“Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt.” Pwovèb 27:17 HAT98
Yon zanmi ki toujou la, Younn ki pa janm an reta, Yon mounn ou ka rele nenpòt moman, Ki pa janm fatigue ni arogan.
Yon bon zanmi se yon pèl ki ra, Ni lajan ni lò paka ranplase moun sa. Zanmitay ou ak li se gwo koze, Li bay lavi plis sans nan yon fason san pretans. Depiw andanje, pou’w sove’w li pa nan rans.
Korona, vyolans, ensètid, ak inkyetid lavi ka vle’w kwè’w ou poukò’w e dwe dekouraje. Men se nan moman sa menm ou dwe ale kay zanmi’w lan. Grenn mounn ki toujou konprann ou e renmen’w ak tout defo e kalite ou yo. Nan moman sa ou bezwen yon zanmi…
Ah non! Pa di ou pa ka fè lòt moun konfyans oswa ou pa vle blese. Bay lanmou yon chans nan kè’w e kite yon zanmi ab pran plas nan tout dout ou yo. Zanmi sa pwoblèm mèt a gòch adwat men depi’w kote’l tout bagay poze. Yon zanmi ki la pou siye dlo nan jew e fè’w ri lè trò ta bare pye’w.
Zanmi sa se Bondye ki renmen’w anpil la e ki vle ou rive lwen. Zanmi sa reflekte nan frè ak sè ou yo nan lafwa e fanmi ki toujou la pou priye pou ou e ak ou paske ou fè pati yon fanmi. Zanmi sa se ou tou paske pi gwo enemi lòm se tèt li. Poutèt sa fòk ou kwè nan idantite’w nan Bondye pou ou pa mache tèt bese e deklare viktwa Bondye sou lavi ou chak jou.
Nan moman sa ou bezwen yon zanmi ki kwè nan ou, sensib pou ou, e vle wè ou fleri chak jou. Zanmi sa se Jezi, se frè ak sè w yo ki renmen’w, e zanmi sa dwe ou tou.
Eske zanmitay ou yo djanm? Fè envantè paske li nesesè. Pi gwo kado a se lavi e ou genyen’l. Pwofite’l e pa bliye yon zanmi se yon trezò pou lavi. Fè kè’w kontan paske nan moman sa ou gen yon zanmi. Ou pa pou kò’w alò rejwi.
“ Men, mwen pral ba yo renmèd pou yo sa gaya. M’ap geri yo. M’ap fè yo konnen jan sa bon lè moun viv ak kè poze san okenn danje.” Jeremi 33:6
Lasante se pi gwo trezò ou posede e se li ki ba’w posibilite pou ou akompli tout rèv ou genyen e simayen pawòl ak lanmou Bondye a toupatou kote’w pase. Ak koze korona viris aktyèl, anpil mounn vinn plis apresye enpòtans lasante. Pa gen lò ni diaman ni okenn kantite lajan ki ka achte’l oswa doktè ki ka ba ou li. Bon nouvèl jodia, se ke gerizon Bondye toujou disponib e li pa gen okenn maladi ki enposib pou li geri!
Lasante pa sèlman refere de kòw lèw pa gen okinn malèz men tou de eta lespri’w, emosyon, relasyon, ak nivo esperityèl ou yo. Menm jan mo ou itlize yo afekte kalite lavi ou genyen, konsa tou yo afekste eta sante’w nan tout dimensyon sa yo (Pwovèb 16:24). Nan Jeremi 33:6, Bondye te pwomèt pou li geri mounn pèp Izrayel ak peyi Jida yo tout maladi, ba yo lasante, e fè yo kanbe ankò . Konsa Bondye fèw menm pwomès sa antan ke pitit li ke li damou anpil la(tcheke tou Jeremi 30:7,Sòm 146:8; Exòd 23:25, Ezayi 41:10; 2 Wa 20:5).
Kit ou gen pwoblèm emosyonèl, mental, espirityèl, sosyal, oswa fizik Bondye vle geri’w! Li te sakrifye lavi’l sou kwa pou kwape tout enfimite ak maladi ou ka genyen e Lesentespri li ki abite nan ou depi’w te aksepte viv pou li a non sèlman ka men li vle geri’w pou glwa li (Ezayi 53:4-6; Mat 8:1-3; 1 Korent 6:19-20).
Sak pi bèl la, pa pouvwa Jezikri ou gen otorite pou ou geri lòt mounn tou nan non li (Malachi 4:2; Mat 10; Lik 9,10; Mak 16). Non selman ou dwe e ou geri, li vle ou geri lòt mounn ou rankontre ki malad tou. Se poutèt sa younn nan idantite’w nan Bondye se Lasante! Lè’w wè maladi ap tonbe agòch adwat, pran prekosyon ki baze sou bon sans li ba ou yo (pran syen tèt ou manje bagay natirèl e ki bon pou kòw tout otan ou kapab, domi byen, redwi strès, pratike bon ijyèn, fè egzesis etc Pwovèb 17:22) men pa neglige lapriyè. Pran otorite’w sou lasante’w r invite wayòm Bondye a nan lavi lòt ki kote’w yo ki ap soufri pou yon rezon pou yon lòt paske kote ou ye, dwe gen lasante (e sa komanse nan ou e nan pase tan nan lapriyè; Det 7:12-15; Prov 3:5-4; ) e yo menm toh. Gerizon se yon kado e komandman Bondye te bay tout disip li yo e si li ou genyen tou jodia. Pa neglige privilèj sa e pase ti tan sou vèsè bib yo sou sijè sa pou apwonfondi idantite sa ou genyen nan li.
Annn Lapriyè: Mèsi paske idantite’m nan ou se lasante. Edem viv nan yon fason ki reflekte realite sa nan ou poum ka ede lòt viv nan menm pouvwa ak otorite ou bay pitit ou yo ki kwè nan ou. Bondye mèsi paske ou ban mwen lasante chak jou e ou kouvri mwen anba manto lagras ou. Mwen mande’w fè inventè tout sa ki andann e mete lavi’w ak lasante nan tout pati nan mwen ki pa an akò ak pawòl ou yo pou lajwa, lafwa, viktwa, ak glwa ou manifeste plis nan vi mwen. Konsa lavi mwen a sèvi yon testaman de egzistans ak glwa ou e plis pitit ou yo ap retounen jwenn ou lè yo experyanse menm lanmou sa.
Si mwen ta malad jodia, mwen delakre gerizon sou tout ògan nan kòm e mwen kouvrim ak san ou Jezi. Gerizon se pou mwen e mwen kwè ke mwen gentan geri pa pouvwa Lesentespri ou ki abite e ap travay nan mwen. Mwen deklare gerizon tou sou tout pitit ou yo tou ki afekte ak viris sa e lòt k’ap soufri pou lòt rezon. Mwen beni non ou e mwen di’w mèsi pou tout mounn w’ap geri nan moman sa (ajoute non yon kounn ki sou kè’w ki ap soufri pou yon rezon oswa yon lòt epi kontinye di Bondye mèsi pou mounn nan oswa pou gerizon paw). Banm fòs poum viv nan idantite sa plis e men jan ak Pyè te di nonm enfim nan : “ mwen pa gen li lajan ni lò. Men, sa m genyen an, m’ap bao u li. Nan non Jezikri de Nazarèt, leve mache.” (Travay 3:6 ) a tout enfimite mwen ta rankontre jodia. Amen.
Ak tout insètitid ki antoure nou, li fasil pou santi’n dekouraje e san fòs. Ou pa sèl (ou fè pati yon fanmi) e ou gen yon idantite ki ankre nan yon Bondye ki fidèl, ki konnen’w an detay, e ki trase plan lavi ou ak anpil lanmou ak tandrès. Lè’w pa ka jwenn mo yo pou exprime sa’w santi, pa kite perèz, chagren, ak dekourajman pran plas nan ou.
Kite pawòl Bondye yo nan Bib la yo pale pou ou pandan w’ap medite sou yo tankou Sòm 27 ki raple ou chak nan pou chwazi fè Bondye konfyans chak segond w’ap respire paske li toujou pou reponn a tan.
Sonje ke Bondye se papa’w ki pap janm kite e ou se pitit yon wa ki pa janm wè defèt, ki pap janm abandone pitit li yo, e li pat janm pèdi batay e li pap ka pèdi sa. Li mache de viktwa an viktwa e se san li k’ap koule nan vènn ou alò ou menm tou ou paka pèdi prose paske ou gen Lesprisen li nan ou depi’w lè out e aksepte lanmou san fi li gen pou a e te demontre li sou lakwa!!! Ou se viktwa e se yon asirans etènèl nan li!!!
Sòm 27 “ Seyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m’ pè? Se Seyè a k’ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m’ tranble? Lè mechan yo ap mache sou mwen, lè lènmi m’ yo ap chache touye m’, se yo menm k’ap bite, se yo menm k’ap tonbe. Menm si tout yon lame ta sènen’m toupatou, mwen p’ap pè anyen. Menm si yo ta vle fè’ m lagè, m’ap toujou gen konfyans nan Bondye. Mwen mande Senyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m’ ta pase tout lavi m’ nan kay Seyè a, pou m’ ka gade bèl bagay li yo byen, pou m’ ka pran tan m’ pou m’ kalkile nan kay ki apa pou li a. Jou malè tonbe sou mwen, l’a pwoteje m’ lakay li. L’a kache’m byen fon nan tanp li a. L’a leve’m mete yon kote pou anyen pa rive’m. Se konsa m’ap genyen batay la sou tout lènmi k’ap sènen’m yo. M’a bat tanbou, m’a ofri bèt pou touye bay Bondye nan tanp li a. M’a chante, m’a fè lwanj Seyè a. Senyè, tande’m non lè m’ap rele ou! Gen pitye pou mwen, reponn mwen non! Ou pale nan kè’m, ou di m’ vin jwenn ou. M’ap vin jwenn ou, Senyè. Pa vire do ban mwen. Pa fache, pa repouse moun k’ap sèvi ou la. Se ou ki tout sekou mwen. Pa kite’m pou kont mwen, pa lage’ m. Papa’m ak manman’m te mèt lage’m, Senyè a va ranmase mwen. Senyè, moutre’ m jan ou vle’ m viv la. Fè’ m mache nan chemen ki pa gen move pa a, paske mwen gen anpil lènmi k’ap veye’ m. Pa lage’m nan men lènmi’m yo. Yo soti pou yo touye’ m. Se yon bann moun k’ap bay manti. Mwen menm, mwen sèten m’a viv pou’m wè jan Bondye sèvi byen ak pèp li a. Mete espwa ou nan Senyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Senyè a!”
Benediksyon: Ke pawòl Bondye yo mete fòs nan feblès, lajwa nan tritès ou, lapè nan inkyetid ou yo, sekirite nan dout ou yo, ba’w plis opotinite pou kontinye grandi nan lafwa, e kenbe’w djanm nan tout sikonstans lavi a. Ke nanm ou fotifye e lafwa ou restore nan li chak jou pandan l’ap kontinye proteje ou ak tout fanmi e itilize’w pou glwa li tout kote ou pase.
Senyè ou se sèl fòs mwen e san ou mwen ka fè anyen. Se nan ou ou mwen jwenn idantite’m, avni’m, bi lavi’m ak sekirite’m. Nan moman sa lemònn nan boulvèsè anpil e laperèz sou tout fòm vle renye. Mwen konnen se ou sèl ki gen denye mo e ou damou’m ak lòt pitit ou yo, Alò m’ap aji lafwa’m nan ou e ajoute vwa’m ak lòt frèm ak sèm yo nan ou k’ap rele’w. Mèsi davans paske ou koute tande’m lèm ap lapriyè, toujou disponib pou nou koze, e ou repònn.
Nan noman sa mwen bezwen tande’w plis, tanpri fè’m santi’w tout pre’m pi plis toujou. Louvre jem pou’m wè’w pami tout chanjman sa anviwònman mwen yo ak lemònn ap andire. Sitou sou koze pandemi viris COVID19 sa ki vle deglanche lagè nan lavi ak lespri nou.
Se pa volonte’w pou nou malad ni nan laperèz chak jou pou lavi ak avni nou (Ezayi 53:5; 2 Tim 1:7) E papa koze viris sa ap peze nou anpil. Mwen vle wè glwa nou manifiste pi plis nan moman sa! Mwen mande’w gras pou tout lapèn nou fè’w lè nou ap inkyete e bite sitou lè kriz piblik ak aflije lavi espirityèl nou. (1 Kronik 16:11; Matt 6:33)
Viktwa a se pou ou e mwen fèt ak lwanj ak kompliman pou ou!!! Lwanj ak lapriyè yon kè ki gen lafwa asire nan ou se yo ki fèw plezi (Heb 1-11) E yo se pi gwo antidòt ki egziste nan tout sikontans! Pa sèlman antidòt kont pandemi viris ki ka detwi kò men tou kont sa yo ki ka detwi nan nanm nou tou tankou vyolans, rayisans, jalouzi, negativite (nan lespri ak mo nou itilise), kolè, rankinn, dout, laperèz etc. Pa gen mirak ou pa ka fè ou menm ki te leve Laza nan tonbo ( Jan 11:38-44), fè avèg wè, bèbè pale, e soti nan pami yo pou ou te ba nou lavi ètènèl! (Mak 9:27-30; Matye 15:31; Mak 16; Lik 24)
Pawòl ou banm fòs ak lafwa e mwen deklare ke epidemi sa fini nan ou, Jezi! Mwen deklare viktwa tou sou tout perèz, negativite, ak dout nan non ou Jehovah Jireh et Tsidkenu! Papa, geri tout moun ki malad nenpòt kote yo ye kounyea pandan y’ap agi fwa yo nan ou. Detwi viris k’ap sakaje kò pitit ou yo patou nan kote yo ye e voye viris sa ak tout krent li vini ak yo al nwaye nan fon lamè wouj pou disparèt sou teritwa tè sa ou ba nou. Mèsi paske ou ap kontinye pwoteje sila yo ki an sante e pou agrandi lafwa nou chak nan eprèv yo.
San ou te koule sou lakwa pou tout chay sa yo e ou peye dèt kit e sou lavi nou yo deja! Nan ou jwenn bon libète a! Mwen beni non ou e fè lwanj ak konpliman bon Papa paske pitit ou yo pap jan soti wònt. Mèsi!!!!! Amen.
“Paske, Lespri Bondye ban nou an pa fè nou wont moun. Okontrè, Lespri Bondye a ban nou fòs, renmen ak pouvwa pou kontwole tèt nou.” (2 Tim 1:7)
Nan lavi li fasil pou dekouraje lè ou wè tout bagay ta vle fè nwa sitou nan moman konyea kote vyolans ak insekirite ap simaye toupatou. Lè nou fè fas ak difilkte lavi, nou ka itilize mo nou yo nan fason ki negative e pawòl sa yo ka fè nou dekouraje.
Mo nou yo tèlman gen pouvwa nou ka dekouraje tèt nou epi n’ap panse se djab k’ap fè nou depafini oswa ki enpeche nou avanse. Se sak fè li imperatif pou’w gen kontwòl panse k’ap pase nan tèt ou, mo k’ap soti nan bouch ou lè w’ap fè Bondye konfyans nan lapriyè, e ak ki mounn w’ap koute lè y’ap baw konsey. Li pap fasil pou ou wè men Bondye ki toujou ap travay pami ou nan mitan tout zeprèv si ou lespri ou negative oswa dekouraje. Dekoujman ak desespwa pa pou ou paske nan Bondye idantitie ou se kouraj.
Ou se kouraj paske:
Kouraj se yon pwomès Bondye ba ou paske ou se lapè. Nan Jan 14:27, Jezi pwomèt “M’ap ban nou kè poze. M’ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p’ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.” Jan 14:27
Ou gen anpil espwa nan Bondye e ou gen aksè ak li pa lapriyè, “mete espwa ou nan Senyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Senyè a!” Sòm 27:14
Ou gen sekirite tout kote ou pase. Menm jan David te di, “Menm si m’ap pase nan yon ravin kote ki fè nwa anpil, mwen p’ap pè anyen, paske, Senyè, ou la avèk mwen. Se baton ou ak gòl ou ki fè kè m’ pa kase” Sòm 23:4; 91.
Ou pa janm sèl. Se sak fè Det 31:6-8 raple nou menm jan li te raple Moyiz: “Sepou nou vanyan. Se pou nou mete gason sou nou! Nou pa bezwen pè. Pa tranble lè yo (ninpòt sitiyasyon ki ta vle fè’w bite)* parèt devan nou. Senyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Li p’ap janm lage nou, li p’ap janm kite nou pou kont nou. […] Senyè a va pran devan ou, l’a kanpe la avè ou. Li p’ap janm lage ou, li p’ap kite ou pou kont ou: Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen tranble.” Det 31:6-8
Lespri sen toujou la pou gide’w. 2 Tim 1:7
Kenbe lafwa nan Bondye nenpòt sa ki ka rive. Paske ou gen otorite sou tout sikonstans, “Pa bliye kò nou. Kenbe fèm nan konfyans nou. Mete kouraj sou nou. Pa moutre nou fèb.” 1 Korent 16:13
Se yon komandman Bondye ba ou. “Chonje lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Senyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.” Josye 1:9
Benediksyon: “Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Senyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an. Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n’a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an.” 2 Korent 1:3-4
“Nou tout pèp Senyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p’ap janm manke anyen. “ Sòm 34:10
Bòn nouvèl pou ou maten an! Zanmi, ou pa manke anyen nan Bondye! Eske’w kwè e konnen sa? Tout sa ou beswen, Bondye konnen yo e li vle ba ou yo men li toujou vle prepare kè’w pou resevwa benediksyon yo avan (Sòm 34, Prov 3:5-6, Matye 7:9, Lik 11:11).
Ou se grenn pitit ki chè pou li anpil se poutèt sa li toujou renmen wè lè kè’w ap rejwi e lè ou asire idantite’w ak kè’w nan li tout bon, w’ap realize vre ke ou pa manke anyen. Paske Senyè a se li ki sous ou e se li menm ki gen kontwòl tout bagay! (Sòm 24; 1 Korent 10:26)
Jodia pandan w’ap koze ak Bondye nan kèw, medite sou Sòm 34. Bondye vle konble tout dezi kè ou yo ki an akò ak pawòl li yo sèlman fè’l konfyans e ba li espas pou li repòn nan fason ak nan lè pal. Asire’ w sou bonte ak bon plan li pou lavi’w (Jeremi 29:11-13). Ou pap regrèt ni wont lè’w fè sa paske Bondye gen bon kè e li damou’w!
Sòm 34 Lwanj pou Bondye pou Bon kè li
“(2) Se tout tan m’ap di Senyè a mesi, mwen p’ap janm sispann fè lwanj li. (3) M’ap fè lwanj li pou sa li te fè. Se pou tout moun ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan. (4) Mete tèt nou ansanm avè m pou fè konnen jan Senyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm!
(5) Mwen te kriye nan pye Senyè a, li te reponn mwen. Li delivre’m anba tout sa ki t’ap fè’m pè yo. (6) Lè nou vire je nou gade’l, sa fè kè nou kontan. Nou p’ap janm wont. (7) Lè moun ki san sekou yo rele’l, li reponn yo, li delivre yo anba tout tray. (8) Zanj Senyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje.
(9) Goute, n’a wè jan Senyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li! (10) Nou tout pèp Senyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p’ap janm manke anyen. (11) Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k’ap chache fè volonte Senyè a p’ap manke anyen.
(12) Vini non, timoun mwen yo, koute sa m’ap di nou. M’a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Senyè a. (13) Ki moun ki ta renmen jwi lavi? Ki moun ki ta renmen viv lontan ak kè kontan? (14) Se moun ki pa lage kò yo nan pale moun mal ni nan bay manti. (15) Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tout sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun. (16) Senyè a ap veye moun ki mache dwat devan l yo. L’ap koute yo lè y’ap rele nan pye’l.
(17) Men, Senyè a vire do bay moun k’ap fè sa ki mal, pou pèsonn sou latè pa janm chonje yo. (18) Lè moun ki mache dwat yo rele’l, li tande yo. Li wete yo anba tray. (19) Senyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa. (20) Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou’l soufri anpil. Men, Senyè a ap delivre’l anba tout soufrans li yo. (21) L’ap pwoteje l nèt ale. Pa yon ti zo nan kò’l p’ap kraze. (22) Malè gen pou fini ak mechan yo. Moun ki pa vle wè moun k’ap mache dwat yo gen pou yo tonbe anba chatiman. (23) Senyè a ap delivre moun k’ap sèvi”l yo, li p’ap kondannen okenn moun ki chache pwoteksyon bò kote’l.”
“Rekonpans yon moun chita sou sa ki soti nan bouch li. Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w’ap jwenn.” Pwovèb 18:20-21
Mo ki soti nan bouch ou ak lide’w yo gen anpil vale. Mò tèlman gen pouvwa se avèk pawòl li Bondye kreye tout linivè a (Jenèz 1:3). Paske ou fèt nan imaj li ( Jenèz 1:26), pawòl ou yo gen anpil pwisans e kreye linivè w’ap viv la.
Bondye tèlman fè’w konfyans li ba ou mwayen pou kreye menm jan ak li e fè bèl bagay ak lavi’w nan istwa lanmou l’ap ekri avè’w la ak pawòl ki soti nan bouch ou! Lavi (abilite pou kreye oswa konstwi, develope rafine pou epanouyi talan ak konesans) oswa lanmò (abilite pou detwi, detwi, fè sabotaj) se nan lang ou li ye. (Pwov. 18: 4,20-21)
Avèk mo ou yo ou kreye oswa detwi
fiti ou e ankouraje oswa dekouraje tèt
ou ak lòt mounn ki bò kote ou yo tou.
Gen de lè ou ka panse se djab kap manje’w pandan ke se panse ki nan tèt ou ak pawòl w’ap deklare sou viw, ak lantouraj ou k’ap mennen’w deyè ( Pwovèb 23:7). Anpil fwa ou konn ap mande Bondye pou li di yon mo alòske kouw finn lapriyè ou di di mil mo ki kontrè ak sa n’ap tann Bondye di a san’w pa ran ou kont ki ka fè repòns priyè a mize anpil. Se youn nan rezon ki kòz apot Pòl te raple nou pou nou kenbe lide nou yo sous a ki korèk, wat, bèl e ki pap fè nou wont (Fil. 4:8).
Sa ki pa korèk se bagay tankou: touye mounn ak lang ou (tripotay) ak avili lòt moun (Prov 11:9-13); pa peye dèt (Pwov 11:15); fè penng (Pwov 11:225); mete konfyans nan byen materyèl (Pwov 11:28); negativite ((Pwov 16:24), bay manti (Pwov 10:31, Sòm 34:13-14), ògèy, fè maji, sèvi zidol, jalouzi, rayisman, kòlè san kontwòl, fè klan, chirepit, fè tafyatè ( Galat 5:19-26), etc.
Anvan’w kite mo yo soti nan bouch
ou oswa kèk lide nan tèt pi pap edew vanse, sonje tout sa ou di gen enpòtans e
ou kreye inivè ou ap viv la ak realite ou experyanse chak jou (Matye 15:11-18).
Pran kontwòl pawòl k’ap soti nan bouch ou jodia ak lide ou yo. Refise tout panse ak mo ki pa an akò ak pawòl Bondye sou vi’w ak sou lantouraj ou (tcheke Jeremi 29:9-13). Fè atansyon ak tout sa w’ap di e kwè ke y’ap realize epi wa wè jan lavi’w ap transfòme! (Mak 11:23; Women 10:10; Efezyen 4:29; 1 Jak 3:10).
Lè’w
gen kontwòl bouch ou, ou gen kontwòl sou lavi’w e ou bay Bondye plis plas pou
manifeste glwa li nan ou e travè ou (jak 3:2-4). Repran lavi’w jodia! Chwazi mo
ki bay lavi ki soti nan pawòl Bondye yo.
Pa bliye apiye’w ak tout fòs ou sou Sentespri Bondye a pou li ede’w fè sa paske lenmi nanm ou an gen anpil riz e chak jou l’ap atake lespri’w ak move lide oswa mete sitiyasyon sou wout ki ka fè’w bite.
Sa pitit Bondye yo deklare sou late se yo k’ap akonpli paske nou gen tout otorite ak pouvwa sou satan ak tout kolòn li yo k’ap gouvènen.
Mande
Bondye (ak nenpòt lòt mounn ou ofanse ak bouch ou oswa atitid) padon epi komanse
itilize pouvwa lang ou pou konstwi ak simayen lanmou Bondye a tout kote’w pase!
Ann Lapriyè: Bondye, mèsi paske ou ban mwen tout otorite ak pouvwa sou tout move panse ak move mo ki ka soti nan bouch mwen. Netoye kèm poum toujou sèvi’w ak senserite e pale pawòl ki fè ou plezi e ki ka ede frèm ak sèm yo grandi tou. Aprann mwen pale byen e deklare viktwa ki soti nan pawòl ou yo sou lavim ak antouraj mwen. Mete yon kontwòl sou lang mwen ak kè mwen e ban mwen plis obeyisans nan poum ka toujou fè sa ki dwat nan ze’w ak devan lezòm.
Mèsi paske mwen pa sèl nan chanjman sa e pou Sentespri’w k’ap gidem ak chak moman. Mwen beni non e mwen aligne tout viva k fanmi’w ak peyi’m ak pawòl ou yo ki bay lavi ak kè poze. Pa gen anyen lenmi an ka fè pou detwi plan ou yo pou nou e mwen di’w mèsi pou sa tou. Mwen fè’w konfyans paske se ou ki gen deny emo e pwomès ou fidèl. Amen