kè li pou li ale lakay Konèy e preche nouvèl lanmò ak rezireksyon Jezikri e revele entensyon li pou tout mounn sove. Pyè pataje ak tout mounn nan 10:28 kijan Bondye pa nan patipri e repòns sa ede nou konprann ki wòl nou nan sityasyon aktyèl sa yo.

Bondye konsidere tout mounn menm jan kelkeswa koule po yo oswa nasyonalite yo. Sa vle di Bondye pa rasid (li pa rayi ni renmen younn nan plis le lòt poutèt koule je, po, lang, cheve, kilti etc.) E li vle ou kiltive menm prinsip sa yo. Ki fè nan Bondye, idantite’w pa rasis (panse ou siperyè ak yon lòt oswa kenbe rakinn akòz de sa kite pase avan tankou lesklavaj, gè, etc; menm sityasyin aktyèl yo e jije mounn yo sou pase sa yo) e ou paka anji tankou younn (Lik 6: 27-36; Mat 5: 43-48).

Ou se solda lanmou, lespwa, lajwa, respè, viktwa, ak lafwa e ou represente Bondye tout kote ou pase. Nan tout sa w’ap fè, bat pou ou reflekte idantite sa yo konsa lòt mounn pral fè experyans glwa Bondye a travè lavi ou chak jou.

Efèz 5:1 raple ou pou ou imite Bondye paske ou kreye ak imaj li — Bondye se lanmou e ou menm tou ou se lanmou. Pi gwo komandman li ba ou se pou renmen lòt mounn (kelkeswa koulè pò, relijyon oswa nasyonalite li) tankou pwòp tèt pa ou ak menm jan Bondye renmen ou (Jan 13:34).

Ou dwe fache lè’w wè enjistis e kanpe pou sa pi fèb yo (Pwob 31: 8-9). Men tou Bib la di “Si nou ankòlè, veye kò nou pou kòlè a pa fè nou fè sa ki mal. Pa al dòmi ak kòlè nan kè nou. Pa bay Satan pye sou nou” Efezyen 4:26‭-‬27 HAT98. Sa vle di pandan w’ap fè solidarite ak mounn k’ap fè sa byen tankou pou sa kap chache lajistis pou younn ak lòk ak pou dwa tout mounn respèkte, sonje tou ke nou tout se pitit Bondye e lanmou li an san patipri.

Lè ou simaye lanmou nan plas rakinn, rayisans ak vyolans konsa wa ede mounn kap soufri yo (nan nenpòt sitiyasyon ki sòt nan nenpòt peyi ke yo jon, nwa, rouj, blan etc; pale nenpòt lang) pou yo jwenn solisyon ki aligne ak pawòl Bondye nan Bib la, e ofri yo lespwa ki soti nan lanmou infini Bondye gen pou yo a pou yon chanjman kap dire.

“Paske sa nou konnen an, se ti zing nou konnen li. Mesaj Bondye a se yon ti kal nou rive bay ladan li. Men lè sa ki bon nèt la va vini, sa ki poko fin bon an gen pou disparèt. Koulyeya, gen twa bagay ki rete: se lafwa, lesperans, lamou. Men se lamou ki gen plis valè nan twa a.”
1 Korent 13:9‭-‬10‭, ‬13 HAT98

Ansanm nou pi fò e andedann nou tout senyen menm jan. Ann kole zepòl pou yon demen miyò.

Lòt Vèsè pou medite jodia: “Kounyeya pa gen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif, pa gen diferans ant moun ki esklav ak moun ki pa esklav, ant fanm ak gason. Nou tout nou fè yonn nan Jezikri. Si ou se moun Kris la, enben ou se pitit pitit Abraram. Ou gen pou resevwa eritaj Bondye te pwomèt la.”
Galat 3:28‭-‬29 HAT98

Kesyon pou aksyon: kijan ou ka demonstre idantite nan Bondye jodia (Ou pa yon rasis) e pataje pawòl Bondye a pou pote lapè e konbat racist ak vyolans pa lanmou?

Nan moman sa ou bezwen yon zanmi

“Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt.” Pwovèb 27:17 HAT98

Yon zanmi ki toujou la,
Younn ki pa janm an reta,
Yon mounn ou ka rele nenpòt moman,
Ki pa janm fatigue ni arogan.

Yon bon zanmi se yon pèl ki ra,
Ni lajan ni lò paka ranplase moun sa.
Zanmitay ou ak li se gwo koze,
Li bay lavi plis sans nan yon fason san pretans.
Depiw andanje, pou’w sove’w li pa nan rans.

Korona, vyolans, ensètid, ak inkyetid lavi ka vle’w kwè’w ou poukò’w e dwe dekouraje.
Men se nan moman sa menm ou dwe ale kay zanmi’w lan.
Grenn mounn ki toujou konprann ou e renmen’w ak tout defo e kalite ou yo.
Nan moman sa ou bezwen yon zanmi…

Ah non! Pa di ou pa ka fè lòt moun konfyans oswa ou pa vle blese.
Bay lanmou yon chans nan kè’w e kite yon zanmi ab pran plas nan tout dout ou yo. Zanmi sa pwoblèm mèt a gòch adwat men depi’w kote’l tout bagay poze.
Yon zanmi ki la pou siye dlo nan jew e fè’w ri lè trò ta bare pye’w.


Zanmi sa se Bondye ki renmen’w anpil la e ki vle ou rive lwen.
Zanmi sa reflekte nan frè ak sè ou yo nan lafwa e fanmi ki toujou la pou priye pou ou e ak ou paske ou fè pati yon fanmi.
Zanmi sa se ou tou paske pi gwo enemi lòm se tèt li. Poutèt sa fòk ou kwè nan idantite’w nan Bondye pou ou pa mache tèt bese e deklare viktwa Bondye sou lavi ou chak jou.

Nan moman sa ou bezwen yon zanmi ki kwè nan ou, sensib pou ou, e vle wè ou fleri chak jou. Zanmi sa se Jezi, se frè ak sè w yo ki renmen’w, e zanmi sa dwe ou tou.

Eske zanmitay ou yo djanm? Fè envantè paske li nesesè.
Pi gwo kado a se lavi e ou genyen’l.
Pwofite’l e pa bliye yon zanmi se yon trezò pou lavi. Fè kè’w kontan paske nan moman sa ou gen yon zanmi. Ou pa pou kò’w alò rejwi.

Priyè pou delivrans kont laperèz ak COVID 19 (Senyè ann koze)

Senyè ou se sèl fòs mwen e san ou mwen ka fè anyen. Se nan ou ou mwen jwenn idantite’m, avni’m, bi lavi’m ak sekirite’m. Nan moman sa lemònn nan boulvèsè anpil e laperèz sou tout fòm vle renye. Mwen konnen se ou sèl ki gen denye mo e ou damou’m ak lòt pitit ou yo, Alò m’ap aji lafwa’m nan ou e ajoute vwa’m ak lòt frèm ak sèm yo nan ou k’ap rele’w. Mèsi davans paske ou koute tande’m lèm ap lapriyè, toujou disponib pou nou koze, e ou repònn.

Nan noman sa mwen bezwen tande’w plis, tanpri fè’m santi’w tout pre’m pi plis toujou.   Louvre jem pou’m wè’w pami tout chanjman sa anviwònman mwen yo ak lemònn ap andire.     Sitou sou koze pandemi viris COVID19 sa ki vle deglanche lagè nan lavi ak lespri nou.     

Se pa volonte’w pou nou malad ni nan laperèz chak jou pou lavi ak avni nou (Ezayi 53:5; 2 Tim 1:7)   E papa koze viris sa ap peze nou anpil. Mwen vle wè glwa nou manifiste pi plis nan moman sa!    Mwen mande’w gras pou tout lapèn nou fè’w lè nou ap inkyete e bite sitou lè kriz piblik ak aflije lavi espirityèl nou. (1 Kronik 16:11; Matt 6:33)

Viktwa a se pou ou e mwen fèt ak lwanj ak kompliman pou ou!!! Lwanj ak lapriyè yon kè ki gen lafwa asire nan ou se yo ki fèw plezi (Heb 1-11) E yo se pi gwo antidòt ki egziste nan tout sikontans! Pa sèlman antidòt kont pandemi viris ki ka detwi kò men tou kont sa yo ki ka detwi nan nanm nou tou tankou vyolans, rayisans, jalouzi, negativite (nan lespri ak mo nou itilise), kolè, rankinn, dout, laperèz etc. Pa gen mirak ou pa ka fè ou menm ki te leve Laza nan tonbo ( Jan 11:38-44), fè avèg wè, bèbè pale, e soti nan pami yo pou ou te ba nou lavi ètènèl! (Mak 9:27-30; Matye 15:31; Mak 16; Lik 24)

Pawòl ou banm fòs ak lafwa e mwen deklare ke epidemi sa fini nan ou, Jezi! Mwen deklare viktwa tou sou tout perèz, negativite, ak dout nan non ou Jehovah Jireh et Tsidkenu! Papa, geri tout moun ki malad nenpòt kote yo ye kounyea pandan y’ap agi fwa yo nan ou. Detwi viris k’ap sakaje kò pitit ou yo patou nan kote yo ye e voye viris sa ak tout krent li vini ak yo al nwaye nan fon lamè wouj pou disparèt sou teritwa tè sa ou ba nou. Mèsi paske ou ap kontinye pwoteje sila yo ki an sante e pou agrandi lafwa nou chak nan eprèv yo.

San ou te koule sou lakwa pou tout chay sa yo e ou peye dèt kit e sou lavi nou yo deja! Nan ou jwenn bon libète a! Mwen beni non ou e fè lwanj ak konpliman bon Papa paske pitit ou yo pap jan soti wònt. Mèsi!!!!! Amen.

Mèsi!!!!! Amen.

Medite sou Sòm 75.

Please enable JavaScript in your browser to complete this form.