Tag Archives: idantite

Idantite’w nan Bondye : Ou se lespwa

« Wi, poukisa mwen kagou konsa ? Poukisa m’ap plenn konsa nan kè mwen ? M’ap mete espwa’m nan Bondye, paske mwen gen pou m fè lwanj li ankò. Se li k’ap delivre’m, se li ki Bondye mwen. » (Sòm 42 :11)

Lè’w aksepte Jezikri nan lavi’w e ou konnen ou se lanmou, sa pa vle pwoblèm pap janm frape pòt kay ou ni ou pap janm santi’w dekouraje pafwa.

 Gen sikonstans nan lavi ki ka fèw bite e manke lafwa. Menm jan ak David nan Sòm 42 :11 lan ak Jòb ou ka di « « kote ki gen espwa pou mwen ankò ? Ki moun ki wè yon bon lavi pou mwen ankò ? » (Jòb 17 :15)

Men youn nan pi gwo avantaj ou genyen lè idantite’w asire nan Bondye ou pap janm pèdi batay paske li gen pouvwa pou’l fè tout bagay !

 Nan chak nivo nan relasyon ou ye ak Jezikri, li revele’w yon charaktè nouvo ki nan ou pou lafwa ou grandi. Lè’w byen asire nan lanmou san kondisyon li gen pou ou alò ou vinn fèl konfyans ak tout kè’w. Lè’w fè sa, ou se espwa ! (Matye 5 :13-16)

Jan la ekri a : « Moun ki fè kè li kontan, se moun ki gen krentif pou li, se moun ki mete tout espwa yo nan li, paske yo konnen li renmen yo » (Sòm 147 :11)

Kisa ki espwa ye vre ?

                   Pi gwo Espwa yon moun ki kwè nan Jezikri se lavi etènèl e pou nou gen pou nou patisipe nan bèl pouvwa Bondye yo (Tit 3 :7-8 ; Kolosyen 1 :27).

Yon bagay tout richès nan mònd la pa ka achte men yon relasyon ak Jezikri ba ou gratis ! Men tou espwa se yon asirans de yon demen miyò nan lavi kotidyen ak asirans ke sitiasyon lavi ou ap chanje ak pouvwa Sentespri ki abite nan ou lè Jezi se sovè’w.

Kòman pou’w fè gen espwa sitou lè lavi ap baw anpil defi ?

Bondye konfyans !

Ebre 11 :1 di : » Lè yon moun di li gen konfyans Bondye, sa vle di li sèten li gen pou li resevwa sa l’ap tann lan. Li gen konviksyon bagay nou pa wè ak je nou, yo egziste tout bon vre. » e se sa ki espwa a ! (vèsyon HAT 98)

Se nan Senyè a pou’w mete tout espwa’w paske se sèl li ki ka ba’w kè pose. (Sòm 33 :18 ; Lamatasyon 3 :24)

« Espwa sa se tankou yon lank batiman li ye pou [ou]*. L’ap kenbe nanm [ou]* fèm, byen solid. » (Ebre 6 :19)

« Espwa sa pap janm twompe nou paske Bondye te fè nou wè janl renmen nou lè li nan nou Sentespri li » Women 5 :2-5

Kijan espwa fè pati de idantite’w ?

Ou se espwa paske :

  • Ou fè Bondye konfyans. « Moun ki gen krentif pou Granmèt la pap è anyen. Yo p’ap tranble paske se Bondye ki espwa yo » (Chirasid 34 :14) e Senyè a kenbe pwomès li (Ebre 10 :23)
  • Ou gen lavi. Eklezyas 9 :4 di « men, toutotan yon moun vival toujou gen espwa pou li. Yo chen vivan miyò pase yon lyon mouri »
  • Lavni ou sèten nan Bondye e ak li ou pap janm tann pou granmesi (Jeremi 29 :11 ; Jeremi 31 :17 ; Pwovèb 23 :18)
  • Ou se sèl tè a !  Ou ajoute kè poze, jwa (gou) ak renmen nan lavi (Matye 5 :13-16)
  • Ou pote limye tout kote’w pase paske ou idantifye’w ak Jezikri (Jan 8 :12 ; Jan 1 :9 ; Jan 9 :5 ; Efesyen 5 :9 ; Lik 11 :36).
  • Bondye nan ou e nan nati li li se espwa ! (1 Pyè 1 :16)
  • Bondye chwazi’w pou viv a pa pou li (1 Tesalonysyen 1 :4)
  • Bondye ki kreye ou gen anpil lacharite lakay li e « lacharite pèmèt sipote tout bagay. Anyen pa brannen konfyans li. Lacharite pa pèdi espwa, l’ap toujou moutre pasyans li » (1 Korent 13 :7).

Espwa fè’w chèlbè e souri ou reflekte lanmou ak asirans ou genyen nan Bondye (e ki toujou disponib pou ou si’w poko kwè nan Jezi) ! Pa dekouraje. Nan Jezi Ou gen gwo sinyati dèyè non’w….

Defi ou pou jodia: Si ou kwè idantite’w ou se lanmou ak espwa nan Jezi, poste yon foto tèt ou Jodia Ekri non’w epi pa bliye ekri Lanmou ak Espwa deyèl kom sinyati ou!

Gwo koze ! Se pa ninpòt ti move van kap soufle ki ka fè’w pè kounyea.

Kontinye travay di pou Jezi, fè Bondye konfyans ak rèv ou yo, fanmi ou ak tout sa ki chè pou ou. Pase ti tan avèl nan lapriyè. Li pap fèw wont !!!

 Fè enmi nanm ou an konnen non sèlman ou gen espwa nan Bondye men depi Sentespri te finn ranpli’w ou se espwa !

 Pa bliye ankouraje yon lòt moun jodia pou ba yo espwa nan Jezi !

Benediksyon : « Mwen mande Bondye ki bay espwa a pou l fè kè [ou]* kontan nèt, pou l fè kè [ou]* poze ak konfyans [ou]* gen nan li a. se konsa espwa [ou]* va toujou ap grandi ak pouvwa Sentespri a » (Women 15 :13)

* ‘nou’ modifye pou ‘ou’ obyen ‘mwen’ pou pèsonalize vèsè yo pou devosyon an.

Tout vèsè yo sòti nan vèsyon bib HAT 98

Kite espwa’w nan Jezi e pataje heritaj sa ak lot moun!

Idantite’w nan Bondye: Ou se lanmou!

Wi, ou se lanmou!!!

Ooo lanmou ! Nou tèlman itilize mo sa nan anpil kontèx ke li preske pèdi sans pwòp li men lanmou se ou.

Ou Se lanmou e pa gen mo ki ase pou dekri lanmou infini ki entoure’w chak jou menm lè dèfwa ou ka santi ou sèl.

Ou se lanmou depi nan orijin kreyasyon ou ki soti nan imaj Bondye ki gen anpil renmen nan li (Jenèz 1 :26 ; 1 Jan 4 :16 ; Woman 5 :8) . Lanmou se ou e Bondye renmwen’w ak yon lanmou ki etènèl e ki fidèl (Jeremi 31 :3).

Ou se lanmou paske chak zo nan kòw te desinen ak anpil tandrès e ou se yon mounn ki gen anpli valè pou Bondye. Li pa janm rate baw souf pou yon segònd paske ou gen anpil enpòtans nan zyel e li renmenw anpil (Ezayi 43 :4 ; Jeremi 1 :5).

Lanmou se ou paske ou se limyè tè a e chak kote’w pase depi’w gen Jezi ou toujou pote klere lòt ki nan fènwa e ou pote lespwa (Matye 5 :14 :16).

Ou se lanmou paske nan nati’w ou toujou pot viktwa nan Jezikri e lanmou pa janm pedi konba (1 Korent 13 :8)

Bondye pa janm bay pitit li yo lòd ke li konnen yo paka obeyi…alò ou se lanmou paske Bondye ba ou lòt pou ou renmen yon ak lòt menm jan li renmen ou (Jan 15 :12)

Alò Ou pa bezwen al chache lanmou nan di mil chemen ni sipliye mounn pou renmen’w si tout fwa ou santi ou gen vid nan ou. Fèmen je’w ouvri kè’w bay Jezi. Ou ka repose atò paske lanmou se ou e Ou komplè nan Bondye! (Sòm 34 :10)

Kite idantite’w byen anrasine nan lanmou san parèy sa Bondye genyen pou ou konsa wa grandi nan jan ou renmen tèt ou ak lòt moun. Kite lanmou sa a fè fondasyon kèw ak pati prensipal de kiyès ou ye paske se li kap fè’w toujou gen fòs e ba’w viktwa.

Konsa menm jan ak apòt Pòl wa gen asirans ke « anyen paka fè [ou]*pèdi lanmou Kris gen pou [ou]* an : kit se lavi, kit se lanmò, ni zanj yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, te mèt se tan jodi a, te mèt se tan k’ap vini yo, ni pouvwa ki nan zantray tè a. Non, pa gen anyen nan tout kreyasyon an ki ka rive fè nou nan Jezikri, Senyè [ou]* an. » (Women 8 :38-39)

Benediksyon : « Mwen mande Senyè a pou [mwen]* gen plis renmen yonn pou lòt ak pou tout mounn. Kris la va fòtifye kè [mwen]* pou [mwen]* ka san repwòch devan Bondye, Papa [mwen]*, tankou moun k’ap viv apa pou li kouk lè Jezikri, Senyè [mwen] an, Amen. » (Modifye e adapte de 1 Tesalonisyen 3 :12-13 ; Vèsyon, HAT98)

* ‘nou’ modifye pou ‘ou’ obyen ‘mwen’  pou pèsonalize vèsè yo pou devosyon an.

Bondye renmen’w ak yon lanmou san mezi e se nan abondans ak asirans lanmou sa li vle’w viv chak jou. Ke nanm ou beni!

Souvan li parèt pi fasil pou ou mete atansyon’w sou tout bagay ki pa bon nan ou oswa  kite pawòl negatif ou tande de ou nan enviwònman vini realite pou ou. Kounyea m kwè ou konnen ke ou se reflè dirèk de Bondye ki se yon èt ki infini e ki ranpli nan bonte ak lanmou. Konsa ou menm tou ou gen anpil nan bon karaktè sa yo lakay ou paske ou fèt nan imaj li. 

Sa telman se verite ke Bondye menm pa pitit li Jezikri te vinn sou tè a, sakrifye vil pou li ka rekonsilye mwen menm ak ou avèl ankò (Jan 3 :16). Depi’w aksepte Jezikri kòm sovè pèsonèl ou ak pran bib la pou bousòl ou, idantite’w chanje (2 Korent 5 :17) !

Si pandan w’ap li sa, ou poko konnen anpil de Jezi pou’w ta dakò li se sovèw, kontinye li toujou. Bondye gen anpil bèl ti koze nan kèl pou ou e idantite’w asire nan li-menm lè ou ta poko chwazil. Jou’w ta chwazil la, se ap sa nèt. Lap fèw vinn tou nèf e jan pawòl granmoun yo di a « w’ap vinn pi fre ke yon kola 15! »

Kew te pitit soyèt oswa pitit nayèt (san non ki popilè), se sèl jan Bondye wèw la ki konte. Pa gen anyen nan ou ki odinè e lavi ou pa yon aksidan (Jeremi 29 :11). Olye pou’w base idantite’w sou opinyon lòt moun ak jan sosyete a wèw, oswa nivo etid ou fè, koulè paspò ou genyen pou vwajaje, etc ; kontinye chanje pwospektif jan ou wè tèt ou.

Ou gen anpil enpotans pou Bondye e li vle ou viv yon vi san limit nan lanmou li pou ou. Kreatè ou, mèt ou, mounn ki toujou damou’w chak jou san rezèv la wè’w ak anpil gras ak lamou. Eske ou kwè sa ?

Ann Lapriyè : Bondye, ou kreyem ak anpil kalite e yon bi byen detèmine men gen anpil fwa sikonstans la vi fèm doute de tout bon karaktè sa yo. Tanpri ouvri zyèm poum ka konprann ou pi plis e poum ka wè tèt mwen jan ou wèm nan konsa ma grandi nan lafwa. Dirije lesprim e gide’m nan non Jezi. Amen.

Kiyès Bondye ye ?

Meyè fason pou’w konn yon zanmi, se nan koze ak li, pase ti tan ansanm pou’w aprann charaktè li yo ak mès li genyen pou amitye antre ou ak li ka fleri. Menm jan tou Bondye gen charaktè pal.

Nan komansman semèn nan ou orijin idantite’w se nan Bondye paske se li ki kreye ou nan pwòp imaj li e li renmen’w san parèy chak jou. Pou idantite’w byen asire, fòk ou konnen reflè dirèk kiyès ou ye pou’w ka jwi tout bèl plan li gen pou lavi’w.

Bondye gen anpil karatè ki extraodinè men gen 7 prensip de baz ki soti nan Bib la kap ede’w apwofondi konesans ou de li pou’w ka byen konprann idantite’w nan li.

  1. Bondye yon èt ki san limit, kreyatif, e ki fidèl nan tout sa lap fè (Jenèz 1 :1 ; Sòm 33 :6).
  2. Li gen anpil pouwa e li egziste pou kont li (Sòm 147:5). Se li ki sous lavi ou (Jenèz 17 ;1 ;  Jan 5 :26 ). Alò ou ka toujou konte sou li pou’l ede’w e pou li satisfè tout bezwen ou yo chak jou (eph 3 :20)
  3. Li gen anpil bonte, sajès, pasyans, jistis ak renmen san repwòch lakay li. (Sòm 34 :8 ; 18 :30 ; 50 :6, 116 :5).
  4. Li se Lespri verite a ( Jan 4 :24) e pa gen anyen ki enposib pou li ( Jenèz 18 :14 ; Jeremi 32 :17).
  5. Li pa janm chanje (Malachi 3 :6 ; Det 7 :9; (Women 8:35-39).
  6. Li sakrifyel sou kwa pou rekonsilye’w avèk li pa pitit li Jezi Kri (Jan 3:16)  e ba ou asirans lavi etenèl (Women 6 :23)
  7. Bondye nou ke nou rele Jezi, Yaweh, Jehovah, El Shadai, Wa dè wa, Senyè nou an pa fache rapid, li gen kompasyon e li fidèl (Egzòd 34 :5-7). Tankou yon mounn ki damou’w anpil, li jalou pou kè’w (Egzòd 34 :14) !

M pa konn pou ou men, mwen renmen la nati. Se tout plezim poum monte sou yon dò kay, poum gade solèy la, lè lap desann piti-piti nan lanmè ya jiskaske li disparèt nèt. Lè map admire syèl, tè, lanmè ak tout bèl koulè yo genyen sam tresayi e mwen reyalize ke menm Bondye ki kreye mevè sa yo, se li menm ki kreye mwen menm avèk ou tou !

Menm jan li desine yon tablo nan syèl la chak jou, konsa tou li vle viv yon bèl istwa lanmou avè’w nan yon relasyon ki sensè. Pi gwo nouvèl m swete kap fè kèw kontan jodia se ke Bondye san parèy sa ki fè tout mevèy sa yo viv nan ou tou! (Col 1 :17, Rev 21 :3). Ke kè’w rejwi ke ou se yon imaj yon èt ki gen tout pouvwa sa yo e ki si pafè!

Ann Lapryè : Senyè mèsi tout sa ou ye e pou compasyon’w kip a janm fini pou nou. Mèsi paske ou se yon èt ki fidèl e ki pap janm chanje. Tanpri kontinye transfòme kèm poum ka viv tou pre ou plis de ou chak ou, konprann kiyès ou ye nan vim poum ka asire nanm mwen ak idantite’m nan ou. Nan non Jezi mwen priye’w. Amen.

Orijin Idantite’w

Bondye di ankò: An nou fè moun. N’ap fè li pòtre ak nou, pou li sanble ak nou. Lap gen pouvwa sou pwason nan lanmè, sou zwazo nan syèl, sou tout bèt nan bwa, sou tout bèt ki mache sou vant sou latè.” Jenèz 1:26-27

Bondye kreye moun: « Li fè yo pòtre ak li. Li kreye yo gason ak fi. ” (Jenèz 1 :26-27; vèsyon HAT98)

Kit ou se fi ou byen gason, ninpòt koulè pò’w ou se yon reflè Bondye. Menm lè sosyete a toujou ap ankouraje’n nan move chemen nan di nou gen mounn ki pi empotan ke lòt ou kache la verite. Tout sa se lespri divisyon ki pa soti de Bondye. Lanmou Bondye pa fè diferans ant fi ak gason ni jije menm jan sosyete a fèl. Chak pitit li gen menm valè devan’l.

Sou menm sijè a, David raple nou menm bagay la nan Sòm 139 :13-15 ” Wi, se ou ki fòme tout pati nan kòm, se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman’m. M’ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tout saw fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen. Ou te konnen tout zo nan kòm, depi lèm t’ap fòme kote mounn pat ka wè a, depi lè ou t’ap travay mwen ak ladrès nan fon tè a.” (HAT 98)

Konsa tou Bondye konnen’w ! Ou se erityel, chouchou pal, prefere’l chak jou. Nan li pa gen differans nan lanmou, pa gen afè fi ak gason. Li renmen tout pitit li menm jan e li vle nou viv nan tout potansyèl nou. Tankou, Bondye renmen pase jounen yan ansanm avèw (Exòd 33 :14), diw ti koze sekrè kap fòtifye nanm ou (Jeremi 31 :3).

Si’w te damoul yon fwa, ou ka konprann jan kèl ap bat fò pou ou chak sekond lèw pale ak li. Si’w poko damoul, imajine jan’w ta renmen santi e multiplye yo pa lenfini. Se gwo zafè ! Ou se pi bèl kreyati li kreye e ou gen anpil talan ak bonte paske ou se refleksyon pal direk direk. Anyen nan ou pa yon aksidan e li renmen’w jan’w ye ya chak jou pi plis. Kit ou wo oswa kout, ke nèn’w plat ou pointi lanmou li menm jan pou ou.

Medite sou Sòm 96 pandan jounen an.

Ann Lapriye: Bondye pa gen lòt tankou’w! Ou fè syèl la ak tè ya ak tout sa ki landanl poukòw e ou kreye mwen nan imaj ou. Sa se yon gwò privilèj ke mwen pa toujou konprann. Ede mwen aprann enpòtans gwo valè sa a ou ba mwen pou mwen ka viv yon fason ki reflekte glwa ou nan non Jezi. Amen.