Monthly Archives: October 2020

Yon panse espesyal pou ou

Senyè a se gadò mwen, mwen p’ap janm manke anyen. Kote zèb yo pi bèl, se la li fè’ m pran repo. Kote dlo a koule poze, se la li mennen m’ bwè. Li fè’m reprann fòs. Li fè’m mache nan chemen dwat, pou sa sèvi yon lwanj pou non li.” Sòm 23:1-3

Mònn nan gen anpil boulvès e sa sakaje ou chak nan yon fason oswa yon lòt. Men malgre difikilte lavi, pa bliye beni non Bondye paske tout glwa ak viktwa se pou li. Senyè a se gadò ou, ou ka gen konfians absoli ke ou pa manke anyen. Se li menm ki ka restore ou e pèmèt reprann fòs pou ou a ka kontinye byen djanm e fè lwanj ak konpliman pou li (Sòm 23:1-3). Jodia ou sou kè li de fason espesyal paske pou li yon se èt extraodinè (Ezayi 43:1-4).

Sonje kilès ou ye. Pa bliye ou fè pati yon fanmi, ou gen yon zanmi sèten, e ou se inite, jistis, otorite, ak entegrite. Ke nanm ak kò ou fòtifye e sanktifye nan non Bondye ki gen tout pouvwa a e k’ap gide lavi ou a chak milisegond. Wi, Kretyen nou kapab. Rete fèm nan lafwa. Viktwa pou ou deja nan Jezi!

Benediksyon pou ou:

“Se pou Senyè a beni [ou]*, se pou l’ pran swen [ou]*. Se pou Senyè a fè [ou]* santi li la avèk [ou]*, se pou’ l gen pitye pou [ou]*. Se pou Senyè a fè [ou]* wè jan li renmen [ou]*, se pou’l ban [ou]* kè poze”. Resansman 6:24-26, vèsyon HCV (*adapte pou priyè a)

Ke Bondye nan gras ak lanmou li: kontinye fè wout avè’w, fòtifye’w lè’w manke fòs, pwoteje’w tout kote ou pase, e geri tout doulè nan kè’w, kòw ak panse ou yo. Se pou gras ak konpasyon li kouvri’w ak tout fanmi’w jodia e pou tout tan gen tan pandan l’ap ede’w ankre idantite plis ou nan li nan pawòl li yo. Se pou li ba ou lasante, lajwa, pasyans, pèseverans, jenerozite, entelijans, tanperans, ak kè poze nan nenpòt sikonstans w’ap andire e ba ou siksè pou glwa li. Nan non Jezi. Amen.

Tout glwa pou Bondye

Sòm 145: Lwanj pou Bondye!
(1b) Bondye mwen, wa mwen, m’a fè konnen jan ou gen pouvwa. M’ap di ou mèsi tout tan tout tan.
Chak jou m’ap di ou mèsi. M’ap fè lwanj ou tout tan tout tan.

Senyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p’ap janm fin konprann jan li gen pouvwa! Papa va fè lwanj ou devan pitit yo pou tou sa ou te fè. Y’a rakonte tout bèl bagay ou fè yo.
M’a rakonte jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs. M’a fè konnen bèl mèvèy ou yo.

Y’a di jan ou gen pouvwa kifè moun respekte ou. M’a rakonte jan ou gen fòs.
Y’a fè tout moun chonje jan ou gen bon kè.
Y’a chante pou ou, paske ou pa nan patipri.

Senyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p’ap janm sispann renmen nou!
Senyè a bon pou tout moun san patipri. Li gen pitye pou tou sa li fè.

Senyè, tou sa ou fè ap fè lwanj ou! Tout moun pa ou yo ap di ou mèsi! Y’a di jan ou gouvènen avèk otorite. Y’a fè konnen jan ou gen pouvwa, pou tout moun ka konnen jan ou gen fòs, jan ou gouvènen avèk otorite. Gouvènman ou lan la pou tout tan. W’ap donminen pou tout tan.

Senyè a ap toujou kenbe pawòl li yo, Li bon nan tou sa li fè. L’ap soutni tout moun k’ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouray. Senyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje. Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen.

Senyè a san patipri nan tou sa l’ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l’ap fè. Senyè a kanpe toupre moun k’ap rele’l, toupre tout moun k’ap rele l ak tout kè yo. L’ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y’ap rele’l, l’ap delivre yo. L’ap pwoteje tout moun ki renmen l. Men, l’ap detwi tout mechan yo.

M’a fè lwanj Senyè a ak bouch mwen. Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa. Se pou yo fè l tout tan tout tan.
Sòm 145:1‭-‬21 HAT98