Tag Archives: Bondye

Idantite’w nan Bondye : Ou se respè

Respè oswa krentif soti nan mo Grèk timēsate ki vle di onè oswa valè. Respè vle di mete yon mounn oswa yon bagay nan yon pozisyon ki gen anpil valè. Nan Bondye nou se respè men respè nou an diferan de sa sosyete aprann nou paske li pa depann de tit ak ran sosyal. Nan zye Bondye nou tou egal e li renmen nou tout zan patipri ak yon lanmou san mezi.

Jan apot Pyè byen explike nan 1 Pyè 2 :17, Ou se repè nan Bondye paske pa gen mounn ki gen otorite, lespwa, lafwa, ak lajwa san respè ! Poutèt sa…

1. Nou dwe respekte tout mounn paske Bondye kreye nou nan imaj li (Jenèz 2). Nan respè dwe gen lanmou ki se younn nan pi gwo komand Jezi ban nou nan e kòm disip li (mounn ki chwazi viv jan li te viv la pou royòm Bondye a ka renye nan kè nou chak) nou dwe aksepte’l.

Menm jan Jezi te di nan Jan 13 : 34-35 « Men, m’ap ban nou yon kòmandman nouvo : Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an. Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye. »

Renmen pou lòt mounn parèy nou yo dwe pou tout moun kelkeswa kolè pol, nasyonalite, opinion, ak religion li. Kit yo kwè nan Jezikri oubyen yo pa kew na li paske san Jezi te koule pou nanm yo tout e yo gen anpil valè pou Bondye tou. Nou dwe kontinye fè efò pou sèvi youn ak lòt tankou mounn peyi Samari ki te ede mounn asasin te preske tiye a (Lik 10 : 30-37 ; Jan 15 :12 ; 1 Jan 3 :23).

Respè ak lanmou sa ak demontre lè pa sèlman cheche avantaj pan nou nan relasyon youn ak lòt men chazi mwayen pou lòt mounn ka sove tou nan konpòtman nou- sa vle di pa chèche detwi lòt ki a lang oswa jan nap aji (1 Korent 10 :33).

2. Respekte Bondye ki vle di Se pou nou sèvi Senyè nou an ak tout kè e ak tout nanm nou e swiv chemin li mete devan nou an. Nou fè sa lè nou ba li tout glwa ak onè li menm sèl merite nan jan ou panse, agi, ak tan ou konsakre apa pou li chak jou. (Det. 10 :12 ; Levitik 18 :4 ; Pwovèb 3 :5-6 ; Pwovèb 14 :2).

3. Respekte « wa a » nan tan pan nou an se respekte mounn ki nan pozisyon otorite (kit se nan travay nou ouswa nan leta menm lè ou pa dakò ak tout sa y’ap fè sa). Tankou pa joure yo ni fè yo sa ki mal oswa mande Bondye mal. Pito, kouvri yo nan lapriyè e mande Bondye pou ranpli yo ak Lesprisen li a pou yo ka fè sa ki bon pou tout mounn. Mande Bondye direksyon pou li montre’w kijan ou menm ou ka fè pati solisyon ou pa dakò ak otorite nan plas yo olye ou sèlam kritike yo e manke yo dega. Bondye nou an pa fè patipri e nou dwe viv selon prinsip li (Pwòvèb 28 :21 ; Lik 20 :25).

Lè ou swiv prinsip sa yo, idantite’w nan Bondye vini respè. Lè’w byen konprann sa, Bondye ak menmen’w pi lwen nan li paske san respè paka gen lanmou, lafwa, lespwa, lajwa, otorite (ki ankre nan yon relazyon ak Jezikri e ki ap pote bon fwi), padon, libète, limyè , lape, ak viktwa ke nou konnen déjà ki fè pati idantite nou nan Jezikri.

Defi pou jodia : Ki fason ou ka demontre idantite’w ki se respè nan antouraj ou jodia ?

Ann Lapriyè : Senyè, respè nan ou se yon mèvèy ! Lèm eseye imajine kijan ap ye lètout mounn ak mache nan respè ak lanmou, kèm trezayi ak lawa. Edem demontre plis respè pou ou, tèt mwen, ak lòt mounn mwen rankontre jodia ak rès vim pou non ou ka glorifye. Mèsi paske ou kontinye transfòme kè ak nanm mwen ak pouvwa lesprisen an. Ou fidèl tout bon e kèm fè lwanj pou ou bon papa ! Nan non Jezi mwen priye’w, Amen.

Lwanj pou Bondye!

“Di Bondye mèsi, paske li gen bon kè. Wi, li p’ap janm sispann renmen nou!i Bondye ki gen pouvwa pase tout lòt bondye yo mèsi. Wi, li p’ap janm sispann renmen nou!” Sòm 136:1-2

Glwa ak adorasyon pou Senyè nou an ki renmen nou san parèy e ki ba nou yon lòt chans pou nou viv byen jodia toujou!!!

Si se pat pou Bondye nou pa tap ka egziste men nan lanmou infini li Bondye fè nou gras chak jou e li kontinye ap aprann nou kiyès nou ye nan li. Sa se yon gras san mezi.

Ann fè fèt pou bon papa sa nou genyen e fè lwanj li paske adorasyon se pi gwo epe nou konbat lenmi nanm nou lè li vle vole lajwa ak idantite nou nan Jezikri.

Chante, danse, fè fèt pou Senyè a paske li renmen’w ak yon lanmou san mezi e li pap janm sispann fè sa!

Medite sou Sòm 136 ak 113 pandan jounen an.

Benediksyon: Ke lapè, lajwa, lanmou ak santifasyon Lesprisen kontinye transfòme kè’w, fanmi’w, zanmi’w, ak enviwònman pou glwa li ka manifeste pi plis jodia e pou tout tan ou gen souf li nan ou! Amen


Bondye avè’w, pa pè!

Laperèz se lenmi pwogrè. Ann ranplase’l pa kontinye fè Bondye konfyans e afime lafwa nou nan li maten an nan priye ansanm Sòm 91:

“Moun ki rete anba pwoteksyon Bondye ki nan syèl la, Moun ki kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a yo ka di Senyè a: — Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen.

Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se li menm ki p’ap kite ou pran nan pèlen, ki p’ap kite maladi ki pou touye ou tonbe sou ou.

L’ap kouvri ou anba zèl li. Anyen p’ap rive ou kote ou kache a. L’ap toujou kenbe pawòl li: Se sa ki pwoteksyon ou, se sa ki defans ou.

Ou pa bezwen pè bagay k’ap fè moun pè lannwit, ni kè ou pa bezwen kase pou malè ki ka rive ou lajounen.

Ou pa bezwen pè move maladi k’ap tonbe sou moun nan mitan lannwit, ni epidemi k’ap touye mou gwo midi.

Mil (1.000) moun te mèt tonbe sou bò gòch ou, dimil sou bò dwat ou, anyen p’ap rive ou.

W’ap rete konsa, w’ap gade, w’a wè jan y’ap bay mechan yo sa yo merite.

Bondye ap pase zanj li yo lòd pou yo veye sou ou, pou yo pwoteje ou kote ou pase.

Paske ou pran Senyè a pou defans ou, paske ou pran Bondye ki anwo nan syèl la pou pwoteksyon ou, okenn malè p’ap rive ou, okenn mechan p’ap ka pwoche bò kote kay ou.

Y’ap pote ou nan men yo, pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch.

W’ap mache sou lyon ak sou sèpan, w’ap kraze jenn ti lyon yo ak eskòpyon yo anba pye ou.

Bondye di: M’ap sove moun ki renmen mwen, m’ap pwoteje moun ki konnen mwen.

Lè’ l rele’m, m’ap reponn li. Lè’l nan tray, m’ap la avèk li. M’ap delivre l, m’ap fè yo respekte l.

M’ap fè l viv lontan, m’a fè l wè jan m’ap delivre l.”
Sòm 91:1‭-‬16, vèsyon HAT98.

Medite tou sou Jowèl 3 sou pwomès Bondye fè pou nou menm pèp li a e lavi nou chak. Ke pasyans, lafwa, lajwa pi ki soti nan Bondye, ak pèseverans kontinye fèw rete pi kole ak Jezi jodia e pou rès viw pou’w pote fwi.

Pase bòn jounen!

Kenbe djanm nan lafwa e pa bliye lòt sèn ak frè nou yo nan Jezikri k’ap soufri tou nan lapriyè. Nou gen Yaweh, El Shadaï, Jehovah, Adonï, Elohim…(tout se pou papa nou!) ak nou e li pa janm pedi pwose! Glwa pou granmèt nou an!! Alleluia!!!

Priyè pou limyè Bondye klere plis nan ou jodia

Senyè mèsi pou nouvo jounen sa ou ban mwen e idantite’m ak fòs mwen ki renouvle nan ou chak maten ! Wi, pa gen lòt tankou’w e kèm chante lwanj ou paske ou sen e ou bon pou tout pitit ou yo.

Pa janm gen yon mounn ki mete konfyans nan ou ki soti wont ni pou lavi yo pase mal e mwen kwè tou lavi’m pap pase mal ni mwen pap wont paske mwen kwè nan ou. Ou gen kontwòl tout nasyon ak tout sa ki egziste sou latè (Sòm 24 ; Sòm 95 ; Jenèz 1-3). Konsa tou ou gen kontwòl idantite’m ak lavim !

Mwen rekonèt menm jan mwen li nan Jan 1 :9 la, Limyè sa a (ki se ou menm e ki nan mwen tou a paske mwen kwè nan ou), se li ki limyè tout bon an. Se li menm ki vin sou latè epi k’ap klere tout moun. Mèsi paske ou vle itilize’m pou mwen pataje limyè sa ak lòt mounn ki kotem chak jou malgre mwen pa pafè.

Menm lè enemi nanm mwen an ta vle fèm pè poum ta panse ou pèdi batay a kòz tout soufrans ak doulè mwen an bò kotem ak nan jounal, mwen konnen yo pap dire !  Glwa ou gen pou’l anvayi tout latè jan liv Revelasyon an gentan anonsel. Alò edem viv nan limyè ou a menm jan Matye 5 :14-16 explike ya, poum pa wònt ni gen laperèz pou’m ka pataje’l e wè li pote fwi nan non.

Mwen pa vle chache tout bèl mèvey w’ap fè nan kèm ak nan lavi’m pou lòt yo ka kenbe fè nan lafwa. Nan ou mwen se limyè e limyè’w lan san parey e l’ap dire tout tan. Fèm konsistan nan pwomès mwen yo ak ou poum kenbe flanbo limyè sa e pataje’l san mode lage. Klere pi plis nan mwen chak jou papa!

 Ke chak mounn mwen rankonte jodia rankontre’w nan mwen nan lanmou, pasyans, sajès, bon konprann, integrite, lajwa, generozite, ak padon m’ap pataje ak yo pa pouvwa Lesenpri ki reflekte limyè pi ou a. Nan non Jezi mwen priye’w, Amen.

Idantite’w nan Bondye : Ou se limyè (Pati II)

« Se limyè nou ye pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon lavil ki bati sou yon mòn. Ni yo pa limen yon lanp pou mete’ l anba yon mamit. Men, yo mete’l sou yon etajè, pou’l klere pou tout moun ki nan kay la.  Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n’ap fè yo, y’a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la. » (Matye 5 :14-16)

Onè!! Kijan ou santi’w maten an? Kouman limyè Bondye pa’w la leve nan ou jodia??

Nan yon konvèsayon sou sijè depresyon ak doulè emosyonèl, mwen realize ak anpil motivasyon se nou tout ki dwe pran wòl limyè Bondye ban ou an pou’n ka ede younn ak lòt. Twop mounn ap pedi oswa detwi lavi yo paske yo pa konnen ke se limye yo nan Bondye! Enemi nanm nou an toujou ak eseye atake nou pou nou ka detwi tèt nou ak youn ak lòt paske li pa renmen okinn nan pitit Bondye yo (Jan 10 :10).

Nan fas ak tout soufrans ak tèt chaje ki tou patou, mwen ankouraje nou tout ki kwè nan Bondye pou priye plis youn pou lòt pou Bondye ka restore limyè li lavi nou ki inkli emosyon ak doulè nou chak paske nan li nou se lanmou, lafwa, lespwa, lajwa, otorite, lapè, padon, libete, viktwa, limyè e gen anpil lòt bagay li mete nan idantite’n ke nou gen pou’n pataje ansanm pi plis.

 Paske ou se limyè, Bondye ankouraje’w pataje kiyès ou ye tout kote ou ye. Gen anpil mounn kap soufri chak jou paske yo pa wè klè e pa konn Bondye (Matye 5 :14-16, Jan 1 :9, Jan 3 :19, Travay 26 :15-18).

Ou gen pouvwa pou ede lòt nanm konnen ak Bondye e pou yo ka vinn limyè tou pa aksyon ou ak jan ou viv chak jou (Job 33 :29).

Wi li bon pou pataje pawòl ki nan bib la avèk youn lòt men aksyon toujou pale plis fòs (1 Korint 4 :20). Tankou imajine si’w ta gen yon bon grangou, w’al nan yon resto epi yon mounn komanse pale’w de tout kizin intènasyonal ak jan yo gou, pla chèf resto a ka fè, montre’w foto, etc. tout otan yo poko goute manje e yo poko ba’w manje men yon ti pen chèch vant ou toujou ap kòde e pawòl yo vinn san valè. Eh byen se menm konsèp la ak Bondye de jan nou viv pou pataje lanmou ak limyè li.

Ou pataje limyè sa lèw sèvi ak lòt moun ak tèt ou byen (1 Jan 2 :8-11)

Paske ou se limyè mache nan limyè Bondye a menm lè bagay yo parèt nwa pou ou e mande’l ouvri je’w pou’w ka wè pi klè. Kontinye mande Bondye direksyon nan tout sa w’ap fè (Jan 12 :35-36 ; Pwovèb 4 :18-19, Pwovèb 3 :5-6)

Idantite limyè sa pa pou granmesi e ou la itilize’l pou ankouraje lot konnen kiyès Jezikri ye tout bon pou yo ka soti anba esklavaj religion (ki sèlman base sou kilti ak tradisyon san yon bon konprann ak kiyès Bondye ye) e mete aksan sou develope yon relasyon pèsonèl ak Jezi (konnen vrèman kiyès Bondye ye e kiyès ou ye nan li paske li gen yon plan espesyal pou nou chak e renmen nous an mezi). (Jan 1 :6, 2 Korint 4 :5, si’w kapab li chapit an antye)

Defi jodia : Pase yon ti tan pou observe anviwòman ou an jodia, kijan ou ka pratike idantite ou ki se limyè jodia nan li ?

Men kèk ide : Ou ka louvri pòt pou yon moun jodia oswa p ajoure, di betiz lè yon moun ta vle fè’w fache, ou ka pataje manje midi ou ak yon lòt kip a genyen, pa jete frata nan lari a menm lè ou pa wè poubèl, pase wè yon zanmi ou pa wè lontan oswa rele l nan telefòn epi priye avèl si’l dakò, di mounn nan antouraj ou a ki toujou ak travay di jan ou fyè de li e raple tèt ou pou di mounn ki rann ou sèvis mèsi (kit se peye w’ap peye yo), etc. Sa yo se sèlman kèk ide men ou ka chwazi fè sa ki pi apwoprye pou ou e pataje resilta yo avèk nou nan komantè pòs la. N’ap kontan li’w !

Eske’w konnen ou se limyè ??

Lè soley la finn couche e pa genyen kouran, tout bagay fè nwa e li difisil pou sikile si lamp pa limen nan kay la. Ou poko janm eseye mache oswa kondwi nan fènwa ?

M pa konn pou ou men mwen lèm eseye mache nan fè nwa m konn bite, frape pyem nan chèz paske’m pa wè byen, e se yon sitiasyon ki gen dange paske li difisil poum ta wè yon malè e epanye tèt mwen. Kondwi nan fènwa mènm gen plis difisil toujou sitou lè machinn nan san limyè!

Konsa tou lè’w pa konn kiyès Bondye (Jezikri) ye e ou pa finn asire idantite’w nan li, ou nan fènwa. Ou nan anpil dange paske ou ap mache san defans e vizyon ou pap klè.

Ninpòt sitiyasyon kap fè’w bite paske menm jan li difisil pou yon mounn sikile nan fènwa apye oswa nan machinn, konsa tou li difisil pou’w pwogrese san Bondye ki damou’w la e ki sous limyè a.

Kote EDH ka pa bay kouran, oubyen ou ka pa gen kouran lakay ou pou yon rezon ou pou yon lòt yon jou, sous limyè Jezi a toutjou disponib pou ou 24/24 lè ou mete tout konfyans ou nan li.

Younn nan pi bon nouvèl pou ou tout ki mete konfyans ou  nan Bondye se idantite’w tou se limyè ! Gen yon pwovèb Kreyòl ki di « pitit tig se tig ». Paske Jezi se limyè, ou menm tou ki aksepte’l kòm sovèw se limyè tout !

Men prèv la nan Jan 8 :12 « Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: Se mwen menm ki limyè k’ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p’ap janm mache nan fènwa. » (Ou ka tcheke tou Sòm 97 :4, Sòm 27 :1, Jan 1 :3, 1 Jan 1 :5).

Paske ou se limyè ou dwe libere tèt ou pa pouvwa Lesentespri de fènwa esprityèl (mank bon Konprann de kiyès Bondye ye vre ak pwomès li pou lavi’w tout bon) ki pi rèd ke lè li nan nwit e pa gen kouran.

Sa vle di paske ou se limyè sa ou pa beswen viv nan laprèz, jalouzi, inkietid, regrè, chagrin, ak nan esklav ninpòt move defò ak mentalite negatif ki ta vle fè ou bite nan lafwa ou nan Jezi. Ou libere de yo deja!!!

Pran otorite sou nanm ou, lespri’w, ak attitid ou ak lòt moun pou ou ka reflete limyè sa ki nan ou a pou yo menm tou ka anvi konnen sous sa ki toujou fèw ak klere toupatou sa!.

Jodia sonje kiyès ou ye e pa kite ankonn fòs fènwa fèw kagou ni pè!

Ann Lapriyè : Mèsi Senyè paske ou fè’m kado lavi ak limyè sa pou non ou ka glorifye. Mèsi paske ou pa janm sispann renmenm, padone’m, pirifye’m, sanktifyem, tranfòme’m chak jou Edem konprann plis kijan pou’m kite limyè sa briye nan mwen e pote flanbo limyè ou a ki abite nan mwen an tout kote mwen pase jodia e kenbe pawòl ou pi prè kèm chak jou. Nan non Jezi mwen priye’w, Amen.

Ankourajman : Medite sou Sòm 47 pandan jounen poun kontinye fè lwanj pou Bondye pou bèl kado limyè sa li ban ou an.

Ankourajman pou jodia

« Kanta [ou]* menm, frè’m [ak sèm]* yo, Bondye te rele [ou]* pou’[w]* te ka gen libète [ou]*. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou [ou]* viv dapre egzijans lachè. Okontrè, se pou nou yonn sèvi lòt nan renmen nou yonn gen pou lòt.

Paske tou sa lalwa mande nou, nou jwenn yo nan kòmandman sa a : Se pou ou renmen frè parèy ou, menm jan ou renmen tèt pa ou. » Galat 5 :13- 14

Fè tout efò pou’w viv tankou mounn ki gen tout libete ou nan Bondye !

« Paske, Bondye vle pou’n fè sa ki byen, pou’n ka fèmen bouch moun sa yo ki pa konn anyen, ki san konprann.

 Se pou nou viv tankou moun ki gen tout libète yo. Men, nou pa dwe pran libète sa a sèvi yon kouvèti pou nou fè sa ki mal. Se pou nou viv tankou moun k’ap sèvi Bondye.

         Se pou nou bay chak moun respè li merite. Renmen tout frè nou yo, gen krentif pou Bondye, respekte wa a [mounn ki nan pòs otorite kote’w ye] *. » (1 Pyè 2 : 15-17)

Ann priye Ansanm :  Senyè mèsi paske’w pat kite’m peri nan peche. Tanpri kontinye gide’m, konsa « M’a mache alèz san anyen pa jennen m’, paske m’ap toujou chache swiv lòd ou yo.

 M’a fè wa yo konnen prensip ou yo, mwen p’ap wont fè sa.  Mwen pran tout plezi’ m nan obeyi kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo. M’ap respekte kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo. M’ap kalkile sou sa ou vle’ m fè a. » (Sòm 119 :45-49)

Jan ou te di nan Egzòd 6 :7 « M’ap adopte nou pou pèp mwen, mwen menm m’a Bondye nou. N’a konnen se mwen menm Seyè a, Bondye nou an, ki ban nou libète nou, ki wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a. » Mwen kwè ou se Bondye’w e nan ou mwen lib. Mèsi anpil pou sa ! Amen.

https://www.youtube.com/watch?v=g01KGTNdRJE
Ou bon pou non papa!!! Mesi!!!