« Senyè, montre’m jan pou’ m swiv lòd ou yo, pou’m obeyi yo jouk sa kaba. Ban’m lespri pou’m ka obeyi lalwa ou, pou’m fè sa’l mande a ak tout kè mwen. Fè’m viv yon jan ki dakò ak kòmandman ou yo, paske se nan yo mwen jwenn tout plezi’ m. Fè’m pi anvi swiv prensip ou yo pase pou’m anvi gen lajan. Pa kite’ m kouri dèyè bagay ki pa vo anyen. Fè’m swiv chemen ou mete devan’ m lan. » Sòm 119 :33-37
Idantite’w nan Bondye se younn nan pi gwo richès ou genyen. Se pou rezon wa de tan zan tan li necesè pou ou pran yon ti moman pou ou re-evalye relasyon ou ak Bondye e mande li direksyon pou asire’w ke ou tande li byen.
Jodia kit ou santi ou wè klè tankou dlo kokoye san ma oswa ou ap viv nan dout, inkietid, konfizyon, oswa dekourajman pran yon ti tan pou medite sou Sòm 119:33-37 pou envite Bondye nan koze‘w.
Ann Lapriyè
Papa mwen ki nan syèl la,
Mèsi pou lanmou ou ak prezans ou ki san limit. Mèsi pou pwoteksyon ak gras ou ki kouvri mwen ak chak grènn pitit ou yo chak jou. Mèsi pou konpasyon ou ak devouman ou pou nou chak. Se yon lanmou mwen pa toujou konprann men ki bay lavi mwen yon lòt sans ak ranpli m ak esperans.
Nan bouyon lavi’m ou se sèl magi ki ba li plis bon gou. Mèsi pou pawòl ou yo nan Bib la ki pou sèvi’m kòm gid, pou Sentespri ou ki enspire sa pou’m priye. e ki direksyon pou’m pran lè’m bezwen yon papa ki pou proteje’m, yon zanmi ki pou kote’yon .
Ou se tout sa mwen genyen e nan ou mwen pa janm manke anyen. Mwen vle viv plis selon volonte’w e fè tout sa ki bon devan zye’w ak lezòm pou glwa ou eklate tout kote’m pase. Mwen pa vle viv selon emosyon mwen ni kontinye reaji chak lè sikonstans lavi ba mwen tap. Nenpòt kote mwen ye, mwen konnen ou se sponsò ki toujou ban mwen bourad. Gide mwen souple.
Pa kite’m fè desizyon ki pap fè ou plezi ni pou .avi fè’m vann eritaj mwen pou ti pen. Proteje kè’m e kenbe mwen nan pye’w. Tankou ti katkat ki poko ka mache byen paran yo toujou kenbe mwen yo pou fè wout la, mwen ofri men ak pye pam yo. Mennen’m kote ou vle. Ou se yon Bondye ki jis e ki gen kè ssasib. Nenpòt desizyon ou fè ak direksyon ou bay ap korèk. Mwen vle fixe je’m sou ou e mache nan chemen ou trase devan’m nan. Mwen vle reyisi jan ou menm ou te ekri nan destine’m.
Di mwen kisa ou vle’m fè nan sezon sa. Mwen disponib pou ou Senyè. Fè’m genyen tout konba sou fòs fenwa ki ta vle fè gè lavi’m ak lantouraj mwen. Ke chak grenn pitit, fanmi, zanmi, ak kolòn mwen yo jwenn yon nouvèl realizasyon de idantite yo nan ou kòm pitit ou e nouvo direksyon tout nèf de ou. Gide nou pou glwa ou. Tout sa ou di ak bouch ou men ou toujou akonpli li. Mwen konte sou ou. Nan non Jezi, Amen.
” Kounyeya, mwen konnen Senyè a ap fè moun li chwazi a genyen batay la. Li rete nan syèl la, nan kay ki pou li a, li reponn li. Li fè’l genyen batay la avèk gwo pouvwa li. Gen moun ki mete konfyans yo nan machin pou fè lagè. Gen lòt moun, se nan chwal yo yo mete konfyans yo. Men nou menm, se nan pouvwa Senyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou.” Sòm 20:6-7 HAT98
Nan lagè, kapitèn solda yo toujou gen yon plan pou yo ka genyen batay la sou lenmi an. Yo toujou gen yon plan atak, defans ak ofans paske yo konnen yon sèl strateji pap garanti yo viktwa. Konsa tou nan koze idantite’w, toujou gen yon gè se pa younn ou ka toujou wè men Bondye ap konbat pou ou (Efez 6:12-13). Kelkeswa kote’w ye, zye li toujou fixe sou ou paske li renmen’w san mezi (Efez 3:18).
Konba sa l’ap menmen pou ou a ka parèt sou anpil fòm ak sezon lavi. Pa egzamp, gen de lè nan lavi ou ka santi ou nan tèt mòn, kote tout sa ou dezire manifeste, ou santi koneksyon’w ak Bondye pi pre ke jamè. Se komsi lapriyè ou se ou sèlman yo t’ap tann ou ouvi bouch ou pou yo egzose. Se fèt nèt al kole. Nan tout ti moman damou’w ak Bondye, li revele’w pa Sentespri li anpil mistè kache e anpil fwa li avèti’w tou lè ou menm oswa yon lòt an danje li vle chanje rezilta yo pa lapriyè. Nan moman sa yo se flè sèlman ak lanmou k’ap simayen.
Gen de moman tou ou ka santi’w nan yon vale ki pafwa ka tèlman fon li menm difisil pou ou exprime kijan ou santi’w. Ou ka menm santi li tankou yon siklòn ki deside pote lavalas dlo yon sèl kou pou pote’w ale. Nouvèl agoch adwat e responsabilite lavi sanble pa konprann sak rele “yon ti poz komèsyal” la pandan emosyon ou yo sèlman vle fè skandal. Sa yo poko rive’w? Menm si yo poko rive’w, yo ka rive yon mounn ou konnen.
Tout experyans tèt mòn oswa vale lavi fè pati egzistans la. Yon bagay ki senten se chanjman. Chanjman fè pati lavi toulèjou. Ou paka nye li ni pèl paske chak jou ak sezon vini ak gou pa yo (Eklesias 3:1; Matye 6:34). Chanjman w’ap tann nan soti nan ou paske ou se chanjman men se Bondye sèl ki pote chanjman ki ka dire.
Anpil mounn ka kwè sou fos ponyèt yo pou soti nan tout sitiyasyon men ou men ou konnen sous ou e konba w’ap menmen an pa yon gè natirèl sèlman. Ou konnen kapitèn lame ki gen plis experyans ak strateji ke tout lot yo ap konbat pou ou. Letènèl ap konbat pou ou sa vle di li toujou ap pouse fòs tenèb pou li restore lajwa, sante mantal, fizik, esperityèl, sosyal, ak finansyè ou ak fanmi ou(Sòm 20:6-7).
Se pou ou toujou fè tout sa ou kapab pou ou mete ou an pozisyon pou recevwa benediksyon ak opòtinite li ofri ou yo pou grandi. Mèt syèl la ak tè a nan wou, rele sou men’w, byen abiyepa lafwa, e mete’w fre (Som 24:1;Galat 2:20). Mete sandal ou anba ke’w, sentiwon’w nan ren’w (kouraj ou), manto lajistis ou, ak kas sali ou nan tèt ou paske ou pa nan won (diferan sikonstans lavi) san baton (san defans).
Bondye gen kontwòl tout aspè nan lavi’w. Li gen plan atak, defans, ak ofans pou li ede ou reyisi. Atake enemi nanm ou ak dout ou yo nan lapriyè. Konfronte pè ou ak pawòl Bondye yo paske yo se defans ou. Sentespri ap ba ou plan ofans la moman pa moman. Konte sou li. Kenbe je’w sou Jezi. Li pap janm kite ou wont.
Ann Lapriyè
Senyè, mèsi paske ou pa janm kite mwen sèl. Ou se kapitèn lame pa excelans. Mèsi paske w’ap konbat pou mwen. Mwen remèt tout fado, jwa, rev, plan, entansyon mwen yo, fanmi’m, katye’m, vil kote’m rete, ak peyi ya nan men’w. Mwen konnen avèk ou mwen toujou pote viktwa. Mwen konte sou ou. Amen.
” Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounyeya. ” 2 Korent 5:17
Bagay nèf genyen anpil valè pou anpil mounn paske yo souvan reprezante yon lòt nivo oswa pwogrè. Yo pote chanjman ak òpòtinite pou fè nouvo experyans. Pa egzanp, rad nèf ka fè yon mounn santi li chèlbè, fyè, pwòp, e alamòd. Yo ka menm fè mounn nan emosyone sitou si se te yon bagay yo te toujou swete genyen.
Nan kilti lakay chak fen ane, nwit 31 Desanm rive pou 1er Janvye anpil mounn renmen fè kay yo bèl epi mete rad nèf pou recevwa nouvo ane a pwòp. Gen mounn ki konn tou kite etikèk nan rad oswa rido yo pou make pwen an. Anpil mounn pran lajwa ak fyète nan fè sa paske pou yo sa senbolize nouvote ak espwa pou opòtinite nan ane k’ap rantre a. Bon, ann pa menm ale pi lwen. Eske’w sonje lajwa ou konn santi lè paran’w te konn achte ti jwèt oswa soulye nèf pou ou?
Eh byen, nouvote fè pati idante’w nan Bondye. Depi’w te ankre idantite’w nan Kris, yon bagay ki seten idantite’w chanje. Ou se yon mounn nouvo (2 Korent 5:17).
Nan Jezi chak jou ou (nanm ou, lespri’w, kè’w, e menm pati nan kò’w) renouvle e ou vinn tou nèf ak yon nouvo manda sou latè (Lik 10:19). Idantite’w se “mounn nouvo” sa vle di fason ou reflechi, aji, ak jan ou wè tèt ou dwe chanje chak moman pou reflete pawòl ak pwomès Bondye yo sou lavi ou (Women 12:2) paske pèsepsyon sa yo plis enpòtan ke aparans fizik ou tankou jan’w abiye ak estil cheve ou (Pwovèb23:7).
Wi, ou menm menm-ou se yon mounn tou nèf! Nouvote sa pa menm jan ak byen materyèl tankou soulye nèf ki ka dekole depi nan bwat ni opòtinite sou latè ki ka fane nenpòt moman. Ni li pa baze sou laparans menm lè lanmou sa ke Bondye ap benyen kè’w la ka fè figi’w briye ak lajwa san penitans (Ezayi 58:11). Se sa ki fè ou paka kite espas vid pou logèy ni konpare lavi’w ak yon lòt mounn. Idantite tou nèf sa Bondwe ba ou a la pou transfòme andedan’w e raple ou chak jou ke ou se lanmou, padon, jenerozite, inite, lafwa, lajwa, lespwa, sèl, ak limyè nan pami anpil lòt verite.
Nouvote sa yo pap parèt flagan menm jan lè yon mounn achte yon byen fisik tou nèf tankou machinn, kay, telefòn, kompitè, elatriye men yo ap fè ou wè lavi ou nan yon lòt dimansyon e ede’w pi byen konprann enpotans li. Ou vinn pi rèd pase yon òdinatè ki pran yon grad exponansyèl paske nouvo vèsyon sa de ou pa pouvwa Sentespri Bondye pi bon e pi efikas. Li baze sou yon koneksyon ki rapid as sous ou tout kote ou pase. Ou pa bezwen ni plog, ni kouran, entènèt, bloutouf, elatriye pou sa. Okenn konpani sou tè silaa paka konpare ak grad sa.
Paske ou se youn mounn tou nèf, erè ou te fè lontan yo ak reyisit ou te genyen avan yo pa defini’w ni mete bout sou lavi’w. Ou pa menm mounn kilti, relijyon, tèt ou avèk ide ansyen yo, oswa lantouraj ou ta vle fè’w kwè ou ye. Lavi ou plis enpòtan ke ou ka kwè oswa ka wè’l e li inflyanse plis ke ou imajine (Women 8:19).
Kit ou kwè sa oswa sikonstans lavi ta vle fè’w kwè kontrè a ou se yon mounn nouvo chak jou. Chak jou Bondye vle ekri yon lèt lanmou ki bèl nan lavi ou e manifeste glwa li nan ou e a travè de ou(Lamentasyon 3:22-23). Ou pa anba kondanasyon peche alòs ou gen libète pou chwazi mo ki pou kreye lavi, viv nan jenerozite san patipri, e aji ak jistis. Talan ou yo nesesè pou wayòm Bondye a ak lavi ou pwogrese. Li lè li tan pou ou LEVE. Pouvwa lavi ak lanmò nan pwent lang ou chak moman (Pwov 18:21).
Ou se yon mounn apa Bondye chwazi. Chwazi lavi. Chwazi pwogrè. Chwazi grandi nan idantite ou nan Bondye. Chwazi viv tankou mounn nouvo ou ye nan chak moman.
Lè mounn fèt gen bagay nouvo ki enpòtan pou yo, yo investi tan, resous, ak enèji yo pwoteje’l plis, chouchoute’l, ak montre zanmi ki ka pataje lajwa ak yo. Menm jan an tou, fòk ou investi nan idantite kòm mounn nouvo ou ye nan pase plis tan nan lapriyè, koze ak Bondye. Konekte e koze ak mounn ki bò kote’w ki gen men idantite a ak plis enfomasyon pou ou grandi pi plis nan experyans ak konesans nan Bondye. Se Bondye sèl ki ka redouble fòs ak fokis ou pa pouvwa Sentespri ak pawòl li e se nan inite ou ap pwospere pi vit. Kontinye vanse.
Ann Lapriyè
* Adapte de Efezyen 3:17-19 HAT98 pou devosyon an
Senyè, mèsi pou nouvo mounn sa ou renouvle nan mwen chak yo e jan ou fè’m tou nèf depi lè mwen te aksepte yon relasyon sere avè’w. Edem grandi pi plis nan nouvo dimansyon sa pou anyen pa mare pwogrè ak pwomès ou yo sou lavi’m. Mwen remèt ou tout mwen menm e soumèt mwen sou direksyon Sentespri ou. “[17] [Se] pou Kris la rete nan kè [mwen]* ak konfyans [mwen]* gen nan li a. M’ap mande Bondye pou [mwen]* pouse rasin, pou [mwen]* chita byen fèm nan renmen, [18] pou [mwen]* ka konprann, ansanm ak tout pèp Bondye a, jan renmen Kris la laj, jan li long, jan li fon, jan li wo. [19] Wi, mwen mande pou [mwen]* rive konnen kalite renmen Kris la gen pou [mwen]*, atout pèsonn p’ap janm ka rive konnen l nèt. Konsa, [m]*’a vin plen nèt ak tou sa ki nan Bondye.” Amen
“Men, si nou rekonèt devan Bondye nou fè peche, nou mèt gen konfyans nan li. Paske l’ap fè sak gen pou fèt la: la padonnen tout peche nou yo, la netwaye nou anba tou sa ki mal.” 1 Jan 1:9
Peche. Ah wi “peche”, yon pawòl ki itilize souvan men ak yon pakèt konsepsyon ki pa Biblik ki lakòz anpil konfizyon ak dezinyon nan divès kominote. Mank enfòmasyon sa fè anpil mounn elwanye yo de opòtinite pou devlope yon relasyon entim ak Bondye.
Peche soti nan mo Ebre ” khata‘ ” e nan lang Grèk ” hamartia” ki vle di “echwe” oswa “rate objektif la”* alò ‘peche’ se echwe nan atenn yon objektif.
Ki objektif ou menm ki ankre idantite ou nan Jezi-Kris genyen?
Daprè istwa kreyasyon nan Bib la, Bondye ki se lanmou kreye chak mounn nan imaj li alò objektif prensipal ou se pou renmen Bondye ak tout kè yo e renmen chak pwochen ak pwòp tèt ou menm jan an (Matye 22:37-40; Mak 12:30-31; Lik 10:27; Egzòd 20; Pwovèb 3:5-6; Det 6:4-7).
Nan nati lòm, li fasil pou move lide anvayi tèt youn moun nan nenpòt sikonstans (Women 3: 21-24). Se sa ki fèt tout mounn “peche” oswa “echwe nan atenn objektif” prensipal la nan divès manyè kote lanmou, onè, ak respè manke nan prezans yo. Se yonn nan rezon Pòl te exolte chak disip Jezi-Kris yo tankou ou menm pou abiye pa lafwa a chak moman (Efez 6:10-18).
“Onè” oswa “onore ” vle di kenbe [yon mounn oswa yon bagay] nan gwo respè ak reverans; sèvi nan yon fason ki onèt e distenge**. Se sak fè onè pou Bondye konekte ak onore younn ak lòt kòm reprezantan li sou tè sila (1 Jan 4:20).
Kilè oswa kijan yon mounn ‘peche’?
Bravo, bòn kesyon!
Nan kontèks Biblik la, yon mounn peche lè lide li genyen oswa aksyon li fè yo oswa pa fè sa- ki rele nan ka sa peche pa omisyon an ki pa bay Bondye ak lòt mounn ki konsène yo (si sityasyon inkli mounn) respè, lanmou, ak onè ki merite (Matye 5:28-29; 15-19-20; Mak 7:20-23; Fil 4:8; Jak 1:14-15; Pwov 4:23).
Kòm rezilta mounn ki ‘peche’ a ka santi li elwanye de Bondye tankou prezans Bondye absan menm se pa vre (Jenèz 28:15; Det 31:8; Ebre 13:5-6). Santiman dekoneksyon pèsonèl sa ak Bondye ka enfliyanse pou li elyanye tèt li de Sentespri ak kominote lafwa kote l’ap viv la tou. Kòm rezilta li ka rantre nan yon izòlman espirityèl ak fizik ki malouk paske li pa apiye sou pawòl Bondye yo ki fè’l vinn manke bon konprann ki fè dout ak laperèz anvayi li paske kwayans yon mounn se realite’l.
Bib la gen egzamp ki ilistre ‘peche’ nan kontèks pwòp li ki se lè yon mounn fè kichòy ki dezonore Bondye ki souvan inkli pwochen yo tou. Nan moman sa yo gen mounn ki ka konvenk tèt yo sa yap fè bon e jistifye’l petèt pa ignorans (mank enfòmasyon oswa bon konprann), pa aksyon yo fè, oswa omisyon (aksyon yo pa fè sa ki te necesè). Younn nan egzamp nan Bib la soti nan istwa Jozèf ak madan Potifa nan Jenèz 37. Jozèf pat vle kouche ak madan Potifa paske li pat vle “peche devan Bondye”- nan sans de baz li pat vle dezonore yon lòt mounn ki fèt nan imaj Bondye pa respè pou Bondye ki te kreye li, zanmitay li ak Potifa, ak pou tèt li tou paske li te konnen idantite’l nan Bondye (Jenèz 37:9).
Chaje lòt egzamp biblik ou ka pran san’w pou idantifye e ou ka pataje’l nan espas komantè a. Ou ka pataje tou kijan explikasyon sou tèm peche ede yo konprann idantite’w nan Bondye.
Eske gen solisyon pou ‘eche’?
Bondye wè’w e li renmen’w anpil. Nan lanmou infini ak bonte li, Bondye raple ou chak jou ke pa gen okenn ‘peche’ (objektif pou ou renemen e fè sa ki byen nan je li ki ap benefisye limanite jan pawòl li deklare’l) ki ka fè’l renmen’w mwens (Lament 3:22-23). Se sak fè chak jou Sentespri li nan ou la pou ede ou grandi, kenbe fè’m nan lafwa, e gide’w pou fè sa ki byen devan Bondye ak devan lezòm pou glwa li (Pwovèb 21:3; Matye 6:1; Mak 13:11; Ezayi 11:2; Jan 16:13-24).
Gen anpil moman w’ap bite e w’ap peche (echwe nan objektif ou pou renmen, respekte, onore Bondye, ak frè ak sè ou yo oswa tèt ou). Lè ou “echwe” oswa peche pa dekouraje. Pèsevere. Sentespri ap toujou la avèk ou pou ede ou fè pi bon chwa, mande eskiz ak padon lè necesè e kontinye grandi.
Younn nan solisyon Bib la bay pou ‘peche’ a pa de rekonèt e aksepte sakrifis Jezikris te fè pou chak mounn sou lakwa pou retabli koneksyon dirèk ap Bondye se konfesyon.
Konfese oswa konfesyon vle di pataje, degaje konsyans ou, oswa vide lespri ou de “peche” a (moman feblès la kote lanmou, respè, onè, oswa byenfesans te manke ).
Se yon opòtinite Bondye bay chak pitit li pou pwoche pi pre li (lè ou ap koze ak li e bay verite sou tout sa ki te pase yo ki fè’w te ‘peche’ menm jan ak David te fè nan anpil nan chapit nan liv Sòm nan) e grandi younn ak lòt pou fòme yon kominote sipò ak fratènite (lè ou konfese younn ak lòt nan yon relasyon ki baze sou respè mityèl ki konfidansyèl e baze sou lanmou) pou gwandi nan lafwa ak bon konprann ( 1 Jan 1:9, Women 10:9-10; Jak 5:6; 1 Tim 6:12; Leviktis 5:5; Pwovèb 28:13; Sòm 32:3-5).
Kounyea ke ou genyen yon definisyon solid de ‘peche’, pataje’l ak yon lòt mounn pou ou envite ou rapwoche yo de Bondye paske ou se libète.
Klere limyè tout kote ou pase e fè tout efò ou kapab pou atenn objektif prensipal ki se pou ou reflechi ak aji ak lanmou, onè, ak repè ou genyen nan Bondye ak mounn ki kote yo kelkeswa koulè po, kwayans, posibilite fizik ak finansyè nan chak moman. Men sa ki pi enpòtan tou se pou sonje ke ou pa janm pou kont ou nan konba sa pou atènn objektif prensipal la nan chak moman paske Bondye pap chèche pèfeksyon men yon relasyon pi avè’w chak jou. Ou fè pati yon fanmi, ou gen zanmi, e Bondye damou’w san mezi.
Jezi antre andan yon kay, avèg yo antre dèyè’l. Jezi mande yo: “Èske nou kwè’m ka fè nou wè ankò?” Yo reponn li: “Wi, Senyè.” Jezi touche je yo, epi li di yo: “Tout bagay ap pase jan nou kwè’l la.” Mat 9:28-29 Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Kwayans ou se baz lafwa ak konsyans ou. Li manifeste nan panse, mo ou chwazi yo, ak aksyon ou yo tou. Gen yon slogan popilè ki di, “jan ou wè’l la se konsa li ye”. Konsèp sa soti nan yon kwayans ke mònn fizik la se sèl reyalite ki egziste e se sikontans ki ap gouvemen paske “jan bagay yo ye se konsa y’ap ye”. Mantalite sa lakòz anpil mounn pa wè tèt yo kòm yo patisipan aktif ki pou pote chanjman nan divès aspè nan lavi ak enviwonman yo. Tout responsibilite vinn tonbe sou yon lòt antite tankou yon òganizasyon èd lokal oswa entènasyonal , lòt mounn yo konnen tankou fanmi ak zanmi ke yo kwè ki nan pi bon sitiyasyon pase yo, ofisye gouvènman peyi kote yo ye, elatriye.
Ou menm ki ankre idantite ou nan Jezi-Kris, reyalite pa ou a diferan e li plis ke sa je natirèl ou yo ka wè (Efèz 6: 12). Pa pouvwa Sentespri ki nan ou, viktwa ou asire depi ou envite’l nan koze a, e fixe je’w sou ou li.
Mo ou chwazi itilize ak desizyon ou pran nan chak sitiyasyon temwanye de kalite konfyans ou genyen nan Bondye ak nan tèt ou (potansyèl li ba ou yo) vre.
Ou se sèl ak limyè. Siksè ak reyisit ou (jan bib la ak ou menm defini li) depann de ou men yo depann de sikonstans ou yo menm lè pafwa yo ka maske kò tankou gwo zotobre pou fè ou pè. Lè w’ap travèse moman sa yo pa dekouraje. Pèsevere ak pasyans ak detèminasyon pito. Mande Bondye pou louvri je’w e ba ou bon konprann pou ou ka wè byen e jere sitiyasyon sa yo nan yon manyè ki reflekte kiyès ou ye.
Ou gen otorite sou tè sila a e ou se yon ajan chanjman (Lik 10:19-21; 2 Tim 1:7). Sa vle di rezilta nan lavi ou ak enviwònman ou yo depann de jan ou egzèse lafwa ou nan chak sikonstans. Lafwa ou se defans ou ki fè kwayans ou se reyalite’w (Matye 9:29; 17:20; 21:21; Ebre 11:6; 1 Korent 2:5).
Ou se youn mounn chwazi pou egzèse otorite Bondye ba ou nan yon viktwa ke li gentan genyen deja depi rezireksyon li sou bwa kalvè. Deklare ak lafwa ke jodia sa se jou delivrans ou e tan gouvènay Bondye nan travè lavi ou ap pwogrese an gran jan. Kwè! Wi, fòk ou kwè paske lavi anpil mounn ak lòt kreati depann de ou e y’ap tann ou(Women 8:19). LEVE. Se pou ou domine sou tout sityasyon pou glwa Bondye.
Fèmen je’w e louvri kè ou. Tande vwa Jezi-Kri ki ap di ou menm jan li te di avèg la: “Tout bagay ap pase jan [ou]* kwè’l la.” Matye 9:29.
Refleksyon:
Jezi di tout bagay ap pase jan ou kwè li a. Kijan ou “kwè’l”?
Kijan ou kwè fiti ou pral ye? Ki kalite objektif ou genyen pou lavi ou, peyi ou ak wayòm Bondye? Ki plan ou genyen an plas pou realize yo?
Eske ou kwè vre ou gen kapasite ak otorite pou chanje tèt ou, kay ou, katye, ak peyi ou? Si wi poukisa? Si non poukisa?
Ann Lapriyè:
Bondye mèsi pou lanmou enfini ou genyen pou mwen ak chak grenn pitit ou yo. Banm sajès ak bon konprann ou pou mwen avanse wayom ou a pati de lavi mwen. Fè mwen wè reyalite mwen yo a travè de ou e non pa de konesans mwen ki limite. Ou se yon Bondye san limit e ou omnisyan. Mèsi pou prezans ak konpasyon ou.
Reyalite’m chanje depi lè mwen te fè desizyon pou’m aksepte apèl ou e idantite’m kòm pitit ou. Mèsi paske ou chwazi’m, konnen’m, renmen’m, dòlote’m, e toujou avè’m depi avan mwen respire sou tè sa e ou pa janm lage’m yon jou.
Jodia mwen pran responsabilite mwen sou tè sila pou mwen domine sou tout domènn ou ban mwen. Mwen renonse ak tout dout ak kwayans ki pa soti nan ou ak enspirasyon ou nan Bib la. Kote lafwa mwen fèb, tanpri fòtifye’m pou mwen pote fwi paske tout dezi kè’m se pou glwa ou eklate sou tout fas tè a e nan lavi chak grenn pitit ou. Ban mwen fòs pou mwen domine chak sezon. Chak sezon se pa’m paske ou toujou avèk mwen. Ke volonte ou akonpli nan lavi mwen menm jan li fèt nan syèl la. Amen.
” Pa janm sispann lapriyè. Pa kite dòmi pran [ou]*. Toujou chonje lapriyè pou di Bondye mèsi. […] Pran prekosyon pou [ou]* aji byen avè moun ki pa kretyen yo. Pa kite okenn chans pase. Lè [w]*’ap pale, di bagay ki pou fè yo kontan, ki pou enterese yo. Konn ki jan pou [ou]* reponn chak moun.” Kolos 4:2-6
Yon konkenn chenn salitasyon ak yon pakèt tokay lanmou pou ou ak chak grenn zanmi ak fanmi Eritaj Wayal- Devosyon an Kreyòl .
Nou swete ou te pase yon fen ane 2024 extraodinè. Ke ou pwosperite plis nan 2025 e grandi nan entimite ak Bondye nan yon lòt dimensyon.
Mèsi pou zanmitay ou, fidelite, ak tout fason ou envesti ak nou pou avanse wayòm Bondye nou an.
Ann kontinye pwogrese ansanm nan lafwa, lanmou, jenerozite, linyon, ak otorite ki soti nan idantite nou nan Bondye. Ke Bondye kontinye kouvri ou anba gras li, beni Ayiti, e tout kote ou pase.
“Men, Bondye sitèlman gen kè sansib, li sitèlman renmen [ou], Li ban [ou] lavi nan Kris la, [ou]* menm ki t’ap viv nan lanmò akoz peche [ou]. Se yon favè Bondye fè [ou]* lè li delivre [ou]. […] Li fè tou sa pou moutre pou tout tan ki gen pou vini yo jan li renmen [ou]* anpil anpil, jan li aji byen avèk [ou]* nan Jezikri. Se paske li renmen [ou]* kifè li delivre [ou]*, [ou] menm ki mete konfyans [ou] nan li. Sa pa sòti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban [ou]. Non, [ou] pa fè anyen pou sa. Konsa, pèsonn pa ka vante tèt yo.” Efezyen 2:4-9
Jodia kit ou retrouve’w nan mònn oswa vale nan etap lavi ou, sonje ke Bondye renmen’w ak yon lanmou san mezi ki pa gen kondisyon ni egcepsyon. Lèt lanmou li pou ou toujou o prezan, dirèk, ak yon garanti pou lavi. Ou se ti chouchou wa inivè a. Eske ou kwè sa?
Anpil fwa gen sikonstans ak teoloji ki ta ka vle fè ou kwè fòk ou ta toujou ap fè yon bagay oswa pote yon chay Bondye pat ba ou pou ou ka demontre ou se disip Jezi Kris. Fòk lavi ou ta tèl jan oswa pou ou ta pale yon lòt lang, rete yon lòt katye oswa peyi, abiye yon lòt mòd elatriye pou ou ka jwenn favè ak lanmou Bondye men realite a pi senp. Bondye renmen ou jan ou ye a. Lavi ou nan pla men li e li vle grandi zanmitay li ak ou. Ah wi, li damou’w e pa gen anyen ki ka anpeche li kontinye renmen ou (1 Jan 4:15-18; Eza 43:3-4; Efez 2:4-9).
Lè ou santi w’ap bite e lanmou sa ta sanble lwen, se pa emosyon li yo ki chanje pou ou. Dòz lanmou li pou ou soti nan yon sous infini e li ouvri kè li ba ou san resèv ni repwòch. Sèlman pran yon ti tan pou sonje kiyès ou ye. Si w’ap plenyen, ranplase yo pa lapriyè. Abiye’w pa lafwa e mande Bondye pou louvri je ak kè ou pou ou resevwa lanmou gratis ti cheri sa ak de pla men ou.
Kounyea menm, pran yon ti moman pou fèmen je si ou kapab epi mete men sou kè’ w. Repete ak yon sèl kè: ” Bondye renmen’m ak yon lanmou san repwòch. Li aksepte mwen san kondisyon e li damou mwen nan mezi. Wi, mwen se ti chouchou Wa syèl ak tè a e li vle kiltive yon relasyon entim e sensè ak mwen chak moman. Mwen gen anpil valè. Ak lanmou sa Bondye kouvri’m nan, mwen menm tou mwen se lanmou”.
Apre pran yon ti poz pou reflechi ak deklarasyon veridik sa ou sòt fè a. Eske ou kwè? Si ou jwenn dout nan kè’w pa enkyete’w. Se yon bon moman pou ou mande Sentespri pou revele’w rezon yo pou ou ka afemi lafwa e benyen nan lanmou sa nèt alkole. Nenpòt kote ou ye Bondye renmen’w e ou se lanmou.
Benediksyon:
” M’ap mande Bondye pou li ban [ou]*, dapre richès pouvwa li a, fòs ak kouray nan kè [ou], pa mwayen pouvwa Sentespri a, pou [ou] ka grandi nan karaktè [ou],
pou Kris la rete nan kè nou ak konfyans nou gen nan li a. M’ap mande Bondye pou [ou] pouse rasin, pou [ou] chita byen fèm nan renmen,
pou [ou] ka konprann, ansanm ak tout pèp Bondye a, jan renmen Kris la laj, jan li long, jan li fon, jan li wo.
Wi, mwen mande pou [ou] rive konnen kalite renmen Kris la gen pou [ou], atout pèsonn p’ap janm ka rive konnen l nèt. Konsa, n’a vin plen nèt ak tou sa ki nan Bondye.” Amen. Efezyen 3:16-19 vèsyon HAT98 * adapte pou devosyon an