Monthly Archives: October 2019

Kas Sali a se pou ou!

« Pou fini, chache fòs nou nan lavi n’ap mennen ansanm ak Seyè a ak nan gwo pouvwa li. Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan. Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k’ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a. Se poutèt sa, depi koulye a, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n’a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n’a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou. Pare kò nou: […….] Toujou pran konfyans nou gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt nou pare tout flèch Satan an ap voye tou limen sou nou. Resevwa pouvwa Bondye k’ap delivre nou an tankou yon kas an fè nan tèt nou. »

(Efezyen 6 :10-16)

Kas se pwoteksyon pou sèvo nan tèt nou ki se pati ki pi frajil nan kòw. Lè timounn ap aprann monte bekann, anpil paran mete kas nan tèt yo pou si yi tonbe pou tèt yo pa kase. Konsa tou lè chofè moto ap kondwi yo ta sipoze mete kas nan ka ou ta gen yon aksidan pou yo pwoteje. Ou pa bezwen doktè oswa filosòf po’w konnen, yon tèt san kò pa vo anyen alò kas la ki pou pwoteje li enpòtan.

Solda jodia yo menm jan ak sa nan tan Woman yo mete kas an fè (bagay ki lou epi solid) konsa pou lavi yo ta konseve si enemi yo ta vize wo sou yo ak nenpòt flèch oswa kouto pou yo pa peri. Paske nou toujou nan lagè espirityèl ak Satan ansanm ak kolon li yo, fòk lespri nou byen pwoteje tou kont tout move atak li ta vle fè sou nou. Lèw’ap mete tout zam Bondye ba ou pa lapriyè fok ou mete kas ou tou paske atak yo ap vini sou do pye’w kan menm. Poutèt sa apot Pòl invite ou resevwa pouvwa Bondye ki nan ou a tankou yon kas pou pwoteje “tèt” ou (lespri, nanm, ak kè ou). “Pouvwa” sa pa yon bagay ou ka genyen ak fòs, riz, abi, oswa mechanste men ki soti nan konviksyon ou genyen nan kiyès Bondye ye, bonte ak fidelite li, e nan relasyon nou genyen ak li. Depi ou resevwa Jezi kom sovè ‘w, Sentespri li abite nan ou (ki fèw gen pouvwa Bondye a nan ou ki pou delivre’w nan tout move sikonstans ak pyèj dyab la ta vle fèw pèdi konfyans ou nan Bondye ak nan tèt ou) e ou sove pa lafwa (1 Korint 3:16; 6:19; Ezekyel 36:27; 1 Jan 2:27; Efezyen 2:8).

 Lè ou mete kas sali (resevwa pouvwa Bondye e dakò ak sa li vle fe nan lavi’w e avè’w), ou bay Lesentespri plas pou gide ou. Konsa ou mande Bondye pou li retire nan ou tout distraksyon ak move lide ki ka enpeche ou fè travay li byen ak viv yon fason k’ap reflekte glwa li. Li enpòtan pou sonje ke nan Bondye lavi ou asire e ou se youn nan pi bèl diaman ki nan kouronn li chak jou (Zachari 9:16). Li damou’w pi plis ke tout lòt kreati sou latè e li pap janm sispann renmen’w (Jeremi 31:3); se pou tèt sa li bay vi li sou kwa kalvè pou demontre lanmou’l pou ou e asire’w lavi etènèl (Jan 3:16). Ou ka fèl konfyans!

Menm jan solda pa ale nan lagè san kas li, pa bliye invite pouvwa Bondye ki se Sentespri li ki abite nan ou ki se disip Kris (Lespri ki konn tout bagay, ki ka pwoteje’w, gide’w, konsele’w, transfòme kè’w ak enviwonman’w nan yon segond; Travay 1:8-10) pou pase jounen an avè’w. Jezi sove’w e lavi ou restore nan li. Sa vle di nan li ou gen pou ou ale de viktwa an vitkwa pandan w’ap apwofondi relasyon ou menm avè’l. Lè ou finn mare sentiwon verite a nan ren ou; mete manto jistis Bondye a sou ou ak sandal levanjil lapè a pou anonse bòn nouvèl lanmou Bondye a nan pyè’w; pase boukliye lafwa ou k’ap fè ou viv ak kè poze; pa bliye pase menm pran kas sali ou a ki pou pwoteje lespri’w kont tout move lide ak pèsepsyon ki pa fonde nan Bondye ki ta vle fè lafwa’w twouble nan non Jezi. Gade kijan’w chèlbè non lèw abiye’w konsa!!! Satan gonfle la lè li wè jan ou konn abiye e jan ou ap ankre idantite’w plis nan Bondye pou ou ka wè tout plan li yo egzose nan lavi’w! Pa okipe’l. Li pèdi bagay la deja. Jou l’ap konte pou wayom li an detwi nèt. Viktwa a se pou ou li ye. Kontinye vanse bon solda lanmou!

Ann Lapriyè ansanm pou mete kas sali a

Senyè, pa lafwa m’ap resevwa pouvwa ou nan mwen tankou yon kas k’ap pwoteje nanm mwen. Mèsi pou « Kas sali sa »! Ou konnen kijan Satan ap chaje lesprim lajounen tankou lannwit ak move lide, dout ak pèrèz. Mwen mete chapo saa poul pwoteje lespri’m. Sa ka rive ke mwen santi frap yo men lè sitiyasyon kontraryen oswa resilta mwen ta vle yo mwen poko jwenn yo, men anyen pa ka travèse kask sa a ki se pwoteksyon m nan ou e mwen resevwa pouvwa ou nan mwen. Mwen chwazi mete yon fren nan tout vye panse ki ka rive nan pot lesprim. E avèk chapo sali saa, panse sa yo pap gen okenn swit. Mwen chwazi pran dwam sou tout sa m’ap panse ak tout mo k’ap soti nan bouch mwen paske mwen kwè nan tout pwomès ou fè sou lavim ak sou lavi tout pitit ou yo.  Mwen pap atachem ak anyen ki mal e ak santiman ak aksyon ki pa fè’w plezi tankou jalouzi, rayisman, plenyen, tripotray, panse negative, tristès, perèz ak desespwa, e latriye. Pa pouvwa Lesentespri ou a jodia mwen chwazi mete tout enèjim sèlman sou sa ki bon, ki dwat e ki fèw plezi (Fil 4:7-8). Mèsi paske ou sove nanm mwen e ba mwen lavi k’ap dire pou tout tan an. Amen.

https://www.youtube.com/watch?v=cT9zKhLBmhs
Ann UNlock" Nanm nou ak Lespri pou glwa Bondye ka manifeste plis nan peyi nou

Lapriyè pou mande Bondye pitye pou peyi a!

Sòm 85

 (85:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit [Ayiti]** yo.

(85:2) Senyè, ou te bon pou peyi ou la! Ou te mennen pitit [Ayiti]** ki te prizonye yo tounen!                                         (85:3) Ou te padonnen tou sa yo te fè ki mal, ou te efase tout peche yo.                     (85:4) Ou pa’ t fache sou yo ankò! Ou te sispann fè kòlè sou yo!

(85:5) Mete nou kanpe sou de pye nou ankò! O Bondye, ou menm ki delivrans nou! Ou pa bezwen fache sou nou ankò!

(85:6) Eske w’ap toujou rete fache sou nou? Eske ou p’ap janm byen ak nou ankò?(85:7) Eske ou p’ap ban nou lavi ankò, pou pèp ou ka fè fèt pou ou?

(85:8) Senyè, fè nou wè jan ou renmen nou! Delivre nou non!

 (85:9) M’ap koute sa Senyè, Bondye a, ap di: Li pale ak pèp li a, ak moun ki kenbe’ l fèm yo, li pwomèt pou’l fè yo viv ak kè poze, depi yo pa janm lage kò yo nan fè betiz ankò.

(85:10) Wi, li pare pou’ l delivre moun ki gen krentif pou li, pou’l fè yo santi pouvwa li, pou’l toujou la avèk yo.

(85:11) Lè sa a nan peyi a, moun yo yonn va renmen lòt, pesonn p’ap bay lòt manti ankò. Moun va viv byen yonn ak lòt, pesonn p’ap fè lòt lenjistis ankò!

(85:12) Sou latè moun p’ap vire do bay Bondye. Bondye menm, bò pa li, va rete nan syèl la, l’a gade anba san patipri.

(85:13) Senyè a va fè nou jwenn tout kalite bon bagay. Jaden nou yo va bay bèl rekòt.(85:14) Moun k’ap mache dwat yo va pran devan. Kote yo pase moun ap viv byen yonn ak lòt. Amen.

** Adapte de vèsyon HCV pou bi priyè nou an.

Ke Bondye reponn a priyè nou vit e ke non li glworifye. Pataje lapriyè a ak zanmiw epi fanmiw. Bondye nou an kapab e pwomès li yo toujou sètèn. Ann kontinyel fèl konfyans pou avni nou ak avni peyi nou! Fòk mirak opere e glwa li manisfeste nan tout aspè nan vi ak peyi nou nan non Jezi.

https://www.youtube.com/watch?v=WF0RtJIvYRA

Lafwa'w se defans ou

Defans ou Se Lafwa’w

« Pou fini, chache fòs nou nan lavi n’ap mennen ansanm ak Seyè a ak nan gwo pouvwa li. Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan. Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k’ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a.
 Se poutèt sa, depi koulye a, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n’a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n’a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou. Pare kò nou: […….] Toujou pran konfyans nou gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt nou pare tout flèch Satan an ap voye tou limen sou nou. »

(Efezyen 6 :10-15)

Konfyans nan Bondye oswa lafwa se younn nan defans ki pi enpotan ou genyen (Efezyen 6 :15). Li ede’w kanpe e pa panike lè lavi vle fè vant ou balonnen (Pwovèb 3 :5-6). Li raple’w ke fiti ou asire e ou pa bezwen bougonen. (Sòm 46 :10) ; 1 Cor 16 :13 ; Woman 5 :1-3; Jeremi 29:11)

Lafwa ba’w asirans menm lè tout bagay fè nwa, w’ap toujou gen delivrans (1 Korent 2 :5) Paske anyen pa enposib pou Bondye ou a ki san parèy e ki pa janm nan pretans (Ebre 11 :1-6, Lik 1 :37). Depi’w kwè nan tout sa Bondye di, kont Satan ou pap janm san defans (Matye 21 :22).

Lafwa pwoteje’w kont atak lenmi nanm ou an ki ta vle tout tan ou gen domi nan je’w Konsa san w pa rann ou kont li gentan mete anpil kòd ak pèlen nan pye’w (Ef 6 :10-16). Lè’w kite lafwa gide’w ou dezame dout, tristès, plenn, perèz, ak doulè ki ta vle toumante’w (1Pyè 5 :7-10).

Lafwa’w manifeste lè’w chwazi pou’w pwoteste kont mechanste ak kalimite E ranplase panse negatif yo ak pawòl Bondye paske na li gen tout verite. Poutèt sa, pa bliye mete defans ou pou pwoteje nanm ou, kè’w ou ak lespriw lè wap abiye.

Lè ou komanse pi sinsè nan pare tèt ou (oswa figuratif man kò ou jan Pòl te di a) pou ou grandi nan lafwa, Pare’w tann atak Satan paske li toujou ap voye tout « flèch » oswa kalamite sou ou pou’w ka febli e pedi lespwa. Paske li vle’w pa asire idantite’w nan Bondye tout bon men kenbe fèm lafwa ou genyen an nan Bondye sèlman (Jak 1 :5-6 ; Women 1 :17).

Alò solda lanmou, jodia pa bliye lè’w finn mare sentiwon verite a nan ren’w, mete manto jistis Bondye a sou ou, sandal levanjil lapè nan pye’w, pa bliye defans ou ki se lafwa’w Paske se jan ou konpote tèt ou ki ka fè mounn aksepte oswa rejete Bondye ou di ou reprezante.

Jan granmounn lontan konn di « Baton’w nan men’w, pa kite chen manje’w. » Pa bay Satan espas vid pou envayi kèw ak Lespri’w. Ou pa pou kò’w ni ou pap janm pouko paske w’ap sèvi yon Bondy eki vivan tout Bon e ki ave’w tout kote’w pase !

Lapriyè Pou mete Defans oswa Boukliye Lafwa a :

“ Papa doudou, mèsi pou jan ou bon mwen. Ou tèlman renmen’m a ta janm abiye’m esperityèlman chak jou konsekan pou ou! Ou konnen joumou pa janm donnen kalbas e ou pa janm kite kèm tankou tè ki rete san wouze. Mèsi pou sentiwon verite ou a ki banm fòs chak jou, manto jistis ou a ki edem rete onèt ak tèt mwen e ak lòt mounn konsa m pa fèmen de jem lè’m wè abi ap fèt kotem ye. Ak lanmou ou ban mwen, mwen kenbe nan pye mwen sandal lapè ou a pou’m pataje bon nouvèl ou ak kè poze tout kote mwen pase.

Kounye ya map pran « boukliye lafwaa », Senyè. Lafwa’m nan ou e nan ou menm sèl. San ou, mwen pa ka fè anyen e avèk ou, mwen ka fè tout bagay. Okenn tantasyon k’ap vini sou mwen paka travèse men ou kote’m abrite nanm mwen, kè’m ak lespri’m. Nan ou mwen byen antoure chak moman pandan jounen an e mwen itilize defans sa ki se konfyans mwen genyen nan ou pou pwoteje’m kont tout atak Satan.

Avèk ou, mwen pa pè anyen  paske w’ap fè wout avè’m jodi ya. Lè’m santi dout oswa laprèz, fristrasyon, enpasyans, oswa lòt tantasyon ta vle parem, mwen deklare viktwa m sou yo an avans nan non Jezi ! Ou pwomèt viktwa ak tout moun  ki mache selon pawòl ou e ki kache yo nan ou. Konsa nan lafwa, map deklare viktwa’m kounye ya menm paske mwen konnen gen anpil flèch tou limen ke Satan ap voye sou chemenm menm pandan moman sa m’ap priye’w laa. Ou konnen tout sa ki pou rive’m jodia e ou ban’m viktwa sou tout fòs fènwa. Mèsi anpil pou sa! Ke lafwa’m kontinye grandi nan ou pi plis pou relasyon mwen ak ou pi sere chak jou konsa m’a kontinye fè lwanj ou e temwanye grandè ou tout kote mwen pase. Amen.

https://www.youtube.com/watch?v=xJYClMKwT04
Please enable JavaScript in your browser to complete this form.