Tag Archives: idantite

Idantite’w nan Bondye : Ou Se Padon

« Padon, mwen pap fè sa ankò ! »

Konbyen fwa nou tande mo sa yo, di Bondye yo lè n’ap lapriyè pou nou mande’l padon, oswa di yon mounn nou blese sa?

Padon fasil pou mande lè ou kite konsyans ou nan bon eta e ou vle viv nan lapè. Men pa toujou fasil pou aksepte ak pasaje lè Bondye pa nan tout sa n’ap fè. Mem lè sa, idantite’w nan Bondye se Padon!

Ou se padon paske Bondye padone’w san mezi chak jou. (Ezayi 43 :25-26 ; Ezayi 1 :18 ; Travay 3 :19 ; Efezyen 1 :19 ; Sòm 103 :12)

Menm jan lanmou se yon komand, padon (padone youn ak lòt sa nou fè ki mal) se younn nan komand tout disip Jezikri yo tou.( 1 Jan 1 :9 ; Mak 11 :25).

Ou se padon paske Pa gen lanmou ak tèt ansanm san padon (Lik 7 :47-48).

Ou padone paske Nou tout se pechè e nou pa toujou fè sa ki bon (Lik 24 : 46-47 ; 1 Korint 6 :9-11, 1 Jan 1 :8-10).

Ou se padon paske Bondye se padon e nou se reflè li (Efezyen 1 :7-8).

Si’w tankoum menm lè ou fè tout efò pou fè sa ki byen, gen de lè ou fè erè e lòt mounn ou renmen blese!

Gen yon epòk chak lè m pral priye e men ouvri bib la se yon vèsè sou padon ki monte. Ninpòt mounn mwen t’ap pale ak yo nan semèn sa a, menm lè mwen pa ta pwoche sijè a yo vinn sou li nan plisyè fason kan menm. Menm lè mwen te ale ‘legliz’ , mesaj jounen an la se sou menm sijè padon an. M tèlman te sezi  m rele yon bon solda lapriyè pou’l te edem priye popum ka konprann kisa padon an te ye vre!

Mwen te komanse réfléchi e mande Bondye eske mwen te gen mounn nan lavi’m m pot ko padone ? Nan refleksyon ak lapriyè li fèm wè wi te gen gen yon mounn, e mounn sa se te tèt mwen. Paske nan li idante’m se padon, mwen dwe padone lòt mounn e tèt mwen tou menm jan Bondye padone’m. Se younn nan bagay ki te pi difisil pou mwen te admèt ke se te verite e pou’m te fè. Nan experyans sa mwen te aprann kisa padon ye vre e konprann pi plis ke pa gen anyen ki enposib lè se Lesentespri k’ap fè gide’n (sinon m pa tap ka la jodia pou’m pataje sa avè’w).

Sak fè konyea mwen kwè ke Padon se kado Bondye ba’n sou lakwa pou nou te ka gen lavi etènèl (Jan 3 :16 ; Lik 7 :48).

Mwen kontan ke Bondye libere nou e li padone nou tout peche nou yo kifè jodia nou ka pataje bèl kado sa younn ak lòt !

Ann Lapriyè : Bondye mwen konnen pa gen anyen ou komanse pou ou pa fini. Mèsi paske w’ap aprann mwen ke nan ou mwen padone e poutèt gwo favè sa ou ban mwen an, mwen ka padone lòt mounn ak tèt mwen tou. Tanpri kontinye transfome kèm pout ka konprann pi plis ke idantite’m nan ou se padon konsa kèm ap plis legè chak jou. Mèsi paske pa gen anyen mwen ka fè ki ta fè’w ban do. Mèsi pou kè sansib ou a ki pa janm lage’m menm lè m pa toujou fè sa ki bon nan je’w. Ede’m resevwa padon ou an nan kèm pi plis poum ka aksepte l ak kè louvri. Konsa ma simaye’l tout kote mwen pase jodia e pandan tout rès vinn pou non’w ka glorifye, Amen.

Restore lajwa nan kè’w

« Ala bon sa bon lè yon pèp gen kè kontan, lè l’ap viv yon jan ki fè ou plezi! Tout lajounen y’ap fè fèt pou ou. Y’ap fè lwanj ou paske ou gen bon kè. Se ou menm ki fè nou pa pè pesonn. Se paske ou renmen nou kifè nou genyen batay yo. » (Sòm 89 :15-19)

Tout plezim se lè mwen wè mounn mwen renmen yo ap souri e ap ri ak kè kontan. Sa fèm reflichi, si mwen menm mwen rejwi nan nivo wo sa lèm wè yo, konbyen plis Bondye kontan lè’l wè pitit li yo nan lajwa ?!

Sa fèm konprann konsa tou Bondye renmen wè lè w’ap souri. Kè’l tresayi ak lajwa lè li tande’w ap chante kantik damou pou li. Li renmen tande lè w’ap pataje lwanj li ak lòt moun. Lè w’ap mache san kè sote paske ou konnen se li k’ap pwoteje e gide ou (Sòm 89 :18). Li ranpli ak kè kontan lè w’ap danse pou li e lespri’w an pè pou’w ka tande’l lè li pale ak ou.

Poutèt sa Bondye vle restore lajwa nan kè’w e ede’w viv lavi nan kè kontan li prepare pou ou a! (Jeremi 29 :11)

Li vle retire tout sa ap ba’w traka e anpeche’w grandi nan li. Li vle restore lafwa’w ak lanmou ou gen pou li (Ezayi 61 :3).

Li vle fòtifye lafwa e ede’w remèt tout inkyetid ou yo nan menl ( 1 Pyè 5 :7).

 Lanmou Bondye gen pou ou a san parèy e li desire restore tout sa ke ou pèdi e siye tout dlo nan jan’w pou’w ka kontinye lavi tankou yon timounn ki toujou nan kè kontan. Kote ou santi’w fèb, li vle vinn fòs ou (Nehemi 8 :10).  

Jodia se jou paw pou’w aksepte lajwa nan kè’w e ba li yon plas ki pèmanan (Jeremi 31 :13).

Kite’l transfòme’w pou lòt mounn yo ka wè glwa Bondye nan ou e pou yo ka anvi konnen li tou !

 Ann lapriyè :

Senyè, mwen rekonèt ou se sous lajwa’m e mwen mande ou pou restore tout pati nan lavim ki manke lajwa nan ou. Edem kenbe lajwa na ou, « Fè’m tande pawòl [ou]*ki pou fè kè’m kontan an, pawòl ki pou fè’m chante a. Wi, ou te kraze tout zo nan kò m’, men w’a fè kè’ m kontan ankò. Wete peche mwen yo devan je ou.

Efase tout fòt mwen fè yo. O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè’m. Mete bon lide nan tèt mwen, pou’ m ka kenbe fèm. Pa voye’ m jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an. Sove’ m. Fè kè’ m kontan ankò. Ban’m bon lide ki pou fè’m toujou obeyisan. Lè sa a, m’a moutre moun k’ap fè peche yo tout kòmandman ou yo, pou yo sa tounen vin jwenn ou ». Nan non Jezi mwen priye’w, Amen. (Adapte de Sòm 51 : 8-13, Vèsyon HCV)

Ke nanm ou beni !

Li vle restore’w!

Bondye se fòs e se li ki sous lajwa tou

 « Men, tout moun ki mete konfyans yo nan ou, fè kè yo kontan. Se pou yo chante san rete tèlman yo kontan. W’ap pwoteje moun ki renmen ou. Ou fè yo chante pou ou tèlman yo kontan. » Sòm 5 : 1.1

Ou se lajwa e Bondye se sous lajwa ki tou pi a paske li bay moun ki fè’l plezi bon konprann, konesans ak kè kontan (Eklesyas 2 :26).

Sous lajwa nan Bondye soti nan pawòl li ( 1 Jan 1 :4) e se kontantman sa ki ba nou fòs ak kouray pou lite chak jou (Neemi 8 :10).

Li demontre sous lajwa pou nou lè li te vinn mouri sou lakwa pou rekonsilye nou avèk tèt li e sove nou (Jan 3 :16).

 Menm jan Pòl te raple nou, « Se pou nou toujou kontan nan lavi n’ap mennen ansanm nan Seyè a. M’ap repete’l ankò: Fè kè nou kontan anpil. » Filipyen 4 :4

Lajwa anpil nan nou kondisyonèl. Eske’w pa janm gen panse sa yo ? Nou ka di « Lè’m gen ti kòb kèm ap kontan oswa lè mwen marye, lè mwen gen yon lòt kay, lèm gen yon lòt travay, lè gen lasante, lè kèm geri etc ma gen kontantman. » Tout sa yo pa soti nan Bondye ki se sous lajwa.

Lajwa ki soti nan Bondye a pa depann de sikonstans paske Bondye mande mande nou pou’n rejwi nan tout sikontans (1 Tes 5 :6). An tan ke eritye Bondye, li ban nou komand pou nou toujou nan lajwa. Sa vle di pou nou kenbe pwomès li yo nan kèn e fèl konfyans.  Kòmand poun gen lajwa nesesè pou’n ka kontinye grandi nan lafwa.

Gen kè kontan tout tan nan Bondye pa vle di fè sanblan ke n byen ni bay tèt nou manti paske Bondye wè tout kèn. Konsa tou gen lajwa nan tout sikonstans pa vle di aksepte ninpòt sitiyasyon san ou pa fè efò pou chanjman.

Non, kè kontan nan Bondye vle di fèl konfyans ak kèn. Menm lè dlo ta koule nan jen n’ap toujou obeyi’l e fè sa’l di’n fè paske nou konnen li renmen’n ak yon lanmou ki san parèy.

Figi’n ak kè’n pa dwe make mizè chak jou. Bondye genyen viktwa pou nou deja !

Menm jan ak Jòb, ann toujou ba li glwa menm lè nou pa wè ni devan ni dèyè. Menm lè nou ta fè tout sa ou konnen poum fè pou yon sitiyasyon ka chanje e nou poko wè resilta. (Jòb 5 :17)

Kite kè’w rejwi nan Bondye e asire lajwa’w nan paske nan li se lajwa nèt al kole !

Ann Lapriyè :

Senyè mèsi paske se ou ki sous lajwa mwen e ou banm pawòl ou poum ka kenbe fèm chak jou pa pouvwa Lesentespri ki abite nan mwen. Men jan ak Mari nan Lik 1 :46-50 « Nanm mwen ap chante pou Mèt la ki gen pouvwa.

 Lespri’m pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen. Paske li voye je’l sou mwen, yon sèvant ki soumèt devan li. Wi, depi koulye a, epi pou tout tan, tout moun pral di: Ou se yon [fanm/ gason]*  Bondye beni!  Paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil bèl bagay pou mwen. Non li, se yon non pou tout moun respekte. L’ap toujou gen pitye pou tout moun ki gen krentif pou li. » Mèsi pou sa. Amen.

*Adapte pou devosyon an

Idantite’w nan Bondye: Ou se lajwa!

“Kè kontan bay lasante. Men, lè ou kagou, w’ap deperi sou pye”. Pwovèb 17:22, HAT98

Lajwa se youn nan charaktè ki ka parèt pi difisil pou nou aksepte men se verite.

Menm lè ou fè Bondye konfyans e ou renmenl, gen de fwa w’ap santi’w ba e ou pa ka menm jwenn mo pou’w exprime’w. Lavi gen yon jan li baw cho, ou santi tristès ak dlo nan je ta vle yo de pi bon zanmi w. Se komsi yon jou ou wo epi lòt la ou santi’w ba. M pa konn pou ou men dè fwa se goumen map goumen pou mete yon pye devan epi lòt la deyè.

M sonje yon jou m te empas sa epi mwen mande yonn nan sè nan lafwa mwen yo ke m pat abitye avèl pou priye pou mwen. Sa ki makem plis nan jou sa se pandan l’ap lapriyè ak vwa poum tande li fè yon pòz epi li di ” M pa konn bi priyè prinsipal ou men nan Bondye ou se lajwa!” Lè li dim sa gen yon bagay nan mwen m santi ki transfòme. M te etone e mwen ale verifye nan Bib la si se verite.

Jou sa mwen te ranpli ak plis konfyans paske non sèlman sèm nan Kris sa pat konnen ke m te fèt ap mande Bondye retire tristès nan kèm men m te mandel pou revele idantitem nan li pou jou sa!

Mwen konnen li tande priyè e se avèk tout asirans m’ap ankouraje’w pale ak li de ninpòt sa kap sakaje lespri’w.

Menm jan Bondye te itilize sè sa poul te raple ke nan li mwen se lajwa, konsa tou jodia Bondye ap pase men sou braw nan yon kalin souple epi li souleve tèt ou jantiman pou jew ka kapte nan je pal ki ranpli ak lanmou pou ou epi li di’w: ” Ou se zantray mwen. Nan pawòl mwen gen tout sa ou bezwen (Sòm 34:10). Pwoche pi prem. Dim tout ti koze’w kèw. Onèt ak mwen pouw ka gen lajwa nan tout sikonstans jan mwen te pwomèt you a (1 Tes 5:16-18).

Lapèn ak tristès pa eritaj ou. Mwen pat batize nan ji citron, jèw pa dwe koule dlo souvan konsa. Siye dlo nan jèw, fè kè’w kontan paske Se ak Lesentespri pam ki gen lanmou, lespwa, lafwa, otorite, mwen kreyew e ranpli’w (Lik 11:14). Ou se lajwa!

Ou se lajwa pa’m chak sekònd e mwen toujou pi fò ke ninpòt sa w’ap travase. Fèm konfyans. Mwen vle ale pi lwen avew. Ou se lajwa tout mounn ki nan fènwa e lajwa mwen ba ou pa depann de sikonstans paske nan mwen ou se viktwa tou. Pa gen mounn ki gen viktwa san lajwa. Eske w ka banm pèmisyon pou’m abite nan kèw pi plis?”

Ann Lapriyè: Senyè padon paske reaksyon’m fas a la vi pa toujou reflekte lajwa mwen ye e mwen genyen nan ou. Mèsi paske ou pa janm abandome’m e ou toujou banm fòs poum kontinye. Se ou ki sous tout kè kontan e mwen mande’w pou ranplim plis ak Sentespri ou pou lajwa m kapab donen nan ou. Fè plis satisfè ak lavi ou ban mwen. Edem chanje sam dwe e ka chanje poum grandi pi plis paske m pap ka vanse e gen yon lajwa kontinyèl san ou. Nan non Jezikri mwen priye’w. Amen.

Mwen ankouraje’w mediye sou Abakik 3:17-18

Idantite’w nan Bondye: Ou se Viktwa

“Kisa n’a di ankò sou pwen sa a? Si Bondye pou nou, kilès ki ka kont nou?” (Women 8:31)

Bondye pou ou e pa gen okènn fòs fè nwa ki ka kontre kare avè’w lè ou kenbe fèm nan lapriyè!

Anpil moun pèdi nwit nan chache stateji pou yo ka gen viktwa e ou plan lavi yo reyisi. Pawòl Bondye ankouraje nou pou nou fè pridans nan tout desisyon n’ap pran men tou pou nou toujou sonje ke viktwa se nan Bondye sèl sa soti. Men Pwovèb di ” Moun pare chwal pou y’ al fè lagè, men se Senyè a k’ap deside kilès k’ap genyen batay la.” (Pwovèb 21:31)

Ou se viktwa paske ou fè Bondye konfyans e li ba ou otorite sou tout latè (Lik 10:19).

Viktwa se ou “Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè genyen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye. Ki moun ki ka genyen batay la sou lemonn? Se sèlman moun ki kwè Jezi se pitit Bondye” ( 1 Jan 5:4-5).

Viktwa’w nan Bondye sou ninpòt sikontans lavi tèlman asire, li menm ba ou viktwa sou lanmò ak pwomès lavi etènèl paske idantite’w ak konfyans ou nan li!! (Jan 3:16)

Se gwo koze wi pam!! Poutèt sa, “ann di Bondye mèsi, li menm ki fè nou genyen batay la sou lanmò gremesi Jezikri, Senyè nou an!” (1 Korent 15:57)

Menm Bondye ki te leve Jezikri nan lanmò a pou demontre lanmou infini li pou ou vle resisite tout sa lenmi nan ou te vle detwi nan ou e fè’w dekouraje.

Bondye vle restore rèv ou yo, talan ou yo, sante’w, relasyon nan fanmi’w ak zanmitay ou ye. Li vle antre plis nan kè’w e fotifye nann ou ak lespri’w pou’w ka ede lòt mounn viv nan lanmou li gen pou to. Pou yo ka konnen ke yo menm tou ou se viktwa e yo pa bezwen viv yon vi ki base sou echèk ak desepsyon.

Frèm ak Sèm, Bondye tande tout priyè ou yo e li vle’w konprann ke paske ou se pitit li ou pap goumen pou viktwa- ou genyenl deja men w’ap goumen pou viktwa sa briye tout kote’w pase paske li fè pati ADN ou.

Jezikri ve li ba ou yon avni and idantite tout nèf chak jou ki anrasine nan viktwa ki soti nan li. Tout sa li mande’w se pase ti tan avèl nan lapriyè e fè li konfyans. Nan pawòl li yo li aprann ou ke ou se lanmou, ou se lafwa, ou se lespwa, ou se otorite… kote 4 karaktè sa yo ye ankre nan ou, ou pa ka pa wè mirak nan viw ak nan enviwònman ou yo paske mirak se yon manifestasyon viktwa nan Bondye.

Jodia li vle’ raple’w ke idantite’w se viktwa tou paske li menm li pa janm pedi pose. Menm lan li ba’w otorite sou tout move panse ak sikontans lavi, konsa tou li ba’w viktwa sou yo tou pou ka jwi bèl pwomès li yo pou ou! Menm lè sikonstans yo ta parèt nwa, viktwa se pou ou tout kote’w pase fanm ak gason vanyan nan Jezikris!

Meditasyon/Refleksyon: Fèmen jè’w, detann zepòl ou yo, imajine lavi ou paske ou se viktwa e ou kite Lesentespri dirije’w ban tout sa w’ap fè chak jou. Ki chanjman ou wè nan ou ak anviwòman’w? Eske ou kwè ke Bondye baw viktwa vre e chanjman sa yo sa fèt? (Ou ka pataje repòns ou yo ak nou si ou kite yon komantè oswa ekri yo nan yon ti papye, pataje yo ak Bondye priyè w si ou santiw gen dout e jwenn yon zanmi ki kwè nan Bondye pou pataje yo tou pou yonn ka priye pou lòt sou sa.)

Benediksyon:”  Senyè ki gen tout pouvwa a pral pwoteje pèp li a [avék mwen]*. [Nou] pral kraze zam lènmi yo anba pye [nou]. Pandan batay la, [nou] pral rele tankou moun sou. [Nou] pral fè san lènmi yo koule. Li pral koule tankou san bèt yo touye sou lotèl yo.

Jou sa a, Senyè a, Bondye [nou] a, va delivre [nou]. Tankou yon bon gadò, l’ap sove bann mouton l’ yo. [Nou] pral klere nan peyi li a tankou bèl pyè nan yon kouwòn.

Ala bon sa pral bon nan peyi a! Ala bèl peyi a pral bèl! Jenn gason ak jenn fi pral grandi ak tout grenn jaden ak tout diven yo pral rekòlte nan peyi a.”(Zakari 9:15-17) Mèsi Senyè pou pwomès sa yo e viktwa’m ki asire nan ou paske mwen se pitit ou, mwen kwè nan ou, e ou pa janm pèdi batay! Amen. Alleluia!!!! Glwa pou ou papa mwen!!!

Devosyon an Kreyòl vle ta vle ofri’w tout adorasyon yo an Kreyòl men nou pa toujou jwenn sa men nou swete nanm ou beni ak adorasyon jodia tou. Nou ankouraje atis evanjelik yo kontinye chante plis an Kreyol tou pou nou fè plis mounn konnen bèl viktwa sa! Mèsi pou tout bèl travay n’ap fè e talan nou mete apa pou ede nou tout bay Bondye glwa. #ou se viktwa

Idantite’w nan Bondye : Ou se otorite

Otorite oswa pouvwa se bagay anpil mounn vann nanm ak respè yo pou yo ka genyen. Gen mounn ki itilize vyolans ak perèz pou yo ka parèt fò oswa yo itlize manipilasyon e pase anpil tan ap fose fè mounn plezi men souvan yo santi yo malere. Rezon ki fè yo pa konble se paske vre otorite a sosyete paka bay li. Tout bagay sa yo lòt mounn ak goumen chak jou pou genyen, Bondye ban ou (ki gen konfyans nan li) yo gratis!

Otorite resève pou tout moun gen krent pou Bondye paske li pote anpil responsabilite nan li tou. Paske ou se yon mounn ki espesyal, Bondye renmen’w ak yon lanmou san parèy, e li fèw yon mounn nouvo lèw aksepte’l (2 Korent 5 :17). Nan li ou se lanmou, lespwa, ak lafwa. Kote ki gen twa bagay sa yo pa ka pa gen otorite ak chanjman!

Nan Jezikri, men 10 rezon prensipal ki fè ke ou se otorite :

1.Li ba ou yo !

Pitit tig se tig.  Bondye ba’w pouvwa sou sou tout sa ki sou latè ak nan syèl (Jenèz 1 :26-28 ; Luke 10 :19)

2. Ou gen pouvwa pou fè fas ak ninpòt gwo fòs.

Nan Lik 10 :19, Jezi di « Koute : Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan anba pye nou, pou anyen pa kapab fè nou mal. »

3. Ou se yon doktè pou nanm.

Lik 9 :1 « Jezi sanble douz disip li yo, li ba yo pouvwa ak otorite pou chase tout move lespri, pou geri tout maladi. » (Mak 3 :15 ; Lik 20 :8 ; Matye 10 :1)

Si ou fè Bondye konfyans tout sa ou di ki pou dwe fèt ki nan volonte Bondye ap fèt

Matye 18 :18-20 « Se vre wi, sa m’ap di nou la a: Tou sa n’a defann moun fè sou latè, yo   p’ap kapab fè l’ nan syèl la non plis. Tou sa n’a pèmèt moun fè sou latè, y’a kapab fè li nan syèl la tou. »  (Wè tou Matye 16 :19)

4. Ou gen yon epe ki file (ou ka pase avèl nenpòt kote’w ye) nan menm’w pou gide’w nan chemen viktwa. Epe sa se pawòl li ki ekri nan Bib la ! (Ebre 4 :12-13)

5. Tout sa ou mande Bondye nan priyè ak lafwa l’ap koute’w. (Matye 21 :22 ; Jan 11 :22)

6. Ou gen pouvwa pou ou kreye ou byen detwi lavi chak jou ak pawol ki soti nan bouch ou.

Pwovèb 18 :21 « Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w’ap jwenn. »

7. Ou se anbasadè lapè (Matye 5 :9, Kolosyen 3 :15).      

8. Sentespri ki ou a gen pouvwa pase lespri ki nan mounn ki nan lemonn lan. (1 jan 4 :4 ; 1 Jan 5 :4-5)

9. Ou toujou gen viktwa paske ou pa goumen menm jan ak tout moun.

Kòz pouvwa sa a ou genyen paske Jezi ap viv nan ou a, ou ka « kraze tout gwo fò, tout pawòl explikasyon kip a bon, lògèy ki anpeche lèzòm konn Bondye derasine tout vye lide nan tèt lèzòm pou fè yo vin obey Kris » (2 Korent 10 :3-5).

10. Ou gen obligasyon pou ou respekte lòt moun e pou ou fè sa ki byen.

Jan 2 :24 « Ou wè: se pa sèlman paske yon moun gen konfyans kifè Bondye fè l’ gras, men se paske li fè sa ki byen anmenmtan an tou. » (Wè revelasyon 2 :26 ; 1 Pyè 2 :15 tou)

Kwè ke ou se otorite paske nan Matye 28 :18, Jezi raple nou ke li resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou tè a. Tout pawòl Jezi yo se verite e tout ap akonpli.

Alò pesevere nan lapriyè ak ankre idantite’w nan li menm lè ou pata ka finn konprann tout otorite ou genyen oswa siskontans lavi ap fèw doute. Mete otorite’w sou ou e konbat ak lafwa! Ou genyen deja. Vanse !!!

Benediksyon: « Bondye Jezikri, Seyè nou an, fè [ou]* konnen an, se yon papa ki gen anpil pouvwa. Mwen mande li pou li ban [ou] Sentespri li ki bay bon konprann ki moutre [ou] sa Bondye ap devwale [ou] an pou [ou] ka rive konnen li byen.

 Mwen mande li pou li louvri lespri [ou], pou [ou] ka konnen kisa w’ap tann nan men Bondye ki rele [ou] an, ki vle di eritaj Bondye pwòmèt l’ap bay moun ki pou li yo, yon eritaj ki rich anpil, ki bèl anpil.

 Mwen mande li pou [ou] ka konnen tou ki jan pouvwa li k’ap travay nan [ou] menm ki kwè nan li a, se yon gwo pouvwa ki san limit. Se menm gwo pouvwa sa a Bondye te fè moun wè, lè li te fè Kris la leve soti vivan nan mitan mò yo, li fè li chita sou bò dwat li nan syèl la. (Adapte de Efesyen 1 :17-20). 

Ke Bondye edew kenbe tèt [ou] anplas, rete sou prigad [ou-fèm nan lafwa ak lapriyè]. Paske dyab la, lènmi [nanm ou] an, ap veye [ou] tankou yon lyon ki move, k’ap chache moun pou li devore (adapte de 1 Pyè 5 :8-9). Tout otorite ak kè poze se pou ou nan non Jezi ! Amen »

* ‘nou’ modifye pou ‘ou’ obyen ‘mwen’ pou pèsonalize vèsè yo pou devosyon an.

Tout vèsè yo sòti nan vèsyon bib HAT 98

Idantite’w nan Bondye : Ou se lafwa

Ou ka panse ke tit la se erè paske dabitid, li popilè pou’w tande « fòk ou gen lafwa ». Men lè ou vreman byen kalkile, si lafwa pa fè pati idantite’w ki soude nan Jezi ou pap ka genyen’l!

Tout sa ou pa genyen ou pa ka pwodi. Menm jan joumou paka donnen kalbas konsa tou ou pap ka gen lafwa si li pa fè pati de ou ki ap soti nan yon relasyon ak Bondye.

Kisa lafwa ye menm?

Lafwa se yon konfyans ki ankre nan nati Bondye ak bonte li pou ou*. Li se yon andirans ak konvisyon nan pouvwa, sajès, ak grandè Bondye sou tout bagay (lavi pèsonèl ou, fanmi ak dezi ou yo fè pati de ‘tout bagay’ yo tou). Ebre 11 :1 di « konfyans nan Bondye se yon konviksyon bagay nou pa ka wè ak je nou egziste tout bon vre. » (Ebre 11 :1)

Konfyans nou nan Bondye a pa chita sou bon konprann lèzòm, men sou pouvwa Bondye (1 Korent 2 :5).

Lalwa ak règ relijyon yon mou nap swiv paka fè Bondye pran plezi nan li (Galat 2 :15-16, Galat 3 :10-13). San lafwa li enposib pou’w gen yon relasyon sensè ak Bondye e pou fè li plezi (Ebre 11 :6).

Lafwa se yon asirans nan lanmou ak fiti Bondye gen pou ou paske Bondye pa renmen mounn ki gen de lide. Paske lafwa pa gen doutans e dout pa kè Bondye kontan « moun ki gen doutans, li tankou lanmè van ap boulvèse. Yon moun konsa pa beswen mete nan tèt li l’ap resevwa anyen nan men Senyè a. Se yon moun ki pa konn sa li le vle. Li toujou anbalan nan tout sa li antreprann » (Jak 1 :5-8)

Dout fè anpil mirak bloke. Nan Matye 17 :20 Jezi t’ap explike disip yo poukisa yo pat ka chase yon move lespri e li di yo « se paske nou manke konfyans nan Bondye. Sa m’ap di nou la a, se vre wi, : si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a : wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas. Pa gen anyen nou pa ta kapab fè. » (Ou ka wè menm diskou sa nan Lik 17 :6 ; Mak 11 :22-24)

Lèw pwoche Bondye fòw kwè ke li egziste e ke lap reponn tout mounn ki ap chache li ak tout kè yo (Ebre 11 :2). Se paske mounn lontan yo te gen anpil lafwa kifè Bondye te pran plezi e yo te jwenn anpil favè nan li. Si nou fè sa tou, n’ap wè mirak Bondye nan tout sa nou invite Sentespri ladann kit se nan  kè nou, fanmi nou, lekòl,  timounn nou yo, nan katye nou, ak an peyi nou paske li san limi!

Poukisa pou’w konnen ou gen lafwa ?

« Paske lè yon moun gen konfyans tout bon nan kèl, se lè sa a Bondye fèl gras. Lè yon moun deklare ak bouch li devan tout mou li gen konfyans nan Bondye, se lè sa a Bondye delivre li, apre sa ki ekri nan Liv la : Nenpòt moun ki mete konfyans yo nan li pap janm sòti wont » (Women 10 :10-11)

Kijan lafwa manifeste nan lavi’w?

Lèw gen lafwa ou fè sa ki byen paske nan peyi Bondye wa a se aksyon ki konte e pale anpil pa vle di anyen (1 Korent 4 :20). Paske « menm jan yon kò san nanm se yon kadav, konsa tou lafwa nan Bondye ki pa mache ak fè sa ki byen se yon lafwa ki mouri. » (Jak 2 :26). Ou travay di paske ou gen renmen nan kè’w e ou rete fèm nan espwa ou gen nan Jezikri Senyè ou an (1 Tes 1 :3)

Kijan lafwa fè pati idantite’w nan Jezikri ?

Konfyans nan Bondye se yonn nan karaktè nesesè k’ap ede’w dekouvri plis kiyès Bondye ye e kiyès ou ye tout bon vre.

Si ou kwè ke nan Bondye ou se lanmou e ou se lespwa. Kote’w ye fòk limyè klere la menm lè sitiyasyon lavi ta vle parèt difisil, eh byen konsa tou ou se lafwa paske lanmou ak lespwa paka demere san lafwa!

 Alò en tan ke fanm ak gason ki konn Bondye e aksepte Jezikri: « Toujou pran konfyans [ou]* gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt [ou] pare tout flèch Satan an ap voye tout limen sou [ou] » (Efesyen 6 :16)

 « Menmen batay pou lafwa ou byen. Kenbe lavi ki p’ap janm fini an fèm. Paske, se Bondye menm ki te rele ou pou ou te konnen lavi sa a » (1 Timote 6 :12)

Kote lòt mounn ap kilbite, ou ka kanpe dwat paske ou gen relasyon pèsonèl ak Jezi. Si ou kwè, wa wè pouvwa bondye! (Jan11 :40 ; Matye 21 :22)

Benediksyon : « Map mande Bondye pou li ba [mwen]*, dapre richès pouvwa li a, fòs ak kouray nan kè [mwen], pa mwaye pouvwa Sentespri a, pou [mwen] ka grandi nan karaktè [mwen], pou Kris la rete nan kè [mwen] ak konfyans [mwen] gen nan li a. M’ap mande Bondye pou [mwen] pouse rasin, pou [mwen] chita byen fèm nan renmen, pou [mwen] ka konprann, ansanm ak tout pèp Bondye a, jan renmen Kris la laj, jan li long, jan li fon, jan li wo [pou lafwa’m ka ogmante e pou’m viv yon vi san limit nan idantite pam ki se lafwa nan li] » (Adapte de Efezyen 3 :16-18).

* ‘nou’ modifye pou ‘ou’ obyen ‘mwen’ pou pèsonalize vèsè yo pou devosyon an.

Tout vèsè yo sòti nan vèsyon bib HAT 98

Sonje Kiyes ou ye! Ou se lanmou. Ou se lespwa. Ou Se LAFWA!