Tag Archives: idantite

Louvri je’w pou ou konprann idantite’w

” Je ou se lanp kò ou. Si je ou nan bon eta, tout kò ou nan limyè. Men, si je ou nan move eta, tout kò ou nan fènwa. Se sa ki fè si limyè ki andan ou la se fènwa li ye, se pa ti fè nwa anndan ou fè nwa.” Matye 6:22‭-‬23 HAT98

Je oswa zye (jan kèk mounn ekri’l) nan kò ou enpòtan pou fònksyone byen. Jan Matye 6: 22-23 explike, yo sèvi kòm limyè pou klere pye’w. Yo se younn nan bousòl ki pou ede oriante ou tout kote ou pase. Yo ajoute yon gou patikilyè nan lavi chak jou tankou sèl. Yo ka sinyale danje, konekte ak lòt mounn pou pataje emosyon ak experyans, pran plezi admire mèvèy lavi, elatriye. Se sak fè lè je yon mounn gen pwoblèm sa ka vini yon gwo endikap ak danje pou mounn sa ak sila yo ki nan antouraj li tou.

Menm jan je nan kò ou nesesè pou nan bon eta konsa tou “je” esperityèl ou ki fè pati entegral idantite’w nan Bondye dwe fonksyone byen. Se yo ki ap fasilite’w pou ou wè sa je natirèl ou yo pa gen kapasite pou montre’w. Efezyen 6:12 raple ou menm ki ankre idantite ou nan JeziKri gen yon konba espesyal, “Paske, se pa ak moun [ou]* gen pou [ou]* goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k’ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a”. Se yo ki ap ede ou wè tèt ou, enviwònman kote’w ye, ak sikonstans ou yo nan pèspektif etènèl Bondye (Jeremi 29:17).

Lè “je” espirityèl ou yo louvri ou ap wè klè (Matye 6:22, Pwov 21:2; 23:17) e rantre nan yon lòt dimansyon entimite ak Bondye. Konsa lavi ou va tenmanwe pwisans ak otorite li e viv nan abondans li te kreye an avans pou ou ak sosyete kote ou ap viv la (Jeremi 29: 4-7; 11-14). Se sak fè li enpòtan pou ou abiye’w pa lafwa nan chak moman pou ou kapab viv nan otorite, viktwa, lajwa, entegrite, jenerozite, sajès ak bon konprann ou genyen kòm eritaj nan Bondye.

Kenbe “je” ou yo nan bon eta vle di pou ou fè tout efò ou kapab pou ou pa kite lògèy, rankinn, regrè, laperèz, ak move lide gonfle kè ou (Pwovèb 4:23). Koze ap Bondye souvan pou li ka ede ou egzaminen kè’w e sanktifye ou . Le sa “je’w” yo va sèvi ou tankou yon antènn sou tèt yon bèl mònn byen wo ki resevwa bon signal pou ou konprann e konnen byen vit lè se Sentespri Bondye ki ap gide ou oswa pwòp dezi ou yo k’ap mennen’w nan nenpòt chemen.

Ke Bondye louvri je ou yo e kenbe yo fixe sou li pou ou ka wè tout opòtinite li mete sou wout ou. Ke li ba ou fòs ak kouraj pou ou ranmase yo ak bra louvri. Se pou ou pèsevere, reve, rete vanyan, e ankre idantite’w nan JeziKris pi plis chak jou pou simayen lanmou ak limyè li tout kote ou pase.

Ann Lapriyè:

Bondye mèsi paske ou kreye je natirèl ak esperityèl mwen yo pou ede’m grandi nan yon lot dimansyon avè’w. Louvri je’m yo pou’m ka wè ou pi byen ak chak moman e pote lanmou ou, lapè, lajwa, ak padon tout kote mwen pase. Korije tout vizyon ki pa korèk e banm linèt ou lè nesesè. Mwen soumèt tout nann mwen, kòm, lespri, dezi, ak emosyon mwen yo nan men’w pou mwen devni yon pwa lou pou wayòm ou chak jou pi plis nan non Jezi mwen priye. Amen.

Ou se sèl latè

“Se sèl [ou]* ye pou moun sou latè. Si sèl la pèdi gou’l, ak kisa pou yo ba li gou ankò? Li pa vo anyen ankò. Se jete pou yo voye sa jete deyò, pou moun pile sa anba pye yo.”
Matye 5:13 HAT98 * adapte pou devosyon an

Sèl ka parèt yon bagay komen paske yo sèvi avèl sou plizyè fòm men li gen anpil enpòtans ak divès aplikasyon. Men kèk egzanp, nan kizinn, anpil mounn itilizel lè y’ap fè manje oswa prepare ak prèsève sèten pwodi tankou vyann ak anpil lòt aktivite. Manje a ka bèl jan’l vle, depil pa gen yon ti sèl brip- anpil mounn ap tou kouri kite’l sou tab la! Ou poko jwenn yon manje konsa lakay ou oswa nan restoran? Kijan’w te santi’w?

Sèl gen kalite antiseptik tou e yo itilize’l pou jere enflammasyon ak fè kèk tretman. Gen yon vèsyon sèl espesyal ki ilitize pou trete dlo pou mounn itilize pou detwi anpe mikròb. Nan peyi frèt, gen yon lòt kalite ki itilize pou fè nèj fònn vit e tè a pa glise anpil pou mounn ka fònksyone ak mwens danje, elatriye. Sèl gen anpil enplikasyon alimentè, medisinal, relijye, indistryèl, ak esperityèl tou nan anpil sosyete sou fas tè a e li konsidere kòm yon ajan pou presèvasyon ak pirifikasyon.

Sèl se yon bagay ki presye de jenerasyon an jenerasyon. Avèk konesans ak pwogrè lasyans, kounyea yo ka bay sèl anpil koulè men pandan anpil tan, sèl te konsidere kòm ” lò blan” pou enpòtans li nan kilti, ekonomi, relijyon, ak sosyete a. Pa egzanp, nan tan Women yo, sèl te itilize kòm lajan pou peye solda yo pou sèvis yo. Se la tou etimologi tèm “salarye” ki itilize jounen jodia soti.

Bib la chaje metafò paske Bondye renmen itilize eleman ke ou jwenn byen fasil nan enviwòman ou pou ede ou konprann pi byen mònn esperityèl la kote idantite ou soti nan li. Nan Matye 5:13, li revele ou se sèl tè.

“[ou]* se sèl latè; men si sèl la pèdi gou li, kijan pou’l fè’l rekouvri gou sèl ankò? Li p’ap bon ankò sof pou voye jete e pile anba pye moun.”
Matt 5:13 vèsyon BSA

Wi, ou menm zanmi ou se sèl tè a.

Ou gen kapasite pou bay “tè” a, ki se lavi, gou. Gou w’ap bay la soti nan jan ou konpòte tèt ou, simayen lanmou, lajwa, lespwa, respè, inite, jistis, lapè ak lafwa ki soti nan konfyans ak entimite ou genyen ak Bondye tout kote ou pase.

Tankou sèl, ou presye. Lide ou yo ak aksyon ou yo konte. Yon manje san sèl pa toujou gen menm valè ak apresyasion ke lè li genyen. Konsa tou mònn la ap manke “gou” san ou menm ki gen konesans de idantite’w nan Bondye e viv li nan tout sikonstans.

Ou se “lò blan” Bondye e ou egziste pou enfliyanse tout sèktè kote Bondye rele’w kit ekononik, kiltirèl, relijye, animasyon, atistitik, politik, elatriye (Kol 3:23-24; 2 Tim 2:15; Pwov 16:3). Enpak ou fè ap dire e gen plis enpòtans ke’w ka imajine (Ekl 3:11).

Pandan w’ap simayen pawòl Bondye nan konpòtman’w, kwayans ou, jan ou vanyan, pwoteje anviwònman’w, viv nan entegrite, padone, gen pasyans, e kenbe fèm nan lafwa, w’ap fè plas pou wayòm Bondye (ki se volonte’l pou chak pitit li viv byen e pote bon fwi). Asirans ou nan li malgre tout bagay k’ap pase nan sosyete a ap pwopaje limyè li sou tout fòs fènwa. Menm jan ak Habakik 2:15, ou konnen ke tout tè a gen pou’l ranpli ak glwa ak konesans Bondye (tcheke tou Ps 24:1).

Kalite “sèl” ou ye ap temanye nan mo ou chwazi yo pou pirifye ak edifye, pou kreye lavi e non kritike san sès, pèseverans ou pou’w toujou leve, ekraze logèy ou pou ou ka viv nan jenerozite ak lasante. Li ap temwanye tou nan jan’w pran swen tèt ou, abiye’w pa lafwa, e sonje kiyès ou ye.

Ou se mounn chwazi.

Ou se limyè ak sèl tè.

Tankou sèl ki ka ti grenn, gwo grenn, oswa fen, kelkeswa kijan’w ta ye jodia, wotè’w, longè cheve’w oswa’w chòv, koulè po’w, laj ou, fanmi ou ta soti ladann, ak kondisyon fisik ou, depi souf Papa ki damou’w la nan ou se pou ou pote fwi e touye move zèb ak lanmou tout kote ou pase.

Ou se yonn mounn espesyal ki ranpli ak talan.

Ou pote glwa Bondye tout kote ou pase e ou fè pati yon fanmi. Ou pa janm pou kò’w.

Ke revelasyon de idantite sa nan ou ki se “sèl” redouble fòs pou ou pa pèdi gou salè’w (lafwa’w ak fòs ou pou kontinye kwè nan Bondye e fè sa ki byen devan jan’l ak pou ede younn ak lòt). Paske Sentespri Bondye nan ou, ou pap janm pèdi gou depi’w rete atache e koze ak li.

Ke Bondye lavi a ba’w detèminasyon, vizyon, ak konviksyon pou wayòm li etabli nan kè’w ak pa chak grenn mounn ou rankontre ke de manyè dirèk oswa indirèk. Se sou kont li sèl ou ye. Apiye sou li pi plis a chak moman.

Kontinye vanse e viv nan viktwa ak otorite ou genyen nan Bondye. Ke non li egzalte nan ou ak lavi ou chak jou pi plis pou ou reyisi misyon li mete sou lavi’w yo pou glwa li!

Ann Lapriyè

Senyè mèsi pake ou chwazi’m kòm sèl tè a poum presève e simayen lanmoun otantik ou genyen pou chak grènn pitit ak kreyasyon ou yo. Pa pouvwa Sentespri, se pou mwen pozitifman enfliyanse tout kote mwen pase soti nan lakay mwen, “kizinn mwen” (panse’m, aksyon’m, konviksyon’m yo), katye’m, vil kote mwen pile, ak peyi’m pou wayòm ou etabli nan kè ak lavi nou chak. Ke volonte ou fèt sou tè sila tankou li fèt nan syèl la. Nan non Jezi. Amen.

Ou se chanjman e ou sou kont Bondye

Lè pou chanjman pozitif fèt laperèz ak dout toujou cho devan. Emosyon sa yo nomal paske anpil nan mounn ap viv ak yon idantite ki enpose men ki pa soti nan Bondye. Men ou menm fòk ou konnen ou se yon ajan chanjman (Efezyen 2:10; 6:12; Women 6:2) .

Ou pa bezwen pè. Ou sou kont Bondye (Ezayi 46:4-9; 43:1-7). Sa vle di l’ap gide’w, pwoteje’w, pirifye’w, grandi’w, ba’w lajwa, e dolote’w tou lè ou nan chagren. Sèlman koze ak li pou ou konnen domèn espesyal li kreye’w pou kite enpwent li a travè lavi ou.

Idantite’w kòm chanjman ka parèt dwòl(Ezayi 43:18-19). Depi tikakat, lespri’w ka twouble paske anpil mounn ta vle’w kwè lavi ou depann de politisyen, lòt sitawyen, mwayen finansyè, parènn ak marènn, oswa gouvènman. Pawòl tankou “se leta ki pa fè travay yo”, “ou pa leta ou ka fè anyen”, “se fòt leta”, “fòt mounn rich yo”, “siw pa gen je vèt ou pap anyen” elatriye fè kenken. Anpil nan filofi kilti ki antoure ou ta vlè’w kwè fòk ou abiye yon mòd jan, woule yon sènten machinn pou ou montre ou se yon “siksè”. Komsi fòk ou ta pitit soyèt pou gagne yon ti pen e viv byen menm yo pa kole sou Bondye menm si se li ki bay tout sa ou genyen ak ti souf la (Sòm 24:1-2).

Lavi ou pa yon aksidan ni li pa depann de lòm ki inkli gouvèmman, èd sosyal, edikasyon fòmèl, eltatriye. Ou se yon mounn chwazi, ki rich, talantye, jenere, e ou gen kouraj ak viktwa. Mo ki soti nan bouch ou gen anpil otorite ak valè. Mande Bondye sajès ak bon konprann pou’w vanse pi devan e kontinye konbat nan lafwa (2Korent 10:4-5).

Se dwa’w ak devwa’w pou ou pwogrese. Pwogrè pa vle di sèlman ale lekòl pou gen yon metye ak fè plis kòb. Li bon pou kontribisyon ou yo pozitif nan sosyete a e pou ou viv alèz men li enpòtan anpil pou grandi nan idantite’w nan Bondye e aplike chak ti pwen. Reve ankò e vanse. Konsa wa pote chanjman pou glwa Bondye manifeste nan ou e a travè de ou tout kote’w pase.

Ou fèt pou briye paske ou se limyè. Pa inkyete’w kijan bagay yo pral dewoule. Lapriyè pou’w kenbe fèm e reyizi e kontinye mande Bondye direksyon epi li va kondwi’w paske ou sou kònt li sèl. Fanmi, zanmi, solda lanmou, lajwa, lafwa, ak lespwa, reveye. Nou chak ki gen kwè nan Jezi Kris bezwen’w. Sonje kote fòs ou soti. Leve.

Chwazi lavi. Chwazi kanpe sou pwomès Bondye yo pou tranfòme lavi’w, kominote’w, avni’w ak kolòn ou pou yon demen miyò pou jenerasyon pa’w, sak la avan, e sa k’ap vini yo. Bondye vle ou pwospere nan tout aspè nan lavi’w inkli finansyè e li preokipe anpil ak nanm ou, ak idantite’w pou ou ka konnen vre valè’w ak wòl ou nan sosyete sila paske ou se yon ajan chanjman(Tcheke Women 12:2; 2 Korent 5: 17; Jeremi 29-8-11; 1 Jan 4:4-6; Detewonomi 28:11-12; Pwovèb 10:22; Pwovèb 11:24; 2 Korent 9:6-8; 2 Korent 8:9; Efezyen 3:16-20)

Pran yon ti tan pou sonje tout wout Bondye fè avè’w, vitkwa li ba ou yo, mèvèy souf sa ak konesans li ba ou (ki pa soti nan lòm. Redouble ak fòs ou paske mizerikòd, kontantman lè l’ap admire’w, zanmitay li, fidelite ak konpasyon li pou ou pap janm fini.

Ann medite ansanm sou pwomès Bondye pou ou jodia

“[Ou] * menm fanmi Jakòb yo, ti rès ki rete nan fanmi Izrayèl la,
[Ou] * menm mwen te pote nan men depi jou [Ou] * te fèt la,
[Ou] * menm mwen te soutni depi nan vant manman [ou]* an,
koute sa m’ap di [ou] * byen:
M’ap toujou aji konsa ak [ou] * jouk w*’a vye granmoun.
M’ap toujou soutni [ou] * jouk n’a gen cheve blan.
M’a pote [ou] * nan men m jan m te toujou fè l la. M’a pran [ou] * sou kont mwen, m’a delivre [ou].
Ak ki moun [ou] * ta konpare m? Ki moun [ou] * ka di ki sanble m?
Ki moun [ou] * ka mete bò kote m ki tankou m?”

Ezayi 46:3-6, * adapte pou devosyon an

Rete beni.

Bondye pa bliye’w

” Senyè a reponn: — Eske yon manman ka bliye pitit l’ap bay tete? Eske li ka pa sansib pou pitit ki soti nan zantray li? Menm si yon manman ta rive bliye pitit li, mwen menm, mwen p’ap janm bliye [ou]*!” Ezayi 49:15 HAT98

Kit se yon sezon w’ap rejwi oswa ou santi fòs ou ta vle febli,
Bondye la avè’w e chak jou li vle fè’w souri.


Gen de sikonstans w’ap pase nan lavi ki ka fè’w santiw dekouraje.
Lè’w gade kijan lemòn ap degringole, li ka fè tout kote’w pase ou santi’w andanje.
Sitiyasyon sa yo ka fè’w viv nan yon strès ak ansyete pèmanen e bliye idantite ou nan Bondye.

Tankou yon klorat ki eklate twò prè’w ki ta vle pete je’w,
Konsa lenmi nanm ou ta vle ou dekouraje e kenbe nan chèn prizon mantal san pyew ni men’w pa mare.

Ale nan sous la.
Pawòl li senten.
Se la repons w’ap chèche yo ye.
Pa bliye pouwa lapriyè.
E kwè ke Ou pa pou kò’w.
Sentespri Bondye nan ou.
Ou pa janm pou kont ou.

Bondye pa bliye’w.
Leve je’w anlè. Egzalte non li e ba li glwa ak tout kè’w.
Sonje kiyès ou ye.
Nou menm tou nou la avè’w.
Menm lè ou pa li nou menm jan souvan,
N’ap priye pou ou paske nou se yon fanmi e renmen’w.
Kenbe fè’m.

Ann Medite Ansanm sou Ezayi 49:14-23

” 14 Men, pèp lavil Jerizalèm lan t’ap di: — Senyè a lage nou. Mèt la bliye nou.

15 Senyè a reponn: — Eske yon manman ka bliye pitit l’ap bay tete? Eske li ka pa sansib pou pitit ki soti nan zantray li? Menm si yon manman ta rive bliye pitit li, mwen menm, mwen p’ap janm bliye [ou]*!

16 Non [ou]* tanpe nan plamen mwen.[Ou]* pa janm soti nan lespri mwen.

17 Men moun yo ki pral rebati lavil la ap vini! Moun yo ki t’ap kraze [ou]* yo, ki t’ap piye [ou]* yo, y’ap met deyò.

18 Senyè a di: – Voye je [ou]* toupatou, gade sa k’ap pase. Tout moun [ou]* yo ap rasanble, y’ap vin jwenn [ou]*. Mwen sèmante sou vi’m: [ou]* pral kontan wè yo lakay [ou]*, Se va tankou lamarye kontan lè bèl rad nòs li sou li. Se Senyè a menm ki di sa.

19 Peyi [ou]* an te fin kraze. Peyi a te fin ravaje. Men, kounyeya li pral twò piti pou kantite moun k’ap rete ladan’l. Paske moun ki t’ap fini ak peyi a, yo pral voye yo jete byen lwen [ou]*.

20 Yon lè, pitit [ou]* te kwè ki te pèdi nèt yo, n’a tande yo ap pale nan zòrèy [ou]*, y’a di [ou]*: Peyi a twò piti pou nou. Ban nou kote pou nou rete.

21 Lè sa a, n’a di nan kè nou! — Kilès ki te fè tout pitit sa yo pou nou? Nou te pèdi tout pitit nou yo. Nou pat kapab fè pitit ankò. Yo te depòte nou, yo te vire do ban nou. Ki moun ki te elve tout pitit sa yo pou nou? Nou te pou kò nou. Kote yo sòti menm?

22 Men sa Senyè a, Bondye a, di ankò: M’ap fè nasyon yo siyon ak men m. M’ap leve drapo m pou m avèti pèp yo. Se yo menm ankò ki pral pran pitit gason nou yo sou do yo, k’ap mete pitit fi nou yo sou zepòl yo pou mennen yo tounen lakay nou.

23 Wa yo pral tankou papa pou nou. Pitit fi wa yo pral sèvi nou nouris. Y’ap ajenou devan nou, y’ap bese tèt yo jouk atè, Y’a niche pousyè ki nan pye nou. Lè sa a, n’a konnen se mwen menm ki Senyè a. Moun ki mete tout espwa yo nan mwen p’ap janm wont.”
Ezayi 49:14-24 HAT98

Ann Lapriyè

Papa, mèsi pou konpasyon’w ak prezans ou. Pa gen lòt tankou’w Senyè. Ou pwomèt menm si yon manman ta ka bliye pitit li, ou menm ou pap janm bliye’m ni lage’m yon bout.

Mèsi pou lanmou sa ou gen pou mwen, konpasyon ou ki san mezi. Mèsi pou mizèrikod ou, nouvo sezon ak pwomès restorasyon ak novote sa yo ou genyen sou lavi’m, zantray mwen, fanmi’m, ak tout peyi’m.

Mwen resevwa’l ak tout kè’m ak bra’m louvri. Tout pawòl ou se wi ak Amen. Mwen konfye’m nan ou. Gide’m. Ede’m kenbe zye sou ou nan tout sikonstans. Ke non ou beni e glorifye sou tout fas tè a, Senyè Jezi. Amen.

* adapte pou devosyon an

Kwè nan Bondye nèt al kole!

Nou pa ka kite pwemye mwa nan 2024 ale san nou pa swete’w bòn ane e remèsye’w paske ou fè pati fanmi nou. Mèsi anpil. Ke Bondye kontinye vide gras li sou ou e wouze rasinn ou tout kote ou pase.

Devouman’w pou kontinye grandi nan lafwa ak konnen idantite’w nan Bondye, ba nou plis fòs pou kontinye kole zepòl ak ou pou nou grandi ansanm.

Anvan nou ale pi lwen nan koze idantite nou nan Bondye a, ann medite sou sòm 16 kote salmist la raple nou ke Bondye se sous kè kontan nou e nan li nou pa manke anyen. Bon meditasyon e Bòn ane 2024! Ke Bondye edew grandi plis nan lafwa, sajès, konfyans, ak otorite nan li.

Ann Lapriyè:

Sòm 16

(1b) Pwoteje’m, Bondye, paske se bò kote ou m’ap chache pwoteksyon.

(2) Mwen di Senyè a: — Se ou ki sèl mèt mwen. Se ou menm ki tout mwen. Pa gen pase ou!

(3)Tout plezi’m se pou’m toujou la avè moun k’ap sèvi Senyè a nan peyi a.

(4) Moun k’ap kouri dèyè tout lòt bondye yo, se traka y’ap chache bay tèt yo. Mwen p’ap mele nan ofrann bèt y’ap fè. Mwen p’ap janm nonmen non bondye sa yo.

(5) Senyè, se ou menm ki tout byen mwen. Se ou ki ban m tou sa’m merite. Lavi’m nan men ou. Ala yon bèl eritay ki vin pou mwen!

(6) Ala kontan mwen kontan pou pòsyon pa’m lan!

(7) M’ap fè lwanj Senyè a paske li ban’m bon konsèy. Menm lannwit, konsyans mwen di’m sa pou’ m fè.

(8) Mwen toujou mete Senyè a devan je’m. Paske li toujou bò kote’m. Anyen pa ka brannen’m.

(9) Se poutèt sa, kè’m kontan anpil. Mwen santi se tout tan mwen ta chante. Ata kò mwen m’ap poze ak konfyans nan Bondye.

(10) Paske ou p’ap kite’m kote mò yo ye a, ou p’ap penmèt moun k’ap sèvi ou la pouri anba tè.

(11) W’a fè’m konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè’m, mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Senyè, se yon plezi ki p’ap janm fini. Amen
Sòm 16:1‭-‬11 HAT98

Tout glwa pou Bondye!

Senyè a se fòs ou

« Ala renmen mwen renmen ou, Senyè! Se ou menm ki tout fòs mwen. Se ou menm ki twou wòch kote’ m kache a. Se ou menm ki sèvi’m ranpa. Se ou menm ki delivre’ m. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje’m. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k’ap sove’ m. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou’m kache. » Sòm 18 :1-3

Lè ou pase ti tan plis nan kontanple gwandè Bondye, w’ap siprann tèt ou nan mitan lavi chè, insekirite, depresyon, lagè, ak move nouvèl k’ap sikile yo e ak lafwa w’ap deklare e reklame tout pwomès li yo nan lavi’w. paske ou konnen kiyès ou ye e konprann pouvwa Lesentepri nan ou (1 Korint 6:19). Ou se yon mounn chwazi alò double fòs e deklare :

 “Mwen santi’m gen fòs paske Senyè a se gadò mwen. Mwen pa manke anyen paske li menm ki provide tout sa mwen bezwen. Mwen se yon èt presye nan zye Bondye e mwen represante’l sou tè a.

Sak pi mèveye a se ke kreatè syèl ak tè a konnen mwen pa non e li damou’m ankò plis se sak fè chak jou l’ap revele’m plis sou li, sou wayòm li, e sou bi precis li voye’m sou tè sila nan moman.

Mwen pote yon repons pou jenerasyon mwen an. Lavi mwen pa yon askidan e mwen konnen pawòl li toujou akonpli. Mèsi pou lanmou san limit sa ou genyen pou mwen Senyè “. Amen

Gade yon mèvèy se lanmou!

“Men, lè Bondye fè nou wè jan li gen bon kè, jan li renmen tout moun, li te delivre nou. Li pa t’ delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou n’ te ka viv yon lòt jan. » Tit 3 :4-5

Wi, yo konn di lanmou bay zèl e si lanmou an pa metrize li ka pete fyèl.  Men gen yon lanmou ak yon dòz natirèl ki sèl efè segondè se kè kontan e bon fwi tankou yon pye bwa bò sous dlo k’ap chak jou pouse fèy.

Nan relasyon fi ak gason, Lè mounn yo deklare yo damou,yo fè desizyon pou younn ak lòt mare lavi yo ansanm. Yo ka menm rive deklare se sa mounn sa yo t’ap chache e se ak mounn sa yo vle pwospere tout rès vi yo si tout kondition renmen/relasyon an respekte. Prensip la ankò ki fò nan chwa esperityèl ou paske lanmou sa Bondye gen ou a san limit e se li ki ap chache’w, dòlote’w, e chouchoute’w chak jou. Bondye telman renmen ou ke li vinn sou latè sou fòm Jezikri pou li raple’w ke li bò kote’w tout tan e li renmen ou pou tout tan (Jan 3:15-16).

Kit ou komemore sakrifis Kris te fè sou lakwa ( fèt pak) la jodia nan mwa Avril la oswa ou deside se yon fèt payen, sa ki pi enpòtan an se ke pou’w sonje younn nan distanksyon lafwa disip Kris se lafwa ke li mouri e resisite pou ou ka libere de tout peche ak kondanasyon. Viktwa li sou lanmò raple ou ki li toupwisan e rekonekte ou dirèk ak Bondye.

Viktwa sa sou lanmò bay Sentestespri li aksèdirèk ak ou e li vinn abite andan ou pou li gide’w, transfòme’w, e fasone’w pou’w akonpli tout sa li mande’w pandan w’ap grandi nan lafwa e obeyi li pa lafwa. Gen yon pawòl ki di, “pou’w konn kote’w prale, fòk ou konn kote’w soti ». Se menm prensip sa pou ou dekouvri pwòfondè lanmou Bondye pou ou ak kiyès ou ye, fòk ou konn rakinn ou ki se idantite ou nan Bondye.

Ou fèt nan imaj Bondye ki se lanmou e lanmou sa te menmenl jiska lakwa Golgota pou restore ou ak tout limanite. Kite lanmou sa k’ap koule nan venn ou a plan tout plas li e chouchoute kè’w. Plis w’ap fè experyans ak dekouvri pwofondè lanmou Bondye gen pou ou, plis ou menm tou w’ap damou !

Kesyon pou’n koze : Eske ou kwè Bondye renmen’w ? Ou kwè li damou’s tou ?

Ann Lapriyè : Senyè mèsi paske ou pa sèlman yo Bondye mwen li de grandè ak lanmou li nan liv ki te ekri depi plis ke de mil lane. Wi, mwen rekonesan pou pawòl ou yo nan Bib la e mwen ankò plis fyè e gen kè kontan pou presans ou nan mònn aktyèl mwen. Mèsi pou sakrifis ou sou bwa kalvè pou banm lavi etènèl ak lanmou w’ap simayen nan kèm ak frèm ak sèm yo chak jou. Lanmou sa se sewòm nan kè nou chak e ban nou yon souri ak lapè nan yon mònn boulvèse ke nou pa menm ka explike. Ede nou kite zye nou sou ou pou nou ka grandi nan lafwa pi plis. Nan non Jezi mwen priye ou. Amen.