” Si yon moun ap viv nan Kris la, li vin yon lòt moun. Bagay lontan yo disparèt, se lòt bagay nèf ki pran plas yo kounyeya. ” 2 Korent 5:17
Bagay nèf genyen anpil valè pou anpil mounn paske yo souvan reprezante yon lòt nivo oswa pwogrè. Yo pote chanjman ak òpòtinite pou fè nouvo experyans. Pa egzanp, rad nèf ka fè yon mounn santi li chèlbè, fyè, pwòp, e alamòd. Yo ka menm fè mounn nan emosyone sitou si se te yon bagay yo te toujou swete genyen.
Nan kilti lakay chak fen ane, nwit 31 Desanm rive pou 1er Janvye anpil mounn renmen fè kay yo bèl epi mete rad nèf pou recevwa nouvo ane a pwòp. Gen mounn ki konn tou kite etikèk nan rad oswa rido yo pou make pwen an. Anpil mounn pran lajwa ak fyète nan fè sa paske pou yo sa senbolize nouvote ak espwa pou opòtinite nan ane k’ap rantre a. Bon, ann pa menm ale pi lwen. Eske’w sonje lajwa ou konn santi lè paran’w te konn achte ti jwèt oswa soulye nèf pou ou?
Eh byen, nouvote fè pati idante’w nan Bondye. Depi’w te ankre idantite’w nan Kris, yon bagay ki seten idantite’w chanje. Ou se yon mounn nouvo (2 Korent 5:17).
Nan Jezi chak jou ou (nanm ou, lespri’w, kè’w, e menm pati nan kò’w) renouvle e ou vinn tou nèf ak yon nouvo manda sou latè (Lik 10:19). Idantite’w se “mounn nouvo” sa vle di fason ou reflechi, aji, ak jan ou wè tèt ou dwe chanje chak moman pou reflete pawòl ak pwomès Bondye yo sou lavi ou (Women 12:2) paske pèsepsyon sa yo plis enpòtan ke aparans fizik ou tankou jan’w abiye ak estil cheve ou (Pwovèb23:7).
Wi, ou menm menm-ou se yon mounn tou nèf! Nouvote sa pa menm jan ak byen materyèl tankou soulye nèf ki ka dekole depi nan bwat ni opòtinite sou latè ki ka fane nenpòt moman. Ni li pa baze sou laparans menm lè lanmou sa ke Bondye ap benyen kè’w la ka fè figi’w briye ak lajwa san penitans (Ezayi 58:11). Se sa ki fè ou paka kite espas vid pou logèy ni konpare lavi’w ak yon lòt mounn. Idantite tou nèf sa Bondwe ba ou a la pou transfòme andedan’w e raple ou chak jou ke ou se lanmou, padon, jenerozite, inite, lafwa, lajwa, lespwa, sèl, ak limyè nan pami anpil lòt verite.
Nouvote sa yo pap parèt flagan menm jan lè yon mounn achte yon byen fisik tou nèf tankou machinn, kay, telefòn, kompitè, elatriye men yo ap fè ou wè lavi ou nan yon lòt dimansyon e ede’w pi byen konprann enpotans li. Ou vinn pi rèd pase yon òdinatè ki pran yon grad exponansyèl paske nouvo vèsyon sa de ou pa pouvwa Sentespri Bondye pi bon e pi efikas. Li baze sou yon koneksyon ki rapid as sous ou tout kote ou pase. Ou pa bezwen ni plog, ni kouran, entènèt, bloutouf, elatriye pou sa. Okenn konpani sou tè silaa paka konpare ak grad sa.
Paske ou se youn mounn tou nèf, erè ou te fè lontan yo ak reyisit ou te genyen avan yo pa defini’w ni mete bout sou lavi’w. Ou pa menm mounn kilti, relijyon, tèt ou avèk ide ansyen yo, oswa lantouraj ou ta vle fè’w kwè ou ye. Lavi ou plis enpòtan ke ou ka kwè oswa ka wè’l e li inflyanse plis ke ou imajine (Women 8:19).
Kit ou kwè sa oswa sikonstans lavi ta vle fè’w kwè kontrè a ou se yon mounn nouvo chak jou. Chak jou Bondye vle ekri yon lèt lanmou ki bèl nan lavi ou e manifeste glwa li nan ou e a travè de ou(Lamentasyon 3:22-23). Ou pa anba kondanasyon peche alòs ou gen libète pou chwazi mo ki pou kreye lavi, viv nan jenerozite san patipri, e aji ak jistis. Talan ou yo nesesè pou wayòm Bondye a ak lavi ou pwogrese. Li lè li tan pou ou LEVE. Pouvwa lavi ak lanmò nan pwent lang ou chak moman (Pwov 18:21).
Ou se yon mounn apa Bondye chwazi. Chwazi lavi. Chwazi pwogrè. Chwazi grandi nan idantite ou nan Bondye. Chwazi viv tankou mounn nouvo ou ye nan chak moman.
Lè mounn fèt gen bagay nouvo ki enpòtan pou yo, yo investi tan, resous, ak enèji yo pwoteje’l plis, chouchoute’l, ak montre zanmi ki ka pataje lajwa ak yo. Menm jan an tou, fòk ou investi nan idantite kòm mounn nouvo ou ye nan pase plis tan nan lapriyè, koze ak Bondye. Konekte e koze ak mounn ki bò kote’w ki gen men idantite a ak plis enfomasyon pou ou grandi pi plis nan experyans ak konesans nan Bondye. Se Bondye sèl ki ka redouble fòs ak fokis ou pa pouvwa Sentespri ak pawòl li e se nan inite ou ap pwospere pi vit. Kontinye vanse.
Ann Lapriyè
* Adapte de Efezyen 3:17-19 HAT98 pou devosyon an
Senyè, mèsi pou nouvo mounn sa ou renouvle nan mwen chak yo e jan ou fè’m tou nèf depi lè mwen te aksepte yon relasyon sere avè’w. Edem grandi pi plis nan nouvo dimansyon sa pou anyen pa mare pwogrè ak pwomès ou yo sou lavi’m. Mwen remèt ou tout mwen menm e soumèt mwen sou direksyon Sentespri ou. “[17] [Se] pou Kris la rete nan kè [mwen]* ak konfyans [mwen]* gen nan li a. M’ap mande Bondye pou [mwen]* pouse rasin, pou [mwen]* chita byen fèm nan renmen, [18] pou [mwen]* ka konprann, ansanm ak tout pèp Bondye a, jan renmen Kris la laj, jan li long, jan li fon, jan li wo. [19] Wi, mwen mande pou [mwen]* rive konnen kalite renmen Kris la gen pou [mwen]*, atout pèsonn p’ap janm ka rive konnen l nèt. Konsa, [m]*’a vin plen nèt ak tou sa ki nan Bondye.” Amen