Tag Archives: Bondye

Mete Manto Lajistis sou ou!

“« Pou fini, chache fòs nou nan lavi n’ap mennen ansanm ak Seyè a ak nan gwo pouvwa li. Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan…. Se poutèt sa, depi koulye a, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n’a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n’a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou.  Pare kò nou: mare verite a tankou yon sentiwon nan ren nou. Pwoteje nou ak jistis Bondye a tankou plak pwotèj sòlda yo mete sou lestonmak yo pou pwoteje yo. » Efezyen 6 :10-14

Anpil nan nou mete manto sou nou lè tanperati a chanje e kò nou komanse frèt. Manto a kenbe kò nou e pwoteje nou kont tout move van ki soufle ak maladi nou te ka pran si nou pat byen abiye e pwoteje ògan nou yo. Jodia , ann mete ansanm manto lajistis Bondye a pou kenbe kè ak nanm nou nan pawòl li konsa idantite li ban ou ak ankre pi plis non fon kè nou e n’ap kontinye pwogrese tankou fanm ak gason vanyan pou lajistis jan li te kreye nou poun ye a.

Ann Lapriyè :

Senyè, ak lafwa mwen abiyem ak «  Manto jistis la ». Ou menm Bondye ou renmen lajistis e ou se yon Bondye reyèl. Ou gouvènen san patipri e se ou ki sèl jij. Ou kreye’m nan imaj ou poum fè sa ki dwat menm lè fòs fènwa ap anvayi tout kote (Sòm 50 :6) se poutèt sa mwen gen responsabilite poum fè sa ki dwat nan ze’w ak devan lèzòm ki gen kè pwòp (Ezayi 11 :5, Sòm 33 :5 ; 103 :6). Ak manto jistis ou a sou mwen jodia, mwen mande’w pou fem pa ebranle lè mechan ak fè vyolans ni fè bak, fèmen jem, oswa vinn frèt lèm wè zak malònèt k’ap fèt tankou  paske nan ou mwen gen tout otorite sou fòs fènwa poum pa kite yo pilonnen inosan e simaye laperèz kote pitit ou yo ye. Ak manto sa ki kouvrim nan mwen di non ak linjestis sou tout fòm ke seswa emosyonèl, sosyal, materyèl, ou fisik ak tout zak malonèt ki vle kaba tout pitit ou yo  konsa benediksyon ou va kouvri nou plis (Sòm 24 :1-6, Pwov. 2 :9 , Ezayi 56 :1).

Ak tout kèm mwen mete manto jistis ou a sou mwen poum ki banm fòs poum konbat tout lespri malen ki vle akable’m fanfim ak peyi mwen. Andanl map kenbe kèm ak tout emosyonm yo. Mwen pap kite kèm atache ak okenn bagay ki pa dwat ni pèmèt okenn kalite santiman negatif pran devan nan desizyon m’ap pran yo. M’ap dirije yo nan sa ki dwat ak sa ki jis. M’ap viv jodia sou pawòl ou yo ki se verite ke’m mare tankou sentiwon nan ren’m e non pa sam santi.

Mwen deklare viktwa ou sous tout lenjistis nan non Jezi. Ke limyè ou klere e non ou glorifye. Amen.

Please enable JavaScript in your browser to complete this form.

Mare senti nan ren’w!

Sentiwon se youn nan bagay ki ka ajoute frechè nan jan’w abiye e ki itil anpil. Si ta gen yon kouri , li ka pemèt ou leve pye ou e  fèl alèz! Ou ka itilize sentiwon pou defann tèt ou si ou ta endanje e ou ka itizel tou pou ede lòt mounn si yo ta andanje oswa tonbe nan yon twou pou retire yo nan sitiyasyon difisil sa. Pou rezon sa yo ak anpil lòt ankò, fòk sentiwon ou mete an ren’w solid e ka dire.

Nan tan Woman yo, solda yo te konn itilize sentiwon pou soutni inifòm yo epi mete tout kalite defans y’ap bezwen ladann tou. Lè apòt Pòl la pou mounn Efèz yo te ekri pou li te ekri pou yo ka konprann enpòtans konnen idantite kòrèk Bondye ak idantite tèt yo an li. Nan lèt la li di yo mare “sentiwon verite a nan ren” yo paske yo tout nan tan sa te konnen enpòtans sentiwon nan abiman solda yo ak nan lavi pèsonèl yo.

Lakay nou lè yon mounn gen pwoblèm, ou ka tande lòt mounn k’ap bay yo konsèy ap di “mare senti nan ren’w” ki vle di pran kouraj, kenbe fèm e pa lage paske demen ap miyò. Sentiwon reprente sipò, kouraj, fòs , ak defans.

Jodia, nou ka itilize menm prensip sa nan lavi espirityèl nou pou nou mare “sentiwon verite a nan ren nou” chak jou . Pi gwo diferans ki genyen ant sentiwon esperiyèl ak sa lè n’ap abiye se pa lafwa pou nou fèl nan lapriyè.

Ki verite a pou mare nan ren nou an menm?

Verite a se idantite Bondye ki nan pawòl li ki raple nou ke li se kreyatè ak mèt tout sa ki sou latè ak nan syèl la. Se li ki gen tout pouvwa sou lavi’w aktout otorite pou chanje karaktè ak antouraj nou. Lè nou “mare santi verite a nan ren’w” sa vle di nou mare nan senti nou (nan kè’n ak lespri’n) tout pawòl Bondye deklare nan Bib la de idantite’w. Tankou nou kwè e ke idantite’w nan li ou se lanmou, lajwa, lafwa, lespwa, otorite, etc e paske ou fèt nan imaj Bondye, li wè‘n , lanmou li pou nou pap janm fini e li pap janm lagew. Chak jou li gen yon plan byen detèmine pou nou e li vle nou pwospere nan tout domèn kelkeswa espirityèl, fisik, emosyonèl, materyèl, ak sosyal. Lè nou fè sa Bondye asire siksè nan tout n’ap fè ki nan volonte li.

Lapriyè pou mare verite a nan ren’w:

Bonjou bon papa!

Mesi paske mwen konnen ou deja asirem viktwa jodia sou tout move plan enemi nanm mwen ta vle fe pou pyejem e fem bliye kiyes mwen nan ou si’m swiv plan batay ou. Konsa pa lafwa mwen, mwen reklame viktwa sou … (fè lis kèk bagay ou panse ou ka rankontre pou jounen yan ki ka fèw bite, ouve kow pale ak moun ki damou’w anpil la!)

Mèsi paske ou raple’m ke mwen pa nan lagè ak lòt mounn mwen rankontre men fòs ak pouvwa fènwa ki vle simaye laperèz, depresyon, lamizè, ak rayisans tou patou. Pou’m preparem pou batay,  pa lafwa, mwen mete sentiwon verite ya. Verite’w la, Senyè ou se yon Bondye ki san parèy. Ou tèlman renmenm ke ou te vini sou latè, ou soufri anpil, ofri tèt ou lakwa pou ou retabli koneksyon mwen ak ou e raple’m  empòtans mwen gen pou ou e jan ou renmenm malgre ou konnen tout fòs ak feblès mwen.

Ou konnen limit mwen e mwen diw mèsi paske ou pap kite tantasyon fèm pote chay kew konnen m paka pote (1 Korent 10 :13). Laverite sou mwen yan, Senyè, se ke mwen se yon moun nouvo nan Kris e mwen pa anba pouvwa peche ankò (2 Korent 5 :17). Mwen gen Sentespri  ou ki se Lespri verite a  ki ap viv nan mwen depi lèm te aksepte’w pou sovèm ak gid mwen chak jou (Jan 14 :16-17 ; Efezyen 1 :13 ; 1 Korent 3 :16) ki la pou gidem e kap fèm konnen lè gen yon danje tou prem. Mwen se pitit ou e anyen paka separem avèk lanmou’w ( Women 8 :31-39 ; Sòm 32 :8 ; 2 Pyè 3 :9).

Verite ya se ke ou gen yon plan pou mwen jodi ya : yon moun pou’m ankouraje, yon moun poum pataje pawòl ou, e yon moun poum renmen pou yo santi prezans ou nan lavi yo tou (Jeremi 29 :11 ; Estè 4 :14, 1 Tim 2 :3-4). Pa kite’m bay manti nenpòt sitiyasyon ki ka rive ni pou lang mwen pa mete’m nan sikonstans ki pap ba’w glwa (Sòm 34 :13, Efezyen 4 :29, Kol 4 :6) konsa ma Bondye fè lwanj pou ou ak lavim. Amen.

Please enable JavaScript in your browser to complete this form.

Eske’w byen abiye maten an?

Solda pa janm ale nan lagè sa yo pa byen abiye ak pwoteksyon sou yo. Lè ou obsève yo ou wè you toujou pwoteje pati nan kò ki pi fragil yo ak anpil atansyon pou yo ka pwoteje lavi yo. Tankou ou toujou mete yon kask pou pwoteje tèt yo, jile pa bal pou si enemni an ta vize kè yo, nan senti yo yo gen anpil lòt taktik pou defann yo, e yon gen yon mwayen pou defann yo fizikman kelkeswa se yon epe, yon bout baton, oswa jan nou wèl plis alekile yon gen zanm, epi yo pa mete nenpòt bagay nan pye yo. Se bon bòt solid ki fèt ap materyèl espesyal pou yo pa tonbe lè tè a glise oswa twò cho lè gen anpil soley konsa yo ka goumen e pwoteje tèt yo nan tout sikonstans kelkeswa sezon nan ane a.

Konsa tou nou menm k’ap sèvi Bondye nou se solda nan mòn esperityèl la e nou toujou nan lagè ak lenmi nanm nou. Pandan n’ap medite nou idantite Bondye ba nou yo, an nou pran tan pou nou lapriyè ansanm pou mete defans nou.

Menm jan nou konn pran tan pou abiye nou fizikman, ann dekouvri abiman esperityèl nou e byen abiyen nou pou nou ka ankre idantite nou nan Kris e viv bèl plan Bondye genyen pou nou yo. Si pou’n pran  viktwa sa ke Jezi gentan asiren nan, fòk nou byen prepare. Tankou Bon kapitèn lame, Bondye te itilize Pòl nan Efezyen 6:10-18, pou ba nou deskripsyon tout “zam” oswa defans ke nou genyen nan li pou nou pwoteje  kè nou, nanm nou, kouvri fanmi, zanmi ak lentouranj nou e avanse wayom Bondye a sou tè a paske nou genyen batay la deja.

Nan Efezyen 6:10-18, nou aprann ke nou byen abiye (prepare pou fè fas ak Satan chak jou) lè nou: 1. mare sentiwon verité nan ren nou, 2. mete manto jistis Bondye a sou nou, 3. mete sandal levanjil lapè a pou anonse bòn nouvèl lanmou Bondye a , 4. Pase boukliye lafwa nou k’ap fè nou viv ak kè poze, 5. Kas Sali a, 6. Epe Sentespri a ki se pawòl li. 7. Lapriyè (Efezyen 6: 14-18).

Nan semen ki ap vini yo, nou pral dekouvri ansanm kijan pou nou mete defans sa yo youn pa younn e lapriyè ansanm. Konsa avan’w sòti wa mande tèt ou “Eske’w byen abiye maten an? “paske pou nou viv nan idantite Bondye nou an e simaye lanmou li toupatou fòk nou“chache fòs nou nan lavi n’ap mennen ansanm ak Senyè a ak nan gwo pouvwa li. Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan. Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k’ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a. Se poutèt sa, depi koulye a, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n’a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n’a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou.”( Efezyen 6:10-13) Si repòns lan pozitif, kontinye chimen’w e fè Bondye konfyans pou gide’w pandan jounen an. Si repòns lan negatif, pran yon ti tan pou mete abiman esperityèl ou sou ou pou kontinye pwogrese de glwa an glwa nan non Jezi.

 Nou ankouraje’w medite sou Efezyen 6:10-18 e mande Bondye pou  apwofondi konesans  ou sou defans yo sa li ba ou pou ou ka goumen ak vrè enemi e ankre idantite’w nan li plis. Ke Bondye beni’w!

Please enable JavaScript in your browser to complete this form.

Ankourajman Bondye pou ou jodia:

” Mwen konnen ou fatige. Anpil lide ap pase nan tèt ou. Gen de sikontans ou pa konprann. Pa kouri nan kat chemen pou chache solisyon ni kite laperèz anvayi’w. Mwen te baw tout otorite sou tout bagay k’ap domine ou yo e mwen te mouri sou kwa a poum te baw lapè. Pa kite lenmi nanm ou an fè’w twouble. Mwen la bo kote’w e mwen la poum pote’w. Vinn nan branm, kitem dolotew. Mwen damou’w ak tout kèm e devosyonm pou ou pap janm change. Fixe zyew sou mwen paske mwen vle menmen’w pi lwen. Kitem mache avè’w e gide’w paske mwen gen anpil bèl sipriz pou ou ak ti koze mwen vle kontew pou nanm ou fleri. Kite men’w nan men’m konsa ou pap pèdi nan wout. Pwoche pi pre’m ti doudou.”

Vèsè pou jounen an: “Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou sòti, se li menm tou k’ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l te fin soufri a, Bondye t’ap fè kè l kontan. Kifè kounyeya li chita sou bò dwat fòtèy Bondye a.”
Ebre 12:2

Please enable JavaScript in your browser to complete this form.

Sonje kiyès ou ye!

“Se pou nou fè tou sa pawòl la mande nou fè. Pa rete ap koute ase. Lè sa a, se pwòp tèt nou n’ap twonpe.” Jak 1:22 HCV

Menm  jan flè nan foto pòs sa poko finn deploye a konsa tou nou gen anpil lòt fasèt nan idantite nou pou nou dekouvri ansanm. Men fòk nou aplike sa nou aprann yo pou nou ka pwogrese e pa twonpe tèt ou jan Jak 1:22 raple nou an.

Men ti rapèl pati idantite nou kouvri ansanm pou rive jodia: Nan Bondye, ou se Yon moun chwazi ki fè pati yon fanmi (ou pa janm pou kòw). Ou se Inite, Lafwa (wi se pa yon bagay ou genyen nan fason tanporè li nan ou), lajwa, lanmou, lape, Lespwa, libète, Limyè, Otorite, Padon, Respè, Richès, Viktwa e ou gen anpil talan. Pa kite lenmi nanm ou fè ou . Bondye ki avè’w la pi fò e li vle repòn tout kesyon ou genyen de idantite sa yo ak ninpòt lòt kesyon ou ta genyen de li.

Pou kèk nan nou li ka se pase ti tan pou koze ak Bondye konprann ke richès fè pati eritaj nou oswa nou se lanmou, respè, otorite etc. Pou lòt li ka paske yo pa finn klè kijan idantite yo se viktwa lè chak jou sanble defèt oswa kalimite toupatou e Bondye di idantite nou nan li se lapè. Kijan poum padone entel paske nan Bondye mwen se padon? etc. Tan sa ka pase nan mande’l ouvè zye n pou wè kijan lapè li opera e kijan yo ka pote lapè tout kote yo ye. Kelkeswa kategori ou jwenn tèt ou maten e kesyon k’ap travèse kèw pale ak mounn ki damou nanm ou an. Mande Bondye pou’l gide’w e montre’w kijan verite sa yo ka materialize nan lavi’w.

Mèsi paske ou ap fè egzèsis espirityèl sa w’ap pratike ak nou pou konnen plis kiyès ou ye vre nan Bondye e wè fwi don sa yo reflekte nan lavi’w. Ke Bondye onore/ beni tan sa yo w’ap pase ak li e repòn tout kesyon ou yo ak anpil lanmou e an gran jan. Nou ankouje’w tou medite sou Sòm 103 jodia pandan ti tan apa sa. An avan bon solda!

Please enable JavaScript in your browser to complete this form.

Idantite’w nan Bondye: Ou gen anpil talan

“Senyè a ba yo konesans ak ladrès pou yo ka fè tout kalite travay atizan ka fè, desen sou bwa, bon twal koulè ble, violèt ak wouj, twal fen blan. Wi, li ba yo ladrès pou yo ka fè tout metye, pou yo ka fè tout kalite bèl bagay.” Egzòd 35:35

Apre Bondye te bay Moyiz ak pèp Izrayèl lòd pou bay ofrann epi bati yon tant kote pou glorifye’l, nou aprann ke Bondye te bay gwoup espesyal yon ability natirèl oswa yon talan diferan (swa yo te atizan, pènt, mason, injenyè son, netoyaj, achitèk, kontap, fè manje etc) pa pouvwa lespri li ki nan yo pou ba yo konesans ak bon konprann e pou fè travay sa e li mache (Egzòd 35: 30-35).

Konsa tou lè Bondye t’ap kreye’w nan imaj li “li mete Lespri li sou ou an kantite pou li ba’w ladrès, konesans ak bon konprann pou fè tout kalite bèl bagay”( Egzòd 35:31-35, Jenèz 1:26-27). Pa pouvwa Sentespri li, non sèlman ou se yon mounn chwazi men ou gen anpil talan ak konesans nan ou! Eske’w te konn sa???

Lavi ou pa yon aksidan e Bondye kreye’w ak anpil kado inik ki non sèlman ap beni anviwònman’w, fè’w pwogrese, men tou pote glwa pou non li (Jeremi 29:11;Sòm 139; Efezyen 2:10-18; 1 Timote 4:0-14). Plizyè (menm ka di majorite) nan pitit Bondye a pa konn ni talan natirèl (fizik, teknik) oswa kado espiritèl yo ( 1 Korent 14: 1-26) k’ap pèmèt nou egzèse otorite nou sou tè a.

Se sak lakòz anpil nan nou mouri san nou pa dekouvri tout bèl mèvèyak richès Bondye mete andan nou a ak kiyès. Konesans sa yo pa soti sou ban lekòl e sosyete paka ba ou li byen si’w invite Bondye. Si’w pa kwè di, ki talan ak don espirytèl ou konnen Bondye mete nan ou? Kijan yo manifeste? Ou pa bezwen grate tèt ou si’w pa konnen paske Jodia nou pral komanse dekouvèt sa ansanm!

Men kèk pwen ki ka ede’w pou idantifye talan’w (oswa talan ou yo) e devlope yo:

Aji lafwa‘w. Kwè ke Ou se yon bwat ki ranpli kado andan’w! (Se sa pawòl li di nan Jeremi 29-31, Filipyen 3, Efezyen 2 etc)Bondye fè yon depo lakay ou pou ou ka akonpli bi byen detèmine li gen pou lavi ou e li vle’w utilize yo.  Pou kado ki andann yo ka beni lòt moun ou, gen efò paw pou fè tou.

  • Fè diligans pou pase tan nan lapriyè, li Bib la pou Kong sa Bondye di de ou, ak mande li direksyon pou ou konnen ki sak nan ou a paske se li sèl ki konnen’w byen (Jeremi 1:5; Ezayi 44:21-22). Poze zan’w e mande Sentespri Bonde ki nan ou a (si ou aksepte Jezi deja e kwè nan li) pou gidew ak konkou lapriyè fanmi esperityèl ou a pou idantifye sa’w fè byen ak dado Bondye nan ou (pa bliye ansanm nou pi fò ou pa bezwen fè chimen dekouvèt sa sèl).
    • Sonje: Bondye pwomèt pou li reponn ou lèw pale ak li e pwomès Bondye se lajan sere! (1 Jan 5:14; Jak 1:6, Sòm 145:18). Alò pa pè poze’l kesyon sa e kwè l’ap reponn ou.
  • Fouye kèw pouw ka konnen ki sa ki nan ou. Atann ou ke li ka nan nenpòt domèn (agrikilti, sante, mizik, komedi, edikasyon, gouvènman, komès, elatriye). Lè’w dekouvri talan ou (si’w poko fè sa) sa ap beni kèw, beni lòt moun e bay Bondye glwa tou.   Nan nenpòt domèn lan fòk ou mete kèw ladanl paske fòk ou develop sa Bondye mete nan ou a (Pwovèb 16:3).

Pa kite perèz ak pase tan konpare tèt ou ak lòt mounn fèw pèdi idantite’w (talan ki inik lakay ou) paske si Bondye ba ou’l se paske li konnen ou ka maximizel’ e li fèw konfyans (2 Timote 1:7).  Li lè pou ou  deploye zèl ou tankou papiyon nan sèvis li ak don ou yo. Pa bille ou se otorite ak viktwa, alò sòti nan kokiy ou e plan plas yo sou tè a an gran jan nan egzèse talan ou yo paske anpil nanm (lavi lòt mounn) depann de ou!

Idantifye talan’w yo jodia e pataje’l ak mounn ou fè konfyans. Ke pouvwa Bondye kontinye manifeste nan lavi’w e ke Benedisksyon li kouvri ou nan chien dekouvèt sa ak tout fanmi’w!

Ann Lapriyè: Bon papa mèsi paske ou fèm ak anpil talan! Okenn detay de mwen pa echape’w. Mèsi anpil paske younn nan idantite’m nan ou se sa mwen ka pwodi pou beni nonw ak lòt moun! Mwen vle dekouvri pil kado sa yo ou mete nan mwen an e itilize yo pou avanse wayòm ou sou tè a. Mwen mande’w “Fè moun k’ap sèvi ou yo wè sa ou ka fè. Fè pitit pitit yo wè jan ou gen pouvwa. Senyè, Bondye nou, pa sispann ban nou favè ou. Fè nou reyisi nan tou sa n’ap fè. Wi, fè nou reyisi nan tou sa n’ap fè.” (Sòm 90:15-17)

Sentespri, tanpri kenbe nou e dirige nou. Louvri zye nou pou nou wè gwozè ak grandè depo sa ou mete andan nou pou nou ka develop talan nou pou sèvi Bondye nou an ak frè ak sè nou yo nan renemen. Nan non Jezi mwen priye Amen.

Fixe zye’w sou Jezi!!! Pwoms Bondye se lajan sere!!!

Idantite’w nan Bondye: Ou se yon mounn rich

“Bondye menm gen pouvwa pou l ban nou tout kalite benediksyon an kantite. Li fè sa, pa sèlman pou nou ka toujou genyen tou sa nou bezwen, men pou nou ka gen rès ki rete pou n fè tout kalite bon zèv.”
2 Korent 9:8

San kache’w, idantite sa Bondye revele nan li a se yonn nan sijè ki te pi difisil pou m konprann. Petèt ou diferan men mwen kalkile kijan fè Bondye di nou rich lè anpil nan nou ap viv chèk pa chèk oswa pap travay obyen ap bat dlo pou fè bè? Anpil elèv ak paran gen strès peye lekòl obyen peye dèt? Kijan 2 Korent 9:8 manifeste nan lavi nou chak? Ki sa ki ba nou otorite e fè nou konnen nou se mounn ki rich?

Pifò vèsè popilè sou lajan ak byen materyèl toujou ap bay konsèy pou fè atansyon ak bagay sa yo. Sijè sa merite anpil bon konprann sou kèk kesyon tankou Eske siw posede anpil byen materyèl ou pa ka sèvitè Bondye? Kisa fi fè yon moun rich oswa grannèg? Konbyen kòb pou ou posede nan bank pou ou konsidere tout ou rich? 5 goud? 50? 500? 500 Milyon? 5Bilyon? Konbyen zero ki pou dèyè chif la?

Anpil etid ak statistic montre ke majorite nan nou rich e nou pa konn sa. Paske nan nati nou li difisil pou anpil nan nou satisfè kifè richès nou echape majorite nan nou e li vinn fasil pou strese pou lajan. Tankou machann lari vle gen boutik, sak nan boutik vle gen sikisal, sak gen sikisal vle yon kompany, sa ki gen kompany vle plis, sak gen plis vle plis. Milyonè konsidere tèt yo pòv lè yo pami bilionè etc. Li pi fasil pou bourike dèyè lajan ke fè invantè kèw ak laviw pou pwogrè dè fwa. Pou tèt sa anpil nan nou kontinye ap eseye e vinn friste. Fòk ou travay di se vre men fòk ou konnen tou anpil lajan ak byen materyèl pa fè richès. Yo jis baw mwayen pou gen plis komfò pou kèk bagay men gen anpil choy ki nesesè pou viv lajan pa ka achte (Pwovèb 21:5, Pwovèb 28:20-28).

Bondye vle beni nou ak “tout kalite benediksyon” sa vle di li pa vle’w soufri pou anyen (lajan tou) men li vle kè nou pwòp avan (2 Korent 9:8). Nan Jenèz 22-24 li fè Abraham prospere e ranpil ak anpil byen materyèl paske Abraham te fèl konfyans ak tout kè li e Bondye te konnen li te kè Abraham pap detounen de li poutèt bon zanmitay yo te genyen an. Men jan li beni Abraham ak tout kalite bedisyon, li vle beni ou tou. Bondye rayi lamizè ak injistis se sak fè li ba nou devwa pou nou ede youn ak lòt, bay vèv ak òfelin yo sekou, kanpe pou lajistis ak sa ki byen ( Jeremi 22:3, Mica 6:8, Detewonòn 15: 7-8, 1 Jan 3:17). Lamizè ak viv tankou pòv paske se konsa sa toujou ye pou fanmiw oswa nan antouraj ou pa fè pati idantite’w. Wi, mwen menm ak ou jodia se moun rich! Men richès nou pa nou men k’ap sèvi Bondye a pa itilize men jan.

Paske ou se yon nòm/fanm rich men sa pou kenbe nan tèt ou jodia: Jan Pòl te explike li a nan 1 Tim 6:17-18 “pa kite lògèy vire tèt yo. Piga [ou]* mete espwa [ou*] nan richès sa yo ki pa sèten. Se pou [ou]* mete espwa [ou]* nan Bondye ki ban nou tout bagay an kantite pou nou ka gen jwisans yofè anpil byen, pou [ou]* ka rich devan Bondye. Piga [ou]*chich. Se pou [ou]* toujou pare pou separe sa [ou]* genyen an ak lòt.

Pwen pou’w sonje: 1) Bondye vle konble’w ak anpil benediksyon pou glwa li manifeste nan lavi ou (2 Korent 9:8, Sòm 1:1-2). 2)Ou se youn mounn rich pou fè sa ki byen alò pataje sa’w genyen (piti kou li ye 1 Jan 3:17). 3) Bondye beni’w pou ou ka beni lòt moun (pa kenbe konesans ou yo pou kòw nan kite lòt soufri lèw ka ede 1 Tim 6:17-18) . 4) Lajan pa malediksyon se kondisyon kèw ki ka fèw pedi nanm ou (Sonje se nan Bondye ki bay richès la pou mete espwa sèlman paske syèl la, tè a, ak tout sa ki ladann se pou li sèl Ezayi 66:1, Pwovèb 23:4).

Chanje jan ou wè tèt ou jodia paske ou se grannèg men san awogans ak gwo kolèt paske de bagay sa yo pa soti nan Bondye.

Men kèk bagay ki asire idantite sa:

  1. Wa sonje pitit tig se tig. Bondye kreye syèl ak tè a ak tout sa ki nan li. Se li ki mèt tout richès e ou se erityel (Sòm 24: 1-2; Jenèz 1:26-27).
  2. Bondye kreye tout bagay pou ou fè ou plezi (2 Korent 9:8).
  3. Bondye vle beni’w ak tout jan de benediksyone lajan ladann tou men li vle ou konnen ke richès ou fè pati idantite’w. Li soti nan andanw e pa nan sa ou posede. (1 Tim 6:17-18) Ou pa bezwen al fè zak malonèt ni rayi lòt mounn lè ou wè yo ap vanse nan kote w’ap tann mirak pa ou a (Sòm 37, Chirasid 31:8).
  4. Ou rich paske lespri Bondye nan ou (Ezekyèl 36:37, 1 Korent 3:16, 2 Tim 1:14).
  5. Ou se yon mounn rich paske ou konekte ap mèt lanate e gen tout pouvwa (Ezayi 66:1)
  6. Nan Bondye ou rich paske nan li ou pap janm manke anyen e li toujou kenbe pwomès li. Ou rich paske ou toujou gen tout saw beswen e Bondye pwomèt pou li toujou baw bezwen (pa tout sa ou swete ki pa nesesè) e plis toujou pou ou ka beni lòt moun( Filipyen 4:19).
  7. Richès soti andanw. Li pa soti sou byen materyèl ou posede. Toujou sonje kiyès ou ye e ak ki moun ou konekte!

Priyè: Menm jan pwofèt l te di nan Jeremi 17:7-8, “Benediksyon pou [ou]* ki mete konfyans [ou]*nan Senyè a, wi, pou [ou menm]* ki mete tout espwa [ou]* nan li. [W’ap]* tankou pyebwa yo plante bò larivyè. [W’ap]* plonje rasin ni fon nan dlo. [Ou]* pa pè anyen lè sezon chalè rive paske fèy li ap toujou rete vèt. Te mèt gen yon lane sechrès, sa p’ap fè li anyen, [w’ap]* toujou donnen.” Senyè mèsi paske nan ou mwen se ou mounn ki rich e vle benim ak tout kalite benediksyon. Tanpri anprann mwen byen konprann kijan poum itilize tout sam posede poum baw lwanj e ede lòt ki kotem yo konsa tout mounn va konnen se ou sèl ki bay e ou pap janm kite pitit ou wònt ni mande charite. Fè kèm pi pwòp poum sèvi ou pi fran chak jou pou logèy pa janm gen plas nan mwen. Banm pasyans ou ak plis lanmou pou kontinye fè sa ki byen. Mèsi paskew fèm rich e lavim asire nan ou. Amen.
* adapte pou devosyon an

https://youtu.be/esjrxQXqgn4