Monthly Archives: July 2020

Kretyen nou Kapab. Ann kanpe e deklare nan non Jezi: Ayiti ou beni!

“Se mwen menm ki fè latè a, ki ba li fòm, ki kenbe’l nan plas li. Se mwen menm yo rele Senyè a. Men sa mwen di: Rele’m, m’a reponn ou. M’a fè ou konnen yon bann gwo bagay, yon bann mèvèy ou pa’t  janm konnen. Wi, men sa mwen menm, Senyè a, Bondye pèp [Ayisyen]* la, mwen di sou kay lavil [tout pwovens]* yo, sou kay wa peyi [Ayiti]*yo, ki fin kraze paske moun Babilòn yo sènen lavil la, y’ap atake’l.” (Jeremi 33:2-4)

Nan moman difisil koulyea kote anpil nan nou ta vle pedi lespwa pou peyi nou chanje, fòk nou sonje kilès nou ye. Viris a gòch, lavi chè ak ensekirite a dwat, pwoblèm pèsonèl nan mitan, chalè solèy anlè, traka anba, li fasil e nomal pou nou santi nou lou. Nou santi nou ta kite sa pa vre? Non! Okontrè se kounyea pou nou kanpe e kenbe djanm nan idantite nou nan Bondye tankou lafwa ak entegrite.

Fòk nou  sonje nou menm ki kwè nan Kris, idantite nou se lanmou, pasyanspèseverans, lasante, otorite, richès, libète, ak lespwa. Nou se ajan chanjman e nou dwe fe devwa nou. Nou dwe panse pou peyi nou vanse. Se nou menm ki majorite a, fòk nou kolabore. Nou pa ka bese lè bwa ni mete tout fòs nou nan chache mwayen pou nou lage pye nou kay vwazen oswa nan bato oswa nan fò papye pou lage pye nou. Tout kote gen difikilte pa’l e se mounn ki ladan’l yo ki kanpe pou chanjman menm jan nou menm tou ka kanpe pou chanjman lakay. Respekte idantite nou kom lafwa, viktwa, epi onore talan Bondye ba nou yo pou sèvis li. Si nou pa kenbe e reve anko, kouman n’ap fè gen yon demen miyò?

Si nou di nou kwè nan Kris menm chak jou n’ap di lavi nou ap pi tris kijan n’ap fè wè chanjman e patisipe pou chanjman sa fèt? Si nou pa mete jenou nou atè e rele Bondye pandan n’ap mande’l li direksyon pou nou ka fè devwa nou kòm sitwayen tè sa kote li ba nou eritaj depi nou fèt, kiyès ki pral pote chanjman pou nou? Si apre nou lapriyè nou pa komanse fè pati solisyon an nan pwopte, panse, kolabore, mete biznis lokal ki soti nan entegrite e ede younn ak lòt, e kanpe pou lajistis ak lanmou kijan n’ap fe vanse?

Kit ou gen 1 an oswa 95 an, kelkeswa jenerasyon ou fèt la nou tout konsènen. Nan Jeremi 33:2-4, Bondye fè nou pwomès depi nou rele’l, l’ap reponn nou e montre nou bagay nou dwe fè. Ann rele li ansanm pou Ayiti e komanse chanje mantalite nou younn ak lòt. Ann kite ipokrit kote ak bouch nou n’ap di yon bagay e nan kè nou n’ap doute (Jak 1:5-8, 4:3-8; Matye 6:24).

Konsa, na aji ak yon sèl kè, yon sèl lafwa, epi jwenn rezilta n’ap chache a. Anpil mounn ap tann leta, men nou menm ki ankre idantite nou nan Bondye dwe diferan paske Bondye ba nou otorite deja e se devwa nou pou nou pote chanjman pozitif tout kote nou ye. Ann reveye santiman ak konsyans nou paske Bondye pat janm ba nou tout talan, aksè dirèk ak li nan lapriyè, ak konesans sa yo pou ou mache tèt bese.

Kote abyiman nou? E pa n’ap mache tankou mounn ki tou touni e san mèt?

Nou se mounn chwazi. Bagay sa yo pa pou nou ankò. Baton nou nan men nou (ki se pawòl Bondye a, lapriyè, ak konnen dwa ak devwa’n kòm sitoyen). Poukisa n’ap kite chen ap jape’n konsa epi n’ap kouri pou n’ale kache mete sou li?

 Difikilte ap toujou la men Bondye pwomèt nou viktwa ak prezans li chak jou (Jan 16:33; 1 Pyè 4:12-16; Matye 28:20; Ezayi 43:2). Se pa paske tout mounn ap di bagay negatif sou peyi a ak plonje nan desespwa  ki vle di yo verite ni pou nou fè sa tou. Sonje mo nou chwazi yo reflèkte reyalite nou viv la.

Ann mete fòs nou ansanm pou nou entèsede pou peyi nou paski fiti nou ak pwogrè nou depann de kote nou n’ap viv la (Jeremi 29:7-9). Pandan nou ap lapriyè, mande Bondye pou li montre nou chak kijan nou ka e dwe fè pati chanjman sa paske ansanm nou pi fò.

Ann reveye kè ak konsyans nou pou nou di ase! Zèb la pa pi fre kay vwazen oswa nan lòt peyi. Ann sispann kite lenmi nanm nou fè devan pòt nou tounen dèyè kay e vle fè nou abandone. Non! Nou pa ka fè bak ni jodia ni demen. Bondye twò renmen nou e li twò gran e twò pwisan pou li ba nou otorite ak konesans sa yo pou nou mache tankou pitimi san gadò e kite peyi nou tankou jaden san mèt pou nenpòt bèt vini jwe lago ladann lè yo vle.

Menm si ou pa ta ap viv Ayiti kounyea ou konsènen tou paske Bondye te ba ou privilèj pou yon Ayisyen (swa pa san oswa pa relasyon) pou yon bi byen detèmine. Mete men’w nan pak la ak jenou ou yo tou pa lafwa pou ou beni peyi a ak fè pati chanjman an. Nou tout ka e gen devwa pou nou fè yon diferans ak kado lavi sa Bondye ba nou pa sèlman nan fanmi nou men nan peyi nou tou. Priye pou kote ou ye a men sitou priye pou Ayiti tou. Nenpòt kote’w yo nan mònn nan kounyea pran yon ti moman pou ou pouse dè kri de viktwa e fè lwanj pou Bondye paske benediksyon li yo anvayi Ayiti. Apre, fè yon aksyon k’ap menmen nou nan yon demen miyò. Se pa sèlman lè’w voye yon ti chocho lakay ou ka ede, ou chaje ak talan ou ka itilize pou nan ankadre, ak fotifye lòt yo tou. Itilize yo. Nou tout se yon sèl fanmi e lapriyè ak efò nou chak konte.

Konba sou konba, viktwa se pou nou nan non Jezi! Nou se limyè e se nou ki pou briye. Nou paka rete bwa krase e Bondye pa janm kreye nou san misyon. Alò ann deklare benidiksyon Bondye sou peyi sa pou fòs fenwa yo tonbe. Deklare padon, limye, kouraj, lespwa, lajwa, lafwa, lanmou, ak inite sou tè nou an e vizyon ak akomplisman plan Bondye yo sou li . Konsa tou, ann fè ti pati pa nou nan pwopte ak kreye.

Si nou mete tèt ansanm n’ap rive pi lwen! Kretyen wi, nou pakab (Fil 4:13). Ann pwopte, netoye kay ak zòn nou, konstwi ansanm, fe sekirite younn pou lòt. Ann plante kafe, kann pou nou fè zik, aprann resikle fatra pou nou fè atizana ak lòt bèl bagay, vann ak achte epis lakay, sik, kola, diri latibonit, mango ak fwi nan si, pistach, etc. Nou ka rekonstwi ekonomi lokal la e sispann achte nan peyi lòt mounn tout sa nou bezwen. Nou ka chanje figi Ayiti paske nou pa pou kont nou. Se pou nou tout ak peyi nou reyisi nan non Jezi! Sekirite se eritaj nou nan Bondye e fok sou kole zepòl pou kwape move je nan mitan nou tou.

Legiz se mwen, legliz se ou, legliz se nou. Legliz se otorite Kris la sou tè sila e ou se yon anbasadè lapè ak anpil viktwa nan li. Fè devwa’w nkòm sa dwa. Sonje kiyès ou ye jodia e sonje chanjman k’ap dire soti nan Bondye—fòk ou fè ti pati pa’w la tou e  deklare an tout kè, nanm, ak fòs ou :

AYITI OU BENI! Tout depatman nan peyi a: nò, sid, lès, lwès, nòdès, nòdwès, sidès, sidwès, lagrandans, nippes, plato central ak tout awondisman, komin, ak seksyon kominal ki ladann yo beni nan non Jezi. Tout dirijan yo beni nan non Jezi e ke yo mache nan krent Bondye. Kote ki gen mechanste lave ak san Jezi e koripsyon detwi paske krent ak lanmou Bondye ap anvayi kè chak pitit tè beni sila nan non Jezi!! Glwa Bondye manifeste nan chak fanmi ak zanmitay. Ke sekirite, lanmou, inite, travay manifeste kounyea pou izinn ak pwodiksyon lokal miltiplye nan tout zòn pou mounn jwenn manje, e edikasyon chak sitoyen fèt pou chak mounn akonpli misyon Bondye pou li sou tè sila.

Tout pitit Bondye reveye! Nou kanpe pou lajistis, lanmou, respè, edikasyon, lasante, ak pwopte. Nan non Jezi fanmi mwen yo beni tou, travay mwen beni e si’m poko jwenn younn favè Bondye sou mwen. Tout pòt ki fèmen yo pou bloke pwogrèm louvri jodia. Katye mwen an beni, zòn mwen an beni, lavil kote’m ye a beni, e tout kote’m pase beni nan non Jezi! Peyi mwen beni e tout fòs fè nwa peri nan moman sila.

Mwen se yon mounn chwazi e lavi mwen nan pla men Bondye. Menm favè ak benediksyon sa sou peyi’m tou. Se pou li kanpe e deklare mèvèy Bondye.

Ensekirite ak move konsyans peri kounyea menm e fanm ak gason vayan Bondye yo lakay blende ak fòs ak kouraj pou kanpe pou lajistis ak lapè nan non Jezi.

Mwen deklare inyon nan kout kè, lespri ak tout nann chak grenn Ayisyen lakay ak patou nan lemònn nan lanmou ak lafwa pou chanjman fèt. Ke Legliz Kris la fotifye nan moman sa.

Mwen mande’w tou pasyans pandan w’ap repònn priyè sila e ak kouraj pou’m fè ti pati pam nan e ranpli devwa m kòm sitoyen.

Satan se ou m’ap kwape sou tè beni sa. Ase. Ou pèdi batay la deja sispann fè grimas pou fè pitit wa dè wa yo pè. Mwen pran plas mwen jodia kòm sentinel pou kè’m, fanmi’m, zanmi’m, ak peyi mwen pou glwa Bondye manifeste pa pouvwa Lesprisen.

Jodia se yon jou ki ranpli ak benediksyon e mwen deklare reyisit peyi’m, katye mwen, lavil yi ak tout kote pitit Bondye yo reyini, tèt mwen, ak tout fanmi mwen yo tou nan non Jezi!

Ayiti ou beni e ou pral mache de viktwa an viktwa paske san Jezi te koule pou ou tou pou’w ka viv nan libète. VITKWA!! Glwa!!! Alleluia!!! Amen.”

Ann kontinye deklare lapriyè sa ak pwomès Bondye sou lavi nou ak peyi a chak jou. Pa fè bak. Sonje se lè li pral jou, fènwa parèt pi rèd. Avni peyi nou ak fiti nou depann de nou. Nou gen responsabilite pou nou kanbe. Ann mare senti nou e kite Lesentespri gide nou pou nou ka  wè mèvèy li fè yo pandan nou vivan an.  Mwen konte sou ou, e tisè, frè, kouzen, kouzinn, matant, tonton, grann, paran ak anpil rès fanmi ou yo konte sou ou tou pou ou fè pati kokenn chènn priyè sa e revolisyon konsyans sa a ak nou.

Ann frape lenmi nanm nou an nan kote ki pou fèl mal tou sou jenou nou pandan n’ap koute direksyon Bondye pou nou fè pati chanjman. Ann fè lenmi pwogrè Ayiti a konnen, Jezi se wa sou Ayiti e si li sèl ki gouvènen e gen tout pouvwa sou li pou li sispann boulvèse’n e lakòz deblozay lakay nou non Jezi.

Kretyen, wi ansanm nou kapab. Ann sere kole.

Medite tou sou: 1 Kwonik 7:14; Ezayi 60:1-3; 1 Tim 2:1-5;  Danyel 2:20-21; Women 13:1; Matye 6:1-9

“Kenbe. Kanpe. Pa lage. Ayiti ou beni!”

Kretyen nou kapab!!!

#nouKapab #Annmetetetansanm #chanjman Ayiti ka chanje men se nan tet kole!
Ayiti ou beni e sa Bondye beni anyen pa ka chanjel!

Lapriyè: Senyè fè mwen reyisi

“Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m’ap degaje’m, granmesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj.” Fil 4:13

Bondye, tanpri ban mwen fòs pou’m kontinye ankre idantite’m nan ou e sèvi’w ak tout kèm pi plis.
Pa kite’m dekouraje ni pou tantasyon, traka lavi, ak distraksyon sou tout fòm fèm mode lage nan koze ou ye ak neglije zanmitay sakre nou an. Lè sityasyon lavi ta vle mwen twouble, souple ede’m kite je’m sou ou. Lè’m pa konn sa pou’m fè, gide’m. Lè’m pa konn sa pou’m di, mete pawòl ou yo ki gen anpil sajès ak konesans nan bouch mwen jan’w te pwomèt nan Sòm 81:10. Nan moman ensètitid mwen yo, fè’m santi prezans ou ki toujou la avèk mwen jan ou te pwomèt la nan Matye 28:20.

Tout kote ou voye ak nan tout sikonstan, fè’m reyisi Senyè mwen. Jan ou Pòl te di nan Fil 4:13, “Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m’ap degaje’m, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj.” Konsa mwen pran kouraj paske lavi’m nan men’w. Ou menm ki se alfa ak omega, pa gen anyen ki kache pou ou. Mwen vle rete nan prezans ou chak segond nan lavi’m. Se ou ki relem, se ou ki chwazi’m. Tout istwa lavi’m ak tout sa mwen ye nan pla men’w. Tanpri fèm reyisi fè sa.

Fèm reyisi nan fè ki byen, nan konesans ak aplikasyon idantite mwen nan ou pou’m pa kite nenpòt move van fèm tonbe. Papa, fè’m reyi nan travay ou yo e nan fè volonte’w. Fèm reyisi nan sèvi’w ak tout kè’m, tout nanm mwen ak fòs mwen. Fè’m reyisi nan di’w wi pi souvan e fè sa ou mandem fè menm lè mwen pa konpranm. Fèm reyisi nan viv yon vi ki pwòp devan’w ak devan lezòm. Yo vi ki gen anpil viktwa, otorite, integrite, pèseverans, pasyans, ak lespwa mwen jwenn nan ou paske se ou sél ki tout mwen.

Fè’m reyi nan simaye lanmou, bonte, kompasyon, jistis, lapè, padon, lespwa ak agwandi nan lafwa’m. Fèm reyisi nan rèv mwen yo ki nan volonte ou e kenbe yon kè ki pi menm lè sikonstans yo ta parèt nwa. Fèm reyisi poum pa flechi lè dout, kalamite ak pèsekisyon ki soti nan lenmi nanm mwen an ta vle fè’m bite.

Bondye mwen an ti fidèl tout tan, tanpri fèm reyisi pou glwa ou. Kenbe’m nan chemen ou ki dwat. Fèm reyisi nan realize tout plan ak destine ou gen pou mwen yo jouk sa kaba. Fèm reyisi nan gen yon kè ki gen anpil obeyisans ak lanmou pou ou ak pwochèm yo. Fèm reyisi nan tout plan ak destine ou gen pou mwen pandan m’ap aksepte yo ak kè louvri. Tanpri fè’m reyisi. Sa se kri kè mwen san rezèv. Mwen pa vle viv nan laperèz ni nan mediokrite. Se sèl volonte ou ki pafè mwen akonpli nan lavi’m, souple fè’m reyisi.

Menm jan’w te fèl pou Moyiz, Jozèf, David, Estè, Ana, Gideon, Jozye, Abakik, Jeremi, Pòl, fanm ki tap pèdi san an, ak anpil lòt pitit ou yo ki kwè nan ou, mwen konnen w’ap fèm reyizi paske ou se Bondye ki mache de viktwa an viktwa.

Mèsi davans bon papa!!!! Mwen konnen w’ap fèm reyisi pandan m’ap kite jem fixe sou ou. Mwen leve kèm ak men mwen yo ba ou. Mwen fè lwanj ak konpliman pou ou. Mèsi paske w’ap fè mwen reyisi. Nan non Jezi mwen priye’w, Amen.

https://m.youtube.com/watch?v=pymhAJR0_44

Idantite’w Nan Bondye: Ou se Pèseverans

“Travay di, pa fè parese. Mete aktivite nan sèvis n’ap rann Mèt la.Pandan n’ap tann lan, fè kè n’ kontan. Se pou nou gen anpil pasyans nan mitan soufrans nou yo. Pa janm sispann lapriyè.” Women 12:11-12

Pèseverans se abilite pou fè resistans nan nanm ak lespri lè yon mounn ap fè fas anba presyon eprèv ak yon lafwa solid nan Bondye paske ou  pa janm sèl (Jozye 1:9). Pèseverans manifeste nan yon moun lè mounn sa kontinye fè efò pou li jwenn yon rezilta.  Lòt mo ki itilize pou dekri pèsistans se tenasite, detèminasyon, ak andirans. Pèsevrans ka bay rezilta pozitif oswa negatif.  Si yon mounn pèsevere (toujou deside oswa kontinye agi) nan sa ki zak malonèt oswa fè ki mal (tankou jalouzi, kòlè, avaris, idolatry, rayisans etc; wè Galat 5:19-21), mounn sa ap detwi tèt li bout pa bout. Menm ou menm ki ankre idantite ak lavi’w sou prensip pawòl Bondye, pèseverans ou (ki se desisyon ou fè chak jou pou aliyen tèt ou ak pawòl Bondye yo ak pwomès li yo sou lavi ou), soti nan lafwa sa ak pwodi plis lespwa, lanmou, ak kouraj tout kote pase pou glwa Bondye (1 Tim 6:12; Women 12:12; Travay 1:14).

Pèseverans se yon chwa e li fè pati idantite’w paske Bondye toujou pèsevere nan lanmou li pou ou e chak jou li toujou ap chache kè’w ak yon relazyon entim ak ou. Ou ka aprann plis de benefis pèseverans yo nan  Jak 1:2-4; Women 5:1-5; 2 Tim 4:6-8. Idantite’w nan Bondye se pèseverans paske nan lavi sa w’ap toujou gen eprèv (Jan 16:33) men ou konnen nan Jezi ou genyen viktwa deja depi’w kite je’w fixe sou li (Ebre 6:19; Jan 15:5).

Pèseverans enpòtan pou ou prakite nan tout etap nan lavi’w paske pa gen anyen w’ap atreprann nan lavi ki gen anpil lavi vale ak potansyèl, ou p’ap rankontre opozisyon (Jan 16:33).  Anplis de sa, nan Bondye ou se pasyans, lafwa aklanmou ki fè pati engredyan necesè pou ou pèsevere. Menm jan misk ou yo fòk yo fè egzèsis e fòk ou gen pasyans pou ou wè rezilta ou vle yo e pou ede yo rete nan bon fonksyon. Plis ou itilize yo, plis ou djanm konsa toulafwaou agrandi e apwofondi chak fwa ou fè fas ak eprèv lavi sa ak lafwa nan Bondye,lespwa, ak lapriyè.

Se pa lafwa ak konpasyon Bondye ki renouvle chak maten w’ap viv chak jou e se menm lafwa ak pasyans sa ki deja fè pati idantite’w (sonje kiyès ou ye)  nan li ki va ede’w sipòte e gen viktwa sou tout tantasyon jouk sa kaba. Jan Ebre 10:36 te raple ou, “ Pa pèdi lasirans [ou]* te genyen an. Paske, gen yon gwo rekonpans ladan li. Men, [ou]* bezwen pasyans pou nou ka fè sa Bondye vle, pou nou ka resevwa sa l’ te pwomèt la.”

Pèsevere nan fè sa ki byen tankou pataje lanmou Bondye, kenbe lafwa, kanpe ou lajistis, egalite (ou se jistis), ak renmen; pale pou sa ki pi fèb yo e defann ti inosan kote’w yoKonfyans nan Bondye pou delivre ou e si yon mounn pèsiste (toujou deside) fè sa ki pa bon men pou ou (Miche 6:8).

Pou ou devlope pèseverans sa ki fè pati idantite’w nan Bondye, abiye’w pa lafwa chak jou, sonje ke nan Bondye ou se respe,lajwa, padon, otorite, kouraj,lasante, entregrite; ou gen sekirite nan li e ou pa manke anyen. Sitou kontinye fixe je ou Jezi nan tout sikonstans paske se li sèl ki ka satisfè tout dezi ou yo e li toujou avè’w (Ebre 12:1-2; Fil 3:13-14; Esayi 46; Lamantasyon 3:22-24). lwanj li lè ou santi ou vle febli paske li ka plis de tout sa ou dezire oswa imajine (Efèz 3:20-21), beni mounn ki ap pèsekite’w ye (Women 12:13-21) e sonje ou fè pati yon fanmie ke mounn ki mete konfyans nan Bondye pa janm soti wont (Ezayi 40:31; 2 Istwa 15:7; Women 8:28).

Ann Lapriyè: Senyè mèsi paske nan ou mwen se pèseverans. Ou konnen li pa fasil pou pèsevere nan eprèv lavi sila men mwen di’w mèsi paske ou banm anpil egzanp nan Bib la e tou pa pèsòn Jekiri pou montre’m kijan pou’m pèsevere devan soufrans ak opozisyon. Tanpri edem toujou kenbe fèm nan lafwa nan tout sikontans e kite jem fixe sou ou. Mwen mande’w pou mwen toujou pèsevere nan fè sa ki byen tankou nan devlope yon relasyon sinsè avè’w, ak travay di pou lajistis, lanmou, padon, ak pataj pandan m’ap pataje bòn nouvèl lanmou ou an ak anpil respè ak kè kontan tout kote mwen pase. Mwen fè lwanj ak konpliman pou ou e remèsye’w pou viktwa ou ban mwen chak jou. Ke pèseverans nan lanmou ou pou mwen banm plis kouraj ak renmen chak jou poum ka pataje yo tout kote pase. Amen.

Benediksyon: Fil 1:6 “Mwen sèten Bondye ki te konmanse bon travay sa a nan [ou]*, li gen pou l’ kontinye’ l jouk li va fini’ l nèt, lè jou Jezikri a va rive.”

Pwov 4:25-26—” Gade dwat devan ou. Kenbe je ou fikse sou chemen ki dwat devan ou lan. Chache konnen byen sa w’ap fè. Konsa, tou sa w’ap fè ap mache byen pou ou. Pa vire ni adwat ni agoch. Pa lage kò ou nan fè sa ki mal.”

Mizik atis lakay sou sijè sa tou pou sipòte yo:

Lwanj ak adorasyon:

https://www.youtube.com/watch?v=6NoRbh2yQa8

Idantite’w nan Bondye: Ou se pasyans

“Nou tout nou fè pati pèp Bondye a: se li menm ki te renmen nou, ki te chwazi nou pou n’ ka viv pou li. Se poutèt sa, se pou nou gen kè sansib anpil, pou n’ aji byen yonn ak lòt, san lògèy, avèk anpil dousè, anpil pasyans.” Kol 3:12

“Gen pasyans”, “pran pasyans”, “devlope pasyans”, “nan lavi fòk ou gen pasyans” etc. Tout sa se bagay ou ka tande pou yon rezon oswa yon lòt men kisa pasyans lan ye menm? Koman pou’w devlope’l? Kisa Bib la de sa? Koman li fè pati de idantite’w nan Bondye?

Diksyonè define pasyans kòm yon kapasite pou aksepte pwovokasyon, kontraryete, malè, oswa doulè, san plent, pèt tanperaman (kolè, fristrasyon, jalouzi), ak iritasyon. Bib konkòdans lan dekri pasyans kòm on aksyon oswa yon pouvwa pou aji avèk kalm oswa kè kontan pandan w’ap tann yon bagay ki dwe fèt oswa ou espere fèt; tolerans**. Bib la di pasyans enplike resistans, endirans ak kapasite pou rete tann yon resilta ak yon detèminasyon pèsonèl l’ap fèt ak yon asirans fèm nan Bondye pou glwa li manifeste (2 Korent 1:6; 2 Korent 4-6).  

Pasyans ka ede ou gen bon resilta e fè ou pridan nan tout sa w’ap fè. Pwov 19:2 di “Sa pa bon pou ou prese fè anyen san ou pa konprann sa w’ap fè. Si ou pa gen pasyans, ou ka nan pwoblèm”. Kapasite sa pa sèlman aplike lè nan tout sa w’ap fè kit nan lajwa oswa nan difikilte. Men kèk vèsè ki ka ede ou gen plis bon konprann sou sijè sa: Women 5:3, 12:2; 2 Tes 1:4; Ebre 10:36.

Ou se pasyans paske Bondye se pasyans (sonje ou fè nan imaj li e pitit tig se tig) e li exprime pasyans sa nan lanmou li pou ou chak jou  (Travay 13:18; Women 3:25; Women 9:22; Women 15:4-5; 2 Pyè 3:15; 2 Korent 12:12). Pasyans se younn nan pi bèl kado Sentespri ba ou kom yon mounn chwazi (1 Tim 6:11; Kol 3:12) e li nesesè pou ou ka devlope gen bon relasyon ak tèt ou e ak lòt yo (Lik 8:15; Gal 5:22; Ebre 12:1; Efez 4:2; Tit 2:2).

Jan Pòl te ekri mounn Women yo, “Se pou Bondye ki bay pasyans ak ankourajman an fè [ou]** viv byen yonn ak lòt, pou [ou]** ka swiv egzanp [ou]* jwenn nan Jezikri (Women 15:5). Jezikri te demonstre pasyans nan tout sa lap fè (1 Tim 1:16; 1 Tim 6:11; ) e Bib la chaje ak anpil lòt egzanp kit e viv nan pasyans e wè glwa Bondye manifeste nan lavi yo tankou Jòb, Jozèf, Abraham, Ana, Rit, elatriye  ( Jenèz, Rit, 2 Tim 3:10; Ebre 6:12).

Paske ou se pasyans, Bib la ankouraje’w pou ou gen pasyans nan fè sa ki bon pandan w’ap kontinye chaje fas Bondye, onè, ak lavi etènèl (Women 2:7). Pasyans enpòtan paske l’ap ba ou andirans pou’w fè tout zafè ou byen e li gen plis rekonpans ke ògèy. Ekl 7:8 “Lè yon bagay ap fini li pi bon pase lè l’ap konmanse. Pito ou pran pasyans pase pou ou kite lògèy ap pouse ou.” Lè lafwa ou teste tou, li aprann ou plis pasyans menm jan latè ap tann lapli ak anpil  kalmte ( Jak 5:7). Ankouraje younn ak lòt nan lanmou ak lapè (2 Tim 4:2). Konstans nan travay oswa aplikasyon; pèseverans (Biblehub.com).

Anplis de sa, nan Bondye ou se lanmou e nan lanmou fòk gen pasyans (konesans idantite’w, padon, resistnas, andirans, tolerans, aji kalm oswa nan kè kontan san fristrasyon oswa kolè) ki mache men men ak lajwa, lapè, espwa, lafwa, otorite, ak entegrite. Menm jan Pòl te ekri a, “Moun ki gen renmen nan kè li gen pasyans, li gen bon kè, li p’ap anvye sò lòt moun. Li p’ap fè grandizè, li p’ap gonfle ak lògèy” 1 Kor 13:4,7. Ak pasyans wa rive reyisi nan tout sa w’ap fe (Ebre 6:12, 10:36; Jak 5:11; Rev 3:10; Rev 14:12).

Konesans de pawol Bondye yo fè’w gen tanperans ki li menm bay pasyans e ede’w viv yon vi pi sen ( 2 Pyè 1:6; Women 2:4). Gen yon ti pwovèb Kreyòl ki di “ak pasyans w’ap jwenn trip foumi”.  Pasyans ap ede pou gen sajès ak bon konprann ki ka fè ou refise bay tèt ou pwoblèm oswa pèdi tan move refleksyon ak kòlè lè yon bagay ofanse’w. Pwov. 19:11 di “Yon moun ki gen bon konprann pa fè kòlè fasil. Tout kalite li, se pa okipe moun ki fè mal.”

Pasyans ede’w kenbe sante’w djanm e rive lwen. Jan Pwov. 25:15 “Lè ou pa fè kòlè fasil, ou jwenn jwen pou fè chèf la kwè sa ou vle. Konsa tou, ak pawòl dous, w’ap kraze tout antrav ou ta ka jwenn sou chemen ou.”  Poutèt ou ka deside pou ou entansyonèlman lòt moun ak pasyans (2 Korent 6:6; Kol 1:11; 2 Tes 1:4).

Nan mònn sila kote tout bagay alavavit, e anpil enfòmasyon aksesib nan yon segond depi’w gen entènèt,  pasyans sanble ak yon bagay ansyen. Men bon karaktè nan lavi ak devlope idantite’w nan Bondye pa tankou pètpèt mayi depiw mete’l nan lwil li pete. Men li mande ou pou kiltive’l chak jou menm jan kiltivatè toujou ap netoiye tè yo pou yo gen bon rekòlt. Jak 5:7 di, “ Se poutèt sa, frè m’ yo, annou pran pasyans jouk jou Seyè a va vini. Gade jan kiltivatè a gen pasyans. Li gen pou l’ rete tann anvan pou tè a ba li yon bèl rekòt. Li pran pasyans, li rete tann lapli premye sezon an jouk lapli dènye sezon an.” Avèk èd Sentespri Bondye ki fè tout bagay posib pa lafwa, pasyans ou gen pou devlope plis pou grandè Bondye klere plis nan lavi ou(Mat 19:26)  

Ann travay pou lanmou ak pasyans!

Ann Lapriyè: Papa, mèsi paske idantite’m nan ou se pasyans. Ede’m devlope pa pouvwa lespri oupaske li pa toujou fasil poum andire sikonstans m’ap travèsè ak lajwa ak kalm. Mwen soumèt tout lavi mwen ak dezi mwen yo devan’w e mande’w ede kèm aksepte lanmou ou plis pou lafwa ak bon karaktè kontinye pran rasin nan mwen. Padone tout dout mwen yo e ke mwen gen plis pasyans ak tèt mwen ak lòt mounn  e sitiyasyon ke mwen pa ka chanje yo pou glwa ou manifeste plis. Nan non Jezi mwen priye. Amen.

Benediksyon: “Mwen mande Seyè a pou’l dirije kè [ou]* pou [ou]* ka renmen Bondye, pou [ou]* ka gen pasyans tankou Kris la.” (2 Tes 3:5) “Mwen mande Bondye pou l’ fòtifye [ou]* tout jan ak bèl pouvwa li pou [ou]* ka sipòte tout bagay avèk pasyans.” (Kol 1:11)

*Modifye pou devosyon an    **Diksyonè.com

Ankourajman: “Paske, [ou]* konnen byen, lè konfyans [ou]* gen nan Bondye a tonbe anba eprèv, sa ban [ou]* pasyans. Men, fòk pasyans sa a fin fè travay li nèt pou [ou]* kapab bon nèt sou tout pwen, byen devlope, san [ou]* pa manke anyen.Si yon moun pami [ou]* manke bon konprann, se pou’l mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou gremesi. Men, se pou li mande ak konfyans, san’l pa gen doutans. Paske, moun ki gen doutans, li tankou lanm lanmè van ap boulvèse.” Jak 1:3-6