Tag Archives: IdantitenanBondye

Ou Se Yon Mounn Nouvo

” Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounyeya. ” 2 Korent 5:17

Bagay nèf genyen anpil valè pou anpil mounn paske yo souvan reprezante yon lòt nivo oswa pwogrè. Yo pote chanjman ak òpòtinite pou fè nouvo experyans. Pa egzanp, rad nèf ka fè yon mounn santi li chèlbè, fyè, pwòp, e alamòd. Yo ka menm fè mounn nan emosyone sitou si se te yon bagay yo te toujou swete genyen.

Nan kilti lakay chak fen ane, nwit 31 Desanm rive pou 1er Janvye anpil mounn renmen fè kay yo bèl epi mete rad nèf pou recevwa nouvo ane a pwòp. Gen mounn ki konn tou kite etikèk nan rad oswa rido yo pou make pwen an. Anpil mounn pran lajwa ak fyète nan fè sa paske pou yo sa senbolize nouvote ak espwa pou opòtinite nan ane k’ap rantre a. Bon, ann pa menm ale pi lwen. Eske’w sonje lajwa ou konn santi lè paran’w te konn achte ti jwèt oswa soulye nèf pou ou?

Eh byen, nouvote fè pati idante’w nan Bondye. Depi’w te ankre idantite’w nan Kris, yon bagay ki seten idantite’w chanje. Ou se yon mounn nouvo (2 Korent 5:17).

Nan Jezi chak jou ou (nanm ou, lespri’w, kè’w, e menm pati nan kò’w) renouvle e ou vinn tou nèf ak yon nouvo manda sou latè (Lik 10:19). Idantite’w se “mounn nouvo” sa vle di fason ou reflechi, aji, ak jan ou wè tèt ou dwe chanje chak moman pou reflete pawòl ak pwomès Bondye yo sou lavi ou (Women 12:2) paske pèsepsyon sa yo plis enpòtan ke aparans fizik ou tankou jan’w abiye ak estil cheve ou (Pwovèb23:7).

Wi, ou menm menm-ou se yon mounn tou nèf! Nouvote sa pa menm jan ak byen materyèl tankou soulye nèf ki ka dekole depi nan bwat ni opòtinite sou latè ki ka fane nenpòt moman. Ni li pa baze sou laparans menm lè lanmou sa ke Bondye ap benyen kè’w la ka fè figi’w briye ak lajwa san penitans (Ezayi 58:11). Se sa ki fè ou paka kite espas vid pou logèy ni konpare lavi’w ak yon lòt mounn. Idantite tou nèf sa Bondwe ba ou a la pou transfòme andedan’w e raple ou chak jou ke ou se lanmou, padon, jenerozite, inite, lafwa, lajwa, lespwa, sèl, ak limyè nan pami anpil lòt verite.

Nouvote sa yo pap parèt flagan menm jan lè yon mounn achte yon byen fisik tou nèf tankou machinn, kay, telefòn, kompitè, elatriye men yo ap fè ou wè lavi ou nan yon lòt dimansyon e ede’w pi byen konprann enpotans li. Ou vinn pi rèd pase yon òdinatè ki pran yon grad exponansyèl paske nouvo vèsyon sa de ou pa pouvwa Sentespri Bondye pi bon e pi efikas. Li baze sou yon koneksyon ki rapid as sous ou tout kote ou pase. Ou pa bezwen ni plog, ni kouran, entènèt, bloutouf, elatriye pou sa. Okenn konpani sou tè silaa paka konpare ak grad sa.

Paske ou se youn mounn tou nèf, erè ou te fè lontan yo ak reyisit ou te genyen avan yo pa defini’w ni mete bout sou lavi’w. Ou pa menm mounn kilti, relijyon, tèt ou avèk ide ansyen yo, oswa lantouraj ou ta vle fè’w kwè ou ye. Lavi ou plis enpòtan ke ou ka kwè oswa ka wè’l e li inflyanse plis ke ou imajine (Women 8:19).

Kit ou kwè sa oswa sikonstans lavi ta vle fè’w kwè kontrè a ou se yon mounn nouvo chak jou. Chak jou Bondye vle ekri yon lèt lanmou ki bèl nan lavi ou e manifeste glwa li nan ou e a travè de ou(Lamentasyon 3:22-23). Ou pa anba kondanasyon peche alòs ou gen libète pou chwazi mo ki pou kreye lavi, viv nan jenerozite san patipri, e aji ak jistis. Talan ou yo nesesè pou wayòm Bondye a ak lavi ou pwogrese. Li lè li tan pou ou LEVE. Pouvwa lavi ak lanmò nan pwent lang ou chak moman (Pwov 18:21).

Ou se yon mounn apa Bondye chwazi. Chwazi lavi. Chwazi pwogrè. Chwazi grandi nan idantite ou nan Bondye. Chwazi viv tankou mounn nouvo ou ye nan chak moman.

Lè mounn fèt gen bagay nouvo ki enpòtan pou yo, yo investi tan, resous, ak enèji yo pwoteje’l plis, chouchoute’l, ak montre zanmi ki ka pataje lajwa ak yo. Menm jan an tou, fòk ou investi nan idantite kòm mounn nouvo ou ye nan pase plis tan nan lapriyè, koze ak Bondye. Konekte e koze ak mounn ki bò kote’w ki gen men idantite a ak plis enfomasyon pou ou grandi pi plis nan experyans ak konesans nan Bondye. Se Bondye sèl ki ka redouble fòs ak fokis ou pa pouvwa Sentespri ak pawòl li e se nan inite ou ap pwospere pi vit. Kontinye vanse.

Ann Lapriyè

* Adapte de Efezyen 3:17-19 HAT98 pou devosyon an

Senyè, mèsi pou nouvo mounn sa ou renouvle nan mwen chak yo e jan ou fè’m tou nèf depi lè mwen te aksepte yon relasyon sere avè’w. Edem grandi pi plis nan nouvo dimansyon sa pou anyen pa mare pwogrè ak pwomès ou yo sou lavi’m. Mwen remèt ou tout mwen menm e soumèt mwen sou direksyon Sentespri ou. “[17] [Se] pou Kris la rete nan kè [mwen]* ak konfyans [mwen]* gen nan li a. M’ap mande Bondye pou [mwen]* pouse rasin, pou [mwen]* chita byen fèm nan renmen, [18] pou [mwen]* ka konprann, ansanm ak tout pèp Bondye a, jan renmen Kris la laj, jan li long, jan li fon, jan li wo. [19] Wi, mwen mande pou [mwen]* rive konnen kalite renmen Kris la gen pou [mwen]*, atout pèsonn p’ap janm ka rive konnen l nèt. Konsa, [m]*’a vin plen nèt ak tou sa ki nan Bondye.” Amen

Please enable JavaScript in your browser to complete this form.

Lapriyè: Senyè fè mwen wè

Senyè, pawòl ou yo fè mwen konprann ke je mwen yo se lanp kò a (Matye 6:22-23). Yo explike tou san vizyon pitit ou yo ap peri (Pwovèb 29:18). Se sak fè mwen ap mande ou pou louvri je’m pou mwen ka wè ou pi byen.
Menm jan ou te fè pou avèg la wè nan Matye 10 51-52, Mak 8;22-25, Jan 9:1-12.
Ou te repònn Eli lè li te priye pou Elize te wè (2 Wa 6:17-20),
Repònn kri kè’m pou mwen wè jodia.

Ban’m vizon’w.
Ban’m pasyon’w.
Mwen remèt ou kè’m ak dezi mwen yo.
Mwen vle toujou viv nan volonte’w.

Lèt lanmou ou pou mwen toujou o prezan e li pa janm chanje. Mwen se ti chouchou’w chak jou menm lè pafwa mwen sèvi ak ou tankou etranje. Retire tout sa nan mwen ki ka fè vizyòn’m flou,
Pou mwen pa kouri tankou machinn ki gen move kaoutchou.


Montre mwen tout sa ki ka oswa ki ap fè’m mache bite,
E lave mwen de tout move lide ki ka fè’m doute e pase kalamite. Mo mwen gen anpil pouvwa pou kreye realite’m, Sanktifye kè ak bouch mwen pou mwen ka itilize yo ak repè.

Ou menm Bondye se ou sè ki se sous kouraj mwen.
Ede mwen fokis sou ou pou’m wè ou ak sikonstans lavi nan tout klète. Ede mwen padone epi reve anko pou mwen reponn apèl ou ak obeyisans ak gete.
Mwen vle reyisi simayen lanmou ak lajwa ou tout kote mwen pase.


Mèsi pou prezans ou nan lavi mwen e mizerikod ou ki pa janm fini. Mèsi pou vizyon ak idantite mwen w’ap restore ak yon lanmou infini. Remèsiman, lwanj, egzaltasyon pou ou ki se sèl wa pou tout tan. Ke entimite ak amitye grandi pi plis tankou Moiz pou lavi mwen temanye entegrite, kreativite, prezans, grandè ou nan jenerasyon jodi yo ak tout sa ki gen pou vini pa pouvwa Sentespri ou. Amen.

Louvri je’w pou ou konprann idantite’w

” Je ou se lanp kò ou. Si je ou nan bon eta, tout kò ou nan limyè. Men, si je ou nan move eta, tout kò ou nan fènwa. Se sa ki fè si limyè ki andan ou la se fènwa li ye, se pa ti fè nwa anndan ou fè nwa.” Matye 6:22‭-‬23 HAT98

Je oswa zye (jan kèk mounn ekri’l) nan kò ou enpòtan pou fònksyone byen. Jan Matye 6: 22-23 explike, yo sèvi kòm limyè pou klere pye’w. Yo se younn nan bousòl ki pou ede oriante ou tout kote ou pase. Yo ajoute yon gou patikilyè nan lavi chak jou tankou sèl. Yo ka sinyale danje, konekte ak lòt mounn pou pataje emosyon ak experyans, pran plezi admire mèvèy lavi, elatriye. Se sak fè lè je yon mounn gen pwoblèm sa ka vini yon gwo endikap ak danje pou mounn sa ak sila yo ki nan antouraj li tou.

Menm jan je nan kò ou nesesè pou nan bon eta konsa tou “je” esperityèl ou ki fè pati entegral idantite’w nan Bondye dwe fonksyone byen. Se yo ki ap fasilite’w pou ou wè sa je natirèl ou yo pa gen kapasite pou montre’w. Efezyen 6:12 raple ou menm ki ankre idantite ou nan JeziKri gen yon konba espesyal, “Paske, se pa ak moun [ou]* gen pou [ou]* goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k’ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a”. Se yo ki ap ede ou wè tèt ou, enviwònman kote’w ye, ak sikonstans ou yo nan pèspektif etènèl Bondye (Jeremi 29:17).

Lè “je” espirityèl ou yo louvri ou ap wè klè (Matye 6:22, Pwov 21:2; 23:17) e rantre nan yon lòt dimansyon entimite ak Bondye. Konsa lavi ou va tenmanwe pwisans ak otorite li e viv nan abondans li te kreye an avans pou ou ak sosyete kote ou ap viv la (Jeremi 29: 4-7; 11-14). Se sak fè li enpòtan pou ou abiye’w pa lafwa nan chak moman pou ou kapab viv nan otorite, viktwa, lajwa, entegrite, jenerozite, sajès ak bon konprann ou genyen kòm eritaj nan Bondye.

Kenbe “je” ou yo nan bon eta vle di pou ou fè tout efò ou kapab pou ou pa kite lògèy, rankinn, regrè, laperèz, ak move lide gonfle kè ou (Pwovèb 4:23). Koze ap Bondye souvan pou li ka ede ou egzaminen kè’w e sanktifye ou . Le sa “je’w” yo va sèvi ou tankou yon antènn sou tèt yon bèl mònn byen wo ki resevwa bon signal pou ou konprann e konnen byen vit lè se Sentespri Bondye ki ap gide ou oswa pwòp dezi ou yo k’ap mennen’w nan nenpòt chemen.

Ke Bondye louvri je ou yo e kenbe yo fixe sou li pou ou ka wè tout opòtinite li mete sou wout ou. Ke li ba ou fòs ak kouraj pou ou ranmase yo ak bra louvri. Se pou ou pèsevere, reve, rete vanyan, e ankre idantite’w nan JeziKris pi plis chak jou pou simayen lanmou ak limyè li tout kote ou pase.

Ann Lapriyè:

Bondye mèsi paske ou kreye je natirèl ak esperityèl mwen yo pou ede’m grandi nan yon lot dimansyon avè’w. Louvri je’m yo pou’m ka wè ou pi byen ak chak moman e pote lanmou ou, lapè, lajwa, ak padon tout kote mwen pase. Korije tout vizyon ki pa korèk e banm linèt ou lè nesesè. Mwen soumèt tout nann mwen, kòm, lespri, dezi, ak emosyon mwen yo nan men’w pou mwen devni yon pwa lou pou wayòm ou chak jou pi plis nan non Jezi mwen priye. Amen.

LEVE!

Wi, jodia se jou pou ou L.E.V.E!

Louwe Bondye pou mèvèy li yo nan lavi’w
Eleve vwa ou pou ba li tout glwa ak konpliman li merite
Vanse ak kè kontan paske Bondye restore’w
Egzalte non li pou mirak li ap opere ak kado lavi

Ou gen lavi, w’ap respire alòs olye pou’w plenyen deside jodia se jou’w pou ou gen lajwa nan tout sikonstans. Wi, souke kò’w!

W’ap chachè yon mèvèy? Ou ta renmen Bondye fè yon mirak nan lavi’w? Leve, gade nan yon miwa wap wè yon reflè. Ou sipri? Se ou!! Ou se mèvèy la, ou se mirak la, e Bondye kreye’w pou ou se repons lapriyè o mwens yon mounn kote’w e sa ap afekte anpil nasyon sou tè sila. Sa, w’ap tann??LEVE zanmi’m. Kontinye adore e vanse pou pi devan. Lavi ou twò enpontan pou ou kite dout paralize’w.

Ann medite ansanm sou Ezayi 51:17-23

” Leve non, lavil Jerizalèm! Leve non! Souke kò ou. Leve non! Ou fin bwè gode chatiman Bondye te ba ou bwè nan kòlè li a. Ou bwè dènye degout ki te nan gode a jouk li fè tèt ou vire!

Nanpwen yonn nan tout pitit li fè yo ki la pou moutre’l chemen pou l pran. Pa gen yonn nan tout pitit li elve yo ki la pou ba l men.

De malè tonbe sou ou yonn dèyè lòt. Ki moun ki ka plenn sò ou? Yo ravaje peyi a, yo fini avè li. Grangou ak lagè fin detwi moun yo. Ki moun ki ka konsole ou?

Nan tout kwen lari, moun ou yo kouche atè san konesans. Tankou bèt nan bwa, yo pran nan pèlen. Kòlè Senyè a fè yo sou. Bondye pa nan pale mete la.

Se poutèt sa, nou menm, moun lavil Jerizalèm ki nan soufrans, koute pawòl sa yo byen, Koute yo, nou menm ki sou tankou si nou te bwè.

Senyè a, Bondye nou an, pale. Men sa Bondye k’ap pran defans pèp li a di: — Mwen pral wete nan men nou gode mwen te ban nou bwè nan kòlè mwen an. Nou p’ap gen pou nou bwè ankò nan gode k’ap fè nou sou a.

M’pral mete gode a nan men moun ki t’ap maltrete nou yo, moun ki t’ap di nou yo: Plat atè non pou nou pase. Lè sa a, se do ou ki te sèvi chemen. Se do ou ki te sèvi lari.”

Ann Lapriyè: Mèsi Senyè!!! Mèsi pa sifi pou’m temanye grandè ak gantiyès ou nan lavi’m. Mèsi paske ou ban mwen fòs poum LEVE e temanye. Mwen sou kont ou e se sak fè kè’m pap sote nan tout sikonstans ou la pou mwen e ou la avèm. Mwen ba ou lwanj ak konpliman ou menm sèl merite. Ke non ou ak volonte ou egzalte nan lavim al toupatou sou tè sila. Ou extraòdinè e mwen renmew ak tout kè’m. Kontinye fè travay nan mwen, pirife’m, sanktife’m, e gide’m poum mache dwat devan ou e lavim sèvi temwanyaj grandè ak pwisans ou tout kote mwen pase. Nan non Jezi. Amen!

Bondye se sous kouraj ou

Yon sous se yon kote ki gen abondans yon bagay patikilye. Li ka tanporè oswa pèmanen. Nan tout sous ki egziste tankou sous dlo, sous petwòl, elatriye se sèl Bondye ki gen pwovizyon san limit. Pou chak pitit li yo, tankou ou menm, li vle ba yo abondans nan tout bagay (Sòm 34:10) e jodia li vle raple’w ke sous kouraj ou (kote ou ka vrèman rechaje’w 100 % pou ou vanse pou pi devan an nan tout sikontans lavi) se nan li.

Sonje younn nan karakteristik idantite’w nan Bondye se kouraj. Kouraj pou vanse nan lafwa kit nan lajwa ou nan lapènn. Kouraj pou kontinye fè sa ki bon e kwè ke pwomès Bondye yo sou lavi’w ap akonpli paske ou nan pla men li e li renmen’w ak yon lanmou san mezi. Kouraj pou ou kontinye pwoklame grandè li ak volonte li nan tout sikonstans.

Pwoche pi pre tròn li e louvri kè’w panda w’ap medite sou Ezayi 51:12-16. Kite nan’m ou beni.

Ezayi 51: 12-16

“Senyè a di: — Se mwen menm k’ap ban nou kouray. Poukisa pou nou ta pè moun ki la pou mouri, moun ki gen pou pase tankou zèb nan savann?

Gen lè ou bliye Senyè ki te fè ou la, li menm ki te louvri syèl la epi ki te poze fondasyon latè a? Poukisa tout lajounen w’ap tranble konsa devan kòlè moun k’ap peze ou yo, moun k’ap chache detwi ou yo? Kisa kòlè moun sa yo ka fè ou?

Talè konsa, yo pral lage moun ki nan prizon yo. Yo p’ap mouri nan kacho. Y’a toujou jwenn dekwa pou yo manje.

Se mwen menm, Senyè a, ki Bondye ou la. Mwen souke dlo lanmè a, mwen fè lanm lanmè yo gwonde. Senyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele m!

Mwen konfye ou pawòl mwen, W’ap jwenn pwoteksyon anba zèl mwen, M’ap fè yon syèl nouvo, m’ap fè yon tè tou nèf. M’ap di [Ayisyen]*: Ou se pèp mwen.”

* modifye pou devosyon an

Ann Lapriyè: Senyè mèsi pou gras ou ak konpasyon ou ki pa janm vini. Mèsi paske ou chwazi’m pou fè pati pèp ou. E ou toujou la pou gide’m. Mwen konfyem nan tout pawòl ou yo paske ou se yon Bondye fidèl ki sansib pou mwen. Mèsi pou pwoteksyon’w ak kouraj ou ban mwen chak you. Ede’m rete pi pre’w chak jou. Aktive pwisans ou nan mwen plis pou’m kenbe jis sa kaba e simayen lanmou ak lajwa tout kote mwen paske ou se sous tout sa mwen genyen. Mwen konfye’m nan ou. Amen.

Ankourajman Bondye pou ou jodia:

Ezayi 51:1‭-8, vèsyon HAT98

” Men sa Senyè a di: — Nou tout ki dèyè delivrans lan, nou tout k’ap chache Senyè a, chonje rasin kote nou soti, chonje ki pyebwa nou ye!

Chonje Abraram, zansèt nou an, ak Sara, manman ki fè nou an! Lè m te rele Abraram, li pat gen pitit. Mwen beni’l, mwen ba li anpil pitit.

Mwen menm Senyè a, mwen pral gen pitye pou peyi [Ayiti]* an, pou tout moun k’ap viv nan kay kraze li yo.

M’ap fè tout dezè li yo tounen jaden Edenn, m’ap fè tout savann li yo vin jaden Letènèl. Se kè kontan, se fèt ase ki va gen la. Y’a chante, y’a fè mizik pou di m mèsi.

Mwen p’ap mize vin sove nou. Talè konsa m’ap delivre nou. Se mwen menm ki pral gouvènen nasyon yo. Moun ki sou zile yo ap tann mwen vini, y’ap tann mwen vin delivre yo.

Nou menm pèp mwen, koute sa m’ap di nou: Nou menm, nasyon yo, louvri zòrèy nou byen louvri! Paske m’ap anseye prensip ki dwat, y’a sèvi gid pou nasyon yo.

Leve je nou gade syèl la! Voye je gade latè! Syèl la pral disparèt tankou lafimen. Latè pral fini tankou yon vye rad. Moun ki rete sou latè pral mouri tankou mouch. Men, delivrans m’ap ba yo a ap la pou tout tan. Mwen p’ap janm bezwen delivre yo ankò apre sa.

Nou menm ki konnen sa ki dwat, koute sa m’ap di nou. Nou menm k’ap mache selon kòmandman mwen yo, nou pa bezwen pè lè moun ap trennen nou nan labou. Nou pa bezwen tranble lè moun ap joure nou.

Moun sa yo pral disparèt tankou rad sizo ap devore. Yo pral fini tankou twal kanni. Men delivrans m’ap ban nou an ap la pou tout tan. Pitit pitit nou yo p’ap janm nan ka pou mwen delivre yo ankò.”

*Modifye pou devosyon an

Ann Lapriyè: Lwanj pou ou granmèt mwen! Mèsi pou pawòl ou yo ki plis ke lò, plis ke lajan sere. Yo se rekonfò ak sous lavi mwen. Mwen konnen tout pwomès ou yo se wi ak Amen. Mwen konte sou ou ak tout pwomès ou fèm yo nan Bib la. Kontinye fè travay ou nan mwen e nan kè ak travè chak grenn pitit ou yo pou patou pou ou non kontinye glorifye. Amen.

Gade yon mèvèy se lanmou!

“Men, lè Bondye fè nou wè jan li gen bon kè, jan li renmen tout moun, li te delivre nou. Li pa t’ delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n’ te ka viv yon lòt jan. » Tit 3 :4-5

Wi, yo konn di lanmou bay zèl e si lanmou an pa metrize li ka pete fyèl.  Men gen yon lanmou ak yon dòz natirèl ki sèl efè segondè se kè kontan e bon fwi tankou yon pye bwa bò sous dlo k’ap chak jou pouse fèy.

Nan relasyon fi ak gason, Lè mounn yo deklare yo damou,yo fè desizyon pou younn ak lòt mare lavi yo ansanm. Yo ka menm rive deklare se sa mounn sa yo t’ap chache e se ak mounn sa yo vle pwospere tout rès vi yo si tout kondition renmen/relasyon an respekte. Prensip la ankò ki fò nan chwa esperityèl ou paske lanmou sa Bondye gen ou a san limit e se li ki ap chache’w, dòlote’w, e chouchoute’w chak jou. Bondye telman renmen ou ke li vinn sou latè sou fòm Jezikri pou li raple’w ke li bò kote’w tout tan e li renmen ou pou tout tan (Jan 3:15-16).

Kit ou komemore sakrifis Kris te fè sou lakwa ( fèt pak) la jodia nan mwa Avril la oswa ou deside se yon fèt payen, sa ki pi enpòtan an se ke pou’w sonje younn nan distanksyon lafwa disip Kris se lafwa ke li mouri e resisite pou ou ka libere de tout peche ak kondanasyon. Viktwa li sou lanmò raple ou ki li toupwisan e rekonekte ou dirèk ak Bondye.

Viktwa sa sou lanmò bay Sentestespri li aksèdirèk ak ou e li vinn abite andan ou pou li gide’w, transfòme’w, e fasone’w pou’w akonpli tout sa li mande’w pandan w’ap grandi nan lafwa e obeyi li pa lafwa. Gen yon pawòl ki di, “pou’w konn kote’w prale, fòk ou konn kote’w soti ». Se menm prensip sa pou ou dekouvri pwòfondè lanmou Bondye pou ou ak kiyès ou ye, fòk ou konn rakinn ou ki se idantite ou nan Bondye.

Ou fèt nan imaj Bondye ki se lanmou e lanmou sa te menmenl jiska lakwa Golgota pou restore ou ak tout limanite. Kite lanmou sa k’ap koule nan venn ou a plan tout plas li e chouchoute kè’w. Plis w’ap fè experyans ak dekouvri pwofondè lanmou Bondye gen pou ou, plis ou menm tou w’ap damou !

Kesyon pou’n koze : Eske ou kwè Bondye renmen’w ? Ou kwè li damou’s tou ?

Ann Lapriyè : Senyè mèsi paske ou pa sèlman yo Bondye mwen li de grandè ak lanmou li nan liv ki te ekri depi plis ke de mil lane. Wi, mwen rekonesan pou pawòl ou yo nan Bib la e mwen ankò plis fyè e gen kè kontan pou presans ou nan mònn aktyèl mwen. Mèsi pou sakrifis ou sou bwa kalvè pou banm lavi etènèl ak lanmou w’ap simayen nan kèm ak frèm ak sèm yo chak jou. Lanmou sa se sewòm nan kè nou chak e ban nou yon souri ak lapè nan yon mònn boulvèse ke nou pa menm ka explike. Ede nou kite zye nou sou ou pou nou ka grandi nan lafwa pi plis. Nan non Jezi mwen priye ou. Amen.