Tag Archives: idantite

Bondye wew!

Bondye wè’w!

” Aga di nan kè l’. Ou kwè se vre se mwen ki wè moun ki wè’m lan? Se konsa li bay Seyè a yon non, li rele’l: El Wòy , Ou se Bondye ki wè’m lan. ” Jenèz 16:13

Eske’w poko janm santi’w sèl? Tankou ou nan mitan yon foul epi w’ap mande si gen yon mounn ki wèw? Se pa wè kòw men wè mounn ou ye a ak tout defo e kalite’w. Eske yo wè lè kèw ap dechire oswa lèl ap rejwi?

M te rive nan yon epòk kote m te konn mande tèt mwen, Eske Bondye wèm vre pami plis ke 7.5 billion mounn ki sou la tè? Kijan l fè konnen lè se mwen k’ap priye oswa yon lòt? Bib la di mwen espesyal pou li e lap bay nasyon pou sovem (Esayi 43:4), Kijan mwen konnen vre kem espesyal pou li?  Lè sikonstans lavi komanse  rèd e lafwam te doute e mwen mande si li wèm vre poukisa mwen soufri? Nan pawòl li di menm cheve nan tèt mwen yo konte (Lik 12:7, Matye 10:30), Pouki li kite tèl bagay fèt? Si li wè nou chak poukisa entèl pa geri? Efòm yo poko pote fwi? Anyen poko chanje?? Panse sa yo pa janm travese’w?

Mwen tout kesyon sa yo te konn banm pwoblèm jiskaske m vinn aprann de istwa Aga nan Jenèz 16 (li istwa sa lèw gen yon ti tan) kote Bondye te raple’l malgre sikontans yo pat favorab, Bondye toujou renmen’l menm jan li renmen nou chak chak jou.

Bondye te parèt sou Aga nan yon epòk kote li te meprise e abandone pou di’l ke li pa abandone’l e ke li se “El Wòy: Bondye ki wèl la” Jenèz 16:12-13. Nan dout mwen te genyen yo Bondye te raplem ke menm jan m ka rekonèt vwa paranm nan nenpòt foul oswa yon paran ka tande vwa pitit yo nan pami nenpòt kote ak anpil bwi (menm ti zannimo ka fè sa!) konsa tou Bondye sansib pou vwa’w ak pam ak pou sa n’ap andire!

Jodia Bondye vle raple’w ke li se El Wòy pou ou tou! Li wè’w nan tout sa w’ap fè, soupi ou pa ven men ranplase yo pa lafwa ni tan w’ap pase ak li nan lapriyè yo pap pèdi. Kontinye fèl konfyans e viv pou li nan renmen youn ak lòt. Li la pou ou e li pap janm lage’w (Det 20:18).  Li la pou ou nan tout bagay, sa vle OU PA JANM Sèl!!!

Ou mèt wè anpil mounn ka meprise’w jodi e ou ka pa finn konprann valèw men ou pa janm pou kont ou. Lè ou an danje li la pou sove’w (Egzòd 14:14), lè w’ap kriye li vle konsele’w (Rev 21:4). Nan li lavi ou asire e pa gen plan lenmi ki ka kanpe kont ou (Woman 8:28).

Menm Bondye ki te la nan tan Aga ak Abraham lan, se li menm ki la toujou! (Res. 23:19) Bondye wè’w e li renmen’w ak yon lanmou san fini. Li wè lè kèw ap kase an bout e li vle seche chak gout dlo ki soti nan ze’w paske chak kout dlo nan ze’w se kout kouto nan kè li. Menm jan li te restore Job li vle restore nanm ou ak kè ou pou vrè pwogrè k’ap simaye. Menm jan ak Jozèf li gen plan pou laviw (Jeremi 29:11). Li wè tout sa ou fè ki byen ak tout ou fè ki mal menl jan li sa mounn fèw. Ou espesyal nan jel e li pap janm abandone’w!  

Ann Lapriyè: Senyè mèsi paske ou toujou la pou mwen. Mwen pat panse out e ka wèm pami tout foul yo men ou demontrem ou se yon bon papa e je’w ap veye nou chak. Mèsi pou sa! El Wòy, mwen ba ou glwa paske ou se Bondye ki wèm tout bon. Ou konn tout bagay de mwen, tout sam santi, tout sa k’ap trakasem oswa fèm plezi. Mwen koute chè nan je’w e ou toujou wèm nan tout sa mwen ye kit mwen kagou oswa map rejwi. Ou konn tout sam fè oswa pral fè ak tout sikonstans k’ap vini nan fiti malgre tout sa ou damou’m pi plis e vle kem konnenw tou. Mèsi paske ou toujou ap gade e pwotejem. Mèsi anpil paske ou toujou vle sa ki pi bon pou mwen chak jou menm lè dè fwa mwen reziste’wl. Ou banm anpil valè menm lè mwen pa toujou ka wè bèl plan ou gen pou mwen men mwen fè’w konfyans. Mwen renmwen e di’w mèsi pou tout sa ou ye pou mwen. Wi, ou bon pou mwen e kèm fè lwanj ou! Amen.

Please enable JavaScript in your browser to complete this form.

Idantite’w nan Bondye:Ou fè pati yon fanmi

«Bondye te deside depi davans pou li adopte nou pou pitit li nan Jezikri, paske sa fè li plezi.» Efezyen 1:5‭‭

Depi lè Bondye te kreye’w kòm pwòp reflè lanmou ak grandè li (Jenèz 1:26), li damou’w e li te ba’w kompayon (Jenèz 2:18). Wi, Ou pa pou kòw!! Non sèlman Bondye toujou avèw men ou gen anpil lòt sè ak frè nan lafwa ki la pou ou. Intèpretasyon popilè de Jenèz 2:18 kote Bondye di li pa bon pou yon nonm rete sèl pale de koze madanm ak mouche, men se premye introdiksyon fanmi ki fèt nan bib la paske fanmi se moun ki la yon pou lòt nan bon ni nan move tan (Pwovèb 11:29).

Se yon gwoup ki la pou younn ede lòt, sipote ansanm nan renmen san tripotay, ipokrizi ak jalouzi menm jan Bondye te vle li pou nou chak nan Jenèz 2:18. Bondye pa vle nou sèl fisikman nin nan konba lafwa paske enemi nanm nou a toujou sou atak. Bòn nouvèl jodia se depi’w te aksepte Jezi, ou te adopte nan fanmi Kris la e banyè Bondye a sou ou (Efezyen 1:5; 1 Jan 3:1)!

Sa vle di ou pa sèl e ou pa bezwen fè tout bagay (kriye, soufri, grangou, rejwi, fè pwogrè, leve gwo chay oswa pitit, malad, refè, reve, etc)pou kòw paske ou pa etranje ankò. Se etranje ki mete kò yo apa e pè mele ak mounn lakay paske yon pa konn prensip kay la. Men ou ki aksepte viv pou Kris, ou se mounn kay tout kote pitit li yo ye ( tou patou)!

Efezyen 2:19-22 explike sa byen, « Se sa k fè, nou menm moun lòt nasyon yo, nou pa etranje ankò, ni moun ki depasaj. Men, se sitwayen nou ye ansanm ak tout moun nan pèp Bondye a, nou fè pati fanmi Bondye a […]nou se kay Bondye ap bati sou fondasyon apòt yo ak pwofèt yo te poze a. […]Se li menm ki kenbe tout kò kay la kanpe byen fèm, ki fè l grandi pou l tounen yon sèl kay yo mete apa pou Bondye. Konsa, nou menm tou avèk lavi n’ap mennen nan Kris la, nou antre nan batisman sa a pou nou fè ansanm ak lòt yo yon sèl kay kote Bondye ap viv ak pouvwa Sentespri li.» vèsyon HAT 98

‭‭Paske ou fè pati yon fanmi nan Bondye, gen yon gwoup frè ak sè ki renmen Bondye menm jan ak ou e ki dedye vi yo ak li ki la pou sipòte’w e ba’w kout zepòl nan tout sa w’ap fè. Lè ou soufri, y’ap soufri tou, si’w beswen priye yo mete tout sa ka yo kapab de kote pou entesede pou ou e ak you. Konsa tou lè kè’w kontan yo rejwi tou ( 1 Korent 12:26). Ou gen poto mitan lakay ou!

E se si se pa sèl ti gwoup ou wè devan jew la oswa nan asanble kote’w ye ki la pou ou, se nou tout ki kwè nan Bondye toupatou nan lemònn ki la pou ou ti doudou! Se konsa fanmi Kris la opere nan viktwa li te ranpote pou nou an deja! Lè nou viv konsa nou pote wayòm Bondye a pi plis sou tè a e fè satan wònt paske nou vle yon ak lòt reyisi nan tout sa n’ap fè (Kolasyen 3:23-24).

M pa konn pou ou men lèm lakay mwen e mwen nan pami fanmi’m mwen santim ere! Gade, mwen ouvè kòm , chante, e ri ak tout kèm  paske mwen santim alèz e byen antoure. Si mounn lakay mwen kouri deyèm yon jou, se paske m do fè yon bagay ki pa sa oswa m bliye fè yon bagay yo mandem men apre sa lanmou ak lapè renye.

Konsa tou Bondye vle nou santi nou lè nou nan prezans li e pami frèn ak sèn yo ki met konfyans yo nan li pou nou ka simaye lanmou li toupatou (1 Pyè 4:8; Levitik 19:18). Se pa sèlman lè nou nan sèvis adorasyon nou fanmi, men nou se younn kit nou nan biwo oswa nan lari kwabosal paske nou represante Bondye tout kote nou ye.

Pa rete sèl nan konba lafwa ni kite move experyans ou te fè nan « legliz » oswa move expersyans nan zamitay fèw pa jwi gwo bonè sa ki gen nan viv ansanm nan fanmi Kris. Fanmi’w fè pati idantite’w e ansanm nou pi fò! (Eklezyas 4:9; 1 Pyè 3:8; Pwovèb 17:27; Matye 18:20)!

Medite sou Efezyen 2:19-22

Ann Lapriyè: Senyè, mèsi paske ou ban mwen yon fanmi solid nan lafwa. Menm lè mwen pa pre fanmi sanm, mwen pa janm pou kòm paske ou toujou la e lòt pitit ou ye antourem tou. Dè fwa move experyans ak pwòp fanmi biologik mwen oswa perèz pou lòt mounn pa abize emosyon m konn rann li difisil poum fè lòt mounn ki sensè nan relasyon yo avèw e ki vle la pou mwen konfyans. Menm nan asanble lafwa, li parèt difisil tou poum konn kiyès ki la pou mwen vre paske se ou sèl ki konn kè lòm.

Pa pouvwa Sentespri ou a, louvri jem poum wè e aksepte bèl onè sa ki se fè pati fanmi ki nan wayòm ou a. Poutèt ou mwen paka janm òfelen nan vim paske fanmi fè pati idantitem nan ou e mwen diw mèsi pou sa. Banm fòs poum padone moun ki te fèm mal lèm tap chache apwi nan « legliz » epi yo te repousem poum ka simaye lanmou patou kotem ye. Padone’m tou pou tout fwa mwen te fè lòt mal an panse, pawòl, aksyon oswa omisyon lè yo tap chache rekonfò. Ede nou rete yon fanmi pi djanm nan renmen, pasyans, ak pèseverans san prejije jan ou vle nou ye a pou non ou ka glorifye. Nan non Jezi mwen priye’w. Amen.

https://m.youtube.com/watch?v=esjrxQXqgn4

Idantite’w nan Bondye: Ou se yon mounn chwazi!

« Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, yon bann prèt k’ap sèvi Wa a, yon nasyon k’ap viv apa pou Bondye, yon pèp li achte. Li fè tou sa pou n’ te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li » (1 Pyè 2:9 )

Anpil nan nou lè nal nan magazen pou ou achte yon rad, nou pran san’n pou mezire’l, vire avè’l, gade si’l flate kòn, pran foto avan mènm nou peye pou rad yo. Rad sa yo se rad ki pral mete a pa ni nou pa prale mete yo pamizak rad sal oswa nan poubèl. Paske yo nèf, anpil nan nou konsidere yo konsekan. Konsa tou lè Bondye t’ap kreye W li desine chak koub nan laviw ak ckak ven  nan kò’w ak anpil souplès. Jan Kris te raple nou an« Menm cheve nan tèt nou, yo tout konte. Se sak fè, nou pa bezwen pè menm: nou vo pi plis pase anpil ti zwezo. » ( Lik 12:7) 

Bondye te pran san’l e li pran tan’ l pou li fèw. Chak jou li revele’w plis de idantite’w nan li. Men jan rad nèf pa lage nan pami sak ki gen ranyon ak rad sal, Bondye mete’w apa pou li e li vle kenbew nan yon eta nèf. Bondye nou an pa nan patipri e li konnen valèw alò pa pèdi tanw nan tande mounn ki negatif ni ki pa konn valè yo vre nan Bondye paske Bondye wè’w e li renmenw anpil. Chak jou li vle fè bèbèl avèw nan pase ti tan ak li nan lapriyè oswa itilize kèw ki ranpli ak lanmou pou li ak pou frèw ak sèw yo nan konpòtmanw pou glwa li. 

Bondye chwazi’w ak plezi chak jou (1 Pyè 2:9; Jeremi 29:11). Gade ou tèlman gen anpil valè nan zye’l ke li te bay vil pa pèsòn Jezikri pou li te montre’w sa. Li achte’w ak vi l , li admire’w, chouchoute’w, pwoteje’w, e li vle menmenw pi lwen toujou! Alò dim, poukiw kite tèt ou kagou lè lòt moun meprisew paske ou deside fè sa ki dwat devan Bondye? Eske’w konnen Bondye mete’w apa pou li? Sa vle di rakinn, move jalouzi, kolè, rayisab, ipokrizi ak fè manti etc pa pou ankò.

Ou fè pati fanmi royal Bondye a e se alyans sa ki ap baw fòs pou konbat nenpòt fènwa. Leve tèt ou, fè yon ti souri paske…. Ou se pitit Wa dè wa a! 👑E ou konnen wa gen bon gou, si’l deside chwazi’w ou wè ou se gwo koze! Ou enpotan sinon Bondye pa tap chwaziw ni ou pa tap li ti rapèl sa jodia. Pa bliye kiyès ou ye zanmi pam! Si’w wè lafwa’w ap bite pou yon rezon ou yon lòt, pa trakase kè’w. Pale de sa ak Bondye paske li pap janm pa chwazi’w lè ou louvri kè w ba li.

Ann Reflechi: Pandan semèn pataje ak yon mounn ou fè konfyans (oswa nan yon jounal ou yon fason atistik) repons sou kesyon sa yo. Ou ka pataje repons ou yo avèn tou sou devosyon sa! Siw pa konn repons yo tou, pa panike. Mande Bondye ki toujou la pou koze avèw e di’w ki sekrè.

  1. Kijanw santiw lèw aprann ke Bondye chwaziw ak anpil lanmou?
  2. Kijan ou enteprete 1 Pyè 2:9 nan labi pèsonèl ou? Kijan enfòmasyon sa sou idantite’w ka transfòme lavi’w?
  3. Eske ou kwè ou se yon mounn ke Bondye mete apa pou li? Oui? Non? Poukisa?

Pa bliye Ou se respè!

Men kèk ti rapèl sou idantite’w ki se Respè a:

Sèvi byen ak tout moun ki li gran oswa timounn (Levitik 19:32). Paske “nou menm tou, nan tan lontan nou te tankou moun fou, nou pa’ t obeyisan devan Bondye, nou te tankou moun ki pèdi chemen yo.

Nou te esklav tout kalite move dezi ak move plezi. Nou t’ap viv ak mechanste, ak jalouzi nan kè nou. Moun te rayi nou, epi nou menm, nou te rayi yo tou.

Men, lè Bondye fè nou wè jan li gen bon kè, jan li renmen tout moun, li te delivre nou. Li pa’t delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou [poutè sa fok nou gen pasyans ak kompasyon youn pou lot]*. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou’n te ka viv yon lòt jan.” (Tit 3:3-5)

Rete onèt e pa lanmou ak respè pou Bondye, viv byen youn ak lot. (Efezyen 5:21)

Pa kite logèy gongle kè’w pou bon konprann (sajès Bondye) pa diminye nan ou (Pwovèb 13:24).

Ede moun ki fèb nan lafwa e pa neglije fè sa ki byen (Ebre 13:17)

Respekte komandman Bondye yo e kontinye chache li ak tout kè’w konsa wa va kontinye briye tout kote’w pase.

Pa bliye pataje ti konsèy pratik sa ak yon zanmi. Ansanm nou pifò! Ke Bondye beni’w.

*explikasyon ajoute pou devosyon an

Benediksyon: Pa pouvwa Lesentespri nan ou “chache viv ak kè poze. Okipe zafè pa nou. Travay ak men nou pou nou pa rete sou kont moun. Konsa, moun ki pa kwè nan Kris la va respekte nou, epi nou menm, nou p’ap rete sou kont pesonn.” Amen. ( 1 Tesalonik 4: 11-12)

Li t’ap ipokrizi pou nou pale de idantite nou nan Jezikri ki se respe san raple nou de respe nou dwe genyen pou peyi ak drapo nou. Bondye pa konn ere e nou dwe respekte listwa nou tou pandan n’ap fe ke nou dispose pou glwa Bondye manifeste nan lavi nou e chante sa sou drapo Ayisyen nou an di plis de di mil mo.

Ke respe, lanmou, ak lespwa jayi nan ke nou chak. Bondye vle leve pitit li ki pa selman disip li lakay men ki kanpe pou sa ki dwat e remenm peyi yo paske se li kreye nou tout ak tout peyi sou late. Si’n pa renmen peyi’n, l’ap difisil pou nou renmen pitit Bondye yo ki ladann ak priye pou otorite nou yo.

Lavi nou chak konekte e prosperite nou konekte de kote n’ap viv (Jeremi 29: 11-14). Ann kole zepol pou chanjman nan lavi nou, pou plis repe pou vil kote n’ap viv, katye nou, ak peyi nou (e lavi res mounn nan mond lan) paske yo tout se pou Bondye.

Idantite’w nan Bondye : Ou se respè

Respè oswa krentif soti nan mo Grèk timēsate ki vle di onè oswa valè. Respè vle di mete yon mounn oswa yon bagay nan yon pozisyon ki gen anpil valè. Nan Bondye nou se respè men respè nou an diferan de sa sosyete aprann nou paske li pa depann de tit ak ran sosyal. Nan zye Bondye nou tou egal e li renmen nou tout zan patipri ak yon lanmou san mezi.

Jan apot Pyè byen explike nan 1 Pyè 2 :17, Ou se repè nan Bondye paske pa gen mounn ki gen otorite, lespwa, lafwa, ak lajwa san respè ! Poutèt sa…

1. Nou dwe respekte tout mounn paske Bondye kreye nou nan imaj li (Jenèz 2). Nan respè dwe gen lanmou ki se younn nan pi gwo komand Jezi ban nou nan e kòm disip li (mounn ki chwazi viv jan li te viv la pou royòm Bondye a ka renye nan kè nou chak) nou dwe aksepte’l.

Menm jan Jezi te di nan Jan 13 : 34-35 « Men, m’ap ban nou yon kòmandman nouvo : Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an. Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye. »

Renmen pou lòt mounn parèy nou yo dwe pou tout moun kelkeswa kolè pol, nasyonalite, opinion, ak religion li. Kit yo kwè nan Jezikri oubyen yo pa kew na li paske san Jezi te koule pou nanm yo tout e yo gen anpil valè pou Bondye tou. Nou dwe kontinye fè efò pou sèvi youn ak lòt tankou mounn peyi Samari ki te ede mounn asasin te preske tiye a (Lik 10 : 30-37 ; Jan 15 :12 ; 1 Jan 3 :23).

Respè ak lanmou sa ak demontre lè pa sèlman cheche avantaj pan nou nan relasyon youn ak lòt men chazi mwayen pou lòt mounn ka sove tou nan konpòtman nou- sa vle di pa chèche detwi lòt ki a lang oswa jan nap aji (1 Korent 10 :33).

2. Respekte Bondye ki vle di Se pou nou sèvi Senyè nou an ak tout kè e ak tout nanm nou e swiv chemin li mete devan nou an. Nou fè sa lè nou ba li tout glwa ak onè li menm sèl merite nan jan ou panse, agi, ak tan ou konsakre apa pou li chak jou. (Det. 10 :12 ; Levitik 18 :4 ; Pwovèb 3 :5-6 ; Pwovèb 14 :2).

3. Respekte « wa a » nan tan pan nou an se respekte mounn ki nan pozisyon otorite (kit se nan travay nou ouswa nan leta menm lè ou pa dakò ak tout sa y’ap fè sa). Tankou pa joure yo ni fè yo sa ki mal oswa mande Bondye mal. Pito, kouvri yo nan lapriyè e mande Bondye pou ranpli yo ak Lesprisen li a pou yo ka fè sa ki bon pou tout mounn. Mande Bondye direksyon pou li montre’w kijan ou menm ou ka fè pati solisyon ou pa dakò ak otorite nan plas yo olye ou sèlam kritike yo e manke yo dega. Bondye nou an pa fè patipri e nou dwe viv selon prinsip li (Pwòvèb 28 :21 ; Lik 20 :25).

Lè ou swiv prinsip sa yo, idantite’w nan Bondye vini respè. Lè’w byen konprann sa, Bondye ak menmen’w pi lwen nan li paske san respè paka gen lanmou, lafwa, lespwa, lajwa, otorite (ki ankre nan yon relazyon ak Jezikri e ki ap pote bon fwi), padon, libète, limyè , lape, ak viktwa ke nou konnen déjà ki fè pati idantite nou nan Jezikri.

Defi pou jodia : Ki fason ou ka demontre idantite’w ki se respè nan antouraj ou jodia ?

Ann Lapriyè : Senyè, respè nan ou se yon mèvèy ! Lèm eseye imajine kijan ap ye lètout mounn ak mache nan respè ak lanmou, kèm trezayi ak lawa. Edem demontre plis respè pou ou, tèt mwen, ak lòt mounn mwen rankontre jodia ak rès vim pou non ou ka glorifye. Mèsi paske ou kontinye transfòme kè ak nanm mwen ak pouvwa lesprisen an. Ou fidèl tout bon e kèm fè lwanj pou ou bon papa ! Nan non Jezi mwen priye’w, Amen.

Idantite’w nan Bondye : Ou se limyè (Pati II)

« Se limyè nou ye pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon lavil ki bati sou yon mòn. Ni yo pa limen yon lanp pou mete’ l anba yon mamit. Men, yo mete’l sou yon etajè, pou’l klere pou tout moun ki nan kay la.  Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n’ap fè yo, y’a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la. » (Matye 5 :14-16)

Onè!! Kijan ou santi’w maten an? Kouman limyè Bondye pa’w la leve nan ou jodia??

Nan yon konvèsayon sou sijè depresyon ak doulè emosyonèl, mwen realize ak anpil motivasyon se nou tout ki dwe pran wòl limyè Bondye ban ou an pou’n ka ede younn ak lòt. Twop mounn ap pedi oswa detwi lavi yo paske yo pa konnen ke se limye yo nan Bondye! Enemi nanm nou an toujou ak eseye atake nou pou nou ka detwi tèt nou ak youn ak lòt paske li pa renmen okinn nan pitit Bondye yo (Jan 10 :10).

Nan fas ak tout soufrans ak tèt chaje ki tou patou, mwen ankouraje nou tout ki kwè nan Bondye pou priye plis youn pou lòt pou Bondye ka restore limyè li lavi nou ki inkli emosyon ak doulè nou chak paske nan li nou se lanmou, lafwa, lespwa, lajwa, otorite, lapè, padon, libete, viktwa, limyè e gen anpil lòt bagay li mete nan idantite’n ke nou gen pou’n pataje ansanm pi plis.

 Paske ou se limyè, Bondye ankouraje’w pataje kiyès ou ye tout kote ou ye. Gen anpil mounn kap soufri chak jou paske yo pa wè klè e pa konn Bondye (Matye 5 :14-16, Jan 1 :9, Jan 3 :19, Travay 26 :15-18).

Ou gen pouvwa pou ede lòt nanm konnen ak Bondye e pou yo ka vinn limyè tou pa aksyon ou ak jan ou viv chak jou (Job 33 :29).

Wi li bon pou pataje pawòl ki nan bib la avèk youn lòt men aksyon toujou pale plis fòs (1 Korint 4 :20). Tankou imajine si’w ta gen yon bon grangou, w’al nan yon resto epi yon mounn komanse pale’w de tout kizin intènasyonal ak jan yo gou, pla chèf resto a ka fè, montre’w foto, etc. tout otan yo poko goute manje e yo poko ba’w manje men yon ti pen chèch vant ou toujou ap kòde e pawòl yo vinn san valè. Eh byen se menm konsèp la ak Bondye de jan nou viv pou pataje lanmou ak limyè li.

Ou pataje limyè sa lèw sèvi ak lòt moun ak tèt ou byen (1 Jan 2 :8-11)

Paske ou se limyè mache nan limyè Bondye a menm lè bagay yo parèt nwa pou ou e mande’l ouvri je’w pou’w ka wè pi klè. Kontinye mande Bondye direksyon nan tout sa w’ap fè (Jan 12 :35-36 ; Pwovèb 4 :18-19, Pwovèb 3 :5-6)

Idantite limyè sa pa pou granmesi e ou la itilize’l pou ankouraje lot konnen kiyès Jezikri ye tout bon pou yo ka soti anba esklavaj religion (ki sèlman base sou kilti ak tradisyon san yon bon konprann ak kiyès Bondye ye) e mete aksan sou develope yon relasyon pèsonèl ak Jezi (konnen vrèman kiyès Bondye ye e kiyès ou ye nan li paske li gen yon plan espesyal pou nou chak e renmen nous an mezi). (Jan 1 :6, 2 Korint 4 :5, si’w kapab li chapit an antye)

Defi jodia : Pase yon ti tan pou observe anviwòman ou an jodia, kijan ou ka pratike idantite ou ki se limyè jodia nan li ?

Men kèk ide : Ou ka louvri pòt pou yon moun jodia oswa p ajoure, di betiz lè yon moun ta vle fè’w fache, ou ka pataje manje midi ou ak yon lòt kip a genyen, pa jete frata nan lari a menm lè ou pa wè poubèl, pase wè yon zanmi ou pa wè lontan oswa rele l nan telefòn epi priye avèl si’l dakò, di mounn nan antouraj ou a ki toujou ak travay di jan ou fyè de li e raple tèt ou pou di mounn ki rann ou sèvis mèsi (kit se peye w’ap peye yo), etc. Sa yo se sèlman kèk ide men ou ka chwazi fè sa ki pi apwoprye pou ou e pataje resilta yo avèk nou nan komantè pòs la. N’ap kontan li’w !

Priyè pou konfye idantite’w nan Bondye

« Mete tout konfyans ou nan Seyè a. Pa gade sou sa ou konnen. Toujou chonje Senyè a nan tou sa w’ap fè. Li menm, l’a moutre ou chemen pou ou pran. » Pwovèb 3 : 5-6

Senyè mesi paske nan ou mwe se lanmou, lespwa, ak otirite.

Mèsi paske mwen gen libete nan ou pa gen anyen ki enposib pou ou.

Mèsi paske ou te kreye’m nan imaj ou e ban’m otorite sou tout sikonstans lavi’m.

Ou se Bondye ki fè tout bagay e chak jou ou fè mirak.

Lèw pale tout letenite obeyi alò jodia mwen komande nam mwen, lespri mwen, ak kò mwen nan men’w.

Mwen rekonèt se nan ou sèl idantite’m asire e mwen konfye’m nan ou.

Menm jan Pwovèb 3 :5-6 di li mwen vle mete tout konfyans mwen ou e reafèmi kiyès mwen ye nan ou chak jou.

Ou gen bon kè e ou pap janm kite’m wònt, mwen remèt tout kiyès ak sam ye e reve ye nan men’w.

Gen anpil bagay ki reve’m kem mwen pa toujou konprann e genyen ki konn fèm kagou.

Mwen mande’w padon pou sa e mwen di’w mèsi paske ou konprann mwen e ou vle’m pwogrese nan lafwa ak nan tout aspè nan vinm.

Kounyea mwen konnen ou sèl se vrè sous lajwa, e mwen mande’w libere’m de tout move lide, mode defo, inkyetid, maladi, ak dout ki ta vle fèm doute’w.

Kenbe zyem sou ou pi plis pou idantite’m nan ou ka pi asire e pou glwa ou ka manisfeste nan lavi’m ak antouraj mwen.

Ke volonte’w fèt nan lavim menm jan li fèt nan syèl la ak sou tè a, nan non Jezi mwen priye, Amen.