Tag Archives: Bondye

Poze, Ann Koze.

Avan nou vanse pou pi devan pou ou konnen pi plis kiyès ou ye nan mwen, ann fè yo ti koze.
Yon ti koze sinsè ki ka chanje lavi’w.
Kote relijyon pap ka rive menm relasyon nou ka transfòme’w e baw kè poze.


Chak jou plen aktivite men dè fwa ou bliyem.
Mwen konnen sa paske lapriyè ou yo vinn kout e dè fwa pou ti bagay ou gen anpil dout.
Mwen pa fache ak ou pou sa. Non mwen toujou fyè de ou chak jou.
Men ou konnen apre lanwit, gen douvanjou.
Mwen vle reveye nanm ou ak plis lanmou.

M kreye’w nan imaj mwen e mwen damou’w janw ye a chak jou (Jenèz 1:26-28) .
Mwen konnen kiyès ou ye nan tout ou menm atò kombyen pye cheve ou genyen nan tout mwen konnen (Lik 12:7)
Tout sa paske mwen renmenw e m toujou ap obsevew.
Pa gen anyen sou latè ni nan syèl ki ka separe m pou ou.. sof ou siw decide pa kwè nan mwen ankò. (Women 8:31-39)
Men mwen m’ap toujou la e mwen toujou la pou ou kit ou ap soupi oswa jemi (Matye 28:20, Ezayi 41:10)

Kèm nan tristès lè relasyon nou tounen tankou woutin
Ou twò konsekan pou mwen.
Mwen vle menmen’w pi lwen men m santiw lwen dè fwa.
Ou stresse, doute, inkyè, pafwa m wèw fristre e dekouraje..
Non, pa kache ni timid, mwen pa fache lè ou santi’w konsa.
Dòm laj poum sipote tout emosyon sa yo.
Ponyèt mwen fò pou sipote’w tout tan (Ezayi 59:1).


Kontrè ak sa lòt mounn ta vle fèw konprann, emosyon sa yo nomal.
Ou pa yon move pitit paske ou konn santi’w konsa.
Mwen konprann yo byen paske se mwen ki kreye yo tou.
Men kè’m fanm paske ou pa pale ak mwen de yo lè w santi yo.
Lè konsa ou pa invite’m nan yo e sa fèm lapènn.
Se sèl mwen ki ka baw bon konprann pou ou konfronte yo. Pouki ou pa ale ak mwen?

Mwen vle yon relasyon sinsè ak ou poum ka fèm anpil bèl mèvey ak ou e pou ou!
Konsa lajistis ak lapè ka renye.
Gade lajwa se pi bèl abiman ou geneyen e mwen rejwi lèw mete’l.
Ou se boul lò nan royòm mwen yo e boul sik ki fè kem fremi ak zorèy mwen dous chak fwa ou pale ak mwen…. men eskew kwè?

Jodia a, pa kouri dim de mo epi al chache lòt travay pouw fè .
M konnen ou gen anpil chay sou do’w men eskew ka pran yon ti poz e fè yon ti koze ak mwen?
Mwen vle konnen ki jan’w santiw. Mwen vle ou reve ankò.
Mwen vle ou kwè nan mwen plis konsa w’ap kwè nan ou paske mwen viv nan ou ak potansyèl ou genyen(Jeremi 29:11)
Menm lè m konn tout bagay men m vle nou komike tankou lè de bon zanmi ap kale pwa ansanm epi y’ap koze.

Mwen vle wete dout, tristès, avègman esperityèl ak emosyonal nan ou (Revelasyon 21:4)
Mwen vle netoyew plis.
Ou pa esklav lapè e Mwen vle’w libere’w (2 Tim 1:7).
Mwen te bay sanm pou sa (Jan 3:16).
M gentan rale yon chèz ap tann nou e zorèy toujou disponib pou ou, eske wap ka pran yon ti tan pou fè sa?

M’ap tann ou.

Avèk anpil tandrès,

Mounn ki damouw anpil la-Bondye

Idantite’w nan Bondye: Ou se inite

“Konsa, Kris la se tankou yon kò ki gen anpil manm. Kò a toujou yon sèl kò, ou mèt wè li gen anpil manm.”
1 Korent 12:12 HAT98

Inion fè la fòs se sa nou aprann depi nou ti kakat. Se sa ki deviz peyi nou men nou aprann vit ke se younn nan bagay ki pi difisil pou realize kit nou nan ‘legliz’ oswa nenpòt sektè nan lavi.

Lè nou mete tèt nou ansanm nou fè anpil pwogrè e pa gen fòs fènwa ki ka kanpe devann. Paske ou se yon chwazi, ou se lanmou, padon, lajwa, lapè, ak respè, idantite’w nan Bondye se inite tou. Yonn nan fason nou montre inite sa se lè “nou tout nou dwe dakò yonn ak lòt, se pou nou gen menm santiman yonn pou lòt. Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak sè, se pou nou gen bon kè, san lògèy.” 1 Pyè 3:8 menm lè sa pa fasil.

Younn nan pi bèl evènman ki sot pase yo sete lè ekip football nou te finn kale Canada epi Ayisyen patou nan lemòn ap celebre. Kè yo kontan e y’ap bay akolad yonn ak lòt epi chante “Alaso ann ale!” Se yonn nan premye fwa m gen chans wè mounn peyim sou menm akò e se te yon bèl bagay ki fè kèm kontan.

Li raplem jan nou dwe ye nan Bondye e kijan sa bèl lè nou tout gen yon bi ansanm. Menm jan kò gen plizye ògann e ki fonksyon an hamoni pou nou ka fonksyone byen, konsa tou menm si nou chak gen diferan opinyon ak talan menm nou dwe pou viv ansanm (1 Korent 12:12) nan lanmou ak lapè paske lavi nou chak depinn younn de lòt. Inite se sèl mwayen nou genyen pou nou vanse pi devan!

Si yon match ka mete lajwa nan kèn konsa e rapwoche tout kòt fanmi nou patou nan lemònn paske ekip nou te champyon kombyen plis laja nou tap genyen lè nou deside mete tèt ansanm nan lanmou poun sèvi Bondye ak younn ak lòt vre e chanje peyi nou??! Imajine kokenn chènn solidarite ak pwogrè nou ka fè ansanm si nou ka kontinye gen menm mentalite ak lanmou nou gen pou footbal la ak ekip nou nan lavi esperityèl, profesyonèl, sosyal, finansyè, ak emosyonèl nou?? Pi bèl nouvèl jodia se frèm ak sèm idantite’n nan Bondye se inite!

Wi, nan 1 Korent 1:10 nou li “Frè m’ yo, mwen soupriye nou angras, nan non Jezikri, Senyè nou an. Tanpri, mete nou dakò sou tout pwen. Pa kite divizyon mete pye nan mitan nou. Okontrè se pou nou fè yon sèl. Se pou nou tout gen menm konpreyansyon ak menm panse.”
1 Korent 1:10 HAT98 Pran kelke segond pou realize gwo impact idantite sa pa ou.

Wi, nan 1 Korent 1:10 nou li “Frè m’ yo, mwen soupriye nou angras, nan non Jezikri, Senyè nou an. Tanpri, mete nou dakò sou tout pwen. Pa kite divizyon mete pye nan mitan nou. Okontrè se pou nou fè yon sèl. Se pou nou tout gen menm konpreyansyon ak menm panse.”
1 Korent 1:10 HAT98 Pran kelke segond pou realize gwo impact idantite sa pa ou.

Refleksyon: Kisa sa vle di pou ou lèw konnen nan Bondye ou se inite? Eske se yon bagay ou kwè? Eske ou panse yon relation sensè e intim ak Bondye ka fè tout kè reini vre pou pwogrè ka fèt? Ki chanjman ou ka fè nan konpòtmanw jodia pou reflekte nouvo idantite sa ki se inite ou genyen nan Bondye?

Ann Lapriyè: Senyè mèsi pou lanmou w ak kompasyon ou genyen pou mwen chak jou. Mèsi paske ou aprann mwen nan ou mwen se inite. Mwen gen kapacite poum renmen ak tout kèm, tande ak respekte opinyon lòt frèm ak sèm e mwen gen devwa poum fè tout sa nan pouvwam poum ede tèt mwen, enviwòmnan ak tout mounn ou mete nan wout mwen pou non ou ka glorifye. Tanpri banm plis bon konprann, pasyans, lafwa, pèseverans ak dètèminasyon poum kontinye. Kèm se pou ou e mwen ofri tout sa mwen ye e vle ye a ou. Fè sa ou vle pou mwen ka ini plis ak ou e lòt mounn ki nan antouraj mwen. Nan non Jezi mwen priye. Amen

https://youtu.be/3EEh6Mrmsig
Bondye wew!

Bondye wè’w!

” Aga di nan kè l’. Ou kwè se vre se mwen ki wè moun ki wè’m lan? Se konsa li bay Seyè a yon non, li rele’l: El Wòy , Ou se Bondye ki wè’m lan. ” Jenèz 16:13

Eske’w poko janm santi’w sèl? Tankou ou nan mitan yon foul epi w’ap mande si gen yon mounn ki wèw? Se pa wè kòw men wè mounn ou ye a ak tout defo e kalite’w. Eske yo wè lè kèw ap dechire oswa lèl ap rejwi?

M te rive nan yon epòk kote m te konn mande tèt mwen, Eske Bondye wèm vre pami plis ke 7.5 billion mounn ki sou la tè? Kijan l fè konnen lè se mwen k’ap priye oswa yon lòt? Bib la di mwen espesyal pou li e lap bay nasyon pou sovem (Esayi 43:4), Kijan mwen konnen vre kem espesyal pou li?  Lè sikonstans lavi komanse  rèd e lafwam te doute e mwen mande si li wèm vre poukisa mwen soufri? Nan pawòl li di menm cheve nan tèt mwen yo konte (Lik 12:7, Matye 10:30), Pouki li kite tèl bagay fèt? Si li wè nou chak poukisa entèl pa geri? Efòm yo poko pote fwi? Anyen poko chanje?? Panse sa yo pa janm travese’w?

Mwen tout kesyon sa yo te konn banm pwoblèm jiskaske m vinn aprann de istwa Aga nan Jenèz 16 (li istwa sa lèw gen yon ti tan) kote Bondye te raple’l malgre sikontans yo pat favorab, Bondye toujou renmen’l menm jan li renmen nou chak chak jou.

Bondye te parèt sou Aga nan yon epòk kote li te meprise e abandone pou di’l ke li pa abandone’l e ke li se “El Wòy: Bondye ki wèl la” Jenèz 16:12-13. Nan dout mwen te genyen yo Bondye te raplem ke menm jan m ka rekonèt vwa paranm nan nenpòt foul oswa yon paran ka tande vwa pitit yo nan pami nenpòt kote ak anpil bwi (menm ti zannimo ka fè sa!) konsa tou Bondye sansib pou vwa’w ak pam ak pou sa n’ap andire!

Jodia Bondye vle raple’w ke li se El Wòy pou ou tou! Li wè’w nan tout sa w’ap fè, soupi ou pa ven men ranplase yo pa lafwa ni tan w’ap pase ak li nan lapriyè yo pap pèdi. Kontinye fèl konfyans e viv pou li nan renmen youn ak lòt. Li la pou ou e li pap janm lage’w (Det 20:18).  Li la pou ou nan tout bagay, sa vle OU PA JANM Sèl!!!

Ou mèt wè anpil mounn ka meprise’w jodi e ou ka pa finn konprann valèw men ou pa janm pou kont ou. Lè ou an danje li la pou sove’w (Egzòd 14:14), lè w’ap kriye li vle konsele’w (Rev 21:4). Nan li lavi ou asire e pa gen plan lenmi ki ka kanpe kont ou (Woman 8:28).

Menm Bondye ki te la nan tan Aga ak Abraham lan, se li menm ki la toujou! (Res. 23:19) Bondye wè’w e li renmen’w ak yon lanmou san fini. Li wè lè kèw ap kase an bout e li vle seche chak gout dlo ki soti nan ze’w paske chak kout dlo nan ze’w se kout kouto nan kè li. Menm jan li te restore Job li vle restore nanm ou ak kè ou pou vrè pwogrè k’ap simaye. Menm jan ak Jozèf li gen plan pou laviw (Jeremi 29:11). Li wè tout sa ou fè ki byen ak tout ou fè ki mal menl jan li sa mounn fèw. Ou espesyal nan jel e li pap janm abandone’w!  

Ann Lapriyè: Senyè mèsi paske ou toujou la pou mwen. Mwen pat panse out e ka wèm pami tout foul yo men ou demontrem ou se yon bon papa e je’w ap veye nou chak. Mèsi pou sa! El Wòy, mwen ba ou glwa paske ou se Bondye ki wèm tout bon. Ou konn tout bagay de mwen, tout sam santi, tout sa k’ap trakasem oswa fèm plezi. Mwen koute chè nan je’w e ou toujou wèm nan tout sa mwen ye kit mwen kagou oswa map rejwi. Ou konn tout sam fè oswa pral fè ak tout sikonstans k’ap vini nan fiti malgre tout sa ou damou’m pi plis e vle kem konnenw tou. Mèsi paske ou toujou ap gade e pwotejem. Mèsi anpil paske ou toujou vle sa ki pi bon pou mwen chak jou menm lè dè fwa mwen reziste’wl. Ou banm anpil valè menm lè mwen pa toujou ka wè bèl plan ou gen pou mwen men mwen fè’w konfyans. Mwen renmwen e di’w mèsi pou tout sa ou ye pou mwen. Wi, ou bon pou mwen e kèm fè lwanj ou! Amen.

Please enable JavaScript in your browser to complete this form.

Nanm mwen beni Senyè a!

“Nanm mwen béni letènèl” (Sòm 103)

Lèw wè ou finn pase tan ak Bondye, ou lapriyè tout mo ak li tout vèsè ou konnen, e chanjman ou vle a poko fèt pa dekouraje! Fè lwanj ak konpliman pou Bondye paske jan li te raplem lèm te nan yon sitiyasyon konsa “lwanj se pi gwo defans ou genyen”.

Jodia, mwen vle raple’w nenm bagay la! Lwanj se fòs ak defans ou menm ki kwè nan Bondye. Lè’w louwe Bondye malgre sikontans yo parèt difisil ou raple’l ke ou kwè nan li e ou konnen li pa janm pèdi batay. Lè konsa ou fè enmi nanm ou an wont paske ou ap kiltive yon kè ki gen rekonesans pout tout sa Bondye fè pou ou e ou vle grandi nan relasyon ou ak li sinon ou pa tap di li mèsi e fè fèt pou grandè li. Solda pa al nan lagè san defans, pa kite paw la dèyè!

Pami anpil lòt non sinsè ki ranpli ak lanmou Bondye ba ou, idantite’w se lajwa ak viktwa. Alò souke kòw, pa kite perèz pranw. Ann fè lwanj li (di li mèsi pou mounn li ye a, pou pasyans li, lanmou li genyen pou non, prezans li chak jou, pwotèksyon li bay menm lè sitiyasyon politik peyi a boulvèse, transfòmasyon l’ap fè nan ou, chanjman li pote nan lavi nou, solisyon pou peyi nou pou lanmou ak integrite nou chak ka ogmante pou lapè ak respè youn pou lòt ka renye plis, pou bèl lanati li ba nou pou nou pwoteje li e sispann koupe pou fè chabon oswa bati kay nan nenpòt pozisyon oswa jete fatra nan nenpòt pozityon paske nou se mounn li chwazi apa pou li pou chanjman fèt, pou sajès ak bon konprann li ap donnen nan kè nou pi plis, pou fanmi li ban nou, lasante, etc (ajoute nenpòt lòt bagay ki vinn nan kèw pandan wap li a)) e remèsie’l, chante, danse pou li ak tout kè’w.

Lè’w fè sa, mwen swete kè’w ap ranpli ak lajwa ak adorasyon pou Bondye nou an e realize valè mèvèy li fè e ap kontinye fè nan ou (nan idantite li ba ou nan ou nan li e pwomès li sou lavi ou) ak nan antouraj. Konsa menm jan ak David nan Sòm 103, wa kriye ak mwen “wi nanm mwen beni Senyè a!” paske li meritel tout bon. Béni lètènèl!!!

Sòm 103

«Kite m di Senyè a mèsi! Kite m di Senyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen! Wi, kite m di Senyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen. 

Li padonnen tout peche m yo, li geri tout maladi m yo. Li wete m nan bouch twou a. Li beni m, li fè m wè jan li renmen m, jan li gen pitye pou mwen. Li kouvri m ak benediksyon pandan tout lavi m, li fè m rete jenn ak tout fòs mwen, tankou malfini. 

Senyè a pa nan patipri. Li rann jistis an favè tout moun k’ap sibi lenjistis. Li fè Moyiz konnen sa l te gen nan tèt li, li fè pitit Izrayèl yo wè mèvèy li yo. Senyè a gen kè sansib, li gen bon kè. 

Li pa fè kòlè fasil, li p’ap janm sispann renmen nou. Li p’ap pase tout tan l ap pini nou, li pa ankòlè pou lontan. Li pa aji ak nou jan nou ta merite l la, li pa pini nou jan l ta dwe pini nou. 

Menm jan syèl la byen lwen anwo tè a, se konsa Senyè a renmen moun ki gen krentif pou li. Menm jan kote solèy leve a byen lwen ak kote solèy kouche a, se konsa li wete peche nou yo, li voye yo jete byen lwen nou. Menm jan yon papa sansib pou pitit li, se konsa Senyè a sansib pou moun ki gen krentif pou li. 

Li konnen ak kisa nou fèt, li chonje se pousyè tè nou ye. Lèzòm menm, lavi yo tankou zèb. Yo grandi, yo fleri tankou flè savann. Kou van soufle sou yo, yo disparèt. Pèsonn pa rekonèt kote yo te ye a. Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo, se bagay ki la pou tout tan. 

L’ap gen pitye pou pitit pitit yo, pou moun ki kenbe pawòl yo ak li, pou moun ki chonje kòmandman li yo pou obeyi yo. Senyè a mete fòtèy li anwo nan syèl la, l’ap gouvènen tout bagay. 

Nou menm zanj li yo ki vanyan, ki gen fòs, nou menm k’ap fè tou sa li mande nou fè, nou menm k’ap koute sa l’ap di nou, fè lwanj Senyè a! Nou tout ki fè pati lame ki nan syèl la, nou tout k’ap sèvi l, k’ap fè volonte li, di Senyè a mèsi! Nou tout kreyati Bondye, nou tout ki toupatou kote l’ap gouvènen, di Senyè a mèsi! 

Wi, kite m di Senyè a mèsi!»

‭‭Sòm‬ ‭103:1-22‬ ‭HAT98‬‬

Wiii, se pou nanm nou beni non’w Senyè Jezi!!!! Alleluia!!!! Ou tèlman bon papa se “Anweyyyyy, mèsi doudou” sèlman m ka di. Mèsi!!!!

Idantite’w nan Bondye:Ou fè pati yon fanmi

«Bondye te deside depi davans pou li adopte nou pou pitit li nan Jezikri, paske sa fè li plezi.» Efezyen 1:5‭‭

Depi lè Bondye te kreye’w kòm pwòp reflè lanmou ak grandè li (Jenèz 1:26), li damou’w e li te ba’w kompayon (Jenèz 2:18). Wi, Ou pa pou kòw!! Non sèlman Bondye toujou avèw men ou gen anpil lòt sè ak frè nan lafwa ki la pou ou. Intèpretasyon popilè de Jenèz 2:18 kote Bondye di li pa bon pou yon nonm rete sèl pale de koze madanm ak mouche, men se premye introdiksyon fanmi ki fèt nan bib la paske fanmi se moun ki la yon pou lòt nan bon ni nan move tan (Pwovèb 11:29).

Se yon gwoup ki la pou younn ede lòt, sipote ansanm nan renmen san tripotay, ipokrizi ak jalouzi menm jan Bondye te vle li pou nou chak nan Jenèz 2:18. Bondye pa vle nou sèl fisikman nin nan konba lafwa paske enemi nanm nou a toujou sou atak. Bòn nouvèl jodia se depi’w te aksepte Jezi, ou te adopte nan fanmi Kris la e banyè Bondye a sou ou (Efezyen 1:5; 1 Jan 3:1)!

Sa vle di ou pa sèl e ou pa bezwen fè tout bagay (kriye, soufri, grangou, rejwi, fè pwogrè, leve gwo chay oswa pitit, malad, refè, reve, etc)pou kòw paske ou pa etranje ankò. Se etranje ki mete kò yo apa e pè mele ak mounn lakay paske yon pa konn prensip kay la. Men ou ki aksepte viv pou Kris, ou se mounn kay tout kote pitit li yo ye ( tou patou)!

Efezyen 2:19-22 explike sa byen, « Se sa k fè, nou menm moun lòt nasyon yo, nou pa etranje ankò, ni moun ki depasaj. Men, se sitwayen nou ye ansanm ak tout moun nan pèp Bondye a, nou fè pati fanmi Bondye a […]nou se kay Bondye ap bati sou fondasyon apòt yo ak pwofèt yo te poze a. […]Se li menm ki kenbe tout kò kay la kanpe byen fèm, ki fè l grandi pou l tounen yon sèl kay yo mete apa pou Bondye. Konsa, nou menm tou avèk lavi n’ap mennen nan Kris la, nou antre nan batisman sa a pou nou fè ansanm ak lòt yo yon sèl kay kote Bondye ap viv ak pouvwa Sentespri li.» vèsyon HAT 98

‭‭Paske ou fè pati yon fanmi nan Bondye, gen yon gwoup frè ak sè ki renmen Bondye menm jan ak ou e ki dedye vi yo ak li ki la pou sipòte’w e ba’w kout zepòl nan tout sa w’ap fè. Lè ou soufri, y’ap soufri tou, si’w beswen priye yo mete tout sa ka yo kapab de kote pou entesede pou ou e ak you. Konsa tou lè kè’w kontan yo rejwi tou ( 1 Korent 12:26). Ou gen poto mitan lakay ou!

E se si se pa sèl ti gwoup ou wè devan jew la oswa nan asanble kote’w ye ki la pou ou, se nou tout ki kwè nan Bondye toupatou nan lemònn ki la pou ou ti doudou! Se konsa fanmi Kris la opere nan viktwa li te ranpote pou nou an deja! Lè nou viv konsa nou pote wayòm Bondye a pi plis sou tè a e fè satan wònt paske nou vle yon ak lòt reyisi nan tout sa n’ap fè (Kolasyen 3:23-24).

M pa konn pou ou men lèm lakay mwen e mwen nan pami fanmi’m mwen santim ere! Gade, mwen ouvè kòm , chante, e ri ak tout kèm  paske mwen santim alèz e byen antoure. Si mounn lakay mwen kouri deyèm yon jou, se paske m do fè yon bagay ki pa sa oswa m bliye fè yon bagay yo mandem men apre sa lanmou ak lapè renye.

Konsa tou Bondye vle nou santi nou lè nou nan prezans li e pami frèn ak sèn yo ki met konfyans yo nan li pou nou ka simaye lanmou li toupatou (1 Pyè 4:8; Levitik 19:18). Se pa sèlman lè nou nan sèvis adorasyon nou fanmi, men nou se younn kit nou nan biwo oswa nan lari kwabosal paske nou represante Bondye tout kote nou ye.

Pa rete sèl nan konba lafwa ni kite move experyans ou te fè nan « legliz » oswa move expersyans nan zamitay fèw pa jwi gwo bonè sa ki gen nan viv ansanm nan fanmi Kris. Fanmi’w fè pati idantite’w e ansanm nou pi fò! (Eklezyas 4:9; 1 Pyè 3:8; Pwovèb 17:27; Matye 18:20)!

Medite sou Efezyen 2:19-22

Ann Lapriyè: Senyè, mèsi paske ou ban mwen yon fanmi solid nan lafwa. Menm lè mwen pa pre fanmi sanm, mwen pa janm pou kòm paske ou toujou la e lòt pitit ou ye antourem tou. Dè fwa move experyans ak pwòp fanmi biologik mwen oswa perèz pou lòt mounn pa abize emosyon m konn rann li difisil poum fè lòt mounn ki sensè nan relasyon yo avèw e ki vle la pou mwen konfyans. Menm nan asanble lafwa, li parèt difisil tou poum konn kiyès ki la pou mwen vre paske se ou sèl ki konn kè lòm.

Pa pouvwa Sentespri ou a, louvri jem poum wè e aksepte bèl onè sa ki se fè pati fanmi ki nan wayòm ou a. Poutèt ou mwen paka janm òfelen nan vim paske fanmi fè pati idantitem nan ou e mwen diw mèsi pou sa. Banm fòs poum padone moun ki te fèm mal lèm tap chache apwi nan « legliz » epi yo te repousem poum ka simaye lanmou patou kotem ye. Padone’m tou pou tout fwa mwen te fè lòt mal an panse, pawòl, aksyon oswa omisyon lè yo tap chache rekonfò. Ede nou rete yon fanmi pi djanm nan renmen, pasyans, ak pèseverans san prejije jan ou vle nou ye a pou non ou ka glorifye. Nan non Jezi mwen priye’w. Amen.

https://m.youtube.com/watch?v=esjrxQXqgn4

Idantite’w nan Bondye: Ou se yon mounn chwazi!

« Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, yon bann prèt k’ap sèvi Wa a, yon nasyon k’ap viv apa pou Bondye, yon pèp li achte. Li fè tou sa pou n’ te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li » (1 Pyè 2:9 )

Anpil nan nou lè nal nan magazen pou ou achte yon rad, nou pran san’n pou mezire’l, vire avè’l, gade si’l flate kòn, pran foto avan mènm nou peye pou rad yo. Rad sa yo se rad ki pral mete a pa ni nou pa prale mete yo pamizak rad sal oswa nan poubèl. Paske yo nèf, anpil nan nou konsidere yo konsekan. Konsa tou lè Bondye t’ap kreye W li desine chak koub nan laviw ak ckak ven  nan kò’w ak anpil souplès. Jan Kris te raple nou an« Menm cheve nan tèt nou, yo tout konte. Se sak fè, nou pa bezwen pè menm: nou vo pi plis pase anpil ti zwezo. » ( Lik 12:7) 

Bondye te pran san’l e li pran tan’ l pou li fèw. Chak jou li revele’w plis de idantite’w nan li. Men jan rad nèf pa lage nan pami sak ki gen ranyon ak rad sal, Bondye mete’w apa pou li e li vle kenbew nan yon eta nèf. Bondye nou an pa nan patipri e li konnen valèw alò pa pèdi tanw nan tande mounn ki negatif ni ki pa konn valè yo vre nan Bondye paske Bondye wè’w e li renmenw anpil. Chak jou li vle fè bèbèl avèw nan pase ti tan ak li nan lapriyè oswa itilize kèw ki ranpli ak lanmou pou li ak pou frèw ak sèw yo nan konpòtmanw pou glwa li. 

Bondye chwazi’w ak plezi chak jou (1 Pyè 2:9; Jeremi 29:11). Gade ou tèlman gen anpil valè nan zye’l ke li te bay vil pa pèsòn Jezikri pou li te montre’w sa. Li achte’w ak vi l , li admire’w, chouchoute’w, pwoteje’w, e li vle menmenw pi lwen toujou! Alò dim, poukiw kite tèt ou kagou lè lòt moun meprisew paske ou deside fè sa ki dwat devan Bondye? Eske’w konnen Bondye mete’w apa pou li? Sa vle di rakinn, move jalouzi, kolè, rayisab, ipokrizi ak fè manti etc pa pou ankò.

Ou fè pati fanmi royal Bondye a e se alyans sa ki ap baw fòs pou konbat nenpòt fènwa. Leve tèt ou, fè yon ti souri paske…. Ou se pitit Wa dè wa a! 👑E ou konnen wa gen bon gou, si’l deside chwazi’w ou wè ou se gwo koze! Ou enpotan sinon Bondye pa tap chwaziw ni ou pa tap li ti rapèl sa jodia. Pa bliye kiyès ou ye zanmi pam! Si’w wè lafwa’w ap bite pou yon rezon ou yon lòt, pa trakase kè’w. Pale de sa ak Bondye paske li pap janm pa chwazi’w lè ou louvri kè w ba li.

Ann Reflechi: Pandan semèn pataje ak yon mounn ou fè konfyans (oswa nan yon jounal ou yon fason atistik) repons sou kesyon sa yo. Ou ka pataje repons ou yo avèn tou sou devosyon sa! Siw pa konn repons yo tou, pa panike. Mande Bondye ki toujou la pou koze avèw e di’w ki sekrè.

  1. Kijanw santiw lèw aprann ke Bondye chwaziw ak anpil lanmou?
  2. Kijan ou enteprete 1 Pyè 2:9 nan labi pèsonèl ou? Kijan enfòmasyon sa sou idantite’w ka transfòme lavi’w?
  3. Eske ou kwè ou se yon mounn ke Bondye mete apa pou li? Oui? Non? Poukisa?

Pa bliye Ou se respè!

Men kèk ti rapèl sou idantite’w ki se Respè a:

Sèvi byen ak tout moun ki li gran oswa timounn (Levitik 19:32). Paske “nou menm tou, nan tan lontan nou te tankou moun fou, nou pa’ t obeyisan devan Bondye, nou te tankou moun ki pèdi chemen yo.

Nou te esklav tout kalite move dezi ak move plezi. Nou t’ap viv ak mechanste, ak jalouzi nan kè nou. Moun te rayi nou, epi nou menm, nou te rayi yo tou.

Men, lè Bondye fè nou wè jan li gen bon kè, jan li renmen tout moun, li te delivre nou. Li pa’t delivre nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men paske li menm li te gen pitye pou nou [poutè sa fok nou gen pasyans ak kompasyon youn pou lot]*. Li delivre nou lè li lave nou, li voye pouvwa Sentespri li nan nou pou chanje nou nèt, pou’n te ka viv yon lòt jan.” (Tit 3:3-5)

Rete onèt e pa lanmou ak respè pou Bondye, viv byen youn ak lot. (Efezyen 5:21)

Pa kite logèy gongle kè’w pou bon konprann (sajès Bondye) pa diminye nan ou (Pwovèb 13:24).

Ede moun ki fèb nan lafwa e pa neglije fè sa ki byen (Ebre 13:17)

Respekte komandman Bondye yo e kontinye chache li ak tout kè’w konsa wa va kontinye briye tout kote’w pase.

Pa bliye pataje ti konsèy pratik sa ak yon zanmi. Ansanm nou pifò! Ke Bondye beni’w.

*explikasyon ajoute pou devosyon an

Benediksyon: Pa pouvwa Lesentespri nan ou “chache viv ak kè poze. Okipe zafè pa nou. Travay ak men nou pou nou pa rete sou kont moun. Konsa, moun ki pa kwè nan Kris la va respekte nou, epi nou menm, nou p’ap rete sou kont pesonn.” Amen. ( 1 Tesalonik 4: 11-12)

Li t’ap ipokrizi pou nou pale de idantite nou nan Jezikri ki se respe san raple nou de respe nou dwe genyen pou peyi ak drapo nou. Bondye pa konn ere e nou dwe respekte listwa nou tou pandan n’ap fe ke nou dispose pou glwa Bondye manifeste nan lavi nou e chante sa sou drapo Ayisyen nou an di plis de di mil mo.

Ke respe, lanmou, ak lespwa jayi nan ke nou chak. Bondye vle leve pitit li ki pa selman disip li lakay men ki kanpe pou sa ki dwat e remenm peyi yo paske se li kreye nou tout ak tout peyi sou late. Si’n pa renmen peyi’n, l’ap difisil pou nou renmen pitit Bondye yo ki ladann ak priye pou otorite nou yo.

Lavi nou chak konekte e prosperite nou konekte de kote n’ap viv (Jeremi 29: 11-14). Ann kole zepol pou chanjman nan lavi nou, pou plis repe pou vil kote n’ap viv, katye nou, ak peyi nou (e lavi res mounn nan mond lan) paske yo tout se pou Bondye.