” Si n’ap mache, se pa paske nou wè tout bagay klè, men se paske nou gen konfyans nan Kris la. ” 2 Korent 5:7
Gen de jou lavi a ta vle pran tèt ou e fè’w kwè manti tankou “Bondye bliye’w”, “Bagay sa yo pap janm chanje”, “Se konsa bagay yo ap toujou ye”, “pa gen lespwa anko” etc. Lè sa yo leve bra ou anlè e kite zye’w sou Jezikri paske lè tout bagay ta vle fènwa, se le sa pral fè jou pou ou!!! Fè Bondye konfyans epi w’ap wè jan l’ap mennen’w lwen(2 Korent 5:7).
Sonje pawòl Bondye yo se defans ou ! Lè fòs ou ap febli epi panse negatif ta vle anvi’w pou fè dlo kouri nan je’w tankou lapli, nouri nanm ou nan ti pawòl ki ka ba’w lavi a paske lajwa ak viktwa se pou deja nan Jezi.
Ranplase manti yo lenmi nanm ou an ta vle’w kwè yo pa verite ki nan Bib la sou plan Bondye pou lavi ou yo. Mare sentiwon laverite ki soti nan Bondye yo nan fon kèw e kenbe pwomès Bondye yo. Men kèk ti egzanp:
Manti: “Bondye bliye’w” Verite: ” Senyè a reponn: -Eske yon manman ka bliye pitit l’ap bay tete a? Eske li ka pa sansib pou pitit li pote nan vant li a? Menm si yon manman ta rive bliye pitit li, mwen menm, mwen p’ap janm bliye [ou]! Mwen ekri non [ou] nan pla men’m. Mwen toujou wè miray [ou] yo devan je’ m.”Ezayi 49:15-17
2. Manti: “Bagay sa yo pap janm chanje” Verite: ” Senye a di: Mwen menm Senyè a, mwen se Bondye tout moun sou latè. Pa gen anyen ki twò difisil pou’ m fè. ” Jeremi 32:27
3. Manti: “Se konsa bagay yo ap toujou ye” Verite: ” Mwen rive konnen ki kalite travay Bondye bay moun pou yo fè. Li fikse yon lè pou chak bagay byen fèt. Li mete nan kè moun lanvi pou yo konnen sa ki gen pou rive denmen. Men, li pa janm kite yo fin konprann nèt travay l’ap fè a. Mwen wè pi bon bagay yon moun ka fè nan lavi, se fè kè ou kontan epi se fè sa ou vin pou fè a byen.” Eklesyas 3: 10-12 Verite: ” Tou sa rive paske pa gen anyen Bondye pa ka fè. ” Lik 1:37; Matye 19:26
4. Manti: “Pa gen lespwa ankò” Verite: ” benediksyon pou moun ki sipòte eprèv li ak pasyans. Lè la fin pase anba eprèv yo, la resevwa pou rekonpans lavi Bondye te pwomèt tout moun ki renmen li yo. ” Jak 1:7 Verite: “Se konnen nou pa konnen? Kouman? Se di yo pa janm di nou sa? Seyè a se Bondye ki la pou tout tan an! Se li menm ki kreye tout latè. Li pa janm bouke, li pa konn pèdi souf. Pesonn pa ka konprann lide li gen nan tèt li. Lè yon moun pèdi souf, li ba li fòs. Lè yon moun febli, li ba l’ kouraj ankò! Jenn gason konn pèdi souf, yo konn bouke. Lè konsa, yo bite, yo tonbe. Men, Seyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y’ap pran zèl pou yo leve ale. Y’ap kouri san yo p’ap janm bouke. Y’ap mache, yo p’ap janm febli.” Ezayi 40:28-31
Kontinye aprann kiyès ou ye konsa wa gen konviksyon ke tout ti detay nan lavi’w byen trase nan men Bondye (Jeremi 29:11). Li damou fou jan ou ye a e li pap jan’m abandone’w (Det 31: 1-6). Pwochèn panse negatif ta vle anvayi’w, lapriye, pran defans ou nan Bondye epi kenbe lafwa’w paske dosye’w la rezoud deja!
” Wi, kite m’ di Senyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen. ” Som 103:2
Lè ou pran yon ti tan pou di Bondye mèsi pou tout grandè li, karaktè li, sa li ye e fè pou ou (Sòm 107:1) ou ap pratike rekonesans oswa gratitid. Se younn nan pi gwo zanm pandan w’ap lapriyè e medite sou pawòl Bondye ou genye! (1 Tim 2:1-4)
Lè’w fè sa se pa sèlman non Bondye w’ap glorifye men w’ap aprann kè ou pou li sonje tout sa Bondye fè e ap fè nan lavi’w konsa tou w’ap agrandi abilite’w pou’w di lòt mounn ki nan lantouraj ou mèsi tou. Konsa, lè lavi a parèt difisil pou ou wa sonje fidelite Bondye e di li mèsi nan mitan tout eprèv ou paske lanmou li pou ou san parèy e li pwomès li yo se lajan sere (Det 31:6; Sòm 95:2—3; Efèz 5:19-20). Menm jan paran fyè, soulaje, e ankouraje lè pitit li di li mèsi konsa tou nanm ou ap fòtifye lè w’ap di Bondye mèsi e ba li tout onè avèk tout glwa li merite( 2 Korent 4:15).
“Mèsi” yon mo sènp ki gen anpil pouvwa. Li pa nan anpil literati ni nan patipri men li toujou san rati. Mèsi pa konn monte mòn ni toke kònn men li ka louvre tout pòt ou panse ki enposib pou louvri. Li gen lanmou ak lavi rekonesans e pi kiltive rayisans. Li fè kè pi dous pase siwomyèl e si’w kenbe’l kout l’ap mennen’w pi lwen pase syèl.
Pratike rekonesans gen anpil enpòtans e li ap ba’w plis konsekans ak konsyans. Yon kè ki konn di mèsi paka janm engra ni pòv paske li konnen kote sous li ye e li asire nan lanmou. Lèw gen rekonesans oswa gratitid li ogmante lajwa, lafwa, lasante, konesans, e li bay delivrans!
Di Bondye mèsi lè tout bagay ap mache byen, dil mèsi lè tout bagay parèt nwa. Di’l mèsi lèw pa konn sa pou di ankò ou pap fè move chwa lè’w deside pratike rekonsenans ou devan Bondye nan tout sikonstans (1 Tes 5:16-18). Se yon antidòt kont tout depresyon ak tout lespri perèz ki ta vle paralize’w. Itilize pawòl Bondye yo pou di’l mèsi tou, pou montre jan’w damoul tou e ba li plas nan lavi’w. Konsa wa wè jan lavi se yon bèl kado e lavi’w ap gen yon lòt sans.
Pandan w’ap lapriyè e di Bondye mèsi, fè byen kote’w pase e remèsye mounn ki fè byen ak ou se gade w’ap gade, w’ap wè jan Bondye ap fè wout avè’w. Eseye pase ti tan di Bondye mesi e remesye mounn ki kote’w yo le yo ede chak jou epi wa bann nouvèl!
Lapriyè:
Senyè, ak tout nanm mwen mwen di’w mèsi! Mwen di’w mèsi
paske ou bon e ou san parèy! Mèsi paske ou toujou tande rèl mwen e jistis ou pa
janm an reta (Sòm 7:17; 28). Pi gwo sakrifis ou mande se lwanj ( Ezayi 12:4;
Sòm 50:14; Ebre 13:15) . Mèsi pou lanmou’w pou nou ki san mezi e ki pap janm
chanje (Jak 1:17; Lamentasyon 3:22-23; 1 Istwa 16:34).). Mèsi pou lanmou ou genyen pou mwen ki san parèy ak bèl
mèvèy ou yo!!! (Sòm 107: 7-9; Jeremi 33:11)
Mèsi pou janw te pran sanw tout desine tout koub nan kòm, ti
souf mwen ou konsève, jan’w fasone pèsonalite’m ak kèm, tout talan inik ou
depose nan mwen yo ak rèv ou ban mwen yo. Mèsi pou lasante ou ban mwen. Si’m
malad, mwen remèsye’w davans pou gerizon’m paske ou se yon doktè pa excelans! Mèsi
pou fanmi ou ban mwen kit nan san obyen nan gwo fanmi esperityèl la. Mèsi pou zanmi
mwen yo. Mèsi pou pòt ou fèmen ak sa ou louvre menm lè mwen pa toujou konprann
pouki men mwen fè’w konfyans.
Mèsi pou konpasyons’w ak gras ou paske mwen pa merite tout gwo favè sa yo ou ban mwen chak jou. Mèsi paske malgre ou se wa sou tout wa ou jou disponib pou koze ak mwen nenpòt moman e ou pran plezi nan mwen (Sofoni 3:17. Mèsi paske nan ou mwen pa janm pase yon jou san mwen pa gen sa ki necesè pou’m viv (Sòm 34:10).“Mwen fè lwanj ou Senyè e m’a rakonte tout bèl mèvèy ou yo! Se ou ki fè kè’m kontan e se ou menm ki fè m’ap chante. Bondye ki anwo nan syèl la, m’a chante lwanj ou!” Sòm 9: 1. M’a fè lwanj ou ak tout kè’ m, Senyè. M’a rakonte tout bèl mèvèy ou yo Sòm 9: 1. Ke kèn kontinye pran plis rasinn nan prakite remèsiman ankre nanpawòl ou yo Bondye e poum pratike’l ak mounn ki fèm byen oswa mal pou lavi mwen pote bon fwi pou ou (Kol 2:7). Lwanj ak konpliman pou ou bon papa!! Mèsi!!!
Jan’w komanse jounen’w ap detèminen dispozisyon’w pou rès jounen. Abiman esperityèl ou necesè paske pa li Bondye ba’w “zam” pou pwoteje idantite’w nan li ansanm ak kè ou e otorite pou chanje nenpòt sitiyasyon.
“Bonjou bon Papa cheri! Mèsi paske ou asirem viktwa jodia sou tout move plan enemi nanm mwen ta vle fe pou pyejem e fem bliye kiyes mwen nan ou si’m swiv plan batay ou. Konsa pa lafwa mwen, mwen reklame viktwa sou … (fè lis kèk bagay ou panse ou ka rankontre pou jounen yan ki ka fèw bite, ouve kow pale ak moun ki damou’w anpil la!)
Mèsi paske ou raple’m ke mwen pa nan lagè ak lòt mounn mwen rankontre men fòs ak pouvwa fènwa ki vle simaye laperèz, depresyon, lamizè, ak rayisans tou patou. Pou’m preparem pou batay, pa lafwa, mwen mete sentiwon verite ya. Verite’w la, Senyè ou se yon Bondye ki san parèy. Ou tèlman renmenm ke ou te vini sou latè, ou soufri anpil, ofri tèt ou lakwa pou ou retabli koneksyon mwen ak ou e raple’m enpòtans mwen gen pou ou e jan ou renmenm malgre ou konnen tout fòs ak feblès mwen.
Ou konnen limit mwen e mwen diw
mèsi paske ou pap kite tantasyon fèm pote chay kew konnen m paka pote (1 Korent
10 :13). Laverite sou mwen yan, Senyè, se ke mwen se yon moun nouvo nan Kris e
mwen pa anba pouvwa peche ankò (2 Korent 5 :17). Mwen gen Sentespri ou ki se Lespri verite a ki ap viv nan mwen depi lèm te aksepte’w pou
sovèm ak gid mwen chak jou (Jan 14 :16-17 ; Efezyen 1 :13 ; 1 Korent 3 :16) ki
la pou gidem e kap fèm konnen lè gen yon danje tou prem. Mwen se pitit ou e
anyen paka separem avèk lanmou’w ( Women 8 :31-39 ; Sòm 32 :8 ; 2 Pyè 3 :9).
Senyè, ak lafwa mwen abiyem ak « Manto jistis la ». Bondye ou renmen lajistis e se ou ki sèl jij. Paske ou te kreye’m nan imaj ou, gidem poum fè sa ki dwat nan ze’w ak devan lèzòm ki gen kè pwòp menm lè fòs fènwa ap anvayi tout kote (Sòm 50 :6; Ezayi 11 :5, Sòm 33 :5 ; 103 :6). Ak manto jistis ou a sou mwen jodia, pa kite’m ebranle lè mechan ak fè vyolans ni fè bak, fèmen jem, oswa vinn frèt lèm wè zak malònèt k’ap fèt paske nan ou mwen gen tout otorite sou fòs fènwa poum pa kite yo pilonnen inosan e simaye laperèz kote pitit ou yo ye. Ak manto sa ki kouvrim nan mwen di non ak injistis sou tout fòm ke seswa emosyonèl, sosyal, materyèl, ou fisik ak tout zak malonèt ki vle kaba tout pitit ou yo konsa benediksyon ou va kouvri nou plis (Sòm 24 :1-6, Pwov. 2 :9 , Ezayi 56 :1). Andan manto sa map kenbe kèm ak tout emosyon mwen yo tou. Mwen pap kite kèm atache ak okenn bagay ki pa dwat ni pèmèt okenn kalite santiman negatif pran devan nan desizyon m’ap pran yo. M’ap dirije yo nan sa ki dwat ak sa ki jis. Ke limyè ou klere e non ou glorifye.
Pa pouvwa Sentespri ou, kounyea map mete nan pyem « sandal levanjil lapè ya ». Mwen disponib pou ou Bondye. Voyem kote’w vle. Dirijem vè sila yo ki bezwen ankourajman pou yo ka santi jan ou renmen yo, o yon èd fizik kelkònk. Sèvi avè’m pou’m pote lapè kote ou voye’m ki gen lagè. Ke kè poze ki soti nan ou an renye tout kote ki gen kè kase. Fè prezans mwen pote kè poze, lespwa, lajwa, ak lafwa tout kote’m pase ak sandal levanjil sa ou ban mwen an. Banm yon lapè nan lesprim ki san parèy devan pwoblèm ki vinn devanm yo e montre’m kijan poum patisipe avèw plis nan chanjman ou vle fè nan mwen e lòt pitit ou yo. Mwen pap pè ni kagou lè lenmi nanm mwen an ap simayen vyolans toupatou ak kè sote paske lavim asire nan ou e pwogram lavi nou chak se nan ou yo ye.
Kounye ya map pran « boukliye lafwaa », Senyè. Lafwa’m nan ou e nan ou menm sèl. San ou, mwen pa ka fè anyen e avèk ou, mwen ka fè tout bagay. Okenn tantasyon k’ap vini sou mwen paka travèse men ou kote’m abrite nanm mwen, kè’m ak lespri’m. Nan ou mwen byen antoure chak moman pandan jounen an e mwen itilize defans sa ki se konfyans mwen genyen nan ou pou pwoteje’m kont tout atak Satan. Avèk ou, mwen pa pè anyen paske w’ap fè wout avè’m jodi ya. Lè’m santi dout oswa laprèz, nève, enpasyans, oswa lòt tantasyon ta vle parem, mwen deklare viktwa m sou yo an avans nan non Jezi!
Senyè, Mèsi pou « Kas sali sa » mwen ap mete kounyea! Ou konnen kijan Satan ap chaje lesprim lajounen tankou lannwit ak move lide, dout ak pèrèz. Mwen mete kas sa poul pwoteje lespri’m. Sa ka rive ke mwen santi frap yo men lè sitiyasyon kontraryan oswa resilta mwen ta vle yo mwen poko jwenn yo, men anyen pa ka travèse kask sa a ki se pwoteksyon m nan ou e mwen resevwa pouvwa ou nan mwen. Mwen chwazi mete yon fren nan tout vye panse ki ka rive nan pòt lesprim. Avèk kas sali saa, panse sa yo pap gen okenn swit. Mwen chwazi pran dwam sou tout sa m’ap panse ak tout mo k’ap soti nan bouch mwen paske mwen kwè nan tout pwomès ou fè sou lavim ak sou lavi tout pitit ou yo. Mwen pap atachem ak anyen ki mal e ak santiman ak aksyon ki pa fè’w plezi tankou jalouzi, rayisman, plenyen, tripotray, panse negatif, tristès, perèz ak desespwa, e latriye. Pa pouvwa Lesentespri ou a jodia mwen chwazi mete tout enèjim sèlman sou sa ki bon, ki dwat e ki fèw plezi (Fil 4:7-8).
Ak tout konfyans mwen gen nan ou m’ap pran “epe lespri ya” ki se pawòl ou yo. Mèsi pou kado san parèy sa! Se yon bagay ki gen anpil fòs ak pouvwa poul kraze menm pi gwo atak Satan ka fè yo. Ou di nan pawòl ou yo ke mwen pa anba dezi kò ak emosyon mwen yo poum obeyi yo. Pawòl ou di tou mwen pa anba pouvwa Satan pou’m fè volontel paske Sentespri ou ki nan mwen fò pase lespri mond lan (1 Jan 4:4). Konsa, pa lafwa mwen pran epe lespri solid sa ki plen pouvwa saa ke Sentespri ban mwen, ki gen pouvwa pou’l defann mwen lè lenmi yo atakem, banm rekonfò nan moman detrès, enstwim nan moman meditasyon, e genyen batay la sou tout pouvwa fenmwa pou lòt mounn yo ki pote konnen e ki bezwen konnen verite ki soti nan ou yo pou yo ka jwenn libète pa yo tou e jwi de viktwa ak otorite sa mwen gen nan ou.
Senyè, Se pou lapriyè m moute devan ou tankou lansan y’ap boule pou ou a! Wi, se pou lè m leve men m pou m lapriyè, se tankou ofrann yo fè pou ou chak jou. Mèsi paske ou chwazim kòm pitit ou poum reprezante’w sou tè sila. Se pou satan ak kolòn li yo trample lè yo wè jan glwa ou ap manifeste andanm e nan lavi mwen ak tout lòt pitit ou yo nan non Jezi. Amen
“Pou fini, chache fòs nou nan lavi n’ap mennen ansanm ak Senyè a ak nan gwo pouvwa li.Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan. Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k’ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a. […] Resevwa pouvwa Bondye k’ap delivre nou an tankou yon kas an fè nan tèt. Pandan n’ap fè tou sa, pa janm bliye lapriyè. Mande Bondye konkou li. Lapriyè nan tout sikonstans avèk pouvwa Sentespri a.Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, kenbe fèmnan sa n’ap fè a. Lapriyè pou tout pèp Bondye a.” Efezyen 6: 10-18
Lè yon mounn pral kote ki gen anpil sekirite oswa ta rankontre mounn ki gen anpil pouvwa sou tè sa tankou yon prezidan oswa yon mounn nan fanmi wa yo tankou rèn Angletè a fòk li gen yon relasyon kole ak yo ak yon pozityon espesyal ki pou ba li gwo privilèj sa. Aksè sa ka vini sou fòm yon kat oswa, yon lèt envitasyon,etc. Konsa tou pou nou aksede Bondye nou an ki pi wo pase you tout nou bezwen aksè tou sèlman Bondye baw pase ak li san patipri e nenpòt mounn ou ye kelkeswa ran sosyal ou ka jwenn ak li e aksè sa nou jwenn li pa lapriyè (Efez 6:17-18).
Lapriyè se yon kominikasyon entime ak Bondye koute ou ap pale ak tout kèw. Ou pa bezwen di mil mo ni santi fòk ou pafè pou pale ak Bondye paske li damou ‘w anpil (Jan 3:16). Lapriyè se tankou yon konvèsasyon ant de bon patnè kote youn alèz anpil e lòt la konnen nenpòt ti erè li ta fè li pa bezwen pè pale de sa ak li paske l’ap konprann e l’ap ede li. Matye 6: 5-7, ede nou ke lapriyè nou yo fèt nan yon moman entime e ak dwe fèt ak tout kèn. Nou lapriyè ak bonnanj nou pou baw Bondye glwa pa pouvwa Sentespri li ki nan nou e ak lespri nou tou (1 Korent 14:15).
Paske Sentespri toujou la ak nou, nou ka lapriyè nenpòt moman lajounen kou lannwuit e itilize pawòl Bondye yo nan Bib la pou ogmante fòs priye nou yo( Ezayi 41:10; Ef 3:16; Women 8:26; Matv28:20). Lapriyè se kle ki kase tout chèn e se yon nan pi gwo zanm Bondye pa nou paske lagè pa nou an pa fèt ak katouch ak vyolans men sou de jenou nou ak obeyisans nou lè Bondye ba nou yon direksyon e nou obeyi nou fèl pandan n’ap patisipe nan tout lwa k’ap pwoteje dwa imen ak sa ki pa gen defans yo (Miche 6:8).
12 rezon pou ou Lapriyè
Pou di Bondye mèsi pou tout sa li te fè, ap fè, e ap kontinye fè nan lavi ou ak lavi tout pitit li e fè lwanj ak konpliman pou li (Kol 4:2; Sòm 63, 134, Efezyen 1:16; Fil 1:4; 1 Tim 4:5, Kol 1:3; 1 Tes 1:2)
Pou nanm ou ak tout lavi’w pwospere ( Sòm 1:1-3; 1 Wa 2:3; Det 2:7, 8:18; 3 Jan 1:1-2, Lik 6:28)
Pou mande Bondye padon pou pechew yo ak peche frèw ak sèw yo ak yon kè ki pi e gen anpil lanmou paske ansanm nou pi fò ( 1 Korent 14:14; Jòb 16:17; 1 Sam 15:25; 2 Kwonik 6:21-29; 2 Kwonik 30:20; JaK 5:15)
Tande vwa ak konprann volonte Bondye pou lavi pa’w chak jou (1 Wa 22:5; 2 Kwonik 18:4; Chirasid 7:10; Efezyen 6:18)
Jwenn direksyon pou lavi ou ak nenpòt desisyon ou dwe fè(Jeremi 42:3; Sòm 119: 108; Sajès 7:7; Women 8:26; Mak 11:24)
Pou delivrans, pwoteksyon, ak sekou pou ou menm, fanmi’w, zanmiw’w, katye’w ak peyi ou (Sòm 86, 88, 91, 102, 119:170; Esdras 8:23; Women 15:31; Matye 5:44; 2Kwonik 32:20; Neyemi 4:9)
Pou mande Bondye tout bezwen w yo e rakontel tout ti sekrè ak dezi kè‘w yo- se li sèl ki ka fè yo vinn realite (Fil 4:6; Matye 21:22; Pwovèb 16:18)
Pou rete fèm e pa tonbe nan tantasyon ni sou pouvwa fòs fènnwa (Mak 14:38; Lik 18:1; Lik 22 : 40-46; 2 Kwonik 6:35-39; Lik 6:28; 1 Korent 10:13)
Defann kòz ou devan jij siprèm ou an ki gouvènen ak jistis e ak entegrite ( 1 Wa 8:49; Jòb 8:5; Det 32:4; Sòm 18, 62; 1 Pyè 2:23)
Pou fòs ak kouraj pou kontinye grandi nan lafwa ak plis lanmou nan ou (Kol 1:11; 2Korint 13:9; Sòm 10:17)
Pou gerison maladi ou yo ak mounn kote ou pase (Chirasid 38:9 , 2 Kwonik 7:14, Sòm 41, 147, Jeremi 17:1;Jak 5: 13-16; 1 Pyè 2:24; Jak 5:13-16; Ezayi 38:16-17; Mak 16: 17:18)
Pou Bondye voye plis disip pou fè travay wayòm li an sou tè a (Matt 9:35-38, Lik 10:2)
Lagèw
Anba
Pouvwa
Resireksyon ak lanmou
Infini
Yaweh
Ènmi’w yo detwi deja!
Benediksyon: Senyè, “Se pou lapriyè m moute devan ou tankou lansan y’ap boule pou ou a! Wi, se pou lè m leve men m pou m lapriyè, se tankou ofrann yo fè pou ou chak swa a. Senyè, mete yon mò nan bouch mwen. Veye pawòl k’ap sòti nan bouch mwen! Pa kite move lide pran tèt mwen. Pa kite m mete tèt ansanm ak mechan yo nan mechanste yo. Pa kite m patisipe nan fèt yo!” Sòm 141:2-4 HAT98. Ke volonte ou fèt e non ou manifeste chak jou nan mwen e tout kote lòt pitit ou yo avèm pase. Amen.
(85:1) Pou chèf
sanba yo. Se yon sòm pitit [Ayiti]** yo.
(85:2) Senyè, ou te bon pou peyi ou la! Ou te mennen pitit [Ayiti]** ki te prizonye yo tounen! (85:3) Ou te padonnen tou sa yo te fè ki mal, ou te efase tout peche yo. (85:4) Ou pa’ t fache sou yo ankò! Ou te sispann fè kòlè sou yo!
(85:5) Mete nou kanpe sou de pye nou ankò! O Bondye, ou menm ki delivrans nou! Ou pa bezwen fache sou nou ankò!
(85:6) Eske w’ap toujou rete fache sou nou? Eske ou p’ap
janm byen ak nou ankò?(85:7) Eske ou p’ap ban nou lavi ankò, pou pèp ou ka fè fèt
pou ou?
(85:8) Senyè, fè nou wè jan ou renmen nou! Delivre nou non!
(85:9) M’ap koute sa
Senyè, Bondye a, ap di: Li pale ak pèp li a, ak moun ki kenbe’ l fèm yo, li
pwomèt pou’l fè yo viv ak kè poze, depi yo pa janm lage kò yo nan fè betiz
ankò.
(85:10) Wi, li pare pou’ l delivre moun ki gen krentif pou li, pou’l fè yo santi pouvwa li, pou’l toujou la avèk yo.
(85:11) Lè sa a nan peyi a, moun yo yonn va renmen lòt,
pesonn p’ap bay lòt manti ankò. Moun va viv byen yonn ak lòt, pesonn p’ap fè
lòt lenjistis ankò!
(85:12) Sou latè moun p’ap vire do bay Bondye. Bondye menm,
bò pa li, va rete nan syèl la, l’a gade anba san patipri.
(85:13) Senyè a va fè nou jwenn tout kalite bon bagay. Jaden nou yo va bay bèl rekòt.(85:14) Moun k’ap mache dwat yo va pran devan. Kote yo pase moun ap viv byen yonn ak lòt. Amen.
** Adapte de
vèsyon HCV pou bi priyè nou an.
Ke Bondye reponn a priyè nou vit e ke non li glworifye. Pataje lapriyè a ak zanmiw epi fanmiw. Bondye nou an kapab e pwomès li yo toujou sètèn. Ann kontinyel fèl konfyans pou avni nou ak avni peyi nou! Fòk mirak opere e glwa li manisfeste nan tout aspè nan vi ak peyi nou nan non Jezi.
« Pou fini, chache fòs nou nan lavi n’ap mennen ansanm ak Seyè a ak nan gwo pouvwa li. Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan. Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k’ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a. Se poutèt sa, depi koulye a, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n’a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n’a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou. Pare kò nou: […….] Toujou pran konfyans nou gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt nou pare tout flèch Satan an ap voye tou limen sou nou. »
(Efezyen 6 :10-15)
Konfyans nan Bondye oswa lafwa se younn nan defans ki pi enpotan ou genyen (Efezyen 6 :15). Li ede’w kanpe e pa panike lè lavi vle fè vant ou balonnen (Pwovèb 3 :5-6). Li raple’w ke fiti ou asire e ou pa bezwen bougonen. (Sòm 46 :10) ; 1 Cor 16 :13 ; Woman 5 :1-3; Jeremi 29:11)
Lafwa ba’w asirans menm lè tout bagay fè nwa, w’ap toujou gen delivrans (1 Korent 2 :5) Paske anyen pa enposib pou Bondye ou a ki san parèy e ki pa janm nan pretans (Ebre 11 :1-6, Lik 1 :37). Depi’w kwè nan tout sa Bondye di, kont Satan ou pap janm san defans (Matye 21 :22).
Lafwa pwoteje’w kont atak lenmi nanm ou an ki ta vle tout tan ou gen domi nan je’w Konsa san w pa rann ou kont li gentan mete anpil kòd ak pèlen nan pye’w (Ef 6 :10-16). Lè’w kite lafwa gide’w ou dezame dout, tristès, plenn, perèz, ak doulè ki ta vle toumante’w (1Pyè 5 :7-10).
Lafwa’w manifeste lè’w chwazi pou’w pwoteste kont mechanste ak kalimite E ranplase panse negatif yo ak pawòl Bondye paske na li gen tout verite. Poutèt sa, pa bliye mete defans ou pou pwoteje nanm ou, kè’w ou ak lespriw lè wap abiye.
Lè ou komanse pi sinsè nan pare tèt ou (oswa figuratif man kò ou jan Pòl te di a) pou ou grandi nan lafwa, Pare’w tann atak Satan paske li toujou ap voye tout « flèch » oswa kalamite sou ou pou’w ka febli e pedi lespwa. Paske li vle’w pa asire idantite’w nan Bondye tout bon men kenbe fèm lafwa ou genyen an nan Bondye sèlman (Jak 1 :5-6 ; Women 1 :17).
Jan granmounn lontan konn di « Baton’w nan men’w, pa kite chen manje’w. » Pa bay Satan espas vid pou envayi kèw ak Lespri’w. Ou pa pou kò’w ni ou pap janm pouko paske w’ap sèvi yon Bondy eki vivan tout Bon e ki ave’w tout kote’w pase !
Lapriyè Pou mete Defans oswa Boukliye Lafwa a :
“ Papa doudou, mèsi pou jan ou bon mwen. Ou tèlman renmen’m a ta janm abiye’m esperityèlman chak jou konsekan pou ou! Ou konnen joumou pa janm donnen kalbas e ou pa janm kite kèm tankou tè ki rete san wouze. Mèsi pou sentiwon verite ou a ki banm fòs chak jou, manto jistis ou a ki edem rete onèt ak tèt mwen e ak lòt mounn konsa m pa fèmen de jem lè’m wè abi ap fèt kotem ye. Ak lanmou ou ban mwen, mwen kenbe nan pye mwen sandal lapè ou a pou’m pataje bon nouvèl ou ak kè poze tout kote mwen pase.
Kounye ya map pran « boukliye lafwaa », Senyè. Lafwa’m nan ou e nan ou menm sèl. San ou, mwen pa ka fè anyen e avèk ou, mwen ka fè tout bagay. Okenn tantasyon k’ap vini sou mwen paka travèse men ou kote’m abrite nanm mwen, kè’m ak lespri’m. Nan ou mwen byen antoure chak moman pandan jounen an e mwen itilize defans sa ki se konfyans mwen genyen nan ou pou pwoteje’m kont tout atak Satan.
Avèk ou, mwen pa pè anyen paske w’ap fè wout avè’m jodi ya. Lè’m santi dout oswa laprèz, fristrasyon, enpasyans, oswa lòt tantasyon ta vle parem, mwen deklare viktwa m sou yo an avans nan non Jezi ! Ou pwomèt viktwa ak tout moun ki mache selon pawòl ou e ki kache yo nan ou. Konsa nan lafwa, map deklare viktwa’m kounye ya menm paske mwen konnen gen anpil flèch tou limen ke Satan ap voye sou chemenm menm pandan moman sa m’ap priye’w laa. Ou konnen tout sa ki pou rive’m jodia e ou ban’m viktwa sou tout fòs fènwa. Mèsi anpil pou sa! Ke lafwa’m kontinye grandi nan ou pi plis pou relasyon mwen ak ou pi sere chak jou konsa m’a kontinye fè lwanj ou e temwanye grandè ou tout kote mwen pase. Amen.
« Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k’ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a[…..]Pare kò nou: mare verite a tankou yon sentiwon nan ren nou. Pwoteje nou ak jistis Bondye a tankou plak pwotèj sòlda yo mete sou lestonmak yo pou pwoteje yo. Pou soulye nan pye nou, mete aktivite pou anonse bon nouvèl k’ap fè moun viv ak kè poze a. » Efezyen 6 :12-15
Lapè oswa kè poze se yon bagay nou toujou bezwen e Bondye ban nou li an abondans lè nou konfye’n nan ak tout kè’n.
Sonje nan Bondye, idantite’w se lapè e li fè pati nan defans Bondye ba ou pou’w konbat lenmi nanm ou an chak jou. Ak dechoukay pasi pala, manifestasyon a goch a dwat, kalimite ak vyolans nan yonn bagay « peyi bloke » li pa fasil pou sonje ke ou se lapè e mete’l nan abiman espirytèl ou nan lapriyè. Tout pwoblèm sa yo se w’ap rankontre nan enviwònman ou chak jou raple ke li necesè pou’w ‘mete ‘ sandal levanjil lapè a paske enemi ou (Satan ak tout espri ki fè alyans ak li yo) tout sa li vle se volè (lapè, lajwa, lasante, lafwa, lavi), touye (rèv ou, siksè’w, vizyon’w yo, imaj ou genyen positif de tèt ou ak lòt mounn), e detwi (tout sa ki bon nan ou ak nan antouraj ou) Jan 10 :10. Ou nan ‘lagè’ chak jou (Efezyen 6 :10-18) alò ou pa ka mache pye atè menm jan yon solda nan tan nou an pa janm pati san gwo bòt nan pye yo pou yo pwoteje tèt yo de tout pyèj gwoup lenmi an ta poze pou yo.
Lè Pòl tap dekri abiman esperityèl yon disip Jezi, 3èm konsèy la sete « mete aktivite pou anonse bon nouvèl k’ap fè moun viv ak kè poze a » (Ef 6 :15). Anpil lòt vèsyon Bib la dekri li tankou « Sandal Levanjil lapè a » ki ede nou wè kisa aktivite sa yo ye (moveman, deplaseman alò fonn gen bagay nan pye) e sa montre nou tou enpòtans kè poze a nan lè n’ap bòn nouvèl la ki se lanmou Bondye genyen pou ou ak tout lòt moun ki sou latè kelkeswa nasyonalite li, koulè pol ak fòm tèt li.
Nou pa nan goumen yonn ak lòt men avèk fòk fènwa alò nou dwe gen lapè pou nou pataje pawòl Bondye a ansanm. Bondye tèlman vle pitit li yo gen kè poze, plizè kote nan Bib la avan li menm oswa zanj li yo pale komandman pou gen kè poze a toujou la( Jij 6 :23 ; Lik 1 :28 ; Lik 7 :50 ; Jan 14 :27 ; Jan 20 :19-26 ; 1 Pyè 5 :14).
Bon, kisa sa vle di menm pou mete sandal levanjil lapè nan pye’w? Kesyon ou an excelan! Ann gade ansanm. Lè ou gen bon sandal nan pye’w (oswa solye siw vle), nenpòt pikan pa ka pike’w ni labou nwaje pye’w. Ou ka mache sou zèb oswa wòch (lapli ni solèy pa fè’w pè) e pye’w yo proteje kont kèk mikrob ak bagay ki ka blese’w. Konsa tou lè’w mete sandal levanjil lapè nan pye’w apre ou vinn mare a sentiwon verite na ren ‘w a ak manto jistis Bondye a sou ou, ou dispoze nanm ou, kò’w ak lespri’w pou simaye lanmou Bondye tout kote ou pase ak anpil sajès ak entegrite.
Ou mete tèt ou nan lòt disposisyon pou ou renmen mounn kelkeswa jan yo parèt (Matye 5 :47) sou ou e ou konsakre tout deplasman ou fè yo a Jezikri paske plan lavi ou Bondye trase’l deja (Jaremi 29 :11). Lè ou fè sa, ou mete tèt ou nan pozisyon pou Bondye manifeste glwa li nan ou e a travè de ou pi plis.
Ak sandal levanjil lapè a nan pye’w (dispozisyon lanmou ak kè poze a ki soti nan konfyans ou genyen nan Bondye) ou pare tou pou konbat lenmi nanm ou an e entèsede pou fanmi’w ak peyi’w nan lapriyè ak de pye’w sou tè a sanw pa febli paske ou pwoteje e ou konn kiyès Bondye ye ak idantite ou nan li.
Konsa lè gwo van lavi ap soufle sou ou yon jou e ou santi fòs vle kaba, wa sonje kote lapè ak fòs ou soti e pataje menm kouraj ak lanmou sa ak lòt moun paske mwayen ki pi efikas pou pataje levanjil lapè sa se lè ou sèvi Bondye ak tout lavi’w (konpòtman w- janw reponn ak kalamite e kè kontan, itilize talan ou yo ak tan’w, riches ou, jan’w sèvi ak tèt ou zanmi w yo ak fanmi’w, mounn ki nan travay ou, legliz ou, enviwònman’w ak otorite nan peyi’w ansanm ak tout pawòl ki soti nan bouch ou etc.) e kanpe pou sa ki dwat( jistis ak verite ki soti nan pawòl Bondye yo, lè ou pa rete silans lè ou wè injistis ap fèt etc).
Alòs ou konprann kounyea jan sandal levanjil lapè a enpòtan ? Pa soti san sandal sa yo nan pye’w paske lè’w san defans nenpòt chen ka jape’w (atak esperytèl sou tout fòm) e ou pap ka kouri al kache byen paske ‘pye’w ‘ (lespri’w ak kèw) pa byen pwoteje.
Ann Lapriyè Pou Abiye Nou ak mete Sandal Levanjil
Lapè:
Pa pouvwa Sentespri ou, kounyea map mete nan pyem « sandal levanjil lapè ya ». Mwen disponib pou ou Bondye. Voyem kote’w vle. Dirijem vè sila yo ki bezwen ankourajman, santi jan ou renmen yo, oubyen yon èd fizik kelkònk. Sèvi avè’m pou’m pote lapè kote ou voye’m ki ka gen lagè. Ke kè poze ki soti nan ou an renye tout kote ki gen kè kase ak vyolans paske lapè bay se sèl ki ap dire e mwen konnen ou vle restore lapè nan lavi nou chak. Fè prezans mwen pote kè poze, lespwa, lajwa, ak lafwa tout kote’m pase ak sandal levanjil sa ou ban mwen an.
Banm yon lapè nan lesprim ki san parèy devan pwoblèm ki vinn devanm yo e montre’m kou man poum paticipe avèw plis nan chanjman ou vle fè nan mwen e lòt pitit ou yo. Mwen pap pè ni kagou lè lenmi nanm mwen an ap simayen vyolans toupatou ak kè sote paske lavim asire nan ou e pwogram lavi nou chak se nan ou yo ye. Mèsi anpil pou priyè sa ou koute e mwen konnen ou ap egzose li. Ke non ou glworifye Jezi, Amen.